Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-29%
Le deal à ne pas rater :
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 – 16 Go / 512Go (CDAV : ...
499.99 € 699.99 €
Voir le deal

Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti.

3 participants

Aller en bas

Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti. Empty Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti.

Message  Sasaye Mar 6 Sep 2016 - 0:20


Genyen anpil rapò sou istwa ki genyen anpil erè oubyen fòskote patizan.
Istwa Simon Boliva avèk Petyon genyen mit.
Hugo Chavez fè amand onorab pou Ayiti alòske Boliva pran lajan, zam, ak solda ayisyen pou l libere peyi panyòl, men li pa janm di mèsi pou kontribisyon Ayiti.
Okontrè, li envite prezidan esklavajis meriken lan kongrè peyi endepandan lamerik, men li pa envite Ayiti.
Sa se premye kout pye an.

Kounyea se pou n rekonèt menm peyi sayo ap ede meriken anbachal Loni kenbe Ayiti sou okipasyon apre Ayiti ede yo pran endepandans yo.
Rasis se yon maladi ki paka geri.


http://www.telesurtv.net/english/opinion/In-War-and-Peace-The-Americas-Broken-Promises-to-Haiti-20160904-0013.html
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti. Empty Re: Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti.

Message  Sasaye Mar 6 Sep 2016 - 0:24


Mwen ta swete e espere ayisyen sou FowòmAyiti pran yon ti tan pou reflechi sou atik saa e bay kòmantè ak analiz payo.

Si nou vle bagay chanje, se pou nou sispann aksepte manti, reve an wòz.
Nou dwe rebat tout kat.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti. Empty Re: Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti.

Message  T-Kout Mer 7 Sep 2016 - 11:21

Sasaye, jam te kon di, Nou bejwen fe fim sou Istwa peyi nou !! Kote fim prodikte yo, kisa yap fe. Epri mwen kwe chaje Ayisyen ki sezi le yo jwen etranje ki pa kon istwa Ayiti, (sa se youn) gin de etranje ki pa mem kon kibo Ayiti ye. Eske ou konne konbyen moun mande'm si Ayiti se nan Afrik li ye ? Koncernan Istwa Ayiti se pa fot etranje si yo pa kon Istwa'l. Se fot nou mem Ayisyen ki gin foli fe fim sou yon sel suje: madam tronpe mari, mari tronpe madam. Se fot nou mem Ayisyen ki gin foli suppote fim tintin sa yo. Fom di'w chaje bon fim Ayisyen tankou : "Miracle de la foi" , "Pluie D'espoir" , men chaje sak pa bon tou. Yo kon di "Verite blese". Ke'l fo'w blese Ke'l pa fo'w blese verite ret verite !!!!

Nou bejwen fim sou DESSALINES ,CHARLOTIN MARCADIEU, SANITE E CHARLES BELAIR, MARIE CLAIRE DESSALINES nou bejwen fim ki rakonte Istwa tout vil Dayiti yo.
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti. Empty Re: Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti.

Message  Joel Mar 13 Sep 2016 - 7:43

BOLIVAR chaje ak KONTRADIKSYON.

Misye te yon "MILAT" menm jan ak PETYON .A KOZ DE ISTWA LESPAY distenksyon ant MILAT e sa ke yo ka rele AFRIKEN te yon ti jan BROUYE.
Lan 18yem SYEK lan KOLONI PANYOL yo ,si yon BLAN TE FE YON PITIT AK YON esklav ,li te jis peye yon TAKS pou fe l KLASIFYE "BLAN".

Yo te rele sa "PAPELES DE BLANCO"
Pa t gen sa lakay KOLONIZATE lan NO EWOP lan tankou LANGLETE ak la FRANS.

Paske AFRIKEN te kolonize EWOP ak POTIGAL pandan 700 ZAN ,diferans RAS ak KOULE te pran TAN POU YO TE ETABLI lan KOLONI PANYOL.

Men tou ,paske LESKLAVAY te telman RANTAB ,se pou ESKLAVAJIS PANYOL te jwenn yon REZON pou jistifye pouki sa MOUN NWA dwe ESKLAV.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti. Empty Re: Se pou nou degaje la verite lan sa istoryen konn ekri lan istwa dAyiti.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum