Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Display One Piece Card Game Japon OP-08 – Two ...
Voir le deal

Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

3 participants

Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  HT123 Mer 11 Juil 2018 - 21:48

Se yon bagay mwen toujou ap mande. Poukisa peyi a pa pwodwi sik aloske te a bon pou kann. M tande yap di te gen yn konpayi Ameriken ki tap pwodwi sik nan peyi a, men mw pa ka jwenn bon detay sou ki jan li te vin pa an fonksyon anko. Ayiti enpote (fairly) anpil sik. Sik fe pati de 20 bg nou plis enpote nan peyi a, poukisa donk pa gn moun ki panse a mete yn endistri knsa nan peyi a sou pye? Map mande eske se ti pwoblem kontreband sik dominiken an ki fe moun pe angaje yo nan biznis lan.

HT123
Junior

Masculin
Nombre de messages : 8
Localisation : USA
Opinion politique : socio-démocrate
Loisirs : Lire et Ecrire
Date d'inscription : 02/12/2017

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  Joel Jeu 12 Juil 2018 - 7:09

Se senp;

SIK pa bay LAJAN ke l te konn bay;kilti kann gen efe sou TE kote yo kiltive l lan.KIBA ak DOMINIKANI ki te gwo PRODIKTE SIK divesifye lan bagay sa a.
Nou pa gen ase TE ki rete pou MAS KILTI KANN.

Kounye an tou ,ETAZINI pwodwi anpil SIK ,sitou lan LWIZYAN ,malgre sa yo blije bay KONPAYI SIK LWIZYAN yo "sibsid".

Kanta ki konpayi AMERIKEN ki t ap pwodwi SIK ann AYITI?

Se te HASCO!!!!!!!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  HT123 Jeu 12 Juil 2018 - 10:09

Mesi pou entevansyon ou, men mwen pa fin dako ak tout saw di yo. 1) Nan ane ki sot pase a selman, ayiti enpote pre de 33 milyon dola US sik. Sa montre gen yon demand, gen yn mache. Imajine ke si yn antreprene mete yn konpayi knsa sou pye nan peyi a, lap sel pwodikte lokal, e lap kapab distribiye sik nan tout peyi a (pete entenasyonalman, sa depan de kalite a). 2) Mwen pa fin knprann pwen ou vle fe lew di "kann gen efe sou kote yo kiltivel la". O kontre, selon plizye rechech mw gen akse a yo, kilti kann amelyore fetilite te kote yo kiltivel la. Effe negatif kel ta sanble gnyen se biodivesite kel redwi, sepandan siw konsakre yn fem pouw fe kann selman, mw pa we sa ap yn issue anko. 3) Kontreman ak saw di, mw panse stil gen te nan peyi a pou pwodwi kann. Nan nodes peyia kotem soti, anpil moun plante kann, gen anpil te la ke yo pap regle anyn nan yo. Kilti kan pa mande twop sakrifis konparamman ak lot crop yo. Eskiz sa mw tandel anpil pou pwodiksyon lokal la, mw tande menm eskiz lan pou kilti diri a.

HT123
Junior

Masculin
Nombre de messages : 8
Localisation : USA
Opinion politique : socio-démocrate
Loisirs : Lire et Ecrire
Date d'inscription : 02/12/2017

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  Joel Jeu 12 Juil 2018 - 11:29

Enben se sa wi NEG PA.

Mwen apresye OPINYON w.Le m te TIMOUN lan lanne 1950s yo ,LA PLENN ,PLENN DI KIL DE SAK ak PLENN LEYOGANN se CHAN KANN selman ou te we la ,kounye an anpil kote sa yo se KAY selman w we.

Kanta DEMANN w ap pale an.Eske AYITI pa enpote plis ke 1 MILYA DOLA de RD pa egzanp.

Pwodwi senp tankou POUL ak ZE ;gen anpil bagay ke nou enpote de RD ,ke nou te ka pwodwi ann AYITI e pwodwi TRAVAY.

Kote PRIYORITE yo ye.Se petet yon bon GOUVENMAN ki ka DETEMINE sa e KONKRETIZE sa.

Ou sanble ou konn de ki sa w ap pale le w ap pale de ZAFE SIK lan.
Epitou KIBEN yo te reyabilite IZIN SIK "DARBONNE" lan ,ke yo te nonmen IZIN "JAN DOMINIK".Se PREVAL ki te reyabilite l.Mwen tande ke IZIN lan pa fonksyone anko.
Pouki sa ?
Wa fe PWOP KONKLIZYON w.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  HT123 Jeu 12 Juil 2018 - 12:56

Mesi pou rapel sou zafe Darbonne nan. An verite, se yn sitiyasyon ki vreman fristran. Alo yn peyi ap enpote tout kantite sa nan yn pwodwi epi pou yn gouvenman pa ka fe mwayen pou fasilite pwodiksyonl fet lokalman. Ou we, se la pouw we se gouvenman kap echwe peyi a vre wi. Mw panse ke premye bg pou gouvenman ayisyen an ta fe pou kontrekare lavi che a se atake problem epotasyon masiv lan. Fasilite antreprene lokal yo pwodwi epi elve tarif enpotasyon an. Men elas, gouvenman nou yo pa gen karakte pou sa. Mwen antanke jen etidyan kap etidye a letranje, mw vle avantire nan agribiznis peyi a, paske tout saw tande y'ap di a, lavi che nan peyi soudevlope tankou Ayiti yo pa kontrekare ak haute technologie tankou sa fet nan peyi devlope yo. Nap kite so called antreprene vin avantire nan peyi a kom kwa se teknology peyi a yap fe avanse. Men koman nou ka take care of bg sa yo le menm manje nou pa ka pwodwi. M pa panse li dwe yon kesyon de nou pa gen te oubyn te yo pa fetil anko, nou ka kreye mwayen, nou ka ankouraje etidyan fe rechech sou bg sa yo, e nou ka arive pwodwi bg tankou diri, sik, e koupe nan mas enpotasyon an.

HT123
Junior

Masculin
Nombre de messages : 8
Localisation : USA
Opinion politique : socio-démocrate
Loisirs : Lire et Ecrire
Date d'inscription : 02/12/2017

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  negmorne Jeu 12 Juil 2018 - 23:57

mwen kwè ke fòk nou ta ka konsantre sou zafè Ayisyen fè ki mache. Apre sa fòk nou ta wè si nou ka swiv model sa yo. Parekzanmp, Lètagogo. Sa son koperativ lètyè kote peyizan ap konbit pou vann yogou lokal ak pròp vach yo.m tande yo konmanse konstwi plizyè izin nan peyi a. sa tap bon si pwodiksyon sik nan peyi a tap swiv yon model konsa. yon konbit kote peyizan ka jwi rezilta sa yap pwodi ansanm

negmorne
Junior

Masculin
Nombre de messages : 18
Localisation : montreal canada
Loisirs : haiti
Date d'inscription : 09/02/2011

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  HT123 Ven 13 Juil 2018 - 8:33

Wi, sa sw yn bon pwenw fe la. Le mwen te lotboa, menm tontonm te konn distribiye let agogo a tou. Se yn pwodwi ki rich vitamin e pwotein. Men mw pat we se te yon bg grandyoz. Ti izin yo te tou piti (pou sam te we yo), epi distribisyon yo te fet pa ti douzen, ti senkanten, ekst.... M pa knn pou kounya si vin gen gwo improvement. Se lafrans pou yn moun ta ale pouw we kouman yo eksplwate pwodwi letye yo. Nou te ka fe menm bagay la tou. Men nou toujou ap gade sa'n pa genyen olye nou travay ak sa'n gnyn.

HT123
Junior

Masculin
Nombre de messages : 8
Localisation : USA
Opinion politique : socio-démocrate
Loisirs : Lire et Ecrire
Date d'inscription : 02/12/2017

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  negmorne Ven 13 Juil 2018 - 13:00

So domaj. Mwen pat konnen konsa ke pwodiksyon te fèb konsa. Pou jan peyi a gen vach. MezAnmi menm vach yo nan chomaj.. yap mache nan la ri Pòtoprens.. fok ta gen plis izin ki konstwi.. e fok yo ta fè plis pwodwi letye. Yo te ka fè poud lèt oswa pwoteyin oswa, fwomaj tou. Men kote kòb petro Karibe te dwe ale. Antouka.

negmorne
Junior

Masculin
Nombre de messages : 18
Localisation : montreal canada
Loisirs : haiti
Date d'inscription : 09/02/2011

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa peyi a pa pwodwi sik? Empty Re: Poukisa peyi a pa pwodwi sik?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum