Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

flash/boulos gen 2 paspo

+10
jackoti01
Joel
Marc H
QUASAR
Rodlam Sans Malice
Sasaye
Marc-Henry
gwotoro
Rico
piporiko
14 participants

Page 2 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty flash/boulos gen 2 paspo

Message  piporiko Lun 22 Oct 2007 - 11:07

Rappel du premier message :

[SENATE RUDY BOULOS TE FE FRAUD.LI GEN 2 PASPO NAN MENM L.YOUN SE AYSYEN LOT LA SE AMERIKEN.MAP RAPLE POU NOU TE GEN YON SENATE OPL KI TE RELE EDDY SAJOUS SE OBLIJE DEMISYONE PASKE LI TE GEN YON PASPO MERIKEN.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas


flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Ven 26 Oct 2007 - 11:47

Rodlam Sans Malice a écrit:Bon tande non se pam tande ke yo pibliye numero passpor meriken Boulos.Bon si Simeus pat ka kandida ki jan fè pou Boulos li menm Senatè.Se bagay saa ke mwen pa renmen ak ti boujwa ayisyen an .Mwen pa genyen pwoblem ak okenn moun ki ameriken ki okipe plas nan peyi dayiti ,men fok nou chanje konstitutyon ;nou pa ka kont amandman konstitutyon pou rekonet doub natyonalite epi pou nou mande anraje lè se yon Gnbis ke yo dekouvri ki ameriken.Se menm moun sa yo koulyè ya ki ap defann dwa tout ayisyen,menm sa ki genyen passpor ameriken epi ki te kondane Simeus paske li se pitit pep la,moun an deyo .



Malice rete an repo, mouche Boulos pa Meriken, se byen yon rezidan nan peyi meriken ak Dominikani kote li li gen biznis. Moun sayo fonksyonen konsa pou rantre nan peyi blan. Sispann dekonnen sou moun ki lennemi nou ki ranmase plis senatè ak depite e lot eli kom kazèk, e Azèk. Se komansman debak la . Se pa nan kout djol, nou pral genyen eleksyon. Twouve lot fay enpotan pou fè politik la mache. Olye wap bay Preval not 10/10 griyen dan sou bon pèp, mete presyon sou li . Itilize forom sa pou pouse mouche twouve solisyon pou grangou, dlo, anviwonman e latriye.


P/S Saki estipid anko se yon mache pran lari o wi Boulos te fèt nan Etazini. Se posib si manman ak papa l se rezidan san yo pa janm sitwayen meriken. Boulos anko Ayisyen tèt kale selon atik konstitisyon an saki di :

ARTICLE 11:
Possède la Nationalité Haïtienne d'origine, tout individu né d'un père haïtien ou d'une mère haïtienne qui eux-mêmes sont nés Haïtiens et n'avaient jamais renoncé à leur nationalité au moment de la naissance.

Konbyen Ayisyen gwo zouzounn ki akouche Ozeta pitit yo kap gen doub sitwayennte. Se byen saki rive ak premye pitit mwen ki gen paspo Ayisyen ak Kanadyen. Sa la yo di nou konstitisyon sa plen kontradiksyon.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Ven 26 Oct 2007 - 12:30

Rico

mete yon may nan bouch ou tande. sa ki rele nap dekonnen an se pa nou ki pibliye nimero paspor Boulos e mwen pa di se vre.tout plim sou do w kanpe pou papa w Boulos.men si sete Simeus ak Sajous ou pa tap genyen tout konsideratyon sa yo.

nan atik ou site ya konstiutyon yan pa mantyonen kote moun lan fet non.Ki jan w fè konnen ke Boulos ne de pè e de mè ayisyen ki pat janm renonse natyonalite yo?Ou te fè anket sou sa?Kom mwen di deja mwen pa genyen anyen kont moun ki genyen doub natyonalite okipe fonktyon nan peyi dorijinn yo ,mwen fok konstitutyon a chanje pou tout moun genyen menm dwa ke w rele Simeus ,Sajous, Boulos, Apaid, Baker etc.

ki bor mwen ba Preval 10/10 la mwen di ke mwen ba li yon B.genyen yon jenn gason ki di li ba li A+.mwen pa dako.Mwen se pa moun ki tap soutni Latorti depi o komansman jiska la fen epi jodya ki leve 2 gidon nan deyè Preval non.Mwen di bagay yo jan yo ye.Si Boulos genyen doub natyonalite e li pa genyen onètete ase pou li avwe sa li pa merite Senatè;nanpren oken ti souflantyou ki ap vinn di m bouke dekonnen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Ven 26 Oct 2007 - 13:31

Pou komanse dekonnen pou mwen se bann not diskodant kap voye ak zanmi w yo. Boulos deklare li gen rezidans non siytwayennete nan peyi etranje. Flanke li lapè, ou fè prèv de pretansyon nou. Koulyè a se koken ki kanpe kap dekonnen pou demontre le kontrè. NAYAN nou pap twouve anyen, menm si se detounenn nap detounen atansyon sou feblès rejim sangwen nou an. Nou pa vle yo mete fokis sou la mizè, degradasyon anviwonman, vyolans sou bon pèp e latriye.


Kanta rezon ki fè mwen di Latoti pa dwe fè yon pa kita, yon pa nago se pou te fè eleksyon yo. Sitou lè nou konnen koman moun koken tankou Preval ki abitye topiye eleksyon. Ak tout ekip lavalasyen tankou Phararon ak Arisitid. Pa bliye Manus ki kouri pou Preval kap menase l ak Tutud.

Non si w vle banm Latoti nan pwen ront devan Preval ki pran not B kap jwe koken pou sabote miz sou pye konsèy elektoral pemanan. Yo fout pran , yo pa konnen ki sayo dwe fè. O mwens Latoti mete l sou pouvwa menm si li mete zannimo deyo kwapwonen bon pèp.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Joel Ven 26 Oct 2007 - 14:17

Adye Widan!

Wi ,ou te vle Latorti pa t fè yon pa kita ,yon pa nago pou l te fè eleksyon pike kole pou kòlòwòch.

Mwen dakò ak JOE EMERSBERGER lè l di:
"Preval won,not because the election was fair;but because his opponents were so despised that they couldn't win an election they had rigged"
"Preval genyen se pa paske eleksyon an pa t gen pas pou ki;men se paske ke pèp lan si tèlman gen rayisman pou advèsè li yo,ke yo pa ka menm genyen yon eleksyon pike kole"
http://www.narconews.com/Issue46/article2784.html

Epitou Rico,mwen kwè ou ta wont pale de eleksyon azek,kazek yo.

Gade konbyen vwa ki te eli katèl Pòtoprens lan;yon vil ki gen plis ke yon milyon moun ladan l.
Se te 3740 vwa (twa mil sèt san karant).
Epi mwen pa bezwen di w ,youn nan rezon kòlòwòch yo konn bay pou yo opoze eleksyon ki te konn bay mesye Lavalas yo majorite ,se ke pa gen ase moun ki vote:

http://www.cep-ht.org/eis3era_xyz/report-el/01_01.pdf


Dernière édition par le Ven 26 Oct 2007 - 15:29, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Ven 26 Oct 2007 - 14:40

Map pale eleksyon a la grandè peyi a. Ki moun ki fè eleksyon yo pa kanpe sou anyen se anko volo diri ak tol. Bann politisyen malpouwont Lavalas-Espwa ki sou pouvwa depi ekip bizango Neptune-Preval-Alexis-Aristide. Se toujou menm kabrit tomazo menm plim menm plimay ki sou pouvwa. KI dekouraje bon pèp ale vote, nou manti yo, trayi yo, pa janm fè anyen pou yo. Pandan gwot chat mimi ap jwi nan foure nan poch yo.


Sof ke bon pèp bouke genyen yon tandans ki vle mennen lot aktè tankou Opl , Fusion e latriye. Mwen pap defann nouvo aktè sayo. Men mwen di nou sispann dekonnen kont tandans ki sanble ap jwe nan plat bann nou. VYE TAKTIK DENIGREMAN SA PAP BAY ANYEN .

Se bay bon prèv rezilta an politik, jistis. ekonomik, anviwonman nan peyi sa. Se nou ak frè jimo nou ki te toujou sou pouvwa. Enterese bon pèp yo patisipe nan eleksyon. Se montre transparans nan zafè KEP la .
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Ven 26 Oct 2007 - 17:24

Ki donk depi se Boulos ki di yon bagay se pou tout moun di Wi Papa Boulos.Yo fek komanse meprise w ;fout ou katon rouj .Ou pa reponn kestyon mwen an non: eske ou te fè anket pou konnen si Boulos né de pè e de mè ayisyen ki pa janm renonse natyonalite yo?Si genyen moun Ki ap dekonnen se byen wou Rico.Ou di se latorti ki bay Preval pouvwa gen lè ou pèdi yon fey.Lè Manigat te fè Latorti repwoch ou pa sonje sa li te di:"Se pat wol li pou li chwasi presidan"Yo pat kapab fè magouy paske pat genyen lame anko pou ki te al touye moun nan ryel vayan pou te fè yo presidan.Chef latorti yo pat dako pou li bay kout boul malgre tout manev yo fè pou Preval pat genyen majorite absoli.

Rico nanpren moun ki di ou pa genyen dwa kritike Aristide ni Preval non ,men si w di se yo ki mete peyi nan eta li ye ou mechan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Joel Ven 26 Oct 2007 - 18:15

A la traka,ti nèg ap di ke moun ap fè denigreman.

Ki sa?
Yon bann atoufè ki jete yon gouvènman nan yon kanpay "bay manti"?
Le mond antye vin konnen nou ,gade se Mamadou Bah ki blije rale zòrèy nou paske li di se noumenm ki anpeche touris antre nan peyi an.Kounye an ,nou fin anraje pou n di ak ekri ke ensekirite an ap fè raj;jis pou nou ta wè si n ta ka anbarase gouvènman an.

An palan de BOULOS.Yo di se an 2005 ke misye te fè- li byen wi-premye paspò ayisyen l.
Bon anvan sa ,a ki paspò misye t ap vwayaje,paske nou konnen an 2003,2004 misye se vwayaj sou vwayaj li t ap fè nan Washington ,pou li ak konpayèl li yo nan "Haiti Democracy Project" konspire pou yo te jete gouvènman ayisyen an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty koman nou we bagay sa yo?

Message  jackoti01 Ven 26 Oct 2007 - 18:41

mesye map swiv ou bagay. Mwen we apre kek pati politik ap rele anmwe pou lide preval pou amande konstitisyon an insekirite ya ap monte nan peyi ya. Polisye ap mouri.
Koman nou we bagay sa? Ki kan kap benefisye de bagay saa?
Eske bagay sa yo lye?


Dernière édition par le Ven 26 Oct 2007 - 19:07, édité 1 fois

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  gwotoro Ven 26 Oct 2007 - 18:44

Jackoti,

S'il vous plait, ouvrez un autre debat avec ces questions.

Merci

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  OBSERVER KEEN Ven 26 Oct 2007 - 19:49

de paspo pa sinifi ke yon moun gen double nasyonalite non.
depatman deta gen yon pwogram pou biznisman ki nan peyi an fayit yo, pi pemet yo gen akse ak paspo ameriken sanke yo pa sitwayen ameriken. depi yo gen tandans vwayaje nan lizye peyi eke yo gen aset nan peyi ameriken, yo ka aplike nan pwogram sa.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Ven 26 Oct 2007 - 21:29

Keen

Ou genyen anpil konesans sou sa w di ya. eske se bizismann yo bay paspor saa ou byen ekzile politik ak refijye ki pa ka jwen paspor nan peyi orijinn yo?

mwen te konnen yon refigye politk kanbodyen ki te genyen yon pasport pou li voyaje men paspor pat di li se te sitoyen ameriken non.Si se yon paspor konsa ke boulos genyen e byen se pouli pwodwi li pou tout moun wè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  revelation Ven 26 Oct 2007 - 21:37

OBSERVER KEEN di:
depatman deta gen yon pwogram pou biznisman ki nan peyi an fayit yo, pi pemet yo gen akse ak paspo ameriken sanke yo pa sitwayen ameriken. depi yo gen tandans vwayaje nan lizye peyi eke yo gen aset nan peyi ameriken, yo ka aplike nan pwogram sa.
OBSERVER eske w ka di nou SVP ki kote ke w jwen infomasyon ki di ke gran neg nan peyi an fayit yo gen akse ak passpo ameriken sanke yo pa sitwayen ameriken?
Ba nou youn referans, youn website kote ke nou kap ale pou verifye infomasyon sa.

Mesi

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Ven 26 Oct 2007 - 23:53

Rodlam Sans Malice a écrit:Ki donk depi se Boulos ki di yon bagay se pou tout moun di Wi Papa Boulos.Yo fek komanse meprise w ;fout ou katon rouj .Ou pa reponn kestyon mwen an non: eske ou te fè anket pou konnen si Boulos né de pè e de mè ayisyen ki pa janm renonse natyonalite yo?Si genyen moun Ki ap dekonnen se byen wou Rico.Ou di se latorti ki bay Preval pouvwa gen lè ou pèdi yon fey.Lè Manigat te fè Latorti repwoch ou pa sonje sa li te di:"Se pat wol li pou li chwasi presidan"Yo pat kapab fè magouy paske pat genyen lame anko pou ki te al touye moun nan ryel vayan pou te fè yo presidan.Chef latorti yo pat dako pou li bay kout boul malgre tout manev yo fè pou Preval pat genyen majorite absoli.

Rico nanpren moun ki di ou pa genyen dwa kritike Aristide ni Preval non ,men si w di se yo ki mete peyi nan eta li ye ou mechan.

Malice mwen redi w anko Latoti konvoke KEP mete tout sou presyon. Yo dako eleksyon gagne o premye tou eksepste Benoit ki refize signen kondanasyon l. Wi te gen yon segon tou ki pa janm respète, yo rele sa bay pouvwa. Se byen gouvenman Latoti ki ede w genyen eleksyon yo depi nan premye tou. Sitou yo te gen apwi entènasyonal KI PA VLE FOURE LAJAN YO NAN YON DEZYÈM ELEKSYON.


Malice pa gen zafè papa Boulos. Se parol ti konplèske, moun friste ki vle toujou nan denigre sitou moun yon setenn klas. Non Rico pa vole osi ba. yon malfrendeng se yon malfrendeng ke li nanti ou pov. Non mwen pa tonbe nan taktik mizerabilis pou choute sou moun paske yo gen mwayen.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Sam 27 Oct 2007 - 9:45

Latorti te blije konvoke kep la paske moun ki genyen bon sans pat wè nesesite pou yo te depanse lajan initilman nan yon dexyem tou.

Lè nou tap choute sou Simeus di li pa ka kandida eske mwen te di w se mizerabilis?Tout moun dwe egal devan la lwa.se pa nou ki akise Boulos ke li genyen paspor meriken.Tout pwal nan do w leve kanpe depi se Gnbis yo ke yo akise ,men wa akise pitit pep la de tout bagay san ke w pa ka pote oken prev.Ti kriye bouke kriye Preval presidan e li ap fini manda li.apre li se toujou nou menm lan mare tet w sere ;al di mesye gnbis parey ou yo ki ap montre vrè visaj yoki ap di betiz sou lot forum lan tankou nenpot sansave;al di ti Louis bouda tok ki ap pale franseuuu chache travay pou yo fè ;kan pep la inkontournab tankou Marc bazin di ya.

Epi zafè mizearabilis ki ap choute sou moun paske yo gen mwayen an al di l ak moun ki egaRE ,ki konprann moun ki genyen 2 gouden se moun rich yo ye.Mwen konn sa ki rele lajan tande Rico .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Sam 27 Oct 2007 - 10:01

Rodlam Sans Malice a écrit:Latorti te blije konvoke kep la paske moun ki genyen bon sans pat wè nesesite pou yo te depanse lajan initilman nan yon dexyem tou.

Lè nou tap choute sou Simeus di li pa ka kandida eske mwen te di w se mizerabilis?Tout moun dwe egal devan la lwa.se pa nou ki akise Boulos ke li genyen paspor meriken.Tout pwal nan do w leve kanpe depi se Gnbis yo ke yo akise ,men wa akise pitit pep la de tout bagay san ke w pa ka pote oken prev.Ti kriye bouke kriye Preval presidan e li ap fini manda li.apre li se toujou nou menm lan mare tet w sere ;al di mesye gnbios parey ou yo chache travay pou yo fè ;kan pep la inkontournab tankou Marc bazin di ya.

Epi zafè mizearabilis ki ap choute sou moun paske yo gen mwayen an al di l ak moun ki egaRE ,ki konprann moun ki genyen 2 gouden se moun rich yo ye.Mwen konn sa ki rele lajan tande Rico .
-*

Malice pran responsablite w paske papa rico mouri lontan. Boulos se jenerasyon M li pa kap papa M. Non plis manman m mouri lontan li pa kapab bo pè M. Kanta valè lajan mouche. Se koze ki regade li. Selman si mwen te nan plis li mwen pa tap travay anko nan Monreyal.

Toutan Ayiti genyen ti diktaktè kap fè vyolans, itilize lame, la polis ou group ame pou fè represyon kont etidyan ak bon pèp. Nap voye tout ale, gnbis ap mare seinti pou kontre konn ak yo. Se pèp ki souveren ki dwe mennen. Ti malisye, touyado, vyolan, twonpè, volo, aloufa, granmanjè nap voye tout an egzil. Si nou pa gentan koupe lacha yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Sam 27 Oct 2007 - 10:15

Mwen di papa w paske jan wap defann boulos la se tankou se papa w li ye.Zafè gade w si pou wou paske Boulos genyen 2 gouden gouvenman pa dwe mande l kont;menm si li bay manti nan deklaratyon kandidati li.Se pa mwen ki di ke li geyen paspor meriken ,mwen di si se vre li malonet li pa diy pou l Senatè e menm si w mete m devan yon peloton map fout dil anko.

Si wou ou egare pou 2 gouden mwen wè moun ki genyen lajan ki rele lajan e mwen wè ke se pa lajan ki fè yon moun se karaktè li,sa li fè pou limanite ak lajan an se sa ki enpotan pou mwen.nanpren oken madigra mal maske ki vini ak sak nan do yo ki koulyè ya apre yo finn eksplwate kouraj pep la ki ap vinn banm zannannan pou Suzann .Mwen solidè de klass mwen e mwen fyè de tet mwen paske se pa klass mwen yan ki mete peyi dayiti nan pwen li ye jodya .Se pa ayè mwen rantre la vill non.Mwen te konn wè ki jan Port-au-prince ye depi Fort Saint Claire jis rive Kanape Vert. e mwen te kon wè ki jan ayisyen ap viv mal nan morn nan ane 60 yo;alor nanpren okenn ti boujwa rasis ki ap vinn aprann mwen se koulyè ya ayiti mal konsa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Sam 27 Oct 2007 - 10:40

Rodlam Sans Malice a écrit:Mwen di papa w paske jan wap defann boulos la se tankou se papa w li ye.Zafè w gade w si pou wou paske Boulos genyen 2 gouden gouvenman pa dwe mande l kont;menm si li bay manti nan deklaratyon kandidati li.Se pa mwen ki di ke li geyen paspor meriken ,mwen di si se vre li malonet li pa diy pou l Senatè e menm si w mete m devan yon peloton map fout dil anko.

Si wou ou egare pou 2 gouden mwen wè moun ki genyen lajan ki rele lajan e mwen wè ke se pa lajan ki fè yon moun se karaktè li,sa li fè pou limanite ak lajan an se sa ki enpotan pou mwen.nanpren oken madigra mal maske ki vini ak sak nan do yo ki koulyè ya apre yo finn eksplwate kouraj pep la ki ap vinn banm zannannan pou Suzann .Mwen solidè de klass mwen e mwen fyè de tet mwen paske se pa klass mwen yan ki mete peyi dayiti nan pwen li ye jodya .Se pa ayè mwen rantre la vill non.Mwen te konn wè ki jan Port-au-prince ye depi Fort Saint Claire jis rive Kanape Vert. e mwen te kon wè ki jan ayisyen ap viv mal nan morn nan ane 60 yo;alor nanpren okenn ti boujwa rasis ki ap vinn aprann mwen se koulyè ya ayiti mal konsa.

Mwen pap defann Boulos, map defann yon prensip. Zafè mouche meriken se yon tanpèt nan yon vè dlo. Se dekonnen, yon opozisyon ap dekonennen, mwen pa kache di li. Malis pa panse rico deranje pou zafè Boulos se sesi ou sela. Se papa M. Non Rico konnen byen ti tanperaman konplèske ti Malis.


Mwen di w rico pa ravale li nan yon mizerabils pou devèse fyèl li kont moun de koulè ou moun ki ta miyo. Non se pa ditou nan kilti M ni edikasyon M. Se depi lontan mwen gen paran ki di atansyon se aji korekteman genyen respè tout moun. E sa dwe resiprok. Alos li pou tout gwo zouzounn, mwayen ou malere ki komande respè sa.

Zafè Malis ki vle dechouke tout moun de koulè ak lajan nou pa kwè ditou nan devyans sa. Se pwoblèm pa w, zafè rayisman viseral depi se moun arab, italyen ou lot. Paske nan ti vi M ak eksperyans lomo ayisyen. Genyen tout move malfrendeng, lougarou, sanzave, volo, touyado nan mitan ti nèg nwa, chive grenn tankou rico. Si jounen jodyè a mwen nan chire pit avè w se travay gran mèt la. Mwen chape de jistès anba ti nèg klas kinanm yo. Se rezon vye rayisman ki pa kanpe sou anyen mwen di molo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Sasaye Sam 27 Oct 2007 - 11:45

Coup D'etat Senator Rudolph (Roudy) Boulos, from the Coup D'etat Boulos family, lied to get a Senate seat in Haiti.
According to sources, he is not a Haitian citizen. One must be a citizen of Haiti to hold political office in the parliament. Haiti does not have dual citizenship, has not ratified the dual citizenship amendment. Rudolph Boulos cannot hold a Senate seat and does so now unconstitutionally if he is, in fact, a US citizen as indicated in the US passport documents copied below.

Sources: Emails from - Omega and Carl Fombrun

Internet source confirmed at:
http://www.omegamilitaryconsultant.com/news/publish/article_1146.html
************************************************************************************

SENATOR RUDOLPH ( ROUDY ) BOULOS LIED
By
Oct 25, 2007, 16:13




SENATOR BOULOS LIED

SENATOR BOULOS STATED IN HIS INTERVIEW WITH SIGNAL FM
SENATOR R BOULOS: " I AM NOT A US CITIZEN
HERE IS MY PASSPORT FROM HAITI
THESE ARE RESTAVEC JEALOUS " !
-------------------
SENATOR BOULOS'
UNITED STATES PASSPORT # is 701977831
BORN IN NEW YORK AS STATED IN YOUR PASSPORT
28 MARCH 1951

Source: Carl Fombrun (Forwarded Mail- Carl's Corner)

Omega confirms the US Citizenship of Arabic-Haitian Sen. Rudolph Henry Boulos

Rudolph Henry Boulos
Born in New York 28/04/1951
Passport - USA
Passport # 7019778831

Source: http://www.omegamilitaryconsultant.com/news/publish/article_1146.html


Omega Confirm The US Citizenship of Senator Boulos
By Oct 26, 2007, 05:05

Omega Chairman Confirm the Rumors
Enclosed are the travelling documents of Senator Boulos.

The Date of Entry and Departure of Senator Boulos in the Dominican Republic.

1) 24/03/2007
2) 06/04/2007
3/ 01/07/2007[b]
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Sasaye Sam 27 Oct 2007 - 11:48

Apre sak sòti laa, kisa tinèg vle ankò?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Sam 27 Oct 2007 - 12:19

Rico

Dim ki prensip wap defann lan paske mwen pa konnen li.Mwen two entelijan pou m genyen rankinn kont tout moun de koulè ou byen ki genyen lajan.se tou tan map site blan ke mwen renmen.se tou tan map site byen ke moun tankou Ted Turner, Bill gates , georges Soros ki genyen lajan ki rele lajan se pa 2 gouden non ke mwen renmen.Se tou tan map mande jistis pou jean Dominique ke nou touye epi nou vle lagel sou lavalas.Se tou tan map kritike Duvalier kom gwo blofè ni Aristide tou .Mwen pap janm esite pou m rele yon chat mimi mia w.ke li nwa nwa ,rouj ou blanch paske map souse yon ti zo sou yon gouvenman .

devan ki moun pou mwen genyen konpleks la?sa yo fè ke mwen pa ka fè?Rico si sete lide m pou mwen kontinye travay toujou mwen te ka genyen kenkayeri nan 3 peyi tou.Mwen te ka genyen yonn o Zeta Zuni ,yonn Trinidad , Yonn an ayiti.Alò mon frè si yon tan 2 gouden te ka egare mwen tan a pase.Mwen reporte yon teks ke mwen li ki di ke Boulos genyen paspò meriken ,mwen di si se vre menm jan yo di ke Simeus ak sajous pat ka kandida ; senatè Boulos tou pa ka Senatè, ou twouve ou ofiske pou Mr. boulos patwon w ou kouzen w mwen pa konnen sa li ye pou wou.

se pa jodya map lite pou yo chanje konstitutyon pou rekonet doub natyonalite menm si mwen pa genyen oken anvi al chache poum rekipere natyonalite ayisyen pase li two ta mwen pa kwè nan risib sa yo anko.Mwen se teryen ,si jodya mwen pa ta ka viv o Zeta Zuni map mare paket mwen e mwen pouse bourik mwen pi devan ;genyen anpil lot kote moun ka viv .si genyen moun ki ap defann prensip se mwen;paske mwen di tout moun dwe egal devan la lwa.Jiskaske yo chanje konstitutyon an tout moun ki fè frod pou yo kandida e byen yo pa onet ;Se pa georges saati te di li pa ka kandida a la presidans paske li se ameriken .mwen ka genyen diferans ak li sou kestyon politik men mwen rekonet onèteté li nan zak sa a ke li pose.Mwen toujou di tout moun ke mwen se sitoyen ameriken ;poukisa pou yon moun prete serman pou defann yon peyi epi pou pè di ou se sitoyen peyi ya ou ye. se paske ou malonet. Pwen.nanpren oken ti flatè ki ap vinn di m sa mwen di ya se pa sa paske li rayi orijinn li."l'origine de la haine est la haine de ses propres origines".Judes
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Sam 27 Oct 2007 - 12:45

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Dim ki prensip wap defann lan paske mwen pa konnen li.Mwen two entelijan pou m genyen rankinn kont tout moun de koulè ou byen ki genyen lajan.se tou tan map site blan ke mwen renmen.se tou tan map site byen ke moun tankou Ted Turner, Bill gates , georges Soros ki genyen lajan ki rele lajan se pa 2 gouden non ke mwen renmen.Se tou tan map mande jistis pou jean Dominique ke nou touye epi nou vle lagel sou lavalas.Se tou tan map kritike Duvalier kom gwo blofè ni Aristide tou .Mwen pam janm esite pou m rele yon chat mimi mia w.ke li nwa nwa ,rouj ou blanch.


Boulos fè konnen li pa sitwayen meriken, se responsablite akizatè li yo fè prèv li nan manti. Se la wi mwen chita , moun serye , disiplinen dwe kanpe pou lese kou a vye rimè. Kite la verite a soti nan dispozisyon legal ki dwe pran sou sa. Se le sa selmann nou pral konnen verite yo. Se sèl vwa moun de prensip. Non tonbe nan rago, pwofite vye denigremnan pou kreye plis konfizyon.


Se Malis ki finn debode ki fè konnen se defann lap defann klas li. Kontrèman pou rico ki di mwen mache AK TOUT MOUN ONÈT, TOUT AYISYEN KONSEKAN KELKE SWA KLAS LI, KOULÈ LI, DEGRE FOTINN LI, ZAFÈ PA BON LI. Se la nou diferan nou pa mache, sere kole ak malfrendeng ke po yo nwa, blanch ou jonn, tèt grenn ou swa. Sa yo rele makout, milisyen, militè tosyonè lame dayiti, chimè, ti lame Tutud yo. Non malveyan touyado konsa nou pa mache ak sa.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rodlam Sans Malice Sam 27 Oct 2007 - 13:03

Rico

sasaye sot pibliye yon not la ,li mande w ki prev ou vle anko?Mwen pa di pou yo revoke manda Boulos san anket pa mennen non.Mwen di si se vre li malonet.fok o mwen ou konprann kreyol byen.

sa w rele ti lame Tutud la se mal li te mal organise.si li te genyen moun konsekan ladann ti frekan nou fè an fevrier 2004 zo nou pa ta bon pou fè bouton jounnen jodya.Mwen pa fout wont di li mwen te fout dako pou Duvalier te kreye milis la. paske si se pat milis la li pa tap fout fè menm yon lane nan palè ya.li vinn abise pouvwa li ki fè mwen vinn kont li men jiska 1960 mwen te fout dako ak li .E map di w li anko pou pep saa delivre anba move je ,anba ti flatè sankoutya ki refise rekonet dwa li pou li eli moun li kwè ki ap defann enterè li ,moun ki pap rele li gwo zotey,moun ki rekonet ke tout moun se moun e tout moun dwe egal devan la lwa e byen se pou yo pret pou yo mouri pou dwa yo.Mwen pa rayi oke moun ak po klè ni mou rich non, men tou mwen rekonet lè yon moun pa respekte m kom moun ;lè yon moun dim li pa rekonet dwa mwen e byense devwa mwen pou mwen soutni moun ki ap defann mwen e mwen genyen dwa poum anploye tout moyen nesesè pou m libere tet mwen anba esklavajis neg yo..

Si se demokrasi nap defann se pa yon plutokrasi pou nou toujou ap rele moun abitan ,moun an deyo ti pepism se pou nou rekonet e respekte manda ke pep la ba moun li eli yo .si yo fè mechanste se kou de jsitis la ki pou jije yo .se pa ti boujwa eksplwatè ki pou peye mersenè san prensip ki pou dechouke presidan ki ap mande pou yo peye moun yon salè ki pou pemet yo manje.Kanta lit pou ouvriye ,peyisan ka genyen travay. edikatyon pou pitit yo, swen de sante. lojman desan. manje a gogo .elektrisite tout kote ,dlo tout kote ,lopital tout kote ,sekirite ,jistis pou tout moun map mouri ladann.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Rico Sam 27 Oct 2007 - 14:34

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

sasaye sot pibliye yon not la ,li mande w ki prev ou vle anko?Mwen pa di pou yo revoke manda Boulos san anket pa mennen non.Mwen di si se vre li malonet.fok o mwen ou konprann kreyol byen.

sa w rele ti lame Tutud la se mal li te mal organise.si li te genyen moun konsekan ladann ti frekan nou fè an fevrier 2004 zo nou pa ta bon pou fè bouton jounnen jodya.Mwen pa fout wont di li mwen te fout dako pou Duvalier te kreye milis la. paske si se pat milis la li pa tap fout fè menm yon lane nan palè ya.li vinn abise pouvwa li ki fè mwen vinn kont li men jiska 1960 mwen te fout dako ak li .E map di w li anko pou pep saa delivre anba move je ,anba ti flatè sankoutya ki refise rekonet dwa li pou li eli moun li kwè ki ap defann enterè li ,moun ki pap rele li gwo zotey,moun ki rekonet ke tout moun se moun e tout moun dwe egal devan la lwa e byen se pou yo pret pou yo mouri pou dwa yo.Mwen pa rayi oke moun ak po klè ni mou rich non, men tou mwen rekonet lè yon moun pa respekte m kom moun ;lè yon moun dim li pa rekonet dwa mwen e byense devwa mwen pou mwen soutni moun ki ap defann mwen e mwen genyen dwa poum anploye tout moyen nesesè pou m libere tet mwen anba esklavajis neg yo..

.

Kisak prèv la Malis.Non se poko prèv la sa Malis. Yon dokiman ilizib, yo pa konnen pwovnans li. Kisa ki menm ekri sou li vinn yon prèv. Non se pa salye ditou. SE LA WI MWEN DI POLITIKAYÈ AK MOUN KI VLE FÈ PA YO AN POLITIK SE 2 BAGAY DIFERAN. Poko gen anyen la pou kondanen Boulos. Mwen di nou kite mouche fè prèv li onèt ou byen li nan manti. Li di L pa sitwayen meriken o moman li te kandida, alos ke li bali prèv yo. Poukisa w prese, jouk pou fè sal bezogn kritike yon lennemi.


A bon sanzave, repri de jistis, dilè de drog ak zam ki te nan lame ti manchèt, rache pwèl, lame domi nan bwa. Ti atoufè nan waf Gonayiv yo kontrebandye, pasè de drog se te bon moun. Bann ti lame ki te kase pye rektè Paquiot; maltrete etidyan ak konplisite la polis se te bon bagay. Se la wi Malis nou pa nan menm seray ak lame koupe kou poul e lot ti komik konsa.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Joel Sam 27 Oct 2007 - 15:22

Sasaye a écrit:Apre sak sòti laa, kisa tinèg vle ankò?

Sasaye,

Mwen kwè ou konnen nèg sa yo ase pou w reyalize ke Jimnastik lan fèt kòmanse.
Ayè mwen t ap tade youn ki t ap di ke 3 pitit li yo fèt Washington D.C yo gen batistè ameriken,men li t ale nan anbasad Ayisyen tou pou l fè batistè Ayisyen pou yo,donk timoun li yo poko janm renonse a natyonalite ayisyen yo.
Kelkelanswa ,sa yo di ,pou le mwens BOULOS ta genyen doub natyonalite,bagay ki kont lwa peyi dayiti yo.

Bagay ki ka p sove peyi an ,a misye;se ke misye gen anpil lènmi nan Etazini menm -pami Ameriken-;yon seri de moun ki kont zak misye te poze pou l te jete gouvènman Aristide lan.
Y ap fann nan dengonn mesye ,yo fèt kare fè sa.

GNBis yo yomenm ap goumen pou misye jouk mayi mi.Misye ak mesye "Haiti Democracy Project" yo ,se pwoteksyon yo.

Paske mesye yo konnen ,nan 1 an ankò,jwèt lan ka make san pou yo.
Tankou pwovèb lan di "Baton ki te bat chen nwa a...."

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  piporiko Sam 27 Oct 2007 - 15:28

Raple nou tout lobey yo te fe ak swadizan Neptune te Ameriken.Pat gen lontan de sa non.Se rezidans malere a gengnen.La prev ,yo revoke li.Le li te nan prizon an.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

flash/boulos gen 2 paspo - Page 2 Empty Re: flash/boulos gen 2 paspo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum