Diyite ak Jistis: Wi! Rara, Tafya ak Baton - Pa!
2 participants
Page 1 sur 1
Diyite ak Jistis: Wi! Rara, Tafya ak Baton - Pa!
Bravo konpatriyot Junia Barreau pou tèks solid ou pibliye jodi a sou tit "Je me suis réveillée en colère ce 13 janvier 2014" http://t.co/qlXc2XIj6e
Daprè mwenmenm, alèkile, eleman pi fondamantal nou dwe travay sou li nan sosyete Ayisyen an, se chavire (defèt) youn nan pi vye lide tèt anba kèk moun kontinye entènalize, malerezman, nan sosyete nou an:
"Pou ou jwenn bout Ayisyen, se pou ou ba yo rara, tafya ak baton!"
Koze sa a gen yon rasin rasis ki makonnen ak prejije klas ladan l, san konte yon enbesilite ekstrèm. Malerezman, nan pran abitid repete tenten, anpil moun vin aksepte wè tèt yo an tenten.
1) Sonje mo kolektif "Ayisyen an" se pa yon antite ekstèn a oumenm menm li ye. Kidonk, chak fwa ou di Ayisyen, se tankou ou te di "MWENMENM + parèy mwen yo".
2) Zafè bat bravo lakontantman pou "baton" zot ap simaye sou sila yo ki pi vilnerab nan mitan nou yo sa a, se sentom yon vyolans entèn, yon santiman lachte ki depaman ak atachman natirèl moun dwe genyen pou lajistis. Se tankou esklav bitasyon k ap griyen dan sou Nèg Mawon kolon yo ap totire an piblik. Se lachte, lapèrèz, devan vyolans brital yon bouwo teworis. Non! nou pa swete baton pou OKENN Ayisyen. Kit bounda pantalon li chire, kit li gen kostim twa pyès sou li. Kit li se tilezanj, kit li se grandèt majè. Kit li nan popilasyon lib la, kit li nan prizon. Kit li rete nan Kan Kanaran, kit li rete Montagne Noire. MOUN pa dwe leve zago yo sou moun, pwen ba!
3) Zafè bay Ayisyen rara ak tafya a, se yon lot estrateji, oligachi malpouwont lan itilize pou li betize ak karaktè, diyite pèp majoritè a. Si se vre, pèp Ayisyen se pitit Lafrik e nou apresye bon son e nou gen anpil ladrès pou nou danse ak dyougans, sa pa vle di pou sa, nou se yon bann ensousyan, vivi dan griyen ki pa ka fokis sou bagay serye. Se vre, anpil diktatè te pran abitid sèvi ak bouyon popilè, tafya ak rara pou dwoge yon pati nan popilasyon an. Men, si pèp Ayisyen te bèt vre, diktatè sa yo ta sou pouvwa toujou. Pa ta janm gen 16 desanm 1990.
Si anpil moun two kapon pou yo denonse atitid pleziyis manfouben Martelly ak Lamothe adopte depi blan yo te ba yo pran poz lidè yo nan peyi a, sa pa vle di se TOUT Ayisyen ki aksepte defini nasyon an kom yon pèp vivi dan griyen, ki neglije envesti nan ede moun jwenn dlo pou yo bwè, jwenn swen sante, jwenn elektrisite.....men ki ap oganize 2 kanaval chak ane.
Epi, ki kanaval!? Yon bann moun k ap mache nan lari pandan kamyon chaje ak opalè volim san kontwol ap pete tenpan sila yo ki poko soud yo. Yon kanaval kote moun ki deja gen lajan yo, desann mon nan, vin anba lavil pou yo gagote Barbancourt, Bakara ak lot tafya koutechè sou stand tanporè an bwa (ki pi solid pase kay majorite popilasyon an oblije viv ladan yo)...epi, pandan yo kwoke anwo stand yo, juisè malpouwont sa yo ap kontanple espektak Ayisyen po nwa yo k ap pran baton nan men polisye po nwa parèy yo (esklizivman! - yo antrene yo pou yo gade figi moun yo byen anvan yo simaye kout baton sou yo).
Non! atitid mafouben sa a, se moun san konsyans sosyal ki ka bat bravo pou li. Non! Mwen pap ka ede nou gwouye sou bato negriye a. E gen anpil, anpil Ayisyen ki gen bon konprann e ki ta pito depanse enèji ak resous yo nan veritab priyorite gwo manman popilasyon an: dlo, lasante, elektrisite, lekol, wout...
Se vre, "prezidan" Hillary Clinton mete opouvwa a, se yon Wa Kanaval. Pou dayè, depi li monte a, kanaval pa janm fèt anreta. Okontrè, yo dedouble. Men, se lekol ki po ko janm ka louvri atan. Yo ranvwaye dat ouvèti lekol, chak ane. Pandanstan, vwazen dominiken ap gradye plizyè santèn enjenyè, plizyè santèn achitèk, plizyè santèn teknisyen enfomatik.
Prezidan Miki, limenm, fèmen premye diskou ane 2014 la, ak anons plizyè milyon dola pou "les Carnavaux". Se jisteman pou sa kolon blan yo konsidere manfouben pleziyis sa yo touskilfo!
Men, pèp Ayisyen pa redui a komandè bitasyon esklavajis k ap fè volonte kolon yo. Se sèten te genyen vivi dan griyen pami zansèt nou yo ki te ka pran abitid griyen dan pandan kolon yo t ap fose yon Nèg Mawon danse anvan yo pasel alenfinitif. Men, èske enbesil sa yo te reprezantatif? Si sete vre, nou tap nan chenn jouk jodi jou.
Non! Listwa fè nou konnen zansèt nou yo te gran dansè, yo te gran mizisyen, se moun ki te konn gou bouch yo. Men, lè Papa Dessalines te konn ap danse KARABINYE, se te pandan li t ap motive fanm ak gason vanyan ki sou chan batay, kote yo t ap plen dengonn kolon yo ak bon jan kout kanno liberasyon. Wi! Menm jan ak frè ak sè Afrikdisid yo, nou gen yon lot kalite dans n ap aprann danse. Yon dans liberasyon, yon dans moun ki konn sa yo vle, yon dans REVOLISYON POU JISTIS SOSYAL - TOUT MOUN SE MOUN.
Ayisyen pa bèt! Ayisyen pa vivi dan griyen! N ap travay pou nou kreye bon kondisyon pou nou ka fete, tout bon vre!
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
www.godisnotwhite.com

Dernière édition par jafrikayiti le Mar 14 Jan 2014 - 22:34, édité 1 fois
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: Diyite ak Jistis: Wi! Rara, Tafya ak Baton - Pa!
[quote="jafrikayiti"]/b]
Se vre, "prezidan" Hillary Clinton mete opouvwa a, se yon Wa Kanaval. Pou dayè, depi li monte a, kanaval pa janm fèt anreta. Okontrè, yo dedouble. Men, se lekol ki po ko janm ka louvri atan. Yo ranvwaye dat ouvèti lekol, chak ane. Pandanstan, vwazen dominiken ap gradye plizyè santèn enjenyè, plizyè santèn achitèk, plizyè santèn teknisyen enfomatik.
Se sa menm wi .Gen NÈG ki konprann ke DOMINIKEN yo ta bezwen kolonize nou ak LAME yo.Yo pa bezwen sa ,paske lè w okipe yon peyi ,ou responsab BON ak kote MOVE an.
DOMINIKEN yo ap tèlman pran devan nou ak fòs kote ki gen lan EDIKASYON popilasyon yo ;se BENE sèlman y ap fè ,san responsabilite.
Mwen t ap li ,rele anmwe ke MEDINA te fè lè l te di ke anviwon 10% POPILASYON DOMINIKEN an pa konn ;i e misye di se yon BAGAY INAKSEPTAB.
Noumenm nou genyen anviwon 50% ;pa gen DRAM ,se de ryen etè.
Gen plis TI DOMINIKEN ki lan INIVÈSITE ke nou genyen ki konpoze lan KLAS TÈMINAL.
KONPOZE wi ;paske ak gwo BOUTÈY ti KOU nou genyen an se a pèn 30% TIMOUN yo ki konn reyisi lan EKZAMEN yo.
Gen MOUN ki di ke DOMINIKEN yo ap pran preske tout KONTRA lan REKONSTRIKSYON an ;se lan KORIPSYON.
Se vre wi ;ganstè nou yo mete a ganstè pa yo pou yo fè LAJAN ;men se vre TOU ke nou pa gen ase MOUN ki KALIFYE.
Tou le de bagay yo vre.
Se yon gwo PWOBLÈM ;e pwoblèm sa a ,se pa LEPANDYÈ ki lan ap voye MONTE ki ap rezoud li.
Mwen kontinye ap mande ,pouki sa RADYO yo pa fè BRI pou fòse GOUVÈNMAN an fè ALFABETIZASYON an ;paske MOUN ki konn li gen tandans gen TIMOUN ;PITIT ki konn li.
Eske se KANSÈ ke BOYER te kite an ,ke nou kontinye ap soufri de li toujou!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Diyite ak Jistis: Wi! Rara, Tafya ak Baton - Pa!
Michel Martelly se prononce sur les ressources naturelles en Haïti [VIDEO]
http://www.mbetv.com/michel-martelly-se-prononce-sur-les-ressources-naturelles-en-haiti-video
MBETV.com poste chita pale sa a depi Madi 8 Mas, 2011. Kounye a, nou nan ane 2014. Ki kontra ki siyen ak ki konpayi pou eksplwate kisa, pandan popilasyon an distrè ap gwouye nan "les carnavaux"?
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: Diyite ak Jistis: Wi! Rara, Tafya ak Baton - Pa!
Si m di w konprann MESYE sa yo ;mwen paka di w.
Dominiken yo ap fè yon KATAFAL LAJAN ak RESOUS MINYÈ yo.Nèg yo di ke ak LAJAN sa yo ,y ap yon peyi DEVLOPE an 2025.
Lan lanne 2013 lan ,yo fè preske 400 Milyon dola ;y ap pale de 15 a 20 MILYA omwens pou rive an 2025.Pou gouvènman DOMINIKEN an ,wi.
Sa ki pi rèd lan ,anpil lan MIN ke DOMINIKEN yo ap dekouvri ,se lan ZÒN FWONTYÈ ÀN.GENYEN se PÈMI yo bay ,genyen ke MIN yo ap fonksyone a plen randman.
Se pou swiv tou kòman tout peyi an
preske kanpe ,pou MOUN ki ap ekstrè MIN yo ,pa fè la dènye sou yo.
www.dominicantoday.com/dr/economy/2013/9/4/48841/Dominican-Republic-gold--fever-spreads--to-Haiti-border
www.dominicantoday.com/dr/economy/2013/10/10/49241/Customs-says-Barrick-gold-exports-top-US10B-vigilance-boosted
Dominiken yo ap fè yon KATAFAL LAJAN ak RESOUS MINYÈ yo.Nèg yo di ke ak LAJAN sa yo ,y ap yon peyi DEVLOPE an 2025.
Lan lanne 2013 lan ,yo fè preske 400 Milyon dola ;y ap pale de 15 a 20 MILYA omwens pou rive an 2025.Pou gouvènman DOMINIKEN an ,wi.
Sa ki pi rèd lan ,anpil lan MIN ke DOMINIKEN yo ap dekouvri ,se lan ZÒN FWONTYÈ ÀN.GENYEN se PÈMI yo bay ,genyen ke MIN yo ap fonksyone a plen randman.
Se pou swiv tou kòman tout peyi an
preske kanpe ,pou MOUN ki ap ekstrè MIN yo ,pa fè la dènye sou yo.
www.dominicantoday.com/dr/economy/2013/9/4/48841/Dominican-Republic-gold--fever-spreads--to-Haiti-border
www.dominicantoday.com/dr/economy/2013/10/10/49241/Customs-says-Barrick-gold-exports-top-US10B-vigilance-boosted
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Sujets similaires
» Mise en place d'un comité permanent du festival de rara ?
» Kote fyerte ,diyite saa ke Oswald Durand pale de li ya pasé
» Dokiman enpòtan ki disponib sou nèt lan an Kreyòl
» Rara gen lougarou ladan
» Le rara: une tradition populaire toujours vivace

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum