Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
ETB Pokémon Fable Nébuleuse : où acheter le coffret dresseur ...
Voir le deal

Cointelpro International Vs Lavalas

5 participants

Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Cointelpro International Vs Lavalas

Message  jafrikayiti Dim 28 Oct 2007 - 12:33

KonpatriyOt,

Gen anpil evènman k ap pase nan peyi a alèkile ki fè mwen panse li enpOtan pou tout Ayisyen konnen kèk detay enpOtan osijè fOs ki gen pouvwa nan peyi a, jounen jodi a. Estrateji li abitye itilize pou demantibile mouvman popilè ki menase "dezOd etabli", nan sosyete ki sou kontwOl li.

Apre tout lakilbit ki fèt pou elimine Lavalas politikman 2004-2006
Apre tout sa ki kontiny fèt pou elimine Lavalas ideyolojikman 2000-2007
Nou remake gen plizyè zak kriminèl k ap fèt pou elimine Lavalas fizikman - apre kanpay kont popilasyon Site Solèy ak Bèlè (ki fèt nan menm lojik sa te fèt nan Bèlè apre koudeta kont Dumarsais Estimé ak Daniel Fignolé), nou remake se fOmil cointelpro a k ap aplike kont lidèchip Lavalas la. Pandan m ap ekri liy sa yo, sa fè plis pase 2 mwa depi Lovinsky Pierre-Antoine disparèt. Yè swa nou aprann yo kidnape Maryze Narcisse.

What Was Co-IntelPro?

Gade videyo sa a, ou va konprann se pa kichOy ki te konsène ane 1960-80 yo sèlman, ni non plis se pa Etazini sèlman teknik sa yo aplike.
Moun ki gen kontak ak lidè mouvman Lavalas lan, pale yo pou yo ka wè ak ki dyab yo annafè...

http://video.google.com/videoplay?docid=-7574288480731470534

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  piporiko Dim 28 Oct 2007 - 13:33

VOIR AUSSI

WWW.EN.WIKIPEDIA.ORG/WIKI/COINTELPRO

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  Rodlam Sans Malice Dim 28 Oct 2007 - 15:17

bon mwen leson mwen tire de bagay sa a sè ke krim anjandre krim ;depi yon moun se kriminel li toujou sou le ki viv paske li pè pou viktim li yo pa pran vanjans sou li.Se viktim yo ki pou devlope strateji pou yo soti anba men kriminel yo. kriye ,rele anmwe tout se radot .se fè ki koupe fè.Se ou byen nou mete tet ansanb pou nou retire kò nou anba malveyan ou byen yap toujou touye profet nou yo tankou Bob Marley di ya.Yo touye Toussaint Louverture , Yo touye patrice lumumba, Yo touye martin luther king ,yo touye malcom X, yo touye Maurice bishop e se bon dye ki chape Mandela.

erske nap pase tout vi nou ap plenyen ou byen nap swiv konsey marcus garvey ya?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  Joel Dim 28 Oct 2007 - 15:18

Nouvèl JAF sot bay lan konfime.Yo kidnape Dr MARYSE NARCISSE vre.

Preval dwe pale ak peyi an ,pou yo konnen sa ki ap pase;paske si yo te koumanse kidnape VICTOR BENOIT,SERGE GILLES,MICHA GAILLARD ak lòt yo,eske PREVAL t ap gade silans sa a!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  Rodlam Sans Malice Dim 28 Oct 2007 - 15:25

Yo montre nou byen ke yo pa nan griyen dan ak nou,si nou vle kite yo mennen nou labatwa tankou bef ou byen mouton se bagay ki gade nou,yap keyi nou yon apre lot pandan ke nap tann retou jesu christ.Si nou pa vle rekonet lenmi nou yo se bagay ki gade nou.Lè eskadron lan mò yo ap touye nou pa grap se lè saa na reveye.nanpren omlet ki fet san kase ze.revolutyon pasifik se yon ilusyon.se sak fè yo tap mande desameman jeneral konsa.yo pap janm remet zam yo dayè yo te bay lod pou tout jandam ak makout sere zam yo.Zafè ki gade Preval si li kwè nan pawol Juda.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  revelation Dim 28 Oct 2007 - 20:39

If we, black people cannot do for ourselves what the white man is doing for himself and his family, why do we want to be equal to the white man? We need to be self-reliance and self sufficient.Malcom X

Depi ke nou fini pran indepandans nou gen 200 zan de sa, nap batay avek tet nou.
Nou samble avek youn band Don Quichotes kap batay avek imajinasyon, youn band bagay ki pa existe.
Nou rele tet nou GNBist, Titidyen, Lavalasyen, Prevalyen, etc. Youn band mo ki la pou divize nou e pou nou pa we vre realite problem peyi a ki se mize, malnitrisyon, malady,manke inyon, respe, tolerans etc..
An nou mete tout mo sa yo nan poubell e an nou travay pou Ayiti !!
Sispand fe propagand pou lot moun!! An nou travay pou tet nou.
Mwen pat jamb konnen ke Cointelpro te interese nan Lavalas, e depi kile??
Samble ke nap chache frotman move kote nan kole batay lot moun avek batay pa nou.

Nou nwa se vre!! Min pwoblem pa nou Ayisyen se pwoblem pa nou e fok nou rezoud li antre nou, Ayisyen.

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  jafrikayiti Lun 29 Oct 2007 - 20:15

Gen moun k ap travay pou ede Anbasad koudetayis la kraze Lavalas la miyèt moso. FOk on moun ta avèg pou li pa ta rekonèt taktik sa a CIA ak FBI ap itilize depi dikdantan.

1) Dekapite pati a
2) Finanse enfiltrasyon ak finansman fo lidè opOtinis
3) Asasinen sa ki pa vle kolabore ak plan dekapitasyon an
4) Kreye entrig ak konfizyon pou lè sansinay fin fèt je pa gade nan direksyon anbasad koudetayis la. Men pou sa okazyone plis opOtinite fratrisid, gras a panik, bri kouri, sispisyon...

Mwen ta konseye ni Prezidan Preval, ni Fanmi Lavalas, pou yon fè yon ti chita tèt frèt ak kèk ansyen kanmarad Black Panther Party pou ede yo konprann jwèt sinik k ap jwe la a.

Nou pèdi Malary, Izmery, Pè Ti-Jean ak Jean Do. Yo disparèt Lovinsky ak Maryze...yo kontinye ap ri.

Jwèt chat se rèl sourit. Men sa manman chat konnen an, manman sourit ka konnen l tou.

Fok nou kapab konprann epi reponn fOs k ap FRAPHe n tout tan !

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  revelation Mar 30 Oct 2007 - 10:36

Jaf di:
Mwen ta konseye ni Prezidan Preval, ni Fanmi Lavalas, pou yon fè yon ti chita tèt frèt ak kèk ansyen kanmarad Black Panther Party pou ede yo konprann jwèt sinik kap jwe la a.
Jaf konsey sa pap nan avantaj pep Ayisyen!!!

Mwen kwe ke li pa apropriye pou konseye dirijan politik nou you pran konsey nan men militan armee nwa ameriken, Black Panther Party, ki te youn paty ki tap preche vyolans kont opresyon blan racism, supremasis KKK.
Vyolans ke yo tap preche pat nan avantaj majorite nwa nan peyi Eta Zini a.
Se plis soufrans ak racism ke sa te kreye nan popilasyon nwa inosan yo. Anpil dirijan nwa pat dako avek tak tik sa yo.
Nou pa nan sitiasyon sa mon fre Jaf !!
Peyi Dayiti se youn peyi nwa indepandan depi plis ke 200 zan.
Se nou ki o pouvwa e nou pakab pran konsye nan men militan armee nwa Ameriken Black Panthers.

Si Martin Luther King te preche la non vyolans e li te reisi jwen jistis, nou menm Ayisyen nou kap fel tou !
Se nou ki o pouvwa e nou pakab pran konsye nan men militan armee nwa Ameriken Black Panthers.
Se pa mouvman militan armee Black Panthers ki fe ke nou genyen Michaelle Jean komm gouverne Canada, e anpil lot lide nan kominote sivil e gouvenemantal nan peyi Eta Zini.
Le gen vyolans se lanmo nap kreye pou manman pitit mare vant yo.
Jaf di :
Jwèt chat se rèl sourit. Men sa manman chat konnen an, manman sourit ka konnen l tou. Fok nou kapab konprann epi reponn fOs k ap FRAPHe n tout tan !
Si sourit konnen sa chat konnen, se posib ke yo jwen youn solisyon pou yo koexiste.
Konsa tou le 2 ap viv.

Kenbe la mon fre

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Cointelpro International Vs Lavalas Empty Re: Cointelpro International Vs Lavalas

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum