Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
Voir le deal
69.99 €

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

2 participants

Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  ainsi ne soit-il Lun 31 Mar 2014 - 14:32

W kwè yo te menase pou yo pousuiv moun ki itilize amwari Ayiti. Ki sa band odasye, machand peyi yo ap tand pou yo pousuiv stasyon radyo sa a pou sakrilèj itou? Ha! ha! ha!

Kouman yon gouvènman delenkan reyisi fè nèg pè?

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Radyo210
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  Joel Mar 1 Avr 2014 - 8:59

Nèg ki pwopriyetè RADYO PA NOU an ,se yon KONBATAN ""de longue date"" ki pa janm vire KAZAK.
Misye pa JIWÈT.
Misye ap apiye MOUVMAN POPILÈ yo ,depi byen anvan BB DÒK te tonbe.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  ainsi ne soit-il Mar 1 Avr 2014 - 11:50

An efè, gen anpil kameleon sou sèn la.

Mwen rekonèt propriyetè Radyo Panou a, mwen gen repè pou misye. Se jisteman paske mwen sonje merit misye ke mwen retire moso lan tèks la ki pa t' pètinan.

Sa yon moun ka fè? Gen nèg nom yo se pakapala, sètadi yo renmen pouvwa, yo renmen al kanpe sou kote pouvwa.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  Joel Mar 1 Avr 2014 - 13:17

Mwen t ap tande mesyedam RADYO PANOU yo ki t ap fè yon DISKISYON sou CHIREPIT ki genyen ant MARYSE NARCISSE ak MOYIZ JANCHAL lan.

Se te san PASYON ;yo te ekzamine avantaj ak dezavantaj pou diferan aktè ;avantaj ak dezavantaj pou MOUVMAN POPILÈ an.

Konklizyon mesyedam yo se te mande INYON.Yo te fè ANALIZ lan tèlman byen ,se pou w dakò ak konklizyon yo an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  ainsi ne soit-il Mar 1 Avr 2014 - 14:25

Te gen yon epók mwen te konn al dómi ta pou mwen koute liy ouvèt yo. Fanm yo ki konn ap entèvni ou anime yo sanble moun vanyan wi.

W di mesyedam yo mande INYON. Mwen pa di'n, mwen te tande Arnel lan manifestasyon Okap la k'ap mande pou Lavalas veyatif e ke pou yo rete solidè malgre malantandu.

Maten a m'ap tande yon reprezantan OPL k'ap di yo tou pare pou pran pouvwa a prochènman. La troisième voie? Ouais.

Ede'm ti kal: èske mwen konprand byen ke reprezantan OPL sa a ap pale de narco-populisme de FL?

Kinan (lol) forum la anonse'n ke Mateli pwal bay demisyon'l vè 3 z'è. (lol) Non, yi jis di ke Sweet Mickey pwal bay konferans de près. Alor tout moun gen dwa ap spekile. W pa janm konen, menm si se Okap manifestasyon a t'ap fèt mwen te santi moun yo chofe tou d'bon. De tout fason, se pa lan Kapital la popilasyon konn revolte an premye lye pou mande vagabon yo pou rache manyók yo menm si y'ap kreve.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  Joel Mar 1 Avr 2014 - 15:14

Bagay narco=popilism sa a ;mwen te konprann mesye yo te fini ak bagay sa a.
Se te yon bagay ke GNBis yo te jwe sou li anpil;pou yo te jistifye ALYANS ak SATAN yo te fè ak ENPERYALISM yo.
Tankou SPRAGUE ak HALLWARD di l ,gouvènman MERIKEN an depanse MILYON pou te eseye KONEKTE ARISTIDE ak bagay sa a.

Eske w tande gouvènman MERIKEN an pale de asosyasyon ki te ka genyen ant mesye MATELI yo ak KATÈL yo?

Bagay sa a ,se yon ATIFIS ke MERIKEN yo ize lè yo vle jete gouvènman.
Mwen konn li akizasyon ki fèt sou gouvènman FERNANDEZ lan ,lan RD ,ak trafik DWÒG.
MERIKEN yo akize wo grade LAME DOMINIKEN an ,miinis,CHÈF POLIS ,menm NÈG ki responsab BIRO DWÒG DOMINIKEN an ,ke yo lan trafik DWÒG ,ou byen asosye ak TRAFIKAN.
Ou wè ke yo janm eseye jete gouvènman DOMINIKEN an?
Se pa t sa yo te vle fè.

Lan liv PETER HALLWARD lan ki rele ""DAMMING THE FLOOD"" ,lan yon entèvyou manch long ki etale sou 19 PAJ ;ARISTID te reponn de AKAIZASYON sa yo.
Se te an 2006!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  ainsi ne soit-il Mar 1 Avr 2014 - 17:23

Sa ki etone'm se lan bouch reprezantan OPL koze kon sa soti wi. Yon parti ki di li responsabl, pi demokratik e rezpektabl. Tout salopri se jis pou pouvwa yo la.

Mwen fe yon konstatasyon, sanble gen y'ap kreye yon radyo sou Entenet la pou fe propagand mansonj menm jan ak Ti-Max ak Ti-kilot ki retounen vin fe dezod bor isit la.

Si gen neg ki rete pou pepl Ayisyen a e ki pa des faux jetons se louvri je'n kontr nouvel ofansiv la. Yo pa pase pa kat chemen pou di ke yo voye yo.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  Joel Mar 1 Avr 2014 - 19:49

Mwen konnen teren an glise ann AYITI;sa ki etone m se pasivite mesye LAVALAS yo devan akizasyon sa yo.
Depi plis ke 10 zan se ANKESE y ap ANKESE.

2 LIV ,JEB SPRAGUE ak PETER HALLWARD yo refite preske TOUT akizasyon yo e se mete yo mete pou GNBis yo ,ak PATI tankou OPL pito.

Yo vini ak bon jan DOKIMAN;mesye yo menm pale ak de MOUN tankou ansyen prezidan dominiken an MEJIA ak WO GRADE lame DOMINIKEN an.

Yo konsilte de santèn e dè santèn DEPÈCH ANBASAD AMERIKEN ann AYITI an pandan peryòd DESTABILIZASYON an.DEPÈCH sa yo deklasifye.
Pa gen mistè ;pa gen sekrè ;tout KAKACHAT deyò.
Kanta OPL ,pa bay mesye sa yo ENPÒTANS.Mesyedam sa yo se yon bann NEYO-FACHIS.
Mesye sa yo pa kapab MODÈN ,pa gen RETROGRAD pase yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  ainsi ne soit-il Mar 1 Avr 2014 - 21:25

Sa etone'm se vre paske mwen ta vle kwè ke nèg sa yo gen ti kal bon sans men lè m'byen gade kóz Ayiti a se yon kóz pèdi ak nèg sa yo menm si enperyalis yo ta kanpe lwen.

Nou te remake ke depa JCD se te okazyon pou moun te wè vrè eta peyi sa a. E byen pandan prèske 30 ane sa a, n'ap aprand lan ki eta psyche Ayisyen a ye.

Dessalines te di yon pawol selèbr, pou mwen se te yon profesi menm: "Sa ki vle viv libr, ranje kor'n sou kote'm; sa yo ki vle retounen esklav... Franse yo, kite for la". Li te konen ke sa pran anpil pou retire mantalite esklav la lan espri yon band nèg.

Y'ap jwe des pieds et des mains pou anpeche FL repran pouvwa. Yo konen ke si sa rive, gen anpil chans pou Lavalas pa janm pèdi ankor lan eleksyon lib. Sa k'ap fèt la a, y'ap fin vand resous peyi a, y'ap fin souse'l, e pi y'ap lage pouvwa pou sa yo ki byen entansyone pa jwen anyen pou yo ka travay pou chanje peyi a.

Malè a tout moun ki fè peyi d'Ayiti mal. W pa bije ni an Ayiti ni sou pouvwa. Bay manti sou Entènèt la sifi pou yo achte tike yo pou lanfè.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  Joel Mar 1 Avr 2014 - 23:23

Si w ekate ENPERYALIS lan ,mesyedam yo pa p anyen an kò.
Yo konn sa;san ENPERALIS lan ,mesyedam sa yo pa t gen yon chans yon BOUL NÈJ ann ANFÈ pou yo te jete ARISTID.

Gade MADURO ki pa gen mwatye popilarite ARISTID lan te genyen e ENPERYALIS lan pa ka jete l.
Ou li sou JOUNAL NEO-CONS yo ,y ap rele MADURO tout kalite NON ,men yo pa ka ranvèse l.

E se pa yon kesyon de LAJAN NON!
Lan NICARAGUA ,anvan chak ELEKSYON ;ENPERYALIS yo di kareman ke si pèp MIKARAGWEYAN an fè eleksyon e yo eli ORTEGA ,yo pa p rekonèt li e NICARAGUA ap fè yon gwo erè.
Te gen yon LANNE ,lè JEB BUSH te gouvènè FLORID e GEORGE BUSH te prezidan;JEB BUSH a la vèy yon ELEKSYON NICARAGUA te fè yon konferans de PRÈS ak yon bann ekzile NICARAGUAYEN pou yo di ke ETAZINI pa p aksepte ELEKSYON ORTEGA.
Eleksyon fèt e NICARAGUAYEN yo eli ORTEGA ankò.
Sa k pi rèd lan ,ORTEGA pa janm BAT ba;e sa ki ankò pi rèd malgre ke ENPERYALIS yo ap chache IZOLE NICARAGUA ,kwasans NIKARAGUA an mwayèn 7% lan dèmye LANNE yo.

Ou kwape ENPERYALIS yo e w ap gen repo ak mesye sa yo ;yo pa anyen san ENPERYALIS yo.Pou yo siviv ,si yo kapab ,yo t ap oblije chanje!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble Empty Re: Se pa tout moun ki kaponen devan kapon yo, sanble

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum