Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go ...
Voir le deal
1099.99 €

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

2 participants

Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Joel Mer 1 Aoû 2007 - 20:35

Gen yon seri de moun ki ,pou yo eskize lesklavay,konn di ke afriken te konn vann pwòp frè yo nan esklavay (gen moun sou sit sa a ki konn ekri sa),fòk moun sa yo konnen ke te gen anpil Afriken ki te reziste bagay sa a e ki te livre yon lit fewòs kont li.
Youn la dan yo se te Rèn N'ZINGA M'BADI



N'Zinga te fèt an 1583 nan zòn Lafrik yo rele ANGOLA .
Rwa zòn lan te rele Ngola,men Pòtigè yo ki pa t konprann yo te tou rele zòn la Angola.
N'Zinga te fèt nan yon fanmi wayal.
Pandan li t ap grandi se lè sa a pòtigè yo te debake nan Angola.
Yo te desann nan zòn sa a ,paske yo te kòmanse gen konpetisyon nan men Panyòl ak Angle nan kòmès esklav lan ,nan zòn Afrik Lwès lan,alòs yo demake ,yo desann nan zòn Sidwès Lafrik lan.

Komès esklav se te yon min lò li te ye pou Pòtigè yo ,yo te kolonize Brezil ki te gen gran plantasyon sik nan epòk lan e se bagay ki mande anpil esklav.
N'zinga di otan.Li kòmanse òganize rezistans kont Pòtigè yo.An mezi pòtigè yo ap mete twoup nan Angola ,se lè sa a y ap pèdi solda.

Bagay lan vin grav pou Pòtigè,yo mande poupale ak Nzinga.Manmzèl di yo zafè pou y ap kaptire moun pou mete nan esklavay lan fòk sa fini.
Li siyen yon trete ak gouvènè Pòtigè an ,ki dakò pou yo rete nan vil yo rele LUANDA jodi an ,e pou yo pa penetre nan enteryè yo ,pou kaptire moun pou depòte nan esklavay.
N'ZINGA menm kite yo batize l ,pòtigè yo rele l ANNA DE SOUZA ,men se te yon batèm de konvenyans.

Kòm nou ka devine l,pòtigè yo ,se sou blòf yo te ye ,paske kòmès esklav te bay twòp lajan ,gen de seri de moun se te fòtin kolosal yo t ap fè nan biznis sa a.
Pòtigè yo ranfòse ak bato ak solda ,e se kounye an yo vle kaptire moun pou yo mete nan esklavay.
N'ZINGA fè yon retrèt estratejik,e nan epòk sa a Olandè yo te vle mete pye yo tou nan Sidwès Lafrik lan,pou yo kwape e ranplase Pòtigè yo.
N'Zinga fè yon alyans ak Olandè,ak 2 zye louvri,se yon alyans sikonstans ,paske li te bezwen zam ak minisyon pou l konbat Pòtigè yo,li te konnen se menm kout baton an Olandè yo t ap pote...

(A SWIV)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty Re: RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Rodlam Sans Malice Mer 1 Aoû 2007 - 20:49

Depi nan ginen genyen bon jan fanm vanyan.se pa neg ap trayi neg selman.Bravo bon jan bet.Men ki jan fè istoryen nou yo pa janm ekri anyen sou fanm saa?Si istoryen afriken yo ou nwa an jeneral pa ekri sou gason ak fanm vanyan sa yo eske yo kwè se blan ki pral ekri bon jan bagay pou montre valè yo?Se pou menm jan sineyast yo ekri sou Spartaccus se pou sineyaspa nou yo ekri sou ero nou yo, se sa ki fè mwen apresye initiativ Presidan Chavez ak Danny Glover pou monte yon film sou la vi Toussaint Louverture.Si se pa nou ki moun ki pral fè l pou nou.Si Stephen Spielberg ekri Chadler's list pou mopntre se pa tout alman ki te aprouve sa nazi yo tefè fok metè an senn nou yo kanpe bon moun ki genyen an afrik yo.ki lè pi gwo krim nan limanite tap komet se pa tout afriken ki te patisipe ladann ou byen ki te rete bwa kwase.Mwen apresye enformatyon saa anpil.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty Re: RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Joel Mer 1 Aoû 2007 - 22:08

San Malis,

Boujwazi afriken-ameriken an konn òganize yon bal charite nan WALDORF ASTORIA,sou patronaj BLACK ENTERPRISE MAGAZINE.
Nan bal sa yo konn dekore biznisman ki reprezante lespri pa janm bay legen,taktisyen,fyète ke NZINGA te reprezante e yo rele QUEEN N'ZINGA PRIZE

Mwen sonje gen yon ane se defen RICHARD LEWIS yo te bay li,yon nèg ki te fèt nan geto Baltimore e ak entelijans li ak pèseverans li te akimile yon fòtin de plis ke 300 milyon dola.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty Re: RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Rodlam Sans Malice Mer 1 Aoû 2007 - 22:19

Wi mon chè Richard lewis eske se yon milyonè afro ameriken ki ekri yon liv ki rele "Why white men should have all the fun" se yon liv mwen li lontan .Mon chè se apre mwen finn li liv saa lè mwen te lekol , ke mwen pran desisyon poum pouswiv rev mwen.

mwen par janm o kouran de fet saa.Se yon bagay vrèman admirab.fok nou pale de bagay sayo pou ayisyen retire konpleks ke yo genyen nan tet yo ke tout afro ameriken se inkilt ki pa konn istwa,kilti yo ni orijinn yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty Re: RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Joel Jeu 2 Aoû 2007 - 7:31

San Malis,

Pou anpil ayisyen ki di yo edike ,istwa yo kòmanse an 1492 ak debakman Kristòf Kolon an.
Ou pito,yo konn istwa La frans nan Mwayen Aj,men yo pa konn anyen de listwa Lafrik nan menm peryòd lan.

Entelektyèl ayisyen yo pa konn istwa sa a ,men entelektyèl ameriken nwa yo konnen l.
Se youn nan rezon ke gen yon seri ayisyen ke apre yo te konn sòti etidye an Frans ,se nan mwen pa konnen kote yo sòti e si w ap gade se tou lòt jou la a La frans pèse sou sèn istwa mondyal la.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty Re: RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 2 Aoû 2007 - 7:43

men anvan yo ekri de mo se molière ,se Victor Hugo, se corneille pou yo site pou fè moun egare konprann ke yo se yon paket afè.mande yo ki dekouvert syantifik yo fè, ki teyori ekonomik yo devlope,ki sa yo kreye ki itil limanite se nad marinad.men yo konprann se nan royom aveg la yo ye toujou kote yon moun ak yon grenn je se rwa.

mwen fè eksprè site kek fraz latinn ke mwen te konn li lontan poum montre pretantye ya ke se pa yon bagay ki mande yon talan ekseptyonel pou site kek fraz ou byen kek lide yon lout moun te ekri depi 18eme syek.Jacko pale franse.(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663) Empty Re: RÉN N'ZINGA M'BADI (1583-1663)

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum