Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur ...
Voir le deal
600 €

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

4 participants

Aller en bas

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev Empty Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

Message  jafrikayiti Dim 7 Oct 2007 - 17:46

Di Chibolèt, di Perejil: Travay Bondye l ap Akonpli, se sa ansasen toujou di !

Quote:
«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, lè sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t
ka rive di l jan yo di l la. Lamenm, yo mete men sou li, yo touye l la
nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch
fanmi Efrayim lan». JIJ 12: 5-6 (Bib la)

Nan mwa Oktòb 1937, sòlda Trujillo yo resevwa lòd pou yo fè tout
moun nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo "perejil",
ki vle di pèsi nan lang panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan
Ayisyen, lè ou pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou
mouri, epi yo lage kadav ou nan larivyè Masak.

«M rele: "Manman!" ; li mouri; m rele, - "Papa!, Papa!," li mouri; toulede youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè,
san manje….» Temwanyaj Irelia Pierre.

Souple, kontinye li pou listwa ka sispann rekòmanse, jenerasyon apre jenerasyon...


http://blog.myspace.com/index.cfm?fuseaction=blog.view&friendID=107055082&blogID=316863948


KOUT KOUTO - OKTÒB 1937 (Rivyè Masak Wouj ak San Nèg !)
Moso nan seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen © Jafrikayiti (Oktòb 2007)


Lasosyete onè,

Nou remèsye Granmèt la dèske li kontinye klere pasaj pou nou, sou chimen listwa pèp nou.

Nou te wè nan ki kondisyon sòlda blan Meriken yo te kite tè peyi d Ayiti,
nan ane 1934. Lè sa a, se mouche Sténio Vincent yo te kite chita sou
chèz boure palè nasyonal la, ansakalite de « Prezidan ».
Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev M_bf4d715b8ef62be6c1e8f65d21f1aea1STENIO VINCENT AK ROOSEVELT

Nou te wè ki jan Stenio Vincent sete yon nèg milat ki pat gen anpil kòb men, ansakalite de Prezidan, li devlope relasyon bon fwotman ak ni Prezidan Etazini, Franklin Delanor Roosevelt, ni Prezidan Dominiken, Raphaël Trujillo. Se konsa, 5 jiyè 1934, mouche Roosevelt te deplase majeste li, debake lavil Okap, pou li vin anonse finisman lokipasyon nan peyi nou. Vwalatilpa, nan koumansman ane 1936, sete tou pa prezidan Domiken an, pou li te fè yon vwayaj istorik tou nan peyi d Ayiti. Lè sa a, Sténio Vincent te tèlman kontan vizit la, li te fè rebatize Granri Pòtoprens «Avenue Trujillo». Men, lasosyete, daprè noumenm, ki kalite benefis "relasyon" sa yo ta pral pote pou pèp Ayisyen? Pou nou jwenn repons kesyon sa a, fòk nou fouye pi fon pase sa nou jwenn alapòte n nan liv tankou rapòtay listwa Jean-Claude Dorsainville fè sou lobidyans Frères de l'instruction Chrétienne lan. Nan Abreje Istwa d Ayiti, Louis Déroche limenm, di nou: «Vincent fè anpil bagay pou peyi a: lekòl, mache, bibliyotèk, elatriye… san konte mize nasyonal e lefèt ke komès fig bannann te fè anpil pwogrè. Epitou, se sou gouvènman prezidan Vincent, minis li, Dumarsais Estimé, pran inisyativ fè tout elèv ale fè parad sou plas piblik jou fèt drapo, le 18 me». Tout sa se bèl piblisite Prezidan Vincent pwobableman merite. Malerezman, ti liv sa yo pase sou tèt peryòd gouvènman Vincent an pi vit pase zèklè kap kouri pou loray pa fè kè l sote. Nou pa p ka padone listwaryen tradisyonalis, tankou Dorsainville ak Déroche, pou konplisite yo nan blakawout total yo fè sou pi gwo evènman ki pase sou prezidans Sténio Vincent an. Evènman sa a si tèlman enpòtan, yon moun pa fouti konprann relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn pandan tout peryòd 20tyèm syèk la, si ou pa konnen kisa ki te pase sou fwontyè Ayiti ak Dominikani, nan mwa oktòb 1937.

Dominiken rele evènman sa a: «El Corte». Ayisyen rele li «Kout Kouto».

Anvan nou rakonte ou kouman sa te pase, annou di de mo osijè youn nan pèsonaj santral evènman Kout kouto sa a, sètadi diktatè ki te alatèt peyi
Dominikani nan ane 1937 la, mouche Raphël Trujillo. Trujillo, sete yon ansyen gad sou plantasyon kann ki vin pran grad sou grad nan Gad Nasyonal peyi li, granmesi antrenman li te resevwa nan men Marin
Ameriken ki te okipe Repiblik Dominikèn alepòk. Lè blan Meriken kite
Dominikani, nan ane 1924, Trujillo te gentan gwo chèf alatèt lame
Dominikèn. Nan ane 1930, li fè yon koudeta, li nonmen tèt li prezidan.
E menm jan ak Prezidan Vincent, li bay tèt li tout kalite gwo tit
tankou: «Gran Byenfektè Lanasyon ».
Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev M_e5742a0d287f0932173d4bff1389644aKi kalite moun Trujillo te ye?

Trujillo te vle fè tèt li pase pou blan. Se konsa, misye te toujou ap itilize
makiyaj pou li parèt pi pal ke jan li te ye a. Fikilte misye, sèke li
te gen repitasyon ti vòlè afè pa bon, lè li te jenn gason. Kipizè,
granmè Trujillo te yon nègès peyi d Ayiti -kidonk, se yon kichòy ki te
bay misye anpil vye konplèks nan mitan ti klik kolon blan ak ansyen
milat gran don ki t ap fè e defè nan peyi l alepòk. Orezime, sou tou de bò zile a, se milat konplekse ki te opouvwa. Vincent ann Ayiti, Trujillo nan Panyòl.

Nan yon atik ki pote tit « The River Massacre: The Real and Imagined
Borders of Hispaniola» ekriven Michele Wucker pibliye sou
www.windowsonhaiti.com, nou aprann ki jan yon jou 2 oktòb 1937, pandan
li te sou tankou pitit Bouki nan yon fèt yo te fè pou li, tou pre
Larivyè Masak la, Raphaël Trujillo pase sòlda Dominiken yo lòd pou yo
aplike yon solisyon final ki va reyisi rezoud swadizan pwoblèm Ayisyen an nan Repiblik Dominikèn. De ki pwoblèm Trujillo t ap pale konsa a? Daprè
temwanyaj ni listwaryen, ni moun ki te vivan alepòk, nan ane 1937, pat
gen okenn pwoblèm, tout bon vre, ant Ayisyen epi Dominiken. Ekonomi
toulede peyi yo te an degraba, sou menm pyedegalite. E, onivo
sitiyasyon ti klik ki t ap viv lavil yo menm, sitiyasyon Ayiti te pi
anfòm pase pa Dominikani. Sou plantasyon kannasik ke kolon blan
Ameriken t ap eksplwate nan Dominikani, Ayisyen ak Dominiken t ap
travay kòtakòt, tankou esklav, anba flann solèy la. Onivo popilasyon ki
t ap viv nan rejyon fwontyè yo yomenm sete bèl antant ki te ekziste ant
Ayisyen ak Dominiken.

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev M_278900c5c1fa61d17b5fdebcb7f59a38 Eleonore Roosevelt, Mandanm ak Mouche Raphael leonidas Trujillo (yon zanmitay, trese sere)

Annou koute… Irelia Pierre, moun Domon, zòn Wanament, ki tap pale ak yon fouyapòt nan ane 1987:
«Mwen te fèt nan Dominikani. Nou te rete nan seksyon "Loma de Cabrera". Papa m te travay jaden, plante manyòk, pistach, diri e gade bèf, kochon,
poul, kabrit — tout sa yo. Li te genyen tè pa l, ke li te achte. Papa m
te genyen 10 kawo tè. Te genyen manje kont pou fanmiy lan, nou pa te
achte manje nan mache. Nou te konn fè danre tou, nou te konn vann nan
mache. Papa m te fèt nan Dominikani. Manman m tou, te fèt la ba a.
Sèlman, mwen te pale Kreyòl; mwen poko te aprann Panyòl. Mwen te viv
nan mitan Ayisyen. Te genyen anpil Dominiken laba a, men te genyen plis
Ayisyen. Ayisyen e Dominiken te genyen maryaj e plasaj tou. Sa ki
marye, yo marye. Sa ki plase, yo plase. »

Yon gason ki te viv menm eksperyans lan di limenm…
«...Anvan …toulede pèp yo, Ayisyen ak Dominiken, te fè yon sèl, nan katye
sa-a....Tout mounn ki te fè metye Dayabonn, kòdonye, tayè, tout se te
Ayisyen, epi, Ayisyen ki la jiskounye a. Yo peple Wanament, yo mouri
la. Jiskonye a, pitit-pitit yo la a Wanament. Ti Ayisyen, papa yo te fe
Dayabonn, se isit, nan Wanament yo te lekòl, isit lan Ayiti, yo te vini
lekòl chak maten. Apremidi yo retounen Dayabonn. Fanmi yo te viv
Dayabonn tou. Yo te toujou renmen edikasyon fransèz la. Lekòl frè a te
toujou la... Menm lan Repiblik Dominikèn, yo renmen lang fransèz la
anpil. Men lang franse a ede yo pale kreyòl anpil tou.»

Kidonk te gen bèl antant nan mitan klas ouvriyè ak peyizan yo. Men ni
Santo-Domingo, ni Pòtoprens te gen yon santiman rayisab nasyonalis ke
klas privilejye yo t ap itilize pou bati kapital politik yo. Ann Ayiti,
pandan 19vyèm syèk la, ni politisyen nwa, ni politisyen milat te abitye
rasanble peyizan Ayisyen, lage zam nan men yo, fè yo rantre nan lame
pou y al atake Dominikani. Men, sa se bagay ki te sispann depi lontan.
Lapè te tabli ant de pèp yo depi sou gouvènman Prezidan Domingue, nan
ane 1875. Mèzalò, bò kote ti klik milat ki te fè dappiyanp sou pouvwa a
nan Repiblik Dominikèn yo, bagay sa yo te touskilfo pou yo kreye yon
mit rasis kòmkwa Dominiken se blan, Ayisyen se nèg nwa, e de pèp sa yo
se lennmi mòtèl. Kontèks istoriko-ekomik ki te ponn teyori tèt anba sa yo sèke, nan ane 1937, ekonomi Repiblik Dominikèn te fin dekonstonbre nètalkole. Ekspòtasyon sik ki te konn bay anpil rannman, sa gen dizan pase, te vin pèdi anpil valè sou mache eksteryè a. Valè yon liv sik sòti 20 santim Ameriken li tonbe yon santim. Pandanstan, sou kontinan Lewòp, Adolf Hitler ap fè lapli-e-lebotan. Nou konnen teyori Hitler a, sèke ras blan je vèt se sèl seyè sou latè, yo dwe dirije an wadèwa. Nan liv li ki rele Mein Kampf, Hitler tabli tout kalite teyori pou esplike siperyorite ras moun blan sou tout lòt ras.

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev M_ff09142ad0e248b4724ad00b83ab976dHitler, zanmi Trujillo (1937)

Sous foto a: Hitler's Jewish Soldiers Pics by Bryan Mark Rigg, PhD

Vwalatilpa, nan finisman mwa septanm 1937, Hitler voye yon delegasyon blan Alman, Nazi rasis parèy li, ale rankontre diktatè Dominiken an Raphaël
Trujillo. Youn nan kado Hitler voye pou Prezidan Domikiken an se liv li
a «Mein Kampf». Jounal nan Dominikani bat bravo lakontantman pou bèl
akolad sa a. Yo ekri nan premye paj: «Viv de gran lidè nou yo:
Trèzonorab Prezidan Doktè Trujillo ak Firè Wayom Alman an, Adolf
Hitler»

Lide rasis Hitler yo te touskilfo pou Trujillo ki t ap chèche yon echapatwa
pou li detounen lespri Dominiken, fè yo bliye responsablite leta nan
malsite ekonomik peyi li t ap konfwonte alepòk epi fokis okontrè sou
rayisman pèp Ayisyen. Trujillo deklare ke pèp Dominiken pa ta sipoze kite bann etranje nwa sa yo, kidonk klas ouvriyè Dominiken-Ayisyen an, ap byen manje konsa lakay li.

Kidonk, jalouzi rasis konplekse Trujillo monte li, li mande sòlda
Domiken pou yo rezoud pwoblèm Ayisyen an…

CHIBOLÈT NAN BIB LA, PEREJIL SOU ZILE A

Chòz dit, chòz fèt, nan mwa oktòb 1937, bò zòn lavil Dajabon, sòlda
Dominiken mache pike depi se Dominiken nwa ke yo sispèk gen san Ayisyen
nan venn yo. Listwaryen yo di nou, pou pipiti gen 30 mil frè ak sè nou
ki pèdi lavi yo nan masak sa a. N ap fè ou remake ke sòlda yo pa t
atake Ayisyen ki te rete sou plantasyon sik konpayi Ameriken yo. Se pa
malere sa yo ki te deranje Trujillo. Ni tou, blan Etazini pa t aksepte
pou misye vin kontrarye biznis esklavajis yo sou zile a. Se sou Ayisyen
ak Domiken nwa ki gentan fè anpil pwogrè ekonomik nan peyi a ke
Trujillo te dirije operasyon kout kouto l la.

Manyak li ye, Trujillo itilize yon modèl biblik pou li reyalize masak li a.
Nan Bib la, nou li kouman yo te touye 42 mil moun pèp Efrayim, lage
kadav yo nan larivyè Jouden, paske yo idantifye moun Efrayim sa yo kòm
etranje ki pa t kapab pwononse yon mo ki te nan lang moun peyi a. Mo sa
a sete «Chibòlèt».

«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou
janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa youn nan moun Efrayim yo rive pou
yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa,
moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non,
sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t ka
rive di l jan yo di l la. Lamenm, yo mete men sou li, yo touye l la nan
pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi
Efrayim lan». JIJ12:5-6 (Bib la)

Nan mwa Oktòb 1937, sòlda Trujillo yo resevwa lòd pou yo fè tout moun nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo "perejil", ki vle di
pèsi nan lang panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan Ayisyen, lè ou
pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou mouri, epi yo lage
kadav ou nan larivyè Masak.

«M rele: "Manman!" ; li mouri; m rele, - "Papa!, Papa!," li mouri; toulede
youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè, san
manje….» Temwanyaj Irelia Pierre.

Lasosyete, pa pito nou fè yon ti kanpo la a, pou jounen jodi a. Lè nou retounen, nou va rapousuiv ak kèk temwanyaj moun ki te reyisi chape, ak sekou Granmèt la, anba men kriminèl rasis Dominiken yo. Nou va chèche konprann kijan popilasyon Dominiken, popilasyon Ayisyen, gouvènman Dominiken, gouvènman Ayisyen e menm gouvènman Etazini…te reyaji fas a kokenn chenn krim jenosid rasis sa a ki t ap fèt sou zile d Ayiti.

Kidonk, tanpri, kenbe kè…n a pale nan yon lòt kadè. Sife!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev Empty Re: Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

Message  jafrikayiti Sam 13 Oct 2007 - 12:33

1937 Vincent, Trujillo, Roosevelt: Menaj a twa, kriminèl san kè – Jafrikayiti



Lasosyete Onè,

Nou di Granmèt la mèsi pou benediksyon li kontinye layite sou nou, sou chimen listwa pèp nou.



Lafwadènyè nou te kanpe nan ane 1937, bò larivyè masak. Nou t ap koute
temwanyaj moun ki te chape anba masak Kout Kouto diktatè Raphaël
Trujillo te kòmande nan peyi Dominikani.



Annou kontinye koute:



«Se te konsa, yon 7 Oktòb, jou fèt patwonal Dayabonn, frè yo pran nou
tout ti lezanj yo, janbe frontyè-a pou nou ale lamès. Pandan nou nan
legliz la, mwen wè yon bann militè Dominiken ap mache monte desann
andedan lakou legliz la. Se timoun nou ye, nou pa te konprann anyen.
Poutan sa ki genyen, militè yo te vle tiye nou tout menm jou sa-a. Yo
te vle pran mounn depi nan legliz la tiye yo jouk sou fwontyè. Sa ki te
vin rive, frè yo se te etranje yo te ye; Fransè yo te ye. Mwen sipoze
se parapò a frè yo, militè yo pa fè sa; yo pa te touye nou. Men nan
aswè, vè sizè konsa, militè yo koumanse pike moun, tiye moun. Depi
sizè, yo koumanse masakre moun; m tande moun ap rele, moun ap kouri.



Sa se te temwanyaj yon gason ki te viv eksperyans Kout kouto a. Kounye a, annou koute Irelia Pierre, yon jenn fanm.



«Kout Kouto te vin jwenn mwen, m te piti, m te gen tan pase lekòl. Yo
te touye tout kò famni m: manman m, papa m, tout rès fanmiy lan. Nou te
28 nan fanmiy lan. Mwenmenm youn sèl ki te sove…Mwen te genyen 12 lane
konsa.



Lè nou rive nan savann Dajabonn, nou gade yon bann "Guardia". Lè an wè
sa, mwen di "Manman nou pral mouri, wi! Nou pral mouri, wi!". Manman
mwen di, - "pe bouch ou". Oun lòt moman nou tande "Guardia" yo di:
"esta preso! esta preso!", epi yo "hare". Nou tout, yo mete tout moun
kanpe nan mitan yon solèy nan savann-lan. Epi lè nou gade, nou di, "nou
swaf," ; yo di talè nou pral bwè dlo. Lè m’ gade, m’ wè yon "Guardia"
ap pase sou yon cheval avèk yon kòd pou mare moun. Epi m wè li mare
moun, y ap mare moun pou yo pa kouri. Epi li koumanse touye yo, lage yo
anba nan yon trou. Li touye tout moun sa yo.



Genyen timoun Dominiken pran yo, yo voye yo anlè epi yo pare yo ak bayonèt. Apre yo mete yo kouche sou manman yo.



Se sèl mwen, yon sèl ki te sove. Dominiken yo te kwè m te mouri paske yo te banm anpil kout kouto».



Gason an rekòmanse pale….



«M wè ak degrenn ti zye inosan mwen yo, moun ki blese k ap travèse
rivyè a. San yo koule chanje koulè dlo sal boulvèse a, fò di se lè
vwazin lan ap lave trip kabrit nan moso kalbas seche. Gen moun ki rive
janbe dlo-a. Yo vini tyake, tankou do bèf nan mitan arèn ak kout dag ki
pa fin kaba. Militè yo tiye oun voum kantite moun. Timoun ke mye, m te
pè konte. »



Irelia Pierre kontinye temwanye…



« Mwen fè 8 jou nan raje apre yo fin rache m, ak kout kouto. Apre 8
jou, se granmèsi yon moun ki te soti isit Ayiti ki wè m atè nan sab
rivyè Masak. Li pran mwen, li vini ak mwen Ayiti. Yo voye m Wanament,
yo pa resevwa m, yo di m yo pa te kapab okipe m. Yo voye m Okap, lè m
riveOkap, yo okipe m. Yo benyen m, wete san, tout san nwè ki te chita
sou kò m, m fè yon mwa kouche Lopital Jistiyen. Lè yo fini yo voye m
tounen Wanament. Lè m rive la, m pa te genyen fanmi pou resevwa m, yo
tounen ak mwen Okap ankò. M ale rete sou kont Leta»



Temwen gason an…



«Anpil ki te sove, vini isit nan Wanament. Lè sa-a, mwen te bò Koloni
Domon an. Lè moun yo vini, gouvèlman Vensan voye ranmase moun yo nan
Repiblik Dominikèn. Gouvèlman Dominiken an vini lage yon kantite moun,
tout Ayisyen po jòn kon po nwa, Ayisyen ki te fèt lòtbò fwontyè,
Gouvèlman Dominiken an pran yo vini lage yo sou fwontyè-a. Apre yon
semèn, yo ap tiye moun, Gouvèlman Vensan voye chache tout rès moun yo.
Trujillo, prezidan peyi Dominiken lè sa a. fè ranmase rès Ayisyen yo,
bwote yo lage sou fwontyè Wanament.



Lari Wanament boure ak moun nèt, nèt, nèt, nèt, nèt, piske moun yo,
anpil – pou mwen pa di laplipa - yo t ap viv lan Repiblik Dominikèn. Yo
fèt la a menm. Donk yo pa genyen peyi Ayiti nan nanm yo. Lè yo vini nan
Ayiti yo pa genyen kote pou yo te rete. Gouvèlman an sètoblije fè
koloni sa a. Domon se te oun savann sa te ye. Pa te genyen kay la
ditou, pa te genyen anyen la a menm. Kote dezè nèt».



Kidonk, onivo, sosyal gouvènman Ayisyen ak popilasyon Ayisyen te bay
refijye yo ti laswenyaj preliminè. Daprè temwanyaj listwa, te gen anpil
moun nan popilasyon Dominiken an ki te fè sa yo kapab tou pou yo te
sove lavi inosan. Se konsa, nou aprann ki jan, José Francisco Pena
Gomes, yon lidè politik nwa ki te popilè anpil nan Dominikani nan ane
90 yo, se te youn nan dividal ti òfelen fanmi Dominiken blan osnon
milat te adopte apre masak la. Manman misye te Dominikèn, papa li te
Dominiken ki gen san Ayisyen.



Dapre tout temwayaj nou jwenn, rèv Trujillo sete pou li te fè
Dominikani pase kòm yon peyi blan. Men tankou nou te wè sa deja, menm
pou pwòp tèt pa li, Trujillo te sètoblije ap itilize makiyaj poud
blanchisman tout lasent jounen demannyè pou vye manti konplekse sa a te
ka sanble laverite. Paske orezime, diferans koulè ki genyen ant laplipa
Dominiken epi laplipa Ayisyen, se yon bagay trè sipèfisyèl. Po
Dominiken yo apenn yon ti jan pi klè. Trujillo ak lòt malad rasis
tankou Joachim Balaguer t ap repete tout lasent jounen ke Dominiken po
fonse yo se "indios" yo ye, kidonk, yon melanj blan Panyòl ak endyen
Tayino. Koze sa a, se yon vye manti listwakont ke nèg milat konplekse
sa yo envante pou yo tante efase tout tras pèp Lafrik Ginen nan rasin
pèp Dominiken. Yo pito di yo tout bagay - sof pitit Lafrik. Kidonk, yo
chwazi di yo se "indios". Poutan, listwaryen yo konfime aklè ke, apenn
50 lane apre depi premye blan yo te debake sou zile a, yo te gen tan
fin masakre pèp Tayino a nètalkole. Kidonk, se pa t okenn relasyon
lanmou Benè ki te egziste ant de pèp sa yo. Okontrè, sa ki lakòz anpil
Dominiken gen po pi pal pase majorite Ayisyen, sè ke otorite Panyòl yo
te ankouraje tout kolon Panyòl ki fè dappiyanp sou zile d Ayiti, pou yo
fè pitit ak esklav Afriken yo epi pou yo ankouraje plis relasyon moun
ak moun ant esklav epi mèt plantasyon yo. Paske nan travay lelvaj bèt
ki te prensipal okipasyon kolon Panyòl yo, plis gen antant ant esklav
epi mèt plantasyon, se plis gen bon rannman ekonomik. Tandiske, bò kote
plantasyon blan franse yo, se yon sistèm segregasyon sovaj ki te aplike
nètalkole…kote blan Franse te konte inikman sou latèrè pou yo kontwole
esklav Afriken yo sou plantasyon kafe ak kannasik.



Pou Trujillo te kapab ede pèp Dominiken vin pi blan san pèdi tan, li te
pare pou li masakre depi se Dominiken nwa ki nan peyi li epi ranplase
yo ak imigran blan. Nenpòt ki blan, depi se blan. Se konsa, nan ane
1938, Trujillo pwofite yon okazyon annò ke bon zanmi li Franklin
Delanor Roosevelt, Prezidan Etazini a, te ofri li. Li fè kado yon
letandi tè ak 100,000 viza bay refijye Juif blan ke idòl li, Adolf
Hitler, t ap pèsekite sou kontinan Lewòp. Epi yo di se zafè nèg ki
mistè ? adye! Èske ou konnen sa k te pase orezime? Laplipa jwif ki te
pran viza pou yo rantre an Dominikani yo te vin tabli nan lavil Sosua,
men yo pa t vle rete an Dominikani ditou, yo mache ti bourik yo pou pi
douvan, yo jete kò yo nan lòt peyi ki pi dous pou yo. Kidonk, malgre
tout devouman misye deplwaye, plan blanchisman Trujillo a bwè dlo.
Kidonk, "indios" yo sètoblije kontinye poudre!



Anvan nou fèmen chapit tris sa a nan listwa pèp zile d Ayiti, annou
souliyen dezoutwa enfòmason ke tout Ayisyen ta dwe konnen osijè atitid
dezonè ni gouvènman Ayisyen, ni gouvènman Dominiken, ni gouvènman
Etazini te adopte annapre kokennchenn krim rasis sa a yo te komèt kont
moun nwa nan Repiblik Dominikèn, nan mwa Oktòb 1937.



1. Se jis de semenn apre masak la, gouvènman Sténio Vincent an te resi
ekri gouvènman Dominiken an pou li senpman eksprime "enkyetid" li osijè
evènman ansanglante sa a

2. Gouvènman Etazini pwopoze Trujillo pou li peye yon dedomajman bay
Ayiti, demannyè pou evite lòt dezagreman pete nan rejyon an

3. Ofisyèlman, Raphaël Trujillo rekonèt sansinay 18 mil Ayisyen sou
teritwa Dominiken epi li ofri pou li peye Ayiti $522 mil dola kòm
dedomajman. Sa vle di $29 dola, pou chak grenn Ayisyen li rekonèt
Dominiken touye.

4. Ozetizini, yo bat bravo lakontantman pou dezisyon Trujillo a. Poutèt
sa, Sekretè Deta Etazini alepòk ki te rele Cordell Hull deklare kare
bare Trujillo se youn nan pi gran ewo nan Lamerik Santral epi prèske
tout Amerik di Sid la.

5. Non sèlman Prezidan Sténio Vincent, aksepte resevwa $29 dola
Trujillo lonji ba li an kach pou chak kadav nèg li rekonèt li fè a,
Sténio Vincent, ansakalite de Prezidan Ayisyen, deplase majeste li vin
sou fwontyè pou li kole figi, fè gwo bobo lapè - lamitye ak Trujillo.



Vye fanmi m yo, se domaj, jouk jounen jodi a, jenn Ayisyen kontinye ap
pase sou ban lekòl san pèsonn pa janm esplike yo paj listwa sa a. Pètèt
se sa ki lakòz peyi nou kontinye ap pwodui lidè politik k ap mache tèt
bese devan etranje. Paske, lè ou pa konnen kote ou sòti, ou pa fouti
konprann ni kote ou ye, ni kilès ou ye, alevwa pou ou ta pèsevwa kote
ou prale.



Nou ofri remèsiman espesyal pou fouyapòt Lauren Derby ki te pibliye
Temwayaj Kout Kouto yo nan Eyewitnesses to the Genocide by Lauren
Derby, 1987. (Temwanyaj li ranmase nan ane 1987 anba bouch Ayisyen ki
te chape anba masak Dominiken yo fè sou Ayisyen nan ane 1937 la. Epi
pou tradiksyon ke Gary S. Daniel pibliye sou sit entènèt: AHAD.
www.ahad-kreyol.org). Respè!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev Empty Re: Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

Message  Rico Sam 13 Oct 2007 - 16:00

Men eske Lame dAyiti nou te genyen te ranmase karaktè li pou tale defann Ayisyen a lepok. Men kote lame bouboum tosyonè, popetwèl, kwoupyon sa te ye. Kote zannimo lame tosyonè, ki toujou nan vye pratik maltrete popilasyon sivil yo. Ki mezi yo te pran pou defann popilasyon sivil laki te an difikilte.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev Empty Re: Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

Message  Joel Sam 13 Oct 2007 - 18:05

Ki kote Lame an te ye?
Lame sa a pa t fèt pou defans teritwa a ,Ameriken yo te fè l pou kontwole popilasyon an.

Mwen kwè te gen 2 zou twa jèn ofisye ki te ofiske deske pa t gen yon repons de gouvènman ayisyen an;youn ladan yo se te Dorsainville ki te menm ap pale de fè yon kò asasinay sou Stenio Vincent.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev Empty Re: Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

Message  Rodlam Sans Malice Sam 13 Oct 2007 - 18:43

Vincent tankou Duvalier te fè lage yon paket nan lan mè.Lè ti neg ap pale de tipepism pou yo denigre mouvman popilè komsi mulatrism lan te pi bon.

men la anko nap mande si Vincent te ka fè otreman ak lame saa ki te genyen a lepok byen ke li te miyo pase sa ki te rete sou Duvalier ya.Paske non selman lame saa ki te genyen pat ni yon lame tradityonel ni yon fos polis ki byen ekipe.Tankou Preval di lotrejou yon lame se swa li la pou libere yon teritwa ou byen pou konkeri teritwa nan la gè.Peyi ki genyen resous anpil ;ki genyen moyen pou fabrike zam yo lame yo koute chè anpil ;mwen pa beswen di w pou yon ti peyi se achte pou l achte zam sam yo.dayè zam yo vinn pi sofistike ,e yo koute pi chè ,nanpren yon moun ki byen nan tet li koulyè ya ki ka konprann yon lame ak 7 mil solda ak fisi moser mal ekipe san moyen transport ka rele yon lame.Fok nou reyalis pou nou kroke chapo nou kote men nou ka rive.

se sak fè li nesesè pou nou pran swen peyisan nou yo pou yo pa blije al travay an dominikani pou evite konfli ant 2 peyi yo.priyorite tout gouvenman serye se okipe pou le moman de bay peyisan ayisyen moyen pou yo rete lakay yo travay pou ogmante byen ak servis nan peyi ya.Tankou Doktè Lominy te di yon fwa ki jan fè yon peyi ki genyen tout beswen sa yo genyen tout moun sa yo nan chomaj.Repons a kestyon an se paske reset leta pa servi pou kreye byen ak servis pou popilatyon men pou peye yon paket gwo manjè initil.reset yo pa menm ase pou peye gwo manjè yo se ed internatyonal la nou blije pran pou ede peye yo.Se sak fè nap prete lajan depi ti kokom tap goumen ak berejenn men nou pa janm fè preske anyen ak lajan ki ka raporte lajan se konsa nou trouve nou ap peye enterè sou yon det ki pa servi nou anye, se komsi nou se yon paket ti pedan ki ap pran kout ponya pou yo ale nan bal.rive yon pwen tout apwentman yo se entere kout ponya yo yap peye epi yo pa ka manje ni dormi tan kout ponya ap sakrifye yo.se sa ki rive nou jodya.si gouvenman ayisyen an te fè tankou gouvenman Trujillo an envesti nan enfrastikti ki pou pemet peyi ya devlope jodya se pa ka dominiken nou ta va pral etidye, al pran swen nan lopital.

Yè map pale ak dominiken nan yon sipermaket bo lakay mwen li dim si mwen konnen dominikani mwen di li non mwen ta pase nan aeropor an 1963 li dim si mwen te konnen dominikani a lepok saa mwen pap rekonet li jodya tan li modernise.Poukisa yo menm ap fè pwogrè epi nou se bak nap fè.fok nou rann nou kont ke depi apre dekad 60 la genyen yon stabilite politik an dominikani.tout dominiken pa vle presidan.yo konprann se travay ki fè yon peyi fè pwogrè.lajan peyi ya se pa selman birokrat pou li ap peye fok genyen yon pati ki envesti nan recherch ak devlopman pou ogmante GNP peyi ya.Nou menm nou an defisi tou tan men nanpren yon jefo ki ap fet pou diminye defisi ou byen pou efase li konpletman.Nou pwodwi mwens epi nou mete plis chaj sou do bidjè ya. nan kondityon saa ki le nap bouke pran wont?Nou pa fouti mete tet nou ansanb pou nou di sa pa ka kontinye konsa.egoyism nou fè nou aveg se swa se nou ki o pouvwa ou byen lan merd pou peyi ya.Janl pase li pase ;fok se tet nou nou blame.

Wi trujillo se yon vye moun ,men pou genyen respè devan kras fok ou benyen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev Empty Re: Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosev

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum