CARLOS MANUEL PRIAR-AYIBOBO POU LI
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 1 sur 1
CARLOS MANUEL PRIAR-AYIBOBO POU LI
17 Oktòb 2006 lan,se komemorasyon 200yèm anivèsè lan mò Papa Dessalines (Glwa a li pou tout tan gen tan).
Pou tèt sa ,n ap fé yon ti rapèl efè revolisyon ayisyèn lan te gen sou lamerik lan e kouman li te afekte,anpil afriken ki chanje istwa kontinan an
Jodi an n ap prezante
CARLOS MANUEL PRIAR
CARLOS MANUEL PRIAR te fèt nan zile CURACAO .Misye se te yon NWA LIB,YON AFRANCHI.
Se pou nou reyalize kontèks misye pran konsyans revolisyonè li.
Nan dekad 1790s yo,te gen boulvès nan tout rejyon Karayib lan .Esklav nan tout rejyon an,ap aprann ke nèg nwa ann Ayiti ak Gwadloup lib e ke yo menm ap dirije tèt yo.
CURACAO ,pa t yon eksepsyon,se konsa ke esklav sou direksyon yon nonm ki te rele LOUIS MERCIER te revolte e mande libète yo.
Blan Olandè yo ,te kraze revolt sa a.
E pou m ouvri yon ti parantèz ,Dr Djibo Sobukwe ,ki se pwofesè AFRICAN DIASPORA STUDIES ,nan Temple University nan Phuiladelphia,di ke Louis Mercier te sòti swa Ann ayiti ou byen Gwadloup,men yo pa konnen o jis.
Pou nou tounen a Manuel Priar;misye vin yon radikal sou zafè lit liberasyon pou libere tout nwa.
An 1804 ,misye anrole nan milis militè ,pou konbat Angle yo,ki te vle pran Curacao.
Apre sa misye te bezwen aprann nan men ayisyen ki non sèlman libere esklav ,men ki ap dirije yon peyi tou.
An 1807 misye vwajaje ann Ayiti,SOBUKWE di ke gouvènman ayisyen an (li pa di si se Cristophe ou byen Pétion) te ba misye kòmand ,yon bato.
Men Priar te "restless" (tankou Ameriken yo di)
An 1810 ,misye kite Ayiti,paske misye aprann de lit gen de moun ap mennen pou libere GRAN-COLOMBIA de jouk kolonizasyon panyòl yo.
Gran'Colombia se te tout rejyon mwatye Nò Amerik di Sid lan (Panama,Kolonbi,Venezuela elatriye)
Rive,misye rive nan zòn lan,yo bay misye kòmandman yon bato,akòz de eksperyans li.Misye te estasyone nan PUERTO CABELLO.
PRIAR ,te deja kòmanse distenge l ak disiplin li,ak konesans masyal li.
An 1812,yo bay misye kòmandman yon flotiy bato ,paske endepandantis ,te vle pwoteje flèv ORINOCO an,ki te estratejik anpil.
Kòm kòmandan zòn sa a,PRIAR te genyen batay,li te pèdi batay.
Apre yon defèt,misye te blije fè yon ti bak ,pou yon ti tan.
Misye retounen nan zòn venezuela a an 1813,endepandantis yo bay misye grad Kolonèl.
se yon lòt Priar ki te tounen,misye depi dat sa ,te ale de viktwa an viktwa,sou fòs kolonyalis yo.Misye libere vil MATURIN e pita misye libere ,tout pati ès Venezuela a.
An 1814,yo bay misye grad Jeneral de brigad;misye kontinye ap pyese fòs kolonyalis yo.
Priar libere BARCELONA,CUMANA,;i atake CARACAS,nan yon batay nan yon vil ki rele EL SALDADO,misye kraze Lame Jeneral Panyòl ki te rele JOSE TOMAS BOVE.
Pou tèt sa ,yo te nonmen PRIAR,Majò jeneral.
Misye patisipe nan ekspedisyon kont Los CAYOS ak batay Las FRAILES ak CARUPANO.
Tout se te siksè.
An 1916,Priar defèt Jeneral FRANCISCO MORALES,nan Batay EL JUNCAL.
Nan kòmansman ane 1817 lan,Priar pran kòm misyon pou li libere rejyon ki rele GWAYANAS lan,ki te yon gwo pwovens,yon gwo teritwa.
Priar asyeje vil ki rele ANGOSTURA epi misye sable jeneral MIGUEL DE LA TORRE y PANDO ,nan batay SAN FELIX.
Anti kolonyalis yo ,nonmen CARLOS PRIAR JENERAL AN CHEF.
Misye te vin nimero 2 ,apre SIMON BOLIVAR.
Men nou kounen koumam nati imèn ye.Koumanse gen jalouzi,sitou de la pa Blan Kreyòl dorijin panyòl ,menm de la pa yon nonm kou Simon Bolivar.
E gwo pwoprietè tè yo ,ki te pro endepandans ,men apre sa pou yo kenbe kontwòl ,konnen ke si se CARLOS PRIAR ki bay rejyon an endependans,sa ka pa rive.
CARLOS PRIAR ,se yon moun ki te kwè nan konplèt egalite ras yo.
Non sèlman,esklavay t ap aboli,men se pou blan ak nwa patisipe nan administrasyon ansyen koloni an,ekonomikman e politikman.
Konplo koumanse ap mare sou do PILAR.
An 1817 ,Blan Kreyòl yo akize misye de ensibòdinasyon,e yo demote misye de pòs li kòm jeneral an chèf.
CARLOS PRIAR pito bay demisyon li,men misye kontinye ap pale pou nwa ak endyen yo.
Blan Kreyòl yo ki konnen ki enfliyans misye genyen sou ansyen esklav yo,ak endyen yo pa t ka kite CARLOS PRIAR an libète.
Kounye an,Blan Kreyòl yo,ak alatèt yo SIMON BOLIVAR ,akize PRIAR de trayizon ,ensibòdinasyon ak konspirasyon.
Yo arete misye,bay misye yon Kou Masyal,rekonèt misye koupab e yo ekzekite l.
SE POUTET SA MESYEDAM,LE NOU TANDE NON SIMON BOLIVAR AK SITE,SONJE AFRIKEN SA A.
CARLOS MANUEL PRIAR.
AYIBOBO POU LI,SE YON NONM KI TE YON ERITYE PAPA DESSALINES (Glwa a li pou tout tan gen tan)

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Sujets similaires
» Sénateur Carlos Fritz Lebon: un homme malhonnete et dangereux
» Rusbert de León prensipal asasen Carlos Nerilus anba kod
» Ecrivain Carlos Fuentes propose protectorat Onusien écart des élites corrompues
» BOB MANUEL OU EST AMARAL DUCLONAS ???????
» Bob Manuel est le PM désigné; qu'en pensez-vous?
» Rusbert de León prensipal asasen Carlos Nerilus anba kod
» Ecrivain Carlos Fuentes propose protectorat Onusien écart des élites corrompues
» BOB MANUEL OU EST AMARAL DUCLONAS ???????
» Bob Manuel est le PM désigné; qu'en pensez-vous?
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum