Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display Star Wars Unlimited Ombres de la Galaxie : où l’acheter ?
Voir le deal

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

5 participants

Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  revelation Ven 19 Oct 2007 - 22:56

Preval di:
Mezanmi, Gen anpil lòt pwen ki montre Konstitisyon sa a se yon pwoblèm.Anpil moun dakò avèk sa.
Pa ekzanp, poukisa yon Prezidan gen pou l fè 5 an, al chita pandan 5 an, retounen pou 5 an. Ki sans sa fè? Sa a, se sous enstabilite.
Ki mesaj sa ke Prezidan Preval ap voye ba nou la?
Li di ke li prale an 2011 e answit li fe deklarasyon sa.
Eske li ta remen fe 10 an net alkole 2 sink ane youn deye lot?
Reflechi sou sa ?
Konstitisyon an pa bezwen chanje pou sa !
Si gen bon demokrasi nan youn peyi. Si youn presidan monte li fe 5 an li e li pase pouwa bay youn lot prezidan, konstitisyon an pa bezwen chanje pousa. P
oukisa w pavle al chita sou ban pandan 5 an ?
Kontinuite e stabilite politik se sou baz demokrasi ke li chita.
Konstitisyon an la pou veye e mete lod nan dezod.

Chanje konstitisyon e prolonje prezidans la pou 10 zan pap youn garanti pou stabilite politik. Si pa gen demokrasi pep la pap rete tand 10 zan pouli al vote e mete youn gouvenman ate.
Preval di :
Yon lòt ekzanp : Prezidan an nonmen yon Premye Minis, Palman an ratifye l.Palman an ka ranvwaye Premye Minis la.
Prezidan an ki chwazi Premye Minis la pa ka ranvwaye l.
S il pa satisfè, si gen konfli ant yo, Konstitisyon an mare men Prezidan an.
Se pa nòmal pou yon otorite de nominasyon pa ka otorite de revokasyon sitou pou yon pòs si enpòtan.
Sa a, se yon lòt sous enstabilite.
Mwen pa dako avek presidan sou sije sa.
Si youn moun, chazi youn fam poum marye e tout fanmi yo dako inion an.
Pa gen rezon pou divos fet.
Lap tre difisil pou di ke w pa vle fanm sa nan anko, w vle youn lot fanm. Se prezidan kife chwa li. Fok li rete ak sa li chwazi.
Youn premye minis reprezante imaj pep ayisyen a trave’r paleman.

Si premye minis lan pafe travay pep la, se paleman ki pou voye rele li devan la chamb poul vinn fe regleman.
Sa rele « checks and balances »
Konstitisyon an la poul veye, se nou ki pou vini bon lide e bay bon gouvenans.
Preval di :
Mezanmi,
Eske se toujou entènasyonal n ap mande peye divès eleksyon sa yo?
Kilè n ap granmoun tèt nou??
Eske kòb tout eleksyon sa yo pa ka sèvi pou konstwi lekòl, lopital, wout, pou nou amelyore lavi Pèp la?
Lamizè se sous enstabilte tou..
Se pa konstitisyon an kife ke nou pa granmoun tet nou !!
Nou te konn fe eleksyon san lajan blan.
Eleksyon vle di demokrasi tout eleksyon sa yo vo plis vale pou pep la ke tout lajan sa yo.
Se nou ki pou ranmase karakte nou e montre lideship nou.
Nin pot ti krik ti krak fok nou rele blan pou pote nou sekou!!
And look who is talking about begging the international community!!
Prezidan Preval kontinye di :
Pa ekzanp, si nou fè yon grenn eleksyon pou Prezidan, Majistra, Senatè, Depite, ASÈK, KASÈK, èske li pa p koute prèske menm kòb ke dènye eleksyon nou sot fè yo la a pou 10 senatè yo? Yo pale de 13 milyon dola vèt.
Si nou fè yon grenn eleksyon chak senk an, pa ekzanp, pou Prezidan, Senatè, Depite, Majistra, KASÈK, ASÈK, èske li pa p koute prèske menm kòb ke pou eleksyon nou pwal fè talè konsa pou 11 senatè yo? Siman se yon lòt 13 milyon dola vèt ki pwal depanse.
Ki sa sa genyen pou we avek konstitisyon an ???
Sa se youn desisyon ekonomik ke li ye!! E ki gen youn danje politik ladann.

Eleksyon prezidansyel se pou tout peyi a alarondbade e li konsene tout pep la an general.
Eleksyon Senate, Depite, Majistra, Kasek Asek etc se youn eleksyon ki gen rapo ak youn zone e kominote ke chak grenn mou nap viv.

Si nou mete tout eleksyon sa yo nan youn grenn panye, voter ap gen tandans vote pou youn grenn pati politik selman e le konsa, pati politik sa a fe youn royal flush, dekabes e ranmase tout pouwa nan min li.

Nan chache ekonomize lajan, nou pral kreye youn politik totaliter.

Nou pa bezwen chanje konstitisyon an pousa ni depanse anpil lajan.

Se kreye youn system kote moun gen dwa al vote nan zone e distrik ke yap viv la.
Fok nou fe edikasyon pep la sou zafe e inpotan eleksyon yo nan mache piblik, nan cinema, nan lekol, nan legliz, nan milye sa yo ki pi bon pou pep la sa we ki moun ki vreman bon Senate, bon Depite kap travay pou yo.

Si nou fe youn grenn eleksyon pou prezidan, Senate, Depite etc, the winner (political party) will get all the marbles!!

Gen anpil repyesaj e patchaj ki pouf et nan konstitisyon sa wi, min sa Prezidan di la bann ke sote.
Se pa chanje konstitisyon an kap chanje vi pep Ayisyen.
Fok nou bati youn eta de dwa, kote moun respekte lot.
Fok lwa sosyal yo aplike e respekte.

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  OBSERVER KEEN Ven 19 Oct 2007 - 23:15

se pa sa ki pwoblem lan. daye, se sel pwen nan konstitisyon an ke mwen dako ak li san pou san. paske peyi ya gen yon tandans kreye shef toupwisan ak diktate, li fe sans ke moun kap fe eleksyon an pa nan eleksyon an.
men mwen kont zafe ke yon prezidan ka prezidan selman de fwa nan vi li. sa ta dwe shwa pesonel ak moun kap vote yo.
men zafe moun kap oganize eleksyon an pa ladan li an, mwen asepte sa san pou san.
si tout atik nan konstitisyon soti, sa fok li rete papa.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 19 Oct 2007 - 23:32

Revelatyon

ki chyen de garde wap pale la ;konstitutyon 1987 te anpeche kou deta yo?depi lè General Namphy finn fè vote konstityon sa ke pep la te aprouve san konprann tout konsekans yo konbyen kou deta ki fet?Konbyen konfli ki te eksiste ant premye minis la ak presidan ;konbyen premye Minis a pa latorti ki reyelman te yon chef gouvenman an ,byen ke konstitutyon pat anpeche li aji an diktatè.mete senate nan prison, mete ansyen premyeMinis nan prison.eske ayisyen janm respekte konstitutyon vre?Ou pral dim se pa paske yo pa respekte li ki fè li pa bon .men se twop chef li kreye ki fè o lye li amelyore administratyon peyi se plis traka li kreye.

nan zafè yon lot manda ke yon presidan pa ka chache imedyatman apre se yon kouto a de bo.li genyen bon kote li men li genyen move kote li.Eske si se pat kou deta mai 1950 ayisyen konsyan pa ta renmen ke Dumarsais estime fè yon lot manda?eske 5 lane sifi pou yon presidan reforme rebati peyi ya.Men Venezuelyen sot vote pou pemet ke Chavez fè plis pase yon manda?Nou wè ke anpil bagay ke preval te komanse yo te tonbe a lo apre li te kite pouvwa.a eske si li pat kite pouvwa jounen jodya reform agrè ya pa ta nan pi bon chimen?

Wi se vre presidan yo genyen tandans lè yo o pouvwa pou yo manipile elektyon yo ,men yo pa ka fè sa pou kont yo si yo pa genyen lot moun ki pou pemet yo vyole konstitutyon.Lè Francois Duvalier te di ke pep la te ba li yon lot manda nan frod yon elektyon lejislatif si a lepok te genyen moun konsekan nan lame e nan Palman an e byen sa pa tap pase. se pou chak ayisyen pran responsabilite yo pou anpeche ke presidan yo abise pouvwa. Preval pa di pou yo aboli konstitutyon pou li chache yon lot manda non li di ke manda li ap fini an 2011 .e menm si nou ta ekri yon lot konstiutyon se pou konstiutyan ta di ke preval pa genyen dwa chache yon lot manda.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Joel Sam 20 Oct 2007 - 8:40

"Nan chache ekonomize lajan ,nou pral kreye yon politik totalitè"
Alòs ,noumenm ayisyen ,nou gen group moun lakay nou ki gen dwa diven pou yo okipe plas Leta?

Ka vwazen nou yo an Dominikani ,pati ki o pouvwa kounye an ,kontwole prezidans ,la Chanm ak Sena;se yon gouvènman totalitè li ye pou sa?
Nan premye administrasyon ti Bush lan ;Repibliken yo te kontwole prezidans ,Chanm ak Sena;se te yon gouvènman totalitè li te ye ;se byen posib kontwòl sa a se nan men Demokrat yo l ap vini.
Ann Angletè menm,YON PEYI SAN KONSTITISYON,moun ki eli premye minis lan ,gen yon sèl kont-balans ;se La Jistis.
Eske se yon gouvènman totalitè nou gen ann Angletè?

Epi m ap di PREVAL ,si eleksyon ap fèt pou 11 Senatè yo,si l ap chita sou boul glas li ,pou l kite reyaksyon an kontinye kontwole SENA a.
Se pou l mete zafè rekonsilyasyon,konsilyasyon mwen pa konnen;pou l mete l nan 4 kwen peyi an e fè kanpay pou Senatè pati lan.
Si l kite yon iltra-reyaksyonè tankou YOURI LATORTUE ,ak yon kontwòl de fakto Sena a,peyi an p ap padonnen l.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Oct 2007 - 9:10

Si pou nou pa ekonomize lajan se pou nou gaspiye li nan peye moun pou fè diskou tou tan epi peyi ya ap disparet ;kote nou pral jwen lajan pou nou envesti nan agrikilti ,edikatyon, lopital, lojman , wout etc?Revlatyo se pa pase ou dwe nan yon job nan anbasad ou byen ou genyen paran ki nan job sa yo ki fè ou pa ka wè nessesite ki genyen pou fè chanjman nan konstitutyon e nan administratyon peyi ya; al fè yon ti kou dey nan konsta ke Marc Bazin ekri ya;wa konprann nan ki eta peyi ya ye.Ayiti pa ka fè 20 tan anko konsa.set fwa si nou rive devan falez la se swa nou fè bak pou nou pran yon lot wout ou byen peyi ya ap disparet. se ta vrèman yon wont pou tankou Doktè Lominy di ya se yon lot peyi ki pou vinn retire nou nan eta fayit saa ke nou twouve nou ye jodya pa mechanste. egoyism, malfesanz yon bann sanzave grandisè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Marc-Henry Sam 20 Oct 2007 - 12:24

Bon revelation

Kisa wap fe ak kessyon double citwanete an. Mwen vle candidat , kisa wap dim la. Mwen vle vote , kisa wap dim la. Mwen mande tout diaspora ki naturalise fe yon sel pou exige dwa yo comme citoyen haitien à part entiere. E pou sa fet , fok constitution amande. Nous exigeons réparation à cette injustice.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  revelation Sam 20 Oct 2007 - 13:27

OBSERVER KEEN di:
men zafe moun kap oganize eleksyon an pa ladan li an, mwen asepte sa san pou san. si tout atik nan konstitisyon soti, sa fok li rete papa.
Mwen dako avek w, KEEN.
Si gen youn match football kap fet, youn moun pakab jwe, abit e entrene an menm tan sou terin an.
Si gen eleksyon kap fet a nivo Senatoryal e depite, Preval pakab itilize infliyans Prezidansyel li pou mamb pati li a genyen eleksyon yo.
Preval paka gen 2 job ala fwa. Si li Prezidan, li Presidan tout pep Ayisyen ikonpri GNBist, e Lavalasien.
Dan le ka kontrer, infliyans li nan jwet sa kap kreye youn konfli d’intere.
Rod di:
eske 5 lane sifi pou yon presidan reforme rebati peyi ya.Men Venezuelyen sot vote pou pemet ke Chavez fè plis pase yon manda? Nou wè ke anpil bagay ke preval te komanse yo te tonbe a lo apre li te kite pouvwa.a eske si li pat kite pouvwa jounen jodya reform agrè ya pa ta nan pi bon chimen?
Youn prezidan pa bezwen la a vi pou youn program de developman ki byen solid kap kontinye rebati peyi a.
Si Preval komanse yo bel program ki nan avantaj pep la, kelkeswa lot moun ki vinn prezidan, fok program sa gen menm sikse, e reisi menm jan.

Anpil lide gen mantalite kok.
Kok la toujou konpran ke se li kife soleil la leve le matin.
Dapre kok la, si li pa chante, soleil la pap leve.Se ki se pa vre ditou, min al di kok la sa li pap vle kwe w.
Fok lide nou yo chanje mantalite yo ke y o pa bezwen la pou youn proje mache.
Si youn proje byen solid, fok li kontinye fonksyone nomalman.
Zafe culte de la personalite sa, atrave andoktrinizasyon sa fok sa fini. « No more kool aid »

Pa egsanp, edikasyon ki se youn nesesite de baz pou developman youn peyi, 70% popilasyon defavorize pa konn li e pa konn ekri.
Aloske 61% lekol nan peyi a se lekol prive.
Sapat dwe fet konsa paske malere pa gen lajan pou peye edikasyon prive.
Nan jwet sa leta fe kokin sou do pep la.

Youn lot egsanp anko, 90% popilasyon klass defavorize yo pa gen tiyo dlo lakay yo pou yo bwe, kwit manje cho, benyen e fe lesiv.
A loske mwens ke 1% gen dlo nan piscine yo, e dlo pou rouze chadin yo.
Sevis de baz sosyal sa ki se youn nesesite pou majorite pep la pa balanse.
Nan jwet sa anko, leta fe kokin sou do pep la.

90% popilasyon an pa manje byen e ap soufri malnitrisyon, aloske mwens ke 1% manje vant deboutonnin chak jou e manje « all you can eat » e ap fe diet e chirurji estetik
Nanjwet sa anko, leta e rest lelite yo fe la denye sou klass defavorize yo.

Mande Senate ak Depite pou yo resite de twa text pa ke nan konstitisyon an, anpil la dan yo pa kapab. Min anpil ladan yo kap chante youn mizik Coupe Cloue san manke youn mo.

Mande elev lekol Bakaloreya resite de twa text pa ke nan konstitisyon an, an pil la dan yo pa kapab. Min anpil la dan yo kap chante youn mizik Sweet Micky san manke youn mo.

Mwen Revelation, pa kwe ke chanje konstitition an pral amelyore vi klas defavorize yo si leta pa balanse richess e distribisyon byen peyi a.

Chanje konstitisyon an se chanje mo e ranplase yo avek lot mo.

Anpil chanjman key o mande la yo gen rapo avek politik, distribisyon lajan ak distribisyon pouvwa.

Si gen chanjman poufet, fok se klass sosyal yo ki pou benefisye avan klass politik yo.

Revelation


revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Oct 2007 - 13:52

Revelatyon

lè gen elektyon Palmantè o Zeta Zuni president ameriken pa fè kanpay pou pati li?Reponn mwen san oken demagoji.Presidan ameriken pa genyen dwa a yon lot manda apre li fini premye manda li?poukisa yo permet li yon segon manda?

se pa presidan ki organise elektyon se konsey elektoral ki pou genyen karaktè ak tout ayisyen. ki pou pran responsabilite yo pou presidan pa fè magouy.Mwen dako pou yo limite Presidan a 2 manda.depi ke pep la vote pou li apre 5 premye ane yo.nan tout fonktyon genyen yon peryod daprantisaj. yon peryod dajusman.Yon moun ka wè sa nan Preval jodya.

tout moun la plipa ou tande ki ap pale pou konserve konstitutyyon malatchyong saa se pase se li ki kreye plis plas leta pou politisyen parese jwen job.yo pa beswen konnen si peyi ap disparet ;si pep la o zabwa a kos de tout resous peyi pase pou peye gwo manjè.nanpren oken lot lojik pou mentnu vye konstitutyon saa pwen.bann san konsyans.nou vle se nou sel ki pou ap manje vant deboutonnen epi pou pep la ap manje biskwit labou.nou vle se nou ki pou chita dèyè machinn nou .chofè nou ap kondwi kom duplomat initil tandis ke ti moun la salinn yo ap manje nan depotwa.Men fout si nou pa pran byen sak te pase an frans an 1789 ap pase an ayiti wi.set fwa si koupe tet boule kay se pa kont blan franse lap fet non.pep ayisyen rive nan yon pwen li pa kapab soufri plis pase sa. nou komanse wè kote insousyans nou mennen peyi ya.kriz ensekirite saa ke nap viv la se komansman la doulè wi. pwoverb la di tout bet jennen mode. attantyon.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Marc-Henry Sam 20 Oct 2007 - 14:25

Map tann revelation reponn mwen wi. Nous de la diaspora nous transférons plus de 2 milliards de dollars annuellement en Haiti et nous n'avons ni le droit de voter ni le droit d'être candidat. Fok sa fini kamarad.

Nous réclamons nos droits. Nous exigeons un amendement constitutionnel pour l'intégration de tous les haïtiens d'origine qu'ils soient naturalisés canadiens, français, américains. Nou pap betize cette fois-ci. Fok yo sispann ranse ak nou.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Joel Sam 20 Oct 2007 - 14:49

A la traka Papa!

Eske pandan eleksyon 2006 yo G.W.Bush pa t ap siyonnen tout peyi an ,pou l mande pèp lan vote pou kandida Repibliken?
Anhan ,Bush se prezidan repibliken li ye sèlman?
Gen de kandida se yomenm ki konn refize Bush fè kanpay pou yo.Sitou akòz de gè Irak lan;men depi se nan sa yo rele "red state" yo e ke gen yon kandida ki an balan,Bush te konn fè anviwon 5 vwayaj nan Eta sa yo ,pou l fè kanpay pou kandida repibliken yo e li fè tout sa li ka fè ,nan limit lwa yo ,pou l ede kandida yo.
E se konsa yo fè sa nan tout eleksyon lejislatif Ozetazini yo.

Se pa pou PREVAL pran nan kraponnay.Li bezwen yon majorite pou l gouvène peyi an.Se pou li ede chwazi kandida yo e fè kanpay pou yo ,jis mayi mi.Se konsa sa fèt nan preske tout peyi ki eli prezidan yo ,pa sifray inivèsèl.

Alòs ti nèg ta vle pou Ayiti diferan?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Oct 2007 - 19:45

se tout gouvenman ki vle pwogram li aplike san pwoblem chache genyen moyen pou yo genyen majorite nan palman an ke se swa o Zeta zuni ou byen nan tout lot peyi pouki sa preval li menm pa dwe chache genyen yon majorite nan palman pouli fè reform ki merite fet yo.

nou pap pran nan ti Kraponay moun ki konprann se yo sel ki te al lekol an ayiti.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  revelation Sam 20 Oct 2007 - 20:35

Marc Henry di:
Bon revelation
Kisa wap fe ak kessyon double citwanete an. Mwen vle candidat , kisa wap dim la. Mwen vle vote , kisa wap dim la. Mwen mande tout diaspora ki naturalise fe yon sel pou exige dwa yo comme citoyen haitien à part entiere. E pou sa fet , fok constitution amande. Nous exigeons réparation à cette injustice. Map tann revelation reponn mwen wi. Nous de la diaspora nous transférons plus de 2 milliards de dollars annuellement en Haiti et nous n'avons ni le droit de voter ni le droit d'être candidat. Fok sa fini kamarad.
Nous réclamons nos droits. Nous exigeons un amendement constitutionnel pour l'intégration de tous les haïtiens d'origine qu'ils soient naturalisés canadiens, français, américains. Nou pap betize cette fois-ci. Fok yo sispann ranse ak nou.
Zanm Bandonnen a repondu a la question de Marc Henry en disant que :
Dans tous les cas, ce qui compte pour la postérité, ce ne sont pas les droits d’être candidat ou de vote d'un million naturalisés comme vous dites. La postérité dépassera, de loin, ce million dont vous faites mention. Ce qui compte, c’est l’imposer des habitudes de collaboration et d’intégration de tous dans la gestion politique du pays. La seule condition qui puisse la permettre de relever, de construire le prestige et la dignité de notre patrie. Cet enjeu est plus important que tout. Or, la constitution de 1987 l’impose comme condition de stabilité politique et de prospérité économique.
Pour faire écho a Zanm Bandonnen, j’ai l’impression que Marc Henry, Rod, Joël et beaucoup d’autres membres de la Diaspora sont plus préoccupés, soucieux et tourmentés a leur droit de voter comme citoyen haïtien que de penser au développent du pays.
D’ailleurs les milliards de dollars que vous envoyez en Haïti n’est ni par amour, ni par charité, mais pour entretenir et supporter les membres de votre famille.
C’est affaire de 2 milliards de dollars est du pure chantage et pression pour réclamer votre droit de citoyenneté.
Finalement, je suis sure que vous allez trouver votre droit.
Donc arretez de pleurnicher et de crier justice et pitié pour les membres de la Diaspora a lorsqu’il y a 8.5 millions qui cherchent la vrai justice depuis 200 ans.

Permettez moi aussi de vous rappeler et de vous rafraichir la mémoire que les haïtiens de la mère patrie détestent les arrogants de la Diaspora et les envieux, les affamés, les anxieux avides de pouvoir qui pensent qu’ils sont mieux formés, mieux préparés et mieux connectés pour diriger le pays.

Apres plus de 40 ans dans la Diaspora, vous pensez retourner avec tous les principes de vie occidentaux et d’administration d’entreprise que vous avez accumules et les imposes de grés ou de force a la mère patrie.

Il faut faire attention pour ne pas jouer le rôle des colons modernes et de commandeurs qui obéissent à la voix de leurs maitres.

Nous avons vue l’exemple de LaTortue qui ne voulez pas faire équipe comme Premier Ministre avec le Président Aristide.
Nous avons vue l’exemple de Dumarsais Simeus qui voulez qu’agripper la présidence et rien d’autre.
La Diaspora étant que politicien n’as pas une bonne réputation aux yeux des haïtiens. A cette échelle, il faut redorer votre blason et faire peau neuve.

Vous allez avoir votre chance comme politicien et dirigeant de la mère patrie, utilisez la pour le bien-être du peuple et non pour satisfaire votre boulimie et goinfrerie politique et faire plaisir a vous meme et aux autres.

Bonne chance !

Révélation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Joel Sam 20 Oct 2007 - 21:43

Revelatyon,

mwen pa enterese nan okenn anplwa,djob ,sineki ou kelkeswa sa ou ta vle rele l ,ann Ayiti.

Mwen gen plis ke 30 an depi m ap vote,men se isit Ozetazini mwen fè l.
Petèt w ap pale ak Marc ki se yon jenòm;kanta mwenmenm....

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Marc-Henry Sam 20 Oct 2007 - 22:42

Je n'ai pas peur de dire que j'ai l'intention de me porter candidat pour la mairie des cayes. C'est mon droit en tant qu'haïtien d'origine de vouloir me porter candidat dans la ville qui m'a vu naitre. D'ailleurs, je ne le ferai pas pour moi mais pour les citoyens et les citoyennes des cayes. Notre parti municipal, le rassemblement des citoyens et des citoyennes des cayes changera l'image de la troisième ville de la république. Les militants et les citoyens de la ville se joindront à moi pour faire de la ville des cayes une ville autonome, une ville indépendante, une ville touristique, une ville qui n'aura pas de compte à rendre à la république de Port-au-Prince.



Apres plus de 40 ans dans la Diaspora, vous pensez retourner avec tous les principes de vie occidentaux et d’administration d’entreprise que vous avez accumules et les imposes de grés ou de force a la mère patrie.




Ne vous en faites pas mon ami nous n’avons pas cette prétention. Notre approche sera une approche humanisme. Une approche locale et régionale. Nous travaillerons en concertation avec les communes pour développer le sud. Nous sommes des régionaux. Nous croyons dans le développement local et nous ferons ce virage local quand nous serons maire de la ville des Cayes. Nous allons être en relation avec les gens de toutes les régions du sud. Nous prendrons le leadership pour lancer le sud avec la population et les décideurs locaux. Nous redonnerons le pouvoir aux localités. Nous serons à l'écoute de notre population afin de les mobiliser dans l'atteinte de la prospérité collective.

Nous allons mobiliser toute la population du Sud de la Ville des Cayes en passant par saint Jean, Port Salut, Roche à bateau, Coteau, Port-au-Piment, Chardonnieres , les Anglais et les environs.

En effet, c'est par la mobilisation générale de la population comme celle des décideurs locaux (les notables, les hommes d’affaires, les ONG, les paysans, les religieux, les vodouisants,etc) que nous allons mener le département du Sud au progrès économique. Notre objectif c’est de faire de la ville des cayes la ville des affaires d’Haïti. Pour y arriver, nous réclamons le droit d'être candidat et le droit de voter. Est-ce trop demander ?

Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Oct 2007 - 23:02

Revelation Tankou joel di w la se pa nou tout ki beswen chef nan peyi ya.petet marc henri vle maire o Kay ,mwen personelman mwen pa kwè nan politik ni nan oken Tonton noel.Si ayisyen ta vle reyelman chanje peyi ya epi mwen ta la toujou se pa nan politik mwen ta pral ede.mwen apresye bill gates lontan pasni Bill clinton ni Georges Bush.Pou mwen Ted Turner genyen plis prestij ke Bush.se pa paske li genyen lajan non se sa li fè ak lajan li ya.

sa ki fè mwen pale nan zafè politik an ayiti se paske mwen te viv doulè pov an ayiti e si se pa gras a gran architek la mwen ta ka nan plas moun sa yo ;pitit mwen yo te ka nan plas ti moun ki pa ka ale lekol yo.Alor se domaj ke mwen finn gran moun men kanta pou mwen denonse politisyen san vergoy ,malpouwont ki ap volè lajan ;ki pran poz se konstitutyon yap defann paske yo pa vle ke preval reyisi map kontinye fè l sou forum lan net al kole ;dayè mwen dwe peyi dayiti yon det ke mwen pap janm finn peye.Tankou mwen dwe Les Etats unis yon det ke mwen pa janm fini peye.Se pou sa lè moun ap pale eta zuni al mwen se pou mwen fenmen dyol mwen .yo met di mwen se yon vandi ,men chak moun genyen sa yo apresye, mwen apresye ke mwen rive nan yon peyi ak 10 dola nan posh mwen si se pat yon zanmi ki te vinn chache se moun lakay ki ta peye taxi ya pou mwen. e byen jodya mwen edike tout pitit mwen yo e gras a dye sa pa pi mal.Mwen rayi moun ki engra .se menm jan mwen sonje ke se an ayiti ke mwen ta aprann li ak ekri,

kwè m si w vle se pa plis kestyon doub natyonalite ki enterese m non ;se kestyon pou politisyen ayisyen ap plede kreye yon paket pos pou yo fè diskou epi tout lajan peyi ya pase nan fè diskou epi ayisyen ap mouri tankou vè de tè le syklonn pase, yap fè yo travay tsankou esklav epi yon pa genyen dwa an dominikani tandis ke yo te ka rete laky yo si te genyen gouvenman serye ,moun ki genyen nen nan figi yo ki pou te ba yo servis.Mwen rekonet ke depi peyi dayiti rete nan pwen ke li ye menm si piti pitit mwen yo ki fet o Zeta Zuni ki pote non fanmi ya e byen yap toujou peye pou egoyism, enkonpetans , komokyel ki te ap dirije peyi ya.Map goumen pou yo sispann di ke ayiti se yon depotwa, se peyi ki pi pov ,pi koronpi nan amerik la ;se sa ki fè m mal paske mwen viv ak peyisan ayisyen ;yo pa ni parese ni volè,men se yon ti gwoup avadra ki la koz tout ayisyen wont.


Dernière édition par le Sam 20 Oct 2007 - 23:08, édité 2 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Marc-Henry Sam 20 Oct 2007 - 23:05

[color=black][color=blue]Nous les haïtiens naturalisés canadiens ,américains ou autres , réclamons le droit de voter et d'être candidat[color:29ce=red:29ce] lors des prochaines élections en 2010-2011. [color:29ce=red:29ce]Pour cette raison, nous exigeons que la constitution de 1987 soit amendée.



Nous avons vue l’exemple de LaTortue qui ne voulez pas faire équipe comme Premier Ministre avec le Président Aristide.
Nous avons vue l’exemple de Dumarsais Simeus qui voulez qu’agripper la présidence et rien d’autre.





Enfin Latortue est un dictateur et n'est pas de la même génération que moi. Je suis un démocrate, un humaniste, un homme à l'écoute de ses semblables. Quant à monsieur Siméus, ce dernier n'est pas de ma génération non plus et nous ne ferons pas comme eux. Nous connaissons nos forces et nos limites. Nous avons développé au fil des années de l'empathie dans notre milieu. Nous avons travaillé dans l'organisationnel et dans le social avec des jeunes en difficultés. Nous savons ce que cela veut avoir faim. Nous savons ce que cela veut dire la délinquance. Nous savons ce que cela veut dire la violence. Nous savons ce que cela dire un jeune qui n'a pas d'identité et qui est sans espoir. Nous avons fait des expériences de vie et avons beaucoup appris. Nous savons tout cela et c'est pourquoi nous offrirons notre service à la population des Cayes. Nous allons leur donner confiance en soi car c'est par l'estime de soi qu'ils sortiront dans cette misère noire. Nous redonnerons confiance aux paysans. Nous allons cultiver la terre avec eux. Nous allons nous mettre à la tâche. C’est la mission que se donne le Rassemblement des Citoyens et des citoyennes des Cayes ( RCCC )

Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  revelation Dim 21 Oct 2007 - 16:45

[size=12]Joel di:
Mwen gen plis ke 30 an depi m ap vote,men se isit Ozetazini mwen fè l. Petèt w ap pale ak Marc ki se yon jenòm;kanta mwenmenm....
Rod di:
Revelation Tankou joel di w la se pa nou tout ki beswen chef nan peyi ya.petet marc henri vle maire o Kay ,mwen personelman mwen pa kwè nan politik ni nan oken Tonton noel.
Joël, Rod, Haïti a besoin de tous ses enfants sans exception d’âge ou d’expérience.
Joaquin Balaguer, Ronald Reagan étaient dans la politique à un âge très avancé ; Fidel Castro et Gérard Gourgue sont toujours en vie et font toujours de la politique.
Même si vous vous détachez de la politique, la politique viendra à vous. Il suffit d’être prés et de répondre à l’appel.

Nou tout gen youn obligasyon e youn misyon, youn devwa pou nou di sa ke nou panse nan sak kap pase nan politik peyi nou !
Femin bouch nou, femin zorey nou, e bouche je nou pap retire Haiti Cherie nan ke nou.
Jan mizik la di a « Fok nou lite, lite, pa jamb lage ,viv avek lespa ke youn jou sa va chanje ».
Marc Henry a dit :
Enfin Latortue est un dictateur et n'est pas de la même génération que moi. Je suis un démocrate, un humaniste, un homme à l'écoute de ses semblables. Quant à monsieur Siméus, ce dernier n'est pas de ma génération non plus et nous ne ferons pas comme eux.
L’âge ici Marc Henry n’a pas de rapport avec le nombre d’année, mais rapport le nombre d’expériences a l’échelle politique.
LaTortue a laisse Haïti durant un gouvernement dictatorial et était projeté plus de 40 années après comme dirigeant avec un plan et une carte de direction conçues par des étrangers.
LaTortue et ses acolytes ne savaient pas qu’Haïti était en plein bamboche démocratique.

Quant à Mr. Simeus, il pensait qu’a l’instar de LaTortue, qu’il était lui aussi « un enfant choisi » destinè a diriger le pays après LaTortue.
Mais il avait commencé la course trop tard et sans les papiers requis.
Ce n’est pas la peine de courir, l’essentiel c’est de partir à point en borne et du forme.
Marc Henry a dit :
Je n'ai pas peur de dire que j'ai l'intention de me porter candidat pour la mairie des cayes. C'est mon droit en tant qu'haïtien d'origine de vouloir me porter candidat dans la ville qui m'a vu naitre. D'ailleurs, je ne le ferai pas pour moi mais pour les citoyens et les citoyennes des cayes. Notre parti municipal, le rassemblement des citoyens et des citoyennes des cayes changera l'image de la troisième ville de la république. Les militants et les citoyens de la ville se joindront à moi pour faire de la ville des cayes une ville autonome, une ville indépendante, une ville touristique, une ville qui n'aura pas de compte à rendre à la république de Port-au-Prince.
En effet, c'est par la mobilisation générale de la population comme celle des décideurs locaux (les notables, les hommes d’affaires, les ONG, les paysans, les religieux, les vodouisants,etc) que nous allons mener le département du Sud au progrès économique. Notre objectif c’est de faire de la ville des cayes la ville des affaires d’Haïti. Pour y arriver, nous réclamons le droit d'être candidat et le droit de voter. Est-ce trop demander ?
Non, ce n’est pas trop demander Mr. Future Maire!!
Et la gentillesse de votre demande est tres agréable à l’oreille des Cayens qui sont prés à accueillir leur enfant perdu et retrouvé.
Comme Jésus vous avez passé des années dans le désert et vous êtes prêt à remplir votre mission d’améliorer la vie de nos frères haïtiens.

Evitez de connaitre les erreurs de vos prédécesseurs faux prophètes, et de sous-estimer l’intelligence de nos frères.

La Diaspora c’est nous, et nous sommes la Diaspora !!
Nous sommes prêts à supporter tout membre de la Diaspora qui a une vision progressive et réalisable avec la collaboration et la participation et dans le respect de tous les haïtiens.

J’ai toujours dit que les Haïtiens du Canada ont une chance cette fois ci de faire mieux que nous autres des Etats Unies !

Si la Constitution est amendée et la double nationalité est approuvée, et bien tous les haïtiens sont qualifiés a participer a la vie politique d’Haiti.
Les Michaelle Jean, Les Stanley Lucas, Les Simeus, et tant d’autres connus et inconnus. Ce sera un pèlerinage, un eldorado des aspirants politiciens haïtiens vers la terre natale, Haïti.
Ce sera du nouveau dans la politique haïtienne !!
La course est déclenchée, bonne chance a tous !!

[size=12]Révélation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage. Empty Re: La Constitution : Un chien De Garde Accusé De Rage.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum