Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
3 participants
Page 1 sur 1
Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Mezanmi Rico vle fè yon ti kozman ak nou. Rico panse nou tout Ayisyen vle yon chanjman pou peyi dAyiti. Se nomal nou gwoupe nan yon kan ou pati. Nou vle chanjman ki kapab pote solisyon pou peyi sa. Men kom ti pèp ki soti an esklavaj depi 200 lane se yon batay pou twouve vrè libète, endepandans sa premye lidè nachon an mouri pou LINITE antre nou tout Ayisyen. Sa vle di ti nèg la kanpay, ti boujwa, elit ak la konesans, savwa e latriye.
Finalman nou gen yon peyi a limaj kolonizatè yo,ki nan men ti gwoup minorite posedan, gwo agrikiltè, komèsan ak endistiyèl. Nou kap pran yon minorite nan aparèy tout gouvenman yo tankou fonksyonè ro nivo, dirijan fos polis ou militè ki toujou ap jwi tout privilèj. Byen antandi sou do ti klas peyizann san tè yo ak chomè nan vil yo. Se se imaj peyi sa depi 200 zan.
Bon la map rantre nan sijè mwen vle devope a. Rico selon konstasyon l twouve yon peyi a an fayit. Se echèk sitou tout gouvenman de 1957 jouk an 2007. Si nou pran 2 gouvènman pase avan 57 yo anpil jefo, bon jan planifikasyon te mete pou soti Ayiti nan twou kote l te ye. Rèy Estime ak Magloire se te espwa pou peyi sa. Wi kite komanse ratrape vwazen yo la Domikani.
Nou tonbe nan rejim Duvailer ki pase a yo 2 papa a pitit preske 30 lane o pouvwa. Kisak pase pandan tan sa, Ayiti pase tout dwa nan revolisyon endistriyèl la. Mwen ta vle makout yo, Duvalyeris kann kale yo byen konprann istwa yo. Sitou pou radotè tankou Dezagreman yon abitye forom sa sou sedo Deza.
Ayiti pou byen sitiye ak vwazen li Dominikani, genyen tout yon seri de endistri kom famasetik ki fabrike medikaman, Agrikilti konvèti an Agro kilti ensdistriyèl. Yo te toujou nan fabrikasyon sik ak izinn modenn pandan Ayiti ap trennen la pak ak Hasco yon antikite kolonyal. Yo regle an grann pati pwoblem enèji elektrik. yo gen bèl enfrastrikti routyè pliyè vwa an konparezon ti chemen de kanpay mal konstri lakay nou.Yo konstri dè milye chanm dotèl pou satisfè bezwen touristik yo plizyèe rejyon nan peyi yo. Ayiti pa bouje yon pa kita sàel Potoprens ak Okap ki te gen otèl akseptab. Yo depase Ayiti sou boum touristik depi sou lè Duvalier,
Depi avan ane 86 yo yo regle an grann pati rezo drenaj dlo ize , mete fen a egou a syèl ouvè koz malarya. Sou plan sekirite nasyonal yo gen efèktif adekwa pou lame ak la polis sou tout rakwen teritwa yo. Pandan Ayiti ap konstri yon fos milis pèsonèl pouvwa sa, fwaye volo, tosyonè, mechan malad.
Alos zafè konparezon tèt shat ak rejim Lavalas yo pa kenbe. Non Duvalyeris pa lese anyen serye, li pa ajoute anyen nan patrimwann peyi sa sou plan enfrastriktrikti ak ekipman serye. Men atansyon sa pa dedwane Lavalas ak Preval de obligasyon ak devwa yo. Paske se anko yon boulchit. Minimom nou dwe atann de 3 rejim refile lavalas sa vle di Aristid ak Preval 1 se yon dezas. Rejim sayo osi inefikas, piyajè, e menm touyado tankou rejim Divalyeryen yo.
Se la wi Rico kanpe pou di ni makout yo ak tout lavalasyon yo, nou echwe, se yon disgras pou peyi sa. Nou dwe pran konje de la politik, chire kat pati nou yo. De plis pou ensolan makout tankou Dezagreman, Boss Pint, Baton, Lestomakglise kap li chak jou Forum Actif pou swiv Rico, tout se yon bann minab. Se domaj nou genyen konplisite administratè, moderatè yon forom pou lese pase atak pèsonèl olye kritike lide, pwen de vi lot. Jan de atak LACH, ESTIPID, SAN FONDMAN KONSA SE REVOLTAN.
Kisa ti pèp Lafosèt tankou tout bidonvil peyi sa lakoz. Poutan yon nimero ki rele Dezagreman byen koni sou Deza sou Forom gen dwa deblatere sou yo trete yo moun katye defavorize, an difikilte de labou kochon sal. Se byen mak fabrik makout la: lang sal, difamen, tèrorize, vyolante opozan yo. Poutan genyen medyom sou nèt la ki byen akomode de eleman konsa. San yo pa di mete rola. Li ta sanble se moun Raboto tankou Lafosèt kite pran mezi Janklod fè li rache manyok li. Se la wi mwen di bann boujwa patripoch melanje ak tout Duvalyeris ak tout pro miilitè Lame l shanpwèl, mas pèp nou rele kochon labou sal pa vle elèksyon bidon. Paske se yo pèp mas chomè ak peyizan ki gen dwat de vot ki gen balans majoritè pouvwa nan men yo. Meprize yo , ridikilize yo se byen. Men nou fenk chita nan lopozisyon.
Yon lot kote tou sa dwe fini menm mas sayo Lavalas ak tout neyo lavalas tankou LESPWA KAP JWE SOU YON FOS SANSIBLITE DE GOCH.Sispann taktik manipilasyon mas sayo. pwofite de nayivte yo, bonn konsyans yo. Apre plizyè manda lavalas tout gwo dirijan yo finn rich, bon pèp vinn plis nan mizè. Zafè monte gwoup ti lame atoufè pou kenbe pouvwa nou mwen di non. Nou echwe tou. Nou dwe rasanble nou otou de moun pi entèg sispann pale m de Tutud, ni CHANJE KONSTITISYON POU RANBAKE PREVAL. Toutsa pou mouche prezidan sa se livre machandiz la pou li pa soti mal nan istwa peyi sa.

Dernière édition par le Dim 11 Nov 2007 - 14:58, édité 1 fois
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
De ki moun wap pale ki vle chanje konstitutyon pou ranbake Preval?Ou wè genyen moun sou sit la ki aveg e ki adilatè oken moun?
nap pale pou yo chanje yon konstitutyon ki pa konpatib ak moyen peyi ya.ki fè se charite nap mande pou nou fè elektyon chak 2 zan nan peyi ya ;se yon sel bagay ki ap regle an ayiti depi 20 tan se elektyon pou yon ti gwoup gran manjè pran tout lajan peyi ya san ke anyen pa ka regle pou ba majorite moun ki ap soufri yo servis ak byen ke yo beswen.Konbyen fwa nou di menm si konstitutyon an ta chanje pou pemet ke presidan ka pose kandidati li pou yon lot manda apre ke manda li fini Preval pa ka benefisye l paske sa fè dexyem manda ke li pran nou di ke yon presidan pa ka fè plis ke 2 manda.,menm si konstitutyon an ta chanje poul ta fè 2 manda yo yonn apre lot.
Nou pale de Tutud vre paske nou pa dako ke se jandam ki pou te arete li ni se patripoch yo kitepou fè konplo ak blan pou te anbake li; men nanpren moun sou sit la ki mande pou Aristide vinn presidan an ayiti anko.Menm idol ou a rekonet fok ayisyen respekte manda moun ke pep la eli.Se toutan map di si Aristide kondane pa yon tribinal pou drug ou byen pou lajan leta ke li volè se pou yo fout menot nan ponyet li kareman menm jan ak tout lot volò ki pase o pouvwa depi lontan yo.
Se pa pep la pou repwoche ki pa chwasi moun ke w renmen yo se pou di ke anbityon personel yo fè yo perdi bousol yo e yo trayi pep la twop se sak fè pep la genyen repiyans de yo.se sak fè jodya se Preval ki retounnen o pouvwa anko.

Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Malice mwen adrese M a Preval ki di klèman se yon antrav zafè reyelèksyon Prezidan de fason kontini. Wi se posizyon anpil fanatik li. Nwen di non koken kanpe la. Pou yon peyi kap fè eksperyans demokratik li. se evite diktakti pa lè vot. Sitou ak ti pèp analfabèt ,atoufè yo pwofite de bonn fwa yo.
Zafè chanjman konstisyon se pa saliye se pretansyon anpil zot pou rezon pèsonèl yo. Sa nou bezwen se amandman li de fason plis reyalis. Non fije nan rete tann pou aplike li. Zafè repati a zero nou nan manti, konstitisyon avan yo pa vreman diferan. Se anlve iritan yo kom zafè sitwayennte, anlve vye senbol Duvalyeris ki te chanje Lame dayiti pou fos Lame dAyiti. Sa selman se yon mechan kou pou tosyonè makout yo ki kanpe sou lame. Rele sa nenpot non kom Jandameri.
Zafè bann kazèk, azèk, delege kraze sa. Kreye tou senpleman yon majistra nan vil prensipal yo ak yon senp asistan majistra nan rakwen yo. Bayo pouvwa nomen yon polis kominal oksilyè, antrenen selon etik ak kod la polis nasyonal. Nan tèt chak depatman yon gouvènè ki reprezante ekzekitif la. Nan tèt vil yo se yon majistra ki ta dwe kontinye asire prezans politik yo.
Zafè Tutud pito se jandam ki fouke li olye se opozan ki te touye li. Dayè mouche an defo ak bann mèsenè etranje li finn anrichi. Se yon disgras Malice. Se rezon mwen refize bali chans kom yon prezidan eli. Li aji an diktaktè, monte yon fos polis bidon ak volo, mafyozo. An plis ame tout yon ekip jenn gason li nomen tout vye non pou destabilize peyi a. Li avili nou. Pov pèp la Malis se byen la mwen chita. Se rezon mwen kritike li otan ke makout ak Divalyeris. Yo fouke li kom bon diktaktè, tèroris se bon pou li.
Non lavalas se mechan manipilatè nan fè moun san espwa, san konprann kwè nan vye salad. Yo sou pouvwa 4 fwa afile, bon pèp anko nan pi gwo soufrans. Yo vann, tol, diri, fè vye konbinn. Yo genyen chato, manman ak fanmy lidè nou ti abitan nan laplenn gen gwo kay nan Miyami san travay fose. Fanmy madanm yo kite deyo peyi a. Rantre yo finn rich, byen byen kouvri ak etranje gwo zouzounn meriken nan konpayi lavalas brade.
Zafè chanjman konstisyon se pa saliye se pretansyon anpil zot pou rezon pèsonèl yo. Sa nou bezwen se amandman li de fason plis reyalis. Non fije nan rete tann pou aplike li. Zafè repati a zero nou nan manti, konstitisyon avan yo pa vreman diferan. Se anlve iritan yo kom zafè sitwayennte, anlve vye senbol Duvalyeris ki te chanje Lame dayiti pou fos Lame dAyiti. Sa selman se yon mechan kou pou tosyonè makout yo ki kanpe sou lame. Rele sa nenpot non kom Jandameri.
Zafè bann kazèk, azèk, delege kraze sa. Kreye tou senpleman yon majistra nan vil prensipal yo ak yon senp asistan majistra nan rakwen yo. Bayo pouvwa nomen yon polis kominal oksilyè, antrenen selon etik ak kod la polis nasyonal. Nan tèt chak depatman yon gouvènè ki reprezante ekzekitif la. Nan tèt vil yo se yon majistra ki ta dwe kontinye asire prezans politik yo.
Zafè Tutud pito se jandam ki fouke li olye se opozan ki te touye li. Dayè mouche an defo ak bann mèsenè etranje li finn anrichi. Se yon disgras Malice. Se rezon mwen refize bali chans kom yon prezidan eli. Li aji an diktaktè, monte yon fos polis bidon ak volo, mafyozo. An plis ame tout yon ekip jenn gason li nomen tout vye non pou destabilize peyi a. Li avili nou. Pov pèp la Malis se byen la mwen chita. Se rezon mwen kritike li otan ke makout ak Divalyeris. Yo fouke li kom bon diktaktè, tèroris se bon pou li.
Non lavalas se mechan manipilatè nan fè moun san espwa, san konprann kwè nan vye salad. Yo sou pouvwa 4 fwa afile, bon pèp anko nan pi gwo soufrans. Yo vann, tol, diri, fè vye konbinn. Yo genyen chato, manman ak fanmy lidè nou ti abitan nan laplenn gen gwo kay nan Miyami san travay fose. Fanmy madanm yo kite deyo peyi a. Rantre yo finn rich, byen byen kouvri ak etranje gwo zouzounn meriken nan konpayi lavalas brade.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Rico,
Mete nan menm sak Janklodis ak Lavalasyen p ap mache.
Yo pa menm.
Anka ke tou Janklodis te ka fè pèp lan eli yo nan eleksyon lib e libè;mwen pa t ap gen okenn pwoblèm ak yo.
Se kite pèp lan chwazi moun li vle.Pa monte Konsèy Elektoral tèt chat menm jan konpayèl GNBis yo te fè e vle fè.
Agiman w yo ta gen valè si ant 2004 ak 2006 lè ganstè GNBis yo te gen plen pouvwa ,se pa t piye yo te piye kès leta a,touye moun ,taye bonèt pou yo ,pou nou sa mete yo nan prizon.
M ap toujou repete l;mesye Lavalas yo pa t zanj,men si pou m ta chwazi ant yo e chat mimi GNBis yo;mwen t ap chawazi yo.
Gade jan konpayèl ou yo ap voye pye pou pa genyen yon Konsèy Elektoral Enpasyal.
N ap fè tout sa nou konnen pou nou kroke jwèt zo an.
Mwen pa bezwen di plis

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Joel, San Malis e latrikye lidè nou an echwe. Mwen menm Rico kap pale avè w mwen plen ansyen lavalasyen ki pa konnen koman yo ta va fè pou mouvman de mas sa retwouve mwayen li.
Depi lontan mwen panse yon mouvman konsa pa te dwe detounen de chemen li. Politik tradisyonèl la ki te chita sou ti entelijan , manipilatè, volo klas mwayenn ak yon fos de represyon sou mezi ki rele FOS AME DAYITI. Ak konplis yo ti boujwa patripoch de pè an fis ki gen monopol lajan, biznis, pa peye totalite task yo ou nan grese pat sistèm lan,
Tout bann aloufa, gran dan sayo kase dan yo pou premye fwa depi 1804, se te yon gro espwa pou Ayiti. Mouche ranse, trayi ideyo Desalinyen sou espwa reyini nachon an, etabli jistis sosyal ak ekonomik. Li te anbake tout bon pèp. Se premye fwa nou fout makout la, yon papa souflèt ki pi durr pase menm lè yo te tonbe an fevriye 86. Paske yo te pèdi tout espwa retounen an politik. Koulyèeèa yo vle jwe frekan pretesk lavalas echwe.Se vre men pèp saki te ale vote an mas pou premye fwa, pran gou yo pa rete lakay kontinye ale vote.
Frè m yo Aristide trayi nou, li ranse li radote. Li mete nou an dout . Sonje byen premye fwa li tonbe sou pouvwa. Tout fos viv yo te kenbe toujou ak li. Kisa nou refize konprann se menm fos sayo ki voye li ale. Mouche pwouve se yon moun koken, renmen lajan, de movèz fwa, ipokrit, roulado.
Pa konn jwe ak alye li, avili yo. Se nomal an politik rapo de fos ap jwe a lenteryè menm klan. Men se gen abilte pou ralye , mete o pa tout moun. Non mouche tonbe nan jwèt koken Franswa yo kite patizan li yo kraze prop alye li. Se konsa mouche izole prop tèt li mennen yon lit kont tout ansyen pwotèktè li.
Sa nou refize konprann se konsa tout diktaktè reyaji. Si nan menm pati yon dirijan pa gen opozisyon ou aksepte jwe ak opozisyon se saki bannou ti diktaktè. Konbyen prop alye Aristid ki mouri tankou Jan Domink ki kèksyonen mouche anpil sou devyans li . Se la mwen di nou twop fanatik. Mouche te dwe pati lontan pou sove mouvman an.

Nou toujou nan yon "rapò de fòs" noumenm Grangou GNBIS sa yo.
Ki rapò de fòs atò;si se pa t pou patwon etranje nou yo,menm yon zo nou pa t ap souse,se sou ban touch lan,nou t ap kontinye chita.
Li te dwe pati lontan ,pou sove mouvman an?
menm jan ke nou menm ak asosye nou yo fòse l pati e peyi an tonbe nan tyouboum.
Si se pa t dedwane asosye nou yo vin dedwane n ,anpil nan nou t ap 6 pye sou tè.
Epitou gen yon lwa ki di ke moun tankou ,VICTOR BENOIT ,GAILLARD,SERGE GILLES dwe okipe plas Leta?
Ti krik ,ti krak yo se prezidan pati politik.De moun ki pa ezite vòlò eleksyon si se pou yo manje yon moso patat.
Sèl bagay ke nou gen dwa mande se pou eleksyon pou Senatè yo .fèt lib e libè!
Na bay nouvèl;pèp ayisyen pral kòmanse voye nou tout sou ban an e li a regle ak nou pita.
Paske fòk gen moun ki peye pou tout destriksyon nou koze nan peyi an!
Ki rapò de fòs atò;si se pa t pou patwon etranje nou yo,menm yon zo nou pa t ap souse,se sou ban touch lan,nou t ap kontinye chita.
Li te dwe pati lontan ,pou sove mouvman an?
menm jan ke nou menm ak asosye nou yo fòse l pati e peyi an tonbe nan tyouboum.
Si se pa t dedwane asosye nou yo vin dedwane n ,anpil nan nou t ap 6 pye sou tè.
Epitou gen yon lwa ki di ke moun tankou ,VICTOR BENOIT ,GAILLARD,SERGE GILLES dwe okipe plas Leta?
Ti krik ,ti krak yo se prezidan pati politik.De moun ki pa ezite vòlò eleksyon si se pou yo manje yon moso patat.
Sèl bagay ke nou gen dwa mande se pou eleksyon pou Senatè yo .fèt lib e libè!
Na bay nouvèl;pèp ayisyen pral kòmanse voye nou tout sou ban an e li a regle ak nou pita.
Paske fòk gen moun ki peye pou tout destriksyon nou koze nan peyi an!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Joel a écrit: Nou toujou nan yon "rapò de fòs" noumenm Grangou GNBIS sa yo.
Ki rapò de fòs atò;si se pa t pou patwon etranje nou yo,menm yon zo nou pa t ap souse,se sou ban touch lan,nou t ap kontinye chita.
Jan de refleksyon konsa se moun ki pa konprann vrè dinamik politik. Moun kap swiv yon lidè espirtyèl ki nan blof. Refize konprann parol rapo de fos Se ti diktaktè ki kanpe nan rol souvren yo. Bon karasteristik yon papa Dok ou Aristide ki vle pase sou kolaboratè politik li. Tout politisyen se grangou ki aspire a pouvwa. Nan kontèsk demokratik yon pouvwa yon lidè politik dwe gen kapasite jwe pou fè pwomosyon kad li ki aspire a yon pos kelke swa nivo li nan yon pati. Senp keksyon demokratik pa plis ke sa. Paske li pa la AVI, sèl kok chante. Oganizasyon an dwe renouvle. Se pwoblem Aristide ak jan de zway li byen andoktrinen e manipile. Atitid swive sa se yon gwo andikap pou Joel. Yon dezas pou yon oganizasyon ki vle fè aprantisaj demokratik.
Alos chwazi vwa totalitè, pa gen kont pou rann. Se ezakteman taktik Aristide ki anko sèl chef lavalas. Se la w chire Joel wou pa ladann. Kanta letranje wap pale se anko moun tankou Aristide ou Francois Duvalier ki bezwen blan pou dirije. Ki bezwen polis blan pou sekirite li paske li pa fè prop nasyono li konfyans. Zafè blan nou bezwen li, se aprann sèvi ak li byen itilize l pou evite mwens domaj posib pou nachon an.
Epitou gen yon lwa ki di ke moun tankou ,VICTOR BENOIT ,GAILLARD,SERGE GILLES dwe okipe plas Leta?
Ti krik ,ti krak yo se prezidan pati politik.De moun ki pa ezite vòlò eleksyon si se pou yo manje yon moso patat.
Sèl bagay ke nou gen dwa mande se pou eleksyon pou Senatè yo .fèt lib e libè! Joel
Poukwa pa Joel tout non sayo se moun ki pi kalifye ke ti apranti politisyen ti vikè san eksperyans ki rive an politik. Se la map konprann nou nan tonbe nan bon papa ak yon moun egoyis san valè familyal reyèl. Ti nèg pa konnen doulè pitik kap kriye pou grangou,peye lekol, pran swen fanm ak pitit. Ke di yon peyi pou dirije ak yon bann pitit grangou, demini.
Na bay nouvèl;pèp ayisyen pral kòmanse voye nou tout sou ban an e li a regle ak nou pita.
Paske fòk gen moun ki peye pou tout destriksyon nou koze nan peyi an! Joel
Yo deja voye l sou ban jouk an Afrik di Sid. Se pa pou ryen etidyan ak bon pèp ki te renmen koken ki te vote li, voye li ale. Malgre kout koko makak, polis kowonpi lavalas ak chimè byen zoutiye flanke yo. Koli jenan an egzil fose.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Rico
Ki lè wap bouke bat Tanm Tanm tutud la nan zorey moun.Aristide paka presidan anko; si pep la rayi li jan w di ya e byen li fini nan politik ;li lè pou nou bouke kriye.Montre sa nou ka bay nan elektyon ;depi se pep la ki eli moun ou yo nap respekte manda yo ;pouki sa ou pa vle respekte manda moun ki nan kan pep la ki eli pa pep la epi ou di se demokrasi wap defann.
Youri Latorti la si Preval fè sa li pa dwe fè se pou gwo kou jisitis la jije l men se pa ti souflantyou set fwa si ki ap fè l kouri.Tann manda li fini ,paret ak yon lot moun ki ka pale de yon bon pwogram gouvènman ak pep la epi na genyen elektyon, Men Rico mwen genyen yon nouvel pou wou sim pa la anko wa di mwen te di w sa, depi se pa nan elektyon fo mamit ,kan pep la enkontounab wi Rico.an 2011 se yon lot defansè pep la wap pran anko wi .Mare tet w sere 'se swa ou rantre nan ran ou byen ou fek komanse kriye tande frè m.
Ki lè wap bouke bat Tanm Tanm tutud la nan zorey moun.Aristide paka presidan anko; si pep la rayi li jan w di ya e byen li fini nan politik ;li lè pou nou bouke kriye.Montre sa nou ka bay nan elektyon ;depi se pep la ki eli moun ou yo nap respekte manda yo ;pouki sa ou pa vle respekte manda moun ki nan kan pep la ki eli pa pep la epi ou di se demokrasi wap defann.
Youri Latorti la si Preval fè sa li pa dwe fè se pou gwo kou jisitis la jije l men se pa ti souflantyou set fwa si ki ap fè l kouri.Tann manda li fini ,paret ak yon lot moun ki ka pale de yon bon pwogram gouvènman ak pep la epi na genyen elektyon, Men Rico mwen genyen yon nouvel pou wou sim pa la anko wa di mwen te di w sa, depi se pa nan elektyon fo mamit ,kan pep la enkontounab wi Rico.an 2011 se yon lot defansè pep la wap pran anko wi .Mare tet w sere 'se swa ou rantre nan ran ou byen ou fek komanse kriye tande frè m.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Mesaj pou makout Janklodis san manke Lavalasyen ak Tididyen
Rodlam Sans Malice a écrit:Rico
Ki lè wap bouke bat Tanm Tanm tutud la nan zorey moun.Aristide paka presidan anko; si pep la rayi li jan w di ya e byen li fini nan politik ;li lè pou nou bouke kriye.Montre sa nou ka bay nan elektyon ;depi se pep la ki eli moun ou yo nap respekte manda yo ;pouki sa ou pa vle respekte manda moun ki nan kan pep la ki eli pa pep la epi ou di se demokrasi wap defann.
Youri Latorti la si Preval fè sa li pa dwe fè se pou gwo kou jisitis la jije l men se pa ti souflantyou set fwa si ki ap fè l kouri.Tann manda li fini ,paret ak yon lot moun ki ka pale de yon bon pwogram gouvènman ak pep la epi na genyen elektyon, Men Rico mwen genyen yon nouvel pou wou sim pa la anko wa di mwen te di w sa, depi se pa nan elektyon fo mamit ,kan pep la enkontounab wi Rico.an 2011 se yon lot defansè pep la wap pran anko wi .Mare tet w sere 'se swa ou rantre nan ran ou byen ou fek komanse kriye tande frè m.
Malis toutan koken Aristide chef avi,enkonteste pati lavalas tankou Janklod ak neyo Duvalyeris map bat tanbou sa jouk mayi mi nan bonda tou lè 2. Se pa Ariside ki dwe senplemanm pati. Pati ki rele Lavalas minoritè, pa reprezante anyen sou echikye politIk la. Kote map bay Preval chans ak Benoit bo frè li, koken Lavlas ak makout se 2 ipokrit. Se fini zafà gran manjè, vandè de diri ak tol. Se fini t ipwojè de la prezidans , lajan detounen pou achte zam ak minisyon bay chimè.
Malis zafè kopi konfom makout, milis atache ou chimè sayo dwe fini sou la tè dAyiti. Lennemi pou konbat la se Lavalas ak makout yo. Lavalas se yon mal pouront ki lakoz makout retounen sou moun. O wi yo te pi bon ke bann rey lavalas yo. Se byen diskitab. alos se pwenn fè pa pou 2 aliboron sayo.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Sujets similaires
» LAVALASYEN PREZIDAN PWOVIZWA JOCELERME PRIVERT FÈ APOLOJI MAKOUT AK LAVALASYEN
» Men neyo makout Janklodis, veye yo, raple yo. pa bliye yo, pa
» PINGA BAY MAKOUT, JANKLODIS, FETE RETWOUVAY MEN RESPÈ POU VIKTIM NOU YO.
» Rico tire la reverans an atandan chikann lavalasyen kont lavalasyen fini
» Jistis makout Martelly blanchi Baby Doc, makout ak fiyèt lalo yo kontan

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum