Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Kisa pou n fè?

3 participants

Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Kisa pou n fè?

Message  Sasaye Jeu 19 Jan 2017 - 13:41

Mwen remake yon silans lan kominikasyon ak deba sou fowom nan.

Mesyedam, se pou nou kontinye ap fè echanj lide ak pwojè ak strateji pou nou fè fas a sitiyasyon ki ap devlope lan peyi an.

Ayiti, peyi nou, ap travèse yon tanpèt politik.
Gen konpatriyòt ki ap frote men yo pou yo pare al fè gagòt.
Lòt ap griyen dan yo paske yo kwè zafè yo pral ranje.
Gen lòt ki kwè ke nouvo sistèm ak gouvènman an pral pote pwogrè ak devlopman.

FowòmAyiti revolte kont sayo wè ki se yon koudeta elektoral ki agrave paske KEP an pa fè rekontaj jan yo te mande l. Kidonk, nèg gen pwoblèm aksepte rezilta yon eleksyon ki manke kredibilite.

Yon lòt kote pati opozisyon yo gaye.
Tout asosye Jid Selesten yo lage l.
Men li di la p kontinye opoze resilta eleksyon yo e li pral  negosye ak lòt pati yo: Fanmi Lavalas avèk Pitit Desalin.

Pandan tan saa, tout peyi ap rekonèt rezilta e ya p swete Jovnèl siksè ak chans.
Gouvènman dominiken gentan envite l e resevwa l lan palè Sendomeng. Yo menen l al gade reyalizasyon yo lan enèji, agrikilti ak edikasyon. Yo resevwa l an chefdeta.

Kifè, se pa pou nou fè bak ap pleyen kont yon sitiyasyon ki rive twò lwen pou nou kapab chanje l. Sèl jan pou sa ta chanje se avèk yon revolizyon ame.
E nou pa kapab.

Oganize fowòm, kanpay, politik pwoaktif pou kontre e denonse tout move bagay nouvo gouvènman an ta fè.

Pwopoze plan avèk projè pou soutni pèp lan.

Fòse nouvo dirijan yo pale avèk opozisyon pou yo patisipe lan devlopman peyi an.

Fè yo rekonèt ke majorite popilasyon an pa t vote pou yo, men yo la e yo bezwen travay ak manje pou fanmi yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Sasaye Mar 7 Fév 2017 - 16:41


Nou pa dwe tankou otrich foure tèt nou lan sab pou pretann nou pa wè ni pa konprann sak ap pase.
Okontrè se pou nou louvri je n, swiv tout jès ak devlopman pou nou wè ki kote pou nou pozisyonen pou defann enterè peyi an ak pèp la.

Mwen pa di pou aksepte eleksyon ak gouvènman saa ki an plas kòm rezilta volonte popilasyon an. Nou tout e yo menm konnen se pa sa. E menmsi tout vòt yo te reflete volonte sak te vote yo, nou pa menm lan 10 pousan moun ki te kapab vote.

Nou menm ki lan majorite ki pa t konte lan eleksyon sayo, nou genyen dwa ak pouvwa pou fè yon opozisyon solid, memsi se pa anndan sistèm lan.

Sepandan fòk se yon opozisyon legal, disiplinen ki ap sivewe aksyon nèg yo e rele anmwe lè se nesesè.

Epi, si pa mirak, genyen aksyon ak pwogram ki ka benefisye peyi an ak pèp lan,
Nou dwe sipòte e ankouraje yo lan enterè nasyon an.

Antouka, annou reflechi paske chita plenyen pa ede ni pèp, ni peyi.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Alves Mar 7 Fév 2017 - 17:02

Sak pat al vote pat wè ankenn kandida ki te ka reprezante yo, se pou sa yo pat al vote, donk yo pa pwal fè opozisyon pou okenn move pèdan, opozisyon an pwal kontinye fèt sou forumhaiti pandan 5 an kap vini yo, Marc pwal fè on lot 5 an nan opozisyon, sa pwal fè li 10 zan san ke pwoplèm pèp ayisyen yan ak peyi ya pa janm ranje.

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Sasaye Dim 26 Fév 2017 - 13:29



Alò! Se rebat kat la.
Se pa Lavalas sèlman ki destbilize. Se tout sistèm politik ayisyen an.
Tout pati politik ak tout politisyen ap oblije repanse ki ideyoloji, ki pwogram, ki sistèm yo pral adopte pou fè fas e konfwonte sistèm ki an plas jodya.

Jovenèl prezidan vlepavle.
Tout ansyen klivaj politik pran lan yon pièj ki prepare metodikman, syantifikman avèk spesyalis tankou Sola epi lajan kominote entènasyonal epi boujwazi ayisyèn.

Sa sanble yon so kabrit, lè preske tout sièj lan palman kontwole pa yon pati politik ki fenk parèt. Se pa ni chwa popilasyon, ni pwogram politik. Se yon konspirasyon.

Lan kondisyon saa, lanpwen opozisyon ofisyèl, Se yon diktati swadizan demokratik. Si se 5% vot ki mete Jovnèl, pousantaj ki vote palmantè ak kazèk gen ase vwa pou plen palman avèk tout administrasyon kominal e riral.

Kidonk majorite ki pa ladann lan dwe chèche yon mwayen entelijan e pasifik pou veye e konbat desizyon gouvènman ki pa lan enterè popilasyon an.
Fòk nou sonje ke
Si w manje lajan Shango, wap peye li.
Kidonk nèg yo pral bay etranje ak sousou lokal tout avantaj yo pral mande pou peye sipò ak finansman eleksyon.

Se pou n veye, denonse, pwopoze, fè kanpay. Sispann plenyen, sispann voye blam sou zòt. Fè kanpay pou jwenn sipò ak reyaksyon 90 pousan ki pa t vote pou Tètkale yo. Se pou presyon yo kite lari, men fè pwopagann lan radyo, tv ak jounal.

Rezilta eleksyon sayo montre ke majorite pèp lan bouke al vote lan eleksyon ki pa pote chanjman lan kondisyon yo. Se mantalite saa pou nou ede yo chanje.

Lanpwen rezon pou manm refraktè FowòmAyiti vinn kleronnen, paske yo pèdi tou.
Se Ayiti ki an kriz.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Joel Dim 26 Fév 2017 - 14:05

SASAYE;

Pep AYISYEN an pa t al vote ;yo pa te vle l al VOTE.

Mwen ap redi l anko.An DOMINIKANI a kote nou an ,ELEKSYON koute pi bon MACHE ke AYITI ,se 70% POPILASYON ki WOUTINMAN patisipe lan ELEKSYON.
Ki sa k ap pase la a menm?

Gen peyi ,si mwens ke 40% ELEKTORA ki ENSKRI an ,pa PATISIPE ,ELEKSYON an ENVALID.
Mwen kwe ke AJANTIN se kon sa e kek peyi lan EWOP de LES lan tankou WOUMANI ,se kon sa tou.

Ki EKSPLIKASYON ki ka bay ke MARIZ NASIS ta fe mwens ke 90000 VWA lan ELEKSYON yo?
Yo ESTIME ke lan TOUNEN ke ARISTID te fe lan PEYI an ,an TOTALITE te gen plis ke 1 MILYON EDMI MOUN lan LA ri ki t ap AKLAME ARISTID ak MARIZ NASIS epi se 80 MIL ki te al VOTE pou MARIZ NASIS?

ETRANJE ki pa lan KOMINOTE ENTENASYONAL lan REALIZE ke se VOLO mesyedam yo VOLO ELEKSYON an e yo pa menm fe l ENTELIJAMAN.
Anvan eleksyon an ,te gen yon ATIK lan TELESUR (TELEVIZYPN SID AMERIKEN an) ki ESTIME ke dapre sa yo konstate ke MARIZ NASIS si l pa ta genyen lan premye tou ,men omwens li t ap fe preke 50%.
Ki sa ki pase la a menm!!!!!!!!!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Sasaye Dim 26 Fév 2017 - 14:30

Jowèl,
Wi te gen plis ki 1 millyon edmi lavalasyen lan lari.
Menm si ta genyen yon plan pou anpeche yo vote, se pa ta p posib pou KEP oubyen PNH ou MINISTA anpeche yo tout vote.
Menm omwen 750.000 ta va l vote.

Men se la pwoblèm nan ye. Kote sipòtè yo te ye pandan eleksyon yo?

Se yon pwoblèm ki genyen yon aspè sikolojik. Pwoblèm dominiken pa menm ak pa ayisyen. Yo gen angouman pou yo al vote paske gen evidans ke gen pwogrè ki reyalize.
Men depi similak demokrasi ann Ayiti an 1986. Ki amelyorasyon povrete ak eksklizyon vòt yo pote?

Sa m pwopoze, se konstate sitiyasyon ki ekziste.
Nou pa kapab chanje l amwenske nou pran zam pou ranvèsè gouvènman an.
Nou kapab tonbe lan yon gè sivil. Kilès ki pral pran zam, kilès ki pral dirije revolisyon saa?

Alò, nou rekonèt ke se yon kou monte.
Kisa pou n fè, pou fè revandikasyon nou pase?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Joel Dim 26 Fév 2017 - 17:35

SASAYE;

Se pou w okouran lan ki SITIYASYON peyi an ye.

Se MOUN ki gen CHANS yo ki manje yon fwa pa JOU.

Pa gen DLO pou MOUN yo BWE,se lan SACHE PLASTIK MOUN yo achte DLO sa k pi bon ap ACHTE DLO lan BOKIT.

Pou mete bagay yo an PESPEKTIV .NEG BANNANN lan soti an GIYAN ak plis ke 10 MOUN ,lan youn lan VWAYAJ BIDON ,VWAYAJ al DRIVE .
KONBYEN LAJAN ki depanse,KONBYEN LAJAN sa kapab koute pou mete kek FONTENN lan KATYE POPILE yo?

BAGAY LAN GRAV!!!!!
Se tankou gen yon AWOGANS lakay mesyedam yo.Se tankou yo bay PEP lan yon DEFI.

M ap di w;yo pa p kite BANNANN fe ANYEN ,menm si l ta gen VOLONTE.

EPITOU SASAYE ,MESYEDAM YO KLETE VWA ELEKTORAL.
Pa t gen 1 MILYON MOUN KI VOTE ,SE PA PASKE anpil MOUN pa t vle VOTE ,KONSEY ELEKTORAL GANSTE an fe yon JAN pou anpil MOUN pa VOTE.

E menm le yo vote ,yo pa konte VOT yo!!!!!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Joel Lun 27 Fév 2017 - 5:57

Epitou SASAYE anvan nou konpare DOMINIKANI ak AYITI ,pou di yo fe bagay ke nou paka fe;se pou nou reflechi sou bagay ki pi senp yo.

Konsey ELEKTORAL DOMINIKEN an se OGANIZASYON ki gen plis RESPE an DOMINIKANI.Pa gen MOUN ki gen TROU LAN MANCH lan OGANIZASYON sa a.

Dapre SONDAJ ,se pa SONDAJ ki OGANIZE pa OGANIZASYON TET CHAT tankou BRIDES nou gen AYITI an non.Plizye SONDAJ RESPEKTE ,PRESKE 80% DOMINIKEN yo gen KONFYANS lan KONSEY ELEKTORAL lan.

Pa gen jan ,an DOMINIKANI ke de NEG tankou LEOPOLD BERLANGER ak CARLOS HERCULES t ap PREZIDAN ak VIS PREZIDAN KONSEY ELEKTORAL yo an.
Pa de NEG KONTWOVESE tankou MESYE sa yo.
2 PATI ki gen 90% lan ELEKTORA DOMINIKEN an ,lan AKO KONPLET sou KONSEY ELEKTORAL LAN.
N ap poze yon KESYON SENP.Eske le KONSEY ELEKTORAL lan t ap OGANIZE e yo te mande FANMI LAVALAS ak PITIT DESALIN si yo ta DAKO pou LEOPOLD BERLANGER ta PREZIDAN KONSEY lan;ki sa yo t ap REPONN?

Nou pa bezwen pale de 40 SIYATI ki sifi pou w ANREJISTRE yon PATI POLITIK ann AYITI.Se yon lot KESYON.

MAFIA ann AYITI an organize ELEKSYON pou MOUN pa VOTE ,yo fe tout sa ki POSIB pou kreye KONFIZYON.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kisa pou n fè? Empty Re: Kisa pou n fè?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum