Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre 14 couverts – ...
339 € 622 €
Voir le deal

Politik etranjè Ameriken apre Bush.

3 participants

Aller en bas

Politik etranjè Ameriken apre Bush. Empty Politik etranjè Ameriken apre Bush.

Message  Thunder Dim 29 Juil 2007 - 20:17

Depi apre deba demokrat yo semèn pase-a genyen yon polemik ki leve ant senatè Clinton ak Obama ki se 2 kandida pou plas prezidan nan peyi Meriken anba banyè pati demokrat-la. Ebyen polemik sa-a kòmanse lè yon patisipan te poze kesyon sa-a : si yo eli prezidan, nan premye ane manda yo-a, eske y'ap dakò pou rankontre ak prezidan peyi sa yo, Iran, Syria, North Korea, Cuba, and Venezuela ?

Senatè Clinton reponn kategorikman non sa pap rive tout otan pa genyen "pre-kondisyon", Senatè Obama li menm di ke : wi li pare pou li rankontre ak yo. Apre deba-a Clinton fè konnen ke Obama iresponsab e nayif. Obama li menm riposte pou li di ke Vòt Clinton pou lagè an Irak la, te iresponsab ak nayif tou e misye konpare Clinton ak administrasyon Bush-lan lè li fè yon komantè sou fason ke Clinton prevwa pou mennen politik etranjè li tankou yon “Bush-Cheney light.”

Men si genyen yon pwen komen sou politik etranjè yo se ke tou 2 senatè sa yo di klèman ke prezidan sa yo se diktatè donk yo genyen rejim bout di lakay yo.

Genyen 2 bagay ki enpòtan la-a :

_ Kiyès nan politik sa yo ke tout moun an jeneral, e nou menm Ameriken-Ayisyen an patikilye, panse de sa ?

_ Eske tou 2 kandida sa yo bay moun ki di ke Chavez se yon diktatè, rezon ? oubyen eske petèt se renmen ke youn nan kandida sa yo pa renmen "konba kont elit" ke Chavez ap mennen-an ? ...eske petèt tou se renmen yo pa renmen pòv Kiben ak Venezyelen yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Politik etranjè Ameriken apre Bush. Empty Re: Politik etranjè Ameriken apre Bush.

Message  Joel Dim 29 Juil 2007 - 21:24

Zafè ke OBAMA ap di ke lap pale ak Castro,Chavez,Kim Jong Il lan,san kondisyon,se pale met la.
Li pa p kapab,byen ke ap gen yon modifikasyon nan politik amerikèn lan,paske dòn yo chanje.

Advèsè Etazini jounen jodi an se La Chine e pi devan se Lend.
Se vale La Chine ap vale mache nan men Etazini.La chine patou.

Yon administrasyon demokrat ap chéche yon akomodasyon ak de peyi tankou Venezuela e mwen sispèk ke Chavez ap modere langaj li si yon administrasyon Demokrat pran mayèt lan.
Kanta Kiba ,nan dènye diskou Raul Castro te pwononse le 28 Jiyè te gen yon ti nòt de konsilyasyon.

Gen anpil entelektyèl ki ap panse sou politik etranjè reyalize se pou Ameriken mete yon ti dlo nan divin politik etranjè li.

Mesye bout di Repibliken yo tèlman konn sa, ke yo di ke prezidan Dick Cheney (lol) ap pale de atake Iran ,anvan eleksyon prezidansyèl 2008 yo,pou mete yon evantyèl administrasyon Demokrat devan yon fèt akonpli.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Politik etranjè Ameriken apre Bush. Empty Re: Politik etranjè Ameriken apre Bush.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 29 Juil 2007 - 22:35

Ki sak fè Bush ka Pale ak Putin ,ak Chanselye Alman an epi pou yon Presidan Ameriken pa ka pale ak Castro ou ak Chavez?Petet Senatè Clinton konnen depi yon moun di ke ou nan pale ak moun sayo ou tou pèdi elektyon an .sa se kote pragmatikpolitik ameriken ke Obama pa wè.Se pa paske Obama di li pa genyen pwoblem rankontre Presidan lot peyi sa yo ki pou mwen nayif se konsekans sa li di ya ka genyen nan elektyon.Fok demokrat yo pa two enkyete kiben nan Florida yo twop tou.se nan sans sa ke mwen wè ke Senatè Clinton di ke Obama nayif la.

Bon apremidi ya mwen tande yo di ke angle yo ka retire twoup yo nan Irak ;yo di ke nouvo Premye Minis britanik lan pa nan zanmitay twop ak Bush; li reyalize degou pep anglé pou sa ki ap fet an Irak la li pap kite sa ki rive Tony Blair la rive li.Ki konsekans nou kwè ke retrè twoup britanik yo ka genyen sou gè saa?Mwen tande tou genyen yon paket irakyen ki ap chache pou yo rantre o Zeta Zuni sitou nan detroit se sak fè Mè Detroit lan mande pou genyen ola nan bagay saa paske li pa ka pran responsabilite poul kite tout irsakyen sa yo vinn Detroit Se kalite remed sa yo pafwa ou konn ap di moun ki san visyon pou yo panse konsekans a sa yo vle fè yo;paske pafwa remed la se agrave li agave maladi ya .Eske se vre envasyon Iraq la ap anpeche ke teworis yo jwen kote pou yon entrene?menm opium ameriken pa ka anpeche yo pwodwi nan Afganistan.

mwen pa ta sezi non si Dick Cheney ta fè Bush anvayi liran anvan elektyon 2008.Si li deklanche yon lot ostilite anko ak yon lot peyi an kreyan yon ak malonet o Zeta Zuni pou li enplike presidan Iranyen yan sa pap etone m ke yo genyen elektyon 2008.an kreyan yon psykoz ka meriken konservatè yo.paske se sel jan vre pou yo genyen elektyon e nou konnen ke nanpren anyen ke Dick Cheney pap fè pou Konpayi li yan kontinye ap ranmase bilyon dola nan rekonstriktyon destriktyon saa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Politik etranjè Ameriken apre Bush. Empty Re: Politik etranjè Ameriken apre Bush.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum