Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Nike : Jusqu’à 50% sur les articles de fin de saison
Voir le deal

Pou nou geri tèt nou, annou onore Dessalines tout bon vre

Aller en bas

Pou nou geri tèt nou, annou onore Dessalines tout bon vre Empty Pou nou geri tèt nou, annou onore Dessalines tout bon vre

Message  jafrikayiti Jeu 15 Oct 2015 - 21:52

Noumenm ki dakò ak deklarasyon sa a, nou siyen li, epi nou pran angajman pataje li ak Ayisyen topatou sou latè.

https://www.change.org/p/ayisyen-toupatou-sou-lat%C3%A8-17-okt%C3%B2b-jou-mande-padon-journ%C3%A9e-nationale-de-la-repentance

...

Daprèzavwa, depi plizyè deseni, chak 17 oktòb, kit se sou zile a, kit se lòt bò dlo, konfizyon lakòz yon kantite pitit ak pitit pitit Dessalines lage kò yo ak nanm yo nan koudjay epi fete bradsi-bradsou ak sila yo ki te pwofite rezilta konplo kò sansinay 17 oktòb la;

Daprèzavwa, jiskaprezan, nou poko reyalize rèv Papa Dessalines nan, kote tout Nèg ak Nègès viv tankou frè ak sè, pataje richès zile a youn ak lòt, san fòs kote, epi pwoteje li kont anbiyon kolon voras17

Daprèzavwa, Pèp Ayisyen an vle epi bezwen reprann bonnanj li;

Daprèzavwa, tankou Marie Sainte Dédée Bazile (Défilé Fanm Vanyan), nou vle epi bezwen rejwenn diyite Papa Dessalines te bannou an;

Noumenm, Ayisyen ki ap viv toupatou sou latè, nou deside poze aksyon klè epi konkrè pou :

1. Pèp Ayisyen an mande, merite epi jwenn padon nan men Papa Dessalines, poutèt yon pati move zansèt nou yo te touye li osnon kite li mouri sasinen, jou 17 oktòb 1806 la;

2. Alèkile, chak 17 oktòb, Ayisyen pran abitid mande Ayisyen parèy li padon pou tout move jès li, tout move aksyon li, tout move pawòl li ki te lakòz toumant, soufrans, lapenn nan kò osnon nan lespri yon lòt Ayisyen parèy li;

Pou rezon sa yo, nou deklare 17 oktòb « Jou Mande Padon »

...

Souple, siyen deklarasyon an la a:

https://www.change.org/p/ayisyen-toupatou-sou-lat%C3%A8-17-okt%C3%B2b-jou-mande-padon-journ%C3%A9e-nationale-de-la-repenta

Pou nou geri tèt nou, annou onore Dessalines tout bon vre 32790710

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum