Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

4 participants

Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  jafrikayiti Lun 30 Mar 2015 - 19:29

Pandan kèk nèg koloni ap fè jenifleksyon, gen yon van liberasyon, yon fòs solidarite, yon vonvon verite k ap gwonde an KREYÒL!

AYIBOBO pou nèg ak nègès vanyan sou zile Gwadloup! Respè pou nou frè ak sè nou! Anpil respè!

La stèle implantée à Sainte-Rose en hommage aux premiers colons a été détruite ce dimanche 29 mars 2015, par plusieurs personnalités et organisations anticolonialistes. Son implantation avait provoqué l’indignation de nombreux guadeloupéens, une indignation prolongée par les propos racistes tenus il y a quelques jours à Basse-terre par un descendant de ces premiers colons.

http://www.people-bokay.com/guadeloupe-la-stele-en-hommage-aux-premiers-colons-a-ete-detruite/

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  jafrikayiti Lun 30 Mar 2015 - 21:48

African brothers and sisters, descendants of the survivors of Napoleonian genocide, rose up on the island of Guadeloupe and destroyed the shameful monument the French State had dared erect to honour the "first white colonizers" - which also happen to be the first slave holders, mass torturers and terrorists to have set foot on the island!

Much respect to all those who had the lucidity to rise in defence of the honour and dignity of our noble ancestors!

Ayibobo! Respè pou Nèg ak Nègès Gwadloup!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Le gros roseau Lun 30 Mar 2015 - 22:21

Nou dwe montre Hollande mekontantman nou  pou sa la frans ap fè an afrik e lakay nou. fok franse respekte dwa nou pou nou eli moun nou vle lakay nou.fok imperialism ekonomik, militè e kiltirel la fini.

Si wHollande sinsè vre kom li di esklavaj la pa ka repare men peyi esklavajis ka atenye konsekans  esklavaj la .la frans ka ede nou kmontwole kwasans demografik li ka ede nou jwen yon alternatif a chabon bwa .li ka ede nou bati plis lekol pwofesyonel e fome plis profesè pou lekol sa yo. li ka ede nou nan domen enerji soley e van.li ka ede nou rebwase peyi ya. sil vle remet nou lajan konsa nap dakor.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Sasaye Lun 30 Mar 2015 - 23:21


Wozo,
Lè Lafrans ta finn fè tout zèv imanitè sayo, ou pa kwè gen nèg ka p vin rele viv lafrans jenerèz?

Se kk n kob Nou!
Na deside kisa pou nou regle avèk li.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Joel Lun 30 Mar 2015 - 23:39

Se yon bagay ke nou paka konprann ki jan la FRANS trete ZILE sa yo.
Se yon bagay ki petet lan ADN FRANSE yo pou yo pa devlope sa yo rele TERITWA OUTRE ME yo.
Si w adisyone MATINIK ak GWADLOUP mwen pa kwe gen 1 MILYON MOUN e pou gen anviwon 40% MOUN ki san TRAVAY?
Se preske ENPOSIB.
La FRANS kenbe teknik KOLONYAL li yo ;pou yo devlope yon KOLONI e kounye an menm yon DEPATMAN ;y ap pran ENDEPANDANS pi FASILMAN.
Menm LEKOL ,te gen yon EPOK ,bon LEKOL ;la FRANS pat mete an MATINIK ,GWADLOUP ou byen GIYAN.
Se kounye an ou pral we ATIK NEGATIF sou AYITI lan JOUNAL FRANSE yo;paske SITIYASYON lan ZILE FRANSE yo ,entenab.
Se menm veye ZO nou pou FRANSE yo pa kreye plis pwoblem ann AYITI pou ranfose EPOUVANTAY AYITI an pou GWADLOUPEYEN ak MATINIKE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Le gros roseau Mar 31 Mar 2015 - 0:35

sassaye

Joel di franseuu yo ak po bouda yo. se sak fè mwen pa atann  ke yap janm renmet nou kob la cash.lap fè nej nan lanfè anvan na jwen kob saa .dayè martelli di yo menm ak yon fos polis nou pa ka goumen jodya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Sasaye Mar 31 Mar 2015 - 1:10


Wozo,
Lanpwen al goumen ak Lafrans ankò. Nou pa kapab. Desalin pa la.
Mwen pa konnen ke yo sou po bounda yo paske yo pare pou yo al envesti milya
lan AIIB, bank ke Chinwa yo ap mete sou pye pou yo kase kou Bank mondyal ak Fmi.
Se pou nou kontinye fè presyon diplomatik avèk lòt peyi ak òganizasyon ki pare pou ede nou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Joel Mar 31 Mar 2015 - 7:46

Zafe ke pou la FRANS ta remet nou LAJAN nou an ap rete a LETA SENBOLIK.
Se pou nou FRAN!
Li ap politikman ENPOSIB pou FRANSE yo ta remet nou LAJAN an ,sitou ke la FRANS ap vire a DWAT.
Wi a LETA figire ,LA FRANS ak PO BOUNDA l;li pa gen LAJAN pou l bay.
Gen omwens preske 10 ZAN ke kwasans EKONOMIK franse yo pa depase 1 ou 2 % ,gen de lanne se KWASANS NEGATIF ,sa vle di RESESYON.

SASAYE;
Pou mete bagay yo an pespektiv la FRANS pou pwop benefis li ap mete 1 MILYA lan BANK CHINWA a ;yon peyi tankou BREZIL mete 10 MILYA lan BANK MONDYAL.

Bagay m ap di e repete anko si MATINIK ak GWADLOUP lan ETA EKONOMIK ke yo ye la a ;ki sa noumenm ann AYITI nou ka espere de la Frans?
Si SWIT MIMI ale an FRANS pou l espere ED EKONOMIK se WOCH l ap voye pou l konble lan ME!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  jafrikayiti Mar 31 Mar 2015 - 9:02

Sasaye ekri: "Se kk n kob Nou! Na deside kisa pou nou regle avèk li". Se sa menm li ye!

An pasan, agiman kòmkwa yo razè semenn sa a, se pa yon agiman ki valab. Non sèlman yo kontinye depanse plizyè milya nan aktivite lagè agresyon enperyalis (Kotdivwa, Libi elatriye...)... N ap sonje ki jan koze reparasyon an te anvayi konferans Durban, nan peyi Afrikdisid, nan ane 2001. Alepòk, TOUT peyi kolon yo te gen bidjè ki chaje ak benefis, yo tout te tèlman rich, se jete yo t ap plede jete kagezon manje nan lanmè pou kenbe pri yo wo sou mache a. Pa bliye, sete lavèy 11 septanm 2001. Lè sa a, yo TOUT te antann yo pou yo nwaye dosye reparasyon an, ak divèsyon sou yon swadizan koze anti-semitis - blòf! Se vòlè yo ye, sa pa janm repanti. Yo gen titalbè moun sa yo!

Nan pwen moun k ap reve kòmkwa Lafrans pra l deside pou kont li pou li remèt Ayiti lajan an. Dotanplis, twa ka moun sou planèt la pa menm okouran gen yon bagay konsa ki ekziste. Kidonk, mobilizasyon sou dosye Restitisyon an gen plizyè objektif ki kapab endirèkteman mennen benefis pou Ayiti, men se pa sou bay "konsyans" Lafrans va pran bridsoukou.


Se menm jan an tou, te gen moun ki t ap ajite koze abolisyon lesklavaj pandan dikdantan....men si Dessalines pa te fè sa li te gen pou li fè a, nou ta fenk kare ap pran bwa, e se arebò bouch vòlè nou ta kontinye wè lèt manman nou.

Jaf
"Power never concedes anything without a demand. It never has, it never will"
- The Very Honourable Ancestor: Frederick Douglas

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Le gros roseau Mar 31 Mar 2015 - 9:39

Jaf.mwen pa di demann lan pa lejitim non. o kontrè se youn nan bagay Aristide te fè ki pi admirab. men fok nou reyalist. Si yo vle remet nou lajan an yon lot jan nou ka aksepte l. fok ou pa bliye si la frans ta fè sa fok meriken ta peye pitit pitit ansyen esklav yo tou. kom mwen di deja lap fè nej nan lanfè anvan na wè yon bagay konsa rive.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Joel Mar 31 Mar 2015 - 9:56

Se pa vle mwen vle di pou nou pa kontinye mande yo 40 MILYA DOLA yo dwe nou an.
Kelkelanswa sa nou ka pran lan men FRANSE san se pa BLOF se ED y ap ban nou ;se yon VIKTWA.
Se pou nou kenbe presyon an ;san pran SOUF.
FRANSE yo telman VOLO ;si pou yo ta komanse remet pa t ap gen la FRANS ki rete.

Le yo t ap bay peyi AFRIKEN ENDEPANDANS yo te fose yo mete tout REZEV yo lan BANK FRANSE.Kididonk ekonomikman se lan BOUCH peyi sa yo te ENDEPANDAN.

Peyi ki te soti anba yo se te peyi ki te pran ENDEPANDANS yo ak FOS ;tankou ALJERI ak VYETNAM.

Peyi GINEN ki te refize jwe jwet BOSAL sa a ;yo te kwense l tankou yon RAT lan RATYE FE.

Yo te rele SEKOU TOURE tout kalite non ;jis tan yo ranplase l ak yon KOUDETA MILITE.

FRANKLIN DELANO ROOSEVELT te di ke lan tout KOLONYALIS yo se FRANSE ki pi MALOUK.
ROOSEVELT te di ke kelkelanswa kote ke FRANSE te kolonize ,yo vin pi mal ke jan yo te jwenn li an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande Empty Re: La Guadeloupe se prépare à recevoir François Hollande

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum