Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -29%
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 ...
Voir le deal
499.99 €

Yon pwoposityon

2 participants

Aller en bas

Yon pwoposityon Empty Yon pwoposityon

Message  Rodlam Sans Malice Mar 12 Juin 2007 - 18:15

Se pa pou mwen montre ke mwen save pase personn,men si nou vle mentni lang franse kom yonn nan lang peyi ya fok nou ede tet nou pale e ekri li byen.mwen pa ekri franse pi byen pase personn non e mwen konen ke mwen fè anpil fot lè mwen ekri franse ak kreyol eske li pa ta nesesè ke nou chak ede yon frè ak sè nou yo korije fot ke yo fè nan tout 2 lang sa yo ,nou pa beswen fè li pou nou desann moun lan men pito pou nou ede li amelyore konesans li nan lang yo.Mwen sonje yon konverstayon mwen te genyen yon fwa ak yon ansyen zanmi kote li te vle mwen ekri sou jounal sou pwoblem blackout an ayiti.mwen te di li ke ayisyen pi enterese nan form ke nan konteni ,talè yo pral kritike mwen pou jan mwen ekri men lè sa gouvenman an pant ko rekonet kreyol kom lang ofisyel ayisyen seta frekan ki ta kenbe w pou ta ekri yon teks an kreyol , jodya dye mersi bagay yo evolye , an nou yonn ede lot pou nou ekri lang nou yo byen.

mwen remake ke nou tout ki patisipe nan forum ayisyen yo nou tout renmen ekri ,mwen tou mwen pran yon plezi bay opinyon mwen sou zafè peyi dayiti e le mond an jeneral paske nou tout sou menm bato a .Eske li pa ta fè sans ke nou servi de forum lan pou nou amelyore konesans nou nan lang ke nou servi yo.Sa ka ede ti moun nou yo ki pat leve an ayiti e ki ta renmen patisipe nan diskisyon yo men ki pè pou nou pa kritike yo .map gade jan marc henry ap fè gwo jefo pou li ekri kreyol e mwen menm tou ,byen ke mwen gran moun lontan pase li.Nou dwe rekonet genyen anpil lakinn lakay nou nan tou de lang ofisyel nou yo. Eske nou dako ak mwen ke nap korije tout fot yon moun fè ke an franse ke an kreyol ke an angle tou. nou pa beswen desann li pou sa jis di li ke nou vle ede li.Mwen mande gwo entelektyel ayisyen ki patisipe nan diskisyon sou forum ayisyen yo pou yo fè forum yo tounnen yon lekol pou konble tout lakinn ke anpil moun genyen ni nan kreyol ni an franse,ni an angle e menm an panyol tou paske jan bagay yo ap evolye la se pa selman 2 lang yon moun pral beswen nan mondyalisatyon sa fok ou mwen ou pale 3 a 4 lang kouraman . An nou komanse servi ak enternet lan pou nou korije lakinn ke anpil konmpatriyot nou yo genyen ni nan lang ni nan istwa limanite pou nou kwape iyorans e prejidis sou la tè paske pafwa genyen bagay ke frè ak sè nou yo di se pa renmen yo pa renmen tet yo men se pakse yo pa konnen istwa yo byen. Mwen ta renmen tande komantè nou sou pwoposityon saa.

Anko yon lot fwa se pa ke mwen pi konnen pase personn menm jan mwen ta renmen yon mou ede m ekri de lang yo pi byen mwen kwè se yon move orgey ki fè nou tout pa vle rekonet ke nou genyen anpil lakinn nan formatyon nou.Internet la ka permet nou korije anpil move bagay ke vye lekol dirije pa blan te mete nan tet nou ki fè nou rayi tet nou pafwa ou byen nou rayi sa ki pou nou pase nou pa konnen ki moun nou ye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon pwoposityon Empty Re: Yon pwoposityon

Message  Thunder Mer 13 Juin 2007 - 0:31

Mwen dakò 100% ak pwpozisyon sa-a, men m'ap ajoute yon kichòy.

Pou nou evite ke tout sijè yo devye, fòk se sou sijè sa-a ke nou vinn mete koreksyon yo. koupe/kole sa moun nan ekri-a la-a, e pi pote koreksyon nesesè nan respè youn pou lòt.

Epi m'ap di tout moun ke ògèy pa genyen plas li la-a, se pou nou venk timitide nou pou nou ekri, mwen konnen pi fò patisipan ki pa ekri yo, se paske yo pè kritik pou fòt yo ka fè. Men fòk yo raple yo ke : Lapanse te la anvan òtograf, sa ki enpòtan-an se sa yo vle di-a, se pa règ gramè oubyen òtograf.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yon pwoposityon Empty Re: Yon pwoposityon

Message  Rodlam Sans Malice Mer 13 Juin 2007 - 0:57

An nou tann repons anpil lot patisipan toujou.Nou chak ka pote konesans nou nan yon lang kelkonk ke se swa franse ,kreyol ,angle ,menm panyol tou.Annou wè se an forjan ke nou ap vinn forjeron .se pa fot dortograf selman ki enpotan nenpot ti moun piti ka achte yon diktyonè pou li wè ki jan yon mo ekri.

Nou ka remake genyen anpil moun pafwa yo genyen ti pwoblem ak reg gramè franse ya ,mwen menm tou mwen konn genyen yo pafwa men mwen achte yon vye gramè pou m gade yo pafwa.O kontrè menm mwen beswen achte yon bon diktyonè paske genyen yon kalite mo mwen ap li koulyè ya mwen pa jwen yo nan vye Larousse mwen yan ki la depi preske 40 lane.Mwen pa kon ki jan mwen ta fè achte yon bon diktyonè ak yon bon gramè anko paske sa mwen genyen yo finn chire.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon pwoposityon Empty Re: Yon pwoposityon

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum