Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre 14 couverts – ...
339 € 622 €
Voir le deal

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

3 participants

Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Dim 27 Juil 2014 - 9:32

Apre KANAVAL FLÈ ,yo pral bay REZILTA EKZAMEN OFISYÈL yo e kòm sosyete AYISYEN an SKLEROZE ,se menm bagay yo ou pral tande .
Pa p gen plis ke 40% TIMOUN ki reyisi ,kòm dabitid .
Kom se sistèm franse an nou imite ;an 1962 se 40% ti FRANSE yo ki te reyisi ;jounen jodi an se plis ke 90%.
Se pa pi ENTELIJAN ou byen lekòl FRANSE yo te pi BON ki fè bagay yo vin kon sa.
FRANSE yo te kalkile ke si se 40 a 50% TIMOUN ki reyisi lan BAKALOREYA ,y ap vin dèyè KAMYONÈT lan ,lan peyi devlope yo.

An 1962 se anviwon 70 MIL TIMOUN ki te reyisi lan BAKALOREYA ,jounen jodi an se anviwon 600 MIL.
FRANSE yo chanje EKZAMEN yo ;yo pa fè yo pou TIMOUN yo echwe jan yo fè l ann AYITI an ;yo fè l pou TIMOUN yo pase.
Pa egzanp yon ELÈV MWAYEN lan 3 zyèm segondè ann AYITI pa p gen twòp DIFIKILTE pou li pase EGZAMEN FRANSE lan BAKALOREYA FRANSE an.

Se pa diminye ke FRANSE yo diminye EKZAMEN an ;yo fè l yon jan pou TIMOUN ki pi ENTELIJAN yo distenge yo.
Yo fè MANSYON ;BYEN ,TRÈ BYEN,EKSELAN elt..
Pa egzanp gen FAKILTE se MANSYON TRÈ BYEN ak EKSELAN yo AKSEPTE .
Menm la ,lan ATIK sa a PWOFESÈ MATEMATIK sa a ,ap di ke TIMOUN ki te konn fè 7/20 lan KLAS li an ,se 12/20 yo fè lan EKZAMEN BAKALOREYA a.
Alòs mesyedam ,lè n ap prepare nou pou nou pale pawòl RANS ,ki ap kondane nou rete dèyè kamyonèt lan dèyè DOMINIKANI ki ap gradye plis ke 150 MIL TIMOUN lan lekòl segondè chak ANE .
REFLECHI!
Ann atandan ke nou genyen yon SISTÈM ki pwòp a nou e ke nou kontinye ap IMITE FRANSE yo ,IMITE yo byen;

""Quand j’ai découvert l’énoncé, qui était composé de quatre exercices différents, je me suis immédiatement dit que le niveau était un peu plus élevé que les années précédentes. Et c’est tant mieux.

Depuis trois ans, l’épreuve était bien trop facile. Certains de mes élèves qui avaient une moyenne de 7 ou 8 toute l’année se retrouvaient avec un 12 au bac. D’autres reconnaissaient avoir fait des erreurs, mais se voyaient attribuer un 20/20. Cette fois-ci, les exercices faisaient honneur à la discipline et aux connaissances des bacheliers.""


http://leplus.nouvelobs.com/contribution/1220821-resultats-du-bac-2014-j-ai-corrige-les-maths-on-m-a-dit-de-noter-avec-bienveillance.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Lun 28 Juil 2014 - 9:39

Pou nou kontinye;

Si nou pa pran yon ANGAJMAN pou nou EDIKE TIMOUN yo ,nou pa p janm ka fè yon pa KITA yon pa NAGO.
Envèstisman NIMEWO 1 ,lan yon popilasyon se EDIKASYON.
Se NIMEWO 1 jiska 10 ,lòt envèstisman yo se nimewo 11.
De peyi tankou JAPON ak KORE DI SID pa gen RESOUS NATIRÈL ,ou byen yo gen trè pe ,men yo kote yo ye la a paske yo envèsti masivman lan EDIKASYON.

Kite nou retounen an FRANS.Ane sa a se 77% lan sa yo rele yon GWOUP DAJ ki reyisi  lan EKZAMEN BAKALOREYA ane sa.
GWOUP DAJ lan vle di ke 77% TIMOUN ki gen 18 AN an FRANS ,pase lan BAKALOREYA.
Plis ke 90 % TIMOUN ki konpoze yo pase ,men se 77% yon GWOUP DAJ.
FRANSE yo di sa ENTOLERAB ,se pou yo gen omwens 90% yon GWOUP DAJ.

Annou pran AYITI.Dapre CHIF 2012 yo;
67% TIMOUN yo antre lan KLAS MATÈNÈL.
Lan TIMOUN sa yo sèlman 30% fini klas SÈTIFIKA.

22% lan 67% an rantre lan lekòl segondè.
Ou pa bezwen mande konbyen ki rive lan KLAS TÈMINAL e lan sa ki rive lan klas tèminal yo ;se mwens ke 40% ki ap pase lan BAKALOREYA PREMYÈ PATI.

Se yon bagay ki paka kontinye ;se yon bagay ki mande de chanjman drastik ;se pa RANS tankou PSUGO.

Gen de peyi ,ki te pòv tankou nou ;yon peyi tankou GHANA pa egzanp.Gen yon KONSANSIS lan peyi sa a.
Ant 2009 ak 2014 ,GHANA envèsti ant 28 ak 33% BIDJÈ an lan EDIKASYON.
GHANA ap BOUJE!
Se pa yon kesyon LAJAN;se yon kesyon VOLONTE!

http://en.wikipedia.org/wiki/Education_in_Haiti

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Mer 20 Aoû 2014 - 12:53

Gen de NÈG ki ap repete bagay san yo pa enfòme yo.
Yo di lan matyè EDIKASYON se pa lan dèyè KAMYONÈT lan ke AYITI ye ankò li kwoke lan WOU DÈYÈ yo.
Sou tout PLANÈT lan ,se SOMALI ak ERITRE ki lan pwen AYITI.
75% nou ka di se poutèt y ap edike TIMOUN yo lan yon LANG ETRANJE.
Sa a pa gen MANK ladan l.

Burkina Faso 100 30 E 54
Chad 99 30 E 54
Ethiopia 100 29 E 56
Comoros 82 29 E 56
Haiti 87 28 E 58
Eritrea 82 18 E 59
Somalia 71 8 F 60

www.oxfam.org/sites/www.oxfam.org/files/1goal-back-to-school-sept-2010.pdf
PAJ 8

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Jeu 21 Aoû 2014 - 19:12

Wi ti NÈG entelijan lan nenpòt LANG.
Mwen wè yo mete SENTLISI lan mitan MATINIK ak GWADLOUP.
Moun SENTLISI pale 2 LANG :ANGLE ak KREYÒL.Yo pa pale FRANSE.
SENTLISI se youn lan ti peyi ki te mande pou KREYÒL olye FRANSE te vin youn lang travay KARIKÒM yo.
Moun SENTLISI yo pa pale FRANSE ,yo pa bay yon boundanini pou FRANSE ;Byen ke FRANSE yo te kite SENTLISI apre nou ;se te an 1815.
Epitou MATINIK ak GWADLOUP se la FRANS lan menm TIT ke HAWAII ak ALASKA se ETAZINI.
Byen ke ant 20 ak 30% popilasyon ZILE sa yo (MATINIK ak GWADLOUP) lan chomaj;men se yon lòt koze.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Ven 22 Aoû 2014 - 5:09

Lan yon kesyon serye konsa ,nou paka lan voye monte pou ti NÈG satisfè KAPRIS YO.
SENT LISI ENDEPANDAN an 1979 la a.Se kounye an y ap bay KREYÒL lan JARÈT ki fè PATI de IDANTITE NASYONAL yo.

Egzanp nou ka pran se VYETNAM.VYETNAM te yon KOLONI FRANSE depi lanne 1870s yo.Se an 1954 la a yo kwape FRANSE.
Youn lan premye bagay yo te fè se te mete pye lan dengonn lang FRANSE an ki te LANG ADMINISTRATIF yo.
Mwen te wè sou yon SIT gouvènman FRANSE an yo di ke sou yon TIMOUN ki aprann FRANSE,30 aprann ANGLE jounen jodi an lan VYETNAM.
VYETNAMYEN yo remanbre lang yo an ,ki sètènman pa t yon lang avanse men ke se li majorite popilasyon yo an pale.

KÒM nou ka remake VAN LAN VWÈL VYETNAMYEN .Lè yo te kwape FRANSE yo an 1954 ,a pèn si 30%popilasyon yo an te konn li ak ekri 'jounen jodi an se plis ke 90& ki konn li ak ekri.

Gen trè pe de peyi ou ka konpare lan jan AYISYEN yo fè l lan.
Se youn lan ra peyi ke yon moun dwe aprann yon LANG pou w sa edike ladan l.

Pou m retounen sou SentLISI ;tande GOUVÈNÈ JENERAL lan ki reprezante rèn dangletè ak pi gwo pèsonaj LEGLIZ lan lan SENT LISI.
Tankou m di se an 1979 la a yo vin ENDEPANDAN ;KREYÒL lan pou yo ,se yon CHWA;yo pa konsidere l tankou yon PATWA

https://www.youtube.com/watch?v=ojmGtZUp8Cc



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Dim 24 Aoû 2014 - 11:34

REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION
MATEMATIK A
Jedi, 19 Jen 2008 — 1:15 pou 4:15 p.m., sèlman
Ekri Non Ou ak Lèt Enprime:
Ekri Non Lekòl Ou ak Lèt Enprime:
Ekri non ou ak non lekòl ou ak lèt enprime nan kazye ki anwo yo. Epi ale nan
dènye paj nan tiliv sa a, se la w ap jwenn fèy repons pou Pati I an. Pran san w pou w
pliye dènye paj la nan kote ki dantle yo tou dousman epi dechire fèy repons lan. Apre
sa, mete enfòmasyon yo mande nan tèt fèy repons lan.
Ou pa gen dwa sèvi ak papye bouyon pou okenn pati egzamen sa a, men ou ka
sèvi ak espas vid nan tiliv sa a kòm bouyon. Genyen yon fèy papye bouyon kadriye ki
gen twou yo bay nan fen tiliv sa a pou nenpòt kesyon ou panse yon graf kapab ede
ou reponn, menm si kesyon an pa egzije pou ou trase yon graf. Ou kapab retire fèy
papye sa a nan tiliv sa a. Yo pap bay nòt pou okenn travay ou fè sou papye bouyon
kadriye sa a. Tout travay dwe fèt avèk plim, eksepte graf yo ak desen yo, ki dwe fèt
avèk kreyon.
Egzamen sa a gen kat (4) pati ladan l, avèk yon total 39 kesyon. Ou dwe reponn
tout kesyon egzamen sa a. Ekri repons pou kesyon chwa miltip yo ki nan Pati I an,
sou fèy repons separe a. Ekri repons ou pou kesyon ki nan Pati II, III, ak IV yo
dirèkteman nan tiliv sa a. Endike aklè etap ki nesesè yo, epitou endike sibstitisyon
fòmil apwopriye yo, dyagram yo, graf yo, tablo yo, eksetera.
Lè w fini egzamen an, ou dwe siyen deklarasyon ki enprime nan fen fèy repons
lan, pou w endike ou pa t konnen kesyon yo oswa repons yo ilegalman anvan egzamen
an, ou pa t ni bay ni pran poul nan repons kesyon yo pandan egzamen an. Yo pap
aksepte fèy repons ou si w pa siyen deklarasyon sa a.
Avi. . .
O minimòm, yon kalkilatris syantifik, yon règ plat gradye, ak yon konpa dwe disponib pou w
itilize pandan w ap fè egzamen sa a.
Itilizasyon nenpòt aparèy kominikasyon entèdi fòmèlman pandan w ap fè
egzamen sa a. Si ou itilize nenpòt aparèy kominikasyon, menm si se pou yon ti tan,
egzamen ou an pap valab epi ou pap jwenn nòt pou li.
PA LOUVRI TILIV EGZAMEN SA A TOUTOTAN YO PA BA OU SIYAL POU FÈ SA.
MATHEMATICS A
MATHEMATICS A HAITIAN CREOLE EDITION
HAITIAN CREOLE EDITION
MATHEMATICS A
THURSDAY, JUNE 19, 2008
1:15 to 4:15 p.m., onlyPati I
Reponn tout kesyon ki genyen nan pati sa a. Chak repons kòrèk pral resevwa 2 pwen. Pap gen
pwen pasyèl. Pou chak kesyon, ekri sou fèy repons separe a nimewo ki vin anvan mo oubyen
ekspresyon ki pi byen konplete deklarasyon an oubyen reponn kesyon an. [60]
Math. A – June ’08 Haitian Creole Edition [2]
1 Segman RS paralèl ak segman TU. Si pant = ak pant = ,
valè x se
(1) 20 (3) 10
(2) 15 (4) 5
2 Ki kalite imaj yo montre nan dyagram yo bay la?
(1) eksagòn (3) pentagòn
(2) oktagòn (4) kwadrilateral
3 Nan yon konpetisyon mizik tout-depatman yo, 150 elèv te patisipe.
Si 90 elèv te chante nan koral la epi 90 te jwe nan fanfa a, konbyen elèv
antou ki te chante nan koral la ak jwe nan fanfa a?
(1) 0 (3) 60
(2) 30 (4) 240
4 Ki valè w nan ekwasyon 0.04w + 0.6 = 2.4 an?
(1) 0.045 (3) 4.5
(2) 0.45 (4) 45
x
24 TU 5
8 RS
A B
C
E D
F
Itilize espas sa a pou
kalkil yo.Math. A – June ’08 Haitian Creole Edition [3] [KONTINYE]
5 Ki sòm x2 − 3x + 7 ak 3x2 + 5x − 9?
(1) 4x2 − 8x + 2 (3) 4x2 − 2x − 2
(2) 4x2 + 2x + 16 (4) 4x2 + 2x − 2
6 Si 2n + 1 reprezante yon nonb antye enpè, pwochen pi gran nonb antye
enpè a reprezante nan
(1) 2n + 3 (3) 2n
(2) 2n + 2 (4) 2n − 1
7 Ki valè ekspresyon 2x3y lè x = −2 epi y = 3?
(1) −192
(2) −108
(3) −48
(4) 48
8 Eksprime nonb 4,600,000,000 an notasyon syantifik se
(1) 4.6 × 10−8
(2) 4.6 × 10−9
(3) 4.6 × 109
(4) 0.46 × 1010
9 Nan yon magazen, genyen sis fason pou antre nan edifis lan, sis fason
pou sòti nan premye etaj la pou ale nan dezyèm etaj la, ak kat fason pou
sòti nan dezyèm etaj la pou ale nan twazyèm etaj la. Nan konbyen fason
diferan yon moun kapab antre nan edifis lan epi pou li ale nan twazyèm
etaj la?
(1) 16 (3) 120
(2) 24 (4) 144
Itilize espas sa a pou
kalkil yo.Math. A – June ’08 Haitian Creole Edition [4]
10 Ki valè x nan ekwasyon 5 − 3x = −7?
(1) (3) −4
(2) (4) 4
11 Ki ekspresyon ki ekivalan ak ?
(1) (3)
(2) (4)
12 Ki transfòmasyon ki ilistre nan dyagram yo bay la?
(1) translasyon (3) wotasyon
(2) refleksyon (4) dilatasyon
13 Si 3(x + 2) − 2(x + 1) = 8, valè x se
(1) 1 (3) 5
(2) (4) 4
14 Yon ekspresyon ki ekivalan ak 3! se
(1) 3 • 3 (3) 3 • 3 • 3
(2) 3 • 2 • 1 (4) −3
− 2
3
7 90
1
5
2
3
16 10
630
70 9
21 10
2 2
Itilize espas sa REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION
MATEMATIK A
2


POU ENKREDIL YO ,POU IZE MO MWEN WÈ GEN NÈG KI IZE.IZE KREYÒL POU MATEMATIK ,SE DEJA PA YON PWOBLÈM ,PASKE TRAVAY LAN DEJA FÈT.
LETA NOUYÒK DEJA EKRI MATEMATIK POU LEKÒL PRIMÈ AK SEGONDÈ AN KREYÒL.
TIMOUN KI PA GEN LONTAN YO RIVE SOTI AYITI .GEN LONTAN KE YO KA PRAN ""REGENT MATHEMATICS"" AN KREYÒL.
Se ekzamen MATEMATIK ke si w pase l ou ka rantre lan BON INIVÈSITE.

Sa mwen mete an ,se yon PATI EGZAMEN ""REGENTS"" an 2008

Gen 4 PATI ,mwen mete PREMYE PATI an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Amoph Dim 24 Aoû 2014 - 15:12

Pou sa nou wè la a

Nivo matematik : trè fèbl
Kopi dexzamen ou fèuy-elèv : mank de klarte
Tro de konsIgn donk difikulte pou elèv la retrouve li nan meli-melo sa yo.
Propozisyon de repons a la kestyon 7 : bOn repons lan pa fè parti.

Elèv yo te gen dwa di yo pase tro de "temps" sou kestyon 7 la a eseye de trouve la bOn repons (bOn repons ki pa figure nan propozisyon yo, se trè zanbetan, yo pèrdu de presyeuz minut yo pa gen "temps" konsantre yo sou lOt kestyon yo).
Yo reklame anulasyon exzamen an.

Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Rico Dim 24 Aoû 2014 - 15:58

Se sa map di enkredil yo kreyol se yon lang ak baz leksikal franse.

Si yon jenn pa metrize, pa konnen franse zafè syans matematik sitou bliye sa.

Tonas   zafè mo dyagram, segman e latriye fok kreyolis travay sou yo. ZAFÈ PANSE AN FRANSE POU TWOUVE SANS MO SAYO AN KREYOL SE YON MIKMAK.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Dim 24 Aoû 2014 - 17:06

Amoph a écrit:Pou sa nou wè la a

Nivo matematik : trè fèbl
Kopi dexzamen ou fèuy-elèv : mank de klarte
Tro de konsIgn donk difikulte pou elèv la retrouve li nan meli-melo sa yo.
Propozisyon de repons a la kestyon 7 : bOn repons lan pa fè parti.

Elèv yo te gen dwa di yo pase tro de "temps" sou kestyon 7 la a eseye de trouve la bOn repons (bOn repons ki pa figure nan propozisyon yo, se trè zanbetan, yo pèrdu de presyeuz minut yo pa gen "temps" konsantre yo sou lOt kestyon yo).
Yo reklame anulasyon exzamen an.

Amoph


AMOPH ;
Mwen konnen oumenm ak ZOT tèt nou di.
REGENTS an KREYÒL lan se pa yon bagay ki NÈF .Kote mwen te pran REGENTS 2008 ;genyen REGENTS depi 2000.
NIVO MATEMATIK LAN PA fèb .Lan REGENTS lan se tout sa TIMOUN lan te aprann lan MATEMATIK depi PRIMÈ jiska 12th GRADE.Gen 4 PATI mwen jis te mete PREMYE PATI an.
Gen CALCULUS ladan yo tou lan 4yèm PATI an ;CALCULUS ki depase sa yon TIMOUN ki fè KLAS FILOZOFI ann AYITI.
Gen TRIGONOMETRI tou elt..
Mesye ak zafè FRANSE nou an .Si gen MOUN ki serye ann AYITI ,yo gen dwa ELIMINE FRANSE an depi kounye an ;san OKEN OKENN OKENN PWOBLÈM.
Kanta TÈM ki vini de FRANSE an ;TÈM MATEMATIK yo sanble kelkelanswa LANG ou ize an ;ke l te FRANSE,ANGLE ,PANYÒL PÒTIGÈ ou byen KREYÒL.
W ap jwenn anpil TOPIK MATEMATIK sou WEB lan ,an KREYÒL ke lekòl lan ETA NOUYÒK YO itilize.
Yo fè sa lan PWOGRAM EDIKASYON BILENG ke yo fè an PANYÒL,RIS,FARSI e KREYÒL AYISYEN

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Dim 24 Aoû 2014 - 17:38

AMOPH ;
W ap viv ann EWÒP.
Lan ETA tankou NOUYÒK ak MASSACHOUSETS ;KREYÒL AYISYEN an preske gen menm dwa ak ANGLE an.
Lan ETA sa yo ,si yon AYISYEN pa maton ann ANGLE ;yo paka menm jije l e kondane l si pa gen yon MOUN ki pale KREYÒL ki pou ENTÈPRETE pou li.

W ap jwenn lan PAJ sa a EKZAMEN LEKÒL depi lan 3rd GRADE jiska 8yèm GRADE.
Timoun yo si yo fèt sòti AYITI yo gen dwa aprann SYANS ak MATEMATIK lan LANG yo e pran EKZAMEN ""ASSESSMENT"" an KREYÒL AYISYEN.

W ap wè EKZAMEN lan MATEMATIK jiska ekivalan 4yèm SEGONDÈ nou an:

www.p12.nysed.gov/assessment/math/samplers/haitian/home.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Dim 24 Aoû 2014 - 19:36

Wi pou m kontinye ;sa a se PATI EKZAMEN pou yo wè sa TIMOUN ekivalan 4yèm segondè yo konnen lan MATEMATIK-Sa yo rele ASSESSMENT an.
Tout tan ou tande reyaksyonè ki pa vle PROGRÈ yo ap mande ki lès ki pral tradwi LIV yo.
Anpil travay yo deja fèt e se AMERIKEN ki fè yo.
KONPAYI MC GRAW HILL yo ekri MANYÈL yo deja ,an bon KREYÒL ki respekte Òtograf ofisyèl lan ; se espesyalis ki ekri yo.

Li ta bon pou NESMY MANIGAT si l serye ;si l vle refòme EDIKASYON an vre pou l gade travay sa yo:

www.nysedregents.org/Grade8/Mathematics/HaitianCreole/samplebook3.pdf


Dernière édition par Joel le Dim 24 Aoû 2014 - 19:44, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Amoph Dim 24 Aoû 2014 - 19:40

Nap vivr an EurOp. DakOr !
Nou sot pase 5 gros semèn an AYITI. Gen mwen de 2 semèn depwi nou kite peyi a. Ofisyèl Lavalas te envite nou nan Fondasyon Aristide la. Nou te vizite yo e partisipe nan kongrè pandan yon journe. Pandan sejour la nou te brake projektèur nou sou fonksyOnman enstitusyon yo, eta peyi a, etc.
Nou pa si izole ke sa !!!

Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Dim 24 Aoû 2014 - 19:48

Amoph;
Byen ke se yon lòt sijè.
Ki sa w te wè ou byen tande lan FONDASYON an?
Enfòme nou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Rico Lun 25 Aoû 2014 - 16:08

E BYEN SAKI DWE PALE TOUT KOKEN, VOLO KITE FOURE DWÈT LONG SIPERYÈ NAN LAJAN LETA YO PRAL FOUKE YO. ANPIL DEJA PRAN RAK.

KOTE POU ARISTIDE TA TWOUVE LAJAN POU FÈ TOUT BAGAY AK FONDASYON BIDON SA.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Mar 26 Aoû 2014 - 6:06

Men an PATI kote FON sa yo sòti.
Se lan tout ETAZINI leve FON ap fèt pou UNIFA.JOHN CONYERS konn fè leve d fon ;COLGATE UNIVERSITY kote madan ARISTIDE te gradye konn fè tou ;lan BAY AREA ,LAN KÒT WÈS lan se 2 3 fwa pa an yo konn òganize leve d fon:

www.haitisolidarity.net/article.php?id=584

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Amoph Mar 26 Aoû 2014 - 9:30

Fondasyon Aristide la, se yon eritaj sakre pou pèupl ayisyen. Libèrte de mouvman, de parOl, daksyon andedan Fondasyon an te fè nou panse o grand demokrasi oksidantal. Lavalas de lwen, le parti politik le myeu strukture du peyi.

Nou te trè byen akeuyi e se, a tou lè nivo (par lè tenOr du parti : dè kadr, dè militan de baz, dè zekolye, dè etudyan, etc.).


Bon a savwar :

Forumhaiti.com pa du tou pase inapèrsu pour majorite moun sa yo.

Si gen kestyon pou nou pa ezite.

Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Mar 26 Aoû 2014 - 9:47

Mèsi AMOPH!
Byen ke mwen pa ta renmen demokrasi pep AYISYEN an se demokrasi a loksidantal ,men yon demokrasi kote se vwa majorite an ki dikte.
Se tankou pandan GÈ SIVIL AMERIKEN an ,an 1864 lè bagay yo pa t ap mache byen pou ABRAHAM LINCOLN.
Chak batay ki te fèt se te 5 a 10 MIL MOUN ki te mouri .
Nèg lan gouvènman misye yo di lan ka sa a pa gen jan l ap genyen reyeleksyon ,yo di misye pou l deklare LWA MASYAL e la fè eleksyon apre GÈ an fini.
LINCOLN di non ;si majorite peyi an pa vle l dirije ;li pa p dirije!
An palan natirèlman de majorite ki pa t pou LESKLAVAJ yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Joel Mer 27 Aoû 2014 - 9:32

Pou nou retounen sou EDIKASYON ki dwe PREMYE PRIYORITE an se pou wè ki jan gen NÈG ki ap kritike NESMY MANIGAT paske li SIPRIME egzamen 6zyèm ane ak BAK PREMYE PATI.
Ti krik ti krak mesye sa yo ap pale w de la FRANS ,alòs ke se SISTÈM FRANSE an nou IMITE.
FRANSE yo elimine EKZAMEN sa yo depi lan lanne 1960s yo.
Lan epòk sa a .se ant 40 ak 50% ti FRANSE yo ki te konn pase lan BAKALOREYA ,kounye an se plis ke 90%.
Se te anviwon 100 MIL ,kounye an se preske 600 MIL.
An DOMINIKANI gen anviwon 150 MIL TIMOUN ki fini lekòl segonde chak ANE.
Gen anpil benefis lan eliminasyon ekzamen sa yo ;men youn lan pi gwo benefis sè ke ap gen PLIS TIMOUN ki ap rive lan 9yèm ANE dan LIMEDYA.
NÈG KI TOUJOU AP VOYE MONTE POU LANG FRANSE YO ;KI KANPE AN KWA KONT LANG KREYÒL LAN,KI IZE LANG FRANSE AN TANKOU YON ZAM KONT RÈS POPILASYON AN ;OMWENS IMITE FRANSE YO SOU PWEN EDIKASYON.
Ann atandan gen plis refòm ki fèt ;eliminasyon 2 EGZAMEN sa yo se yon bagay trè pozitif.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye Empty Re: SI NOU VLE IMITE FRANSE YO;IMITE YO BYEN-kontinye

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum