Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

BOURAD POU YON KILTI SYANTIFIK!!!!!

2 participants

Aller en bas

BOURAD POU YON KILTI SYANTIFIK!!!!! Empty BOURAD POU YON KILTI SYANTIFIK!!!!!

Message  OBSERVER KEEN Sam 1 Déc 2007 - 16:00

“BOURAD POU YON KILTI SYANTIFIK”


Gen yon tandans ke yon paket intelektyel pataje ki ta vle fe konnen ke yon nonm egal ak kilti li; komsi, rezon ekzistansyel yon nonm se ta pou konseve ak pwoteje kilti ke li eritye a. Apwosh sa , nan aplikasyon ekstrem li, ta rann yon nonm telman esklav Kilti li ke tout analiz kritik sou kilti sa ta gen tandans mal-interprete kom yon zak trayizon.



Yonn nan konsekans apwosh sa, seke kilti yon nonm ta sipoze detemine vale esansyel yon nonm; setadi, nan lojik sa, yon nonm ki abandone kilti natif natal li, se ta kom yon vwati kap kondi nan fe nwa san limye ou yon pye bwa san rasin.



Eske sa se vre nan tout konteks? Ou eske intelektyel sa yo mal-inteprete wol ak intensyon yon kilti?



Yonn nan bagay ke yon paket moun pafwa pa rann yo kont, seke kilti se kreyasyon lez’hom, yon rezilta ki soti nan zantray yon phenomen byen detemine: ki se yon “rale menmen vini” ant bezwen ekzistansyel lez’hom ak reyalite antouraj li. Pami bezwen ezistansyel sa yo nou trouve “sekirite ekonomik, apatenans sosyal ak familyal, kontribisyon jenetik, kiryozite intelektyel, kouraj kreyatif elatriye. Men pami bezwen sa yo, kiryozite intelektyel ak kouraj kreyatif gen yon enpotans maje pou lez’hom paske se bezwen sa yo menm ki vreman distenge lez’hom de lot zannimo ki pataje planet te sa.



Konye la, si nou asepte ke kilti se yon mwayen pou abouti ak satisfaksyon bezwen ekzistansyel lez’hom, ebyen kilti gen yon intension. Intension sa paka statik, fok li dinamik paske reyalite monn lan mande kondisyon sa, si pou kilti asime wol li komsadwa---ki se pou ede lez’hom abouti ak satisfaksyon bezwen ekzistansyel li nan yon monn dinamik. Si se sa ki wol esansyel yon kilti, ebyen, tout kilti ka gen menm” vale fonksyonel”, men tout kilti pa ka gen menm “vale satisfaksyonel . Paske, si nan konparezon plizye kilti, nou jwenn koken shenn diferans nan kapasite ak kalite randman ke shak kilti sa yo bay; e si nou ka analize ki wout kilti sa yo pran pou tante satisfe bezwen ekzistansyel sa yo, ebyen nou ka konkli, avek lejitimite, ke “kilti A” siperye “kilti B” si nou ka montre ke “ kilti A” abouti ak yon satisfaksyon siperye( satisfaksyon bezwen ekzistansyel yo) antem de kalite, kantite, dirasyon, ak intensite. E sitou, si “kilti A” enkouraje ekzesis ak satisfaksyon bezwen distenktif lez’hom ki se kiryozote intelektyek ak kouraj kreyatif pandan ke “kilti B” ap foulonnen bezwen definisyonel sa yo.



Pou we kote ke tout kilti pa gen menm “vale satisfaksyonel an nou gade diferan apwosh kiltirel nan fason ke yo trete fanm nan diferan tan atrave listwa lemonn.

Nan majori listwa lemonn, fanm ki reprezante, plis ou mwens, mwatye nan popilasyon lemonn te toujou ap monte yon maswife, yon maswife ke gason plante pou enpeshe fanm monte pi wo.

Maswife sa baze sou yon fondasyon miz-antwopik ki ta vle fe konnen ke fann enferye, eke yo manke rezon pou aprann, refleshi, ak aji tankou gason. Konsekans apwosh kiltirel sa se represyon sistematik fann ki paret sou tout fom tankou: kadejak, asasina pou restore l’hone fanmi (yon gwo pwoblem nan peyi mizilman yo), neglijans kriminel pitiit fi elatriye. Nan filozifi malashonng sa, resous limite sosyete ya, ta dwe ale nan edikasyon gason selman, ki dapre gason ak fanm nan kilti sa yo( fanm ke kilti ya arrive vire loloj yo), se sel mwayen efikas pou abouti ak devlopman sosyete ya san gaspiye resous limite sosyete ya. Setadi, nan majorite listwa lemonn, sosyete yo, anba direksyon gason magouye ak yon kilti miz-antwopik deside pou devlope mwatye selman nan kapasite kreyativ, intelektyel ak ekzekitiv yo le yo deside pou toupizi, neglije ak objektifye fanm yo. Yon desizyon ki kokobe devlopman lez’hom telman pwofondeman nou paka menm imajine’l nan tout longe’l. Men yon senp ti konparezon ant sosyete moden yo--- sosyete ki ta vle adopte yon apwosh kiltirel kote ke fanm sipoze gen menm vale, dwa ak gason--- ase pou ba nou yon ti apesi sou ki sa nou pedi nan devlopman nou akoz de aplikasyon eveg kilti nou.



Konye la, ki sa sosyete moden yo, ki ta vle adopte yon filozofi egal ego nan zafe fanm ak gason, aprann nou? Ki sa rezilta yo, menm nan yon atmosfe inpafe ta vle revele?

Yo aprann nou, ke fanm ap fe dekouvet, envante, ak rezoud pwoblem ki kontribiye sinifikamman ak avansman sivilizasyon; Pa Selman sa, gen yon relasyon direk ant ki jan yon sosyete rete fidel ak filozifi egal ego wa e avansman li. Pa ekzanp, peyi skandinavyen yo ap vanse douvan e gen yon miyo kalite de vi sosyal; paske yonn nan rezon deye sikse yo, seke peyi skandinavyen sa rete pi fidel ak filozofi egal ego wan an zafe fanm ak gason ke lot peyi yo.



Ki sa ti senp analiz sa revele kom rezilta? Sa nou we, seke avanzman lemon te ralenti e kontinye ap ralenti paske gen sosyete ak kilti ki toujou deside pou pa devlope kapasite kreyativ, intelektyel ak ekzekitiv mwatye nan kompozisyon integral yo. Nou pa ka menm imajine kote lemonn tap ye si apwosh kiltirel anti-fanm lan pat jame adopte nan okin moman nan listwa nou. Plizye maladi tap jwenn tretman ak remed yo pi bone, plizye pwoblem syantifik ak matematik tap jwenn solisyon yo pi bone. An fas koken shenn reyalizasyon sa, nou ka di ke yon kilti ki bay fanm vale, ki rekonet abilite ak potensyalite fanm nan tout aspe valab yo, ap pi fasil pou reponn ak bezwen ekzistensyel shak moun ki nan kilti sa.



Ki sa ekzanp fanm lan revele? Eske li pemet nou we ki jan nou ka jije ak mezire “vale satisfaksyonel” yon kilti ? wi!!! Paske Ekzanp sa montre ke tout kilti pa gen menm “vale satisfaksyonel, eke li posib pou jije ou konpare diferan kilti; e si, nou inteprete kilti kom yon zouti, nou ka jije li selon efikasite li, selon abilite li pou reponn ak bezwen ekzistansyel nou. Nan ka sa, se nou ki defini zouti ya, se pa zouti ya ki defini nou. Si zouti ya wouye, se pou nou greze li, kote ke li merite modifikasyon nou modifye li, kote ke li pa ka reponn ak bezwen aktyel ou bezwen lavni nou, nou remize li, pou nou invante, devlope ou adopte yon lot zouti.



Ki sa re-intepretasyon sa ka fe pou nou? Ki avantaj li gen yen sou intepretasyon ki ta vle fe konnen ke se kilti nou ki defini nou?



Si nou konsidere kilti kom yon zouti, kom yon mwayen pou avansman tet nou olye de esans otentik nou, li pap difisil pou nou eksperimante ak lot zouti kiltirel ki ka pi byen reponn ak bezwen ekzistansyel nou. Nan ka sa, nou pap santi ke nou pedi esans nou, si nou modifye ou remize zouti ya paske nou pat janm te konsevwa zouti ya kom nannan ekzistans nou.



ki avantaj nouvel konsepsyon sa gen yen? E ki jan nouvel konsepsyon sa ka pemet nou devlope yon kilti syentifik san ke nou pa santi yon dekoneksyon ak zanzet nou?

Si nou konsevwa kilti kom yon zouti, adopte ou devlope yon kilti syentifik---sa pa vle di ke kilti sa elimine aspe emosyonel lezom--- pap egal ak trayizon zanset nou yo, kom yon paket intelektyel nan jefo konsevasyon kilti zanset gen tandans apiye.

Pouki sa yo panse konsa? Yo panse konsa, se paske intelektyel sa yo toujou adopte opinyon ki ta vle fe konnen ke se kilti natif natal nou ki defini nou. Se sak fe yo panse ke kritike ou remize yon aspe kiltirel nan kilti natif natal nou egal ak yon zak trayizon; genyen nan yo ki menm panse ke devlope yon kilti syantifik se asepte ke nou inferye. Men se pa vre, yo konkli konsa, se paske intelektyel sa panse malman ke kilti syentifik la defini moun blan, eke adopte yon kilti syentifik egal ak rekonet ke blan siperye.

Men se pa vre, paske kilti syantifik la pa ka defini moun blan paske kilti pa yon karakteristik biolojik, se yon zouti ke li ye. Nan sans sa, kilti syantifik la se yon zouti menmjan ak lot zouti yo.

Men, yonn nan bagay ki fe zouti sa diferan de lot zouti ke nou envante deja yo, seke kilti syantifik la pa tou senpleman yon reyaksyon ou yon kreyasyon ki depann de entouraj spesifik ou tipik de yon group moun patikilye; paske kilti syentifik la soti nan zantray fakilte pan-imenn yo.

Sa mwen vle di, le mwen ekri fakilte pan-imenn, seke fakilte sa yo potensyelman nan zantray tout kretyen vivan, pa gen yon moun ou yon group moun ki vreman gen yon monopoli etenel nan aplikasyon kilti sa. Paske menm si yon group moun nan yon moman nan listwa lemon ta rive metrize kilti sa pi byen ke yon lot group, sa pa vle di neseseman ke group moun sa yo ap toujou genyen avantaj sa atrave letan.

E menm si yon group ta aprann itilize zouti sa avan yon lot, sa pa vle di ke zouti sa di’l she-met-she-metres.



Pou mete limye sou agiman ke ma’p eseye detaye ya, an nou gade yon ti senp analoji:

An nou gade nan ki kondisyon yon timoun aprann mashe. Yon timoun jeneralman aprann mashe nan men yon granmoun; men eske sa vle di neseman ke timoun sa pap jame kouri pi vit ke granmoun ki aprann li mashe ya? Ou eske sa vle di ke granmoun la gen yon monopoli, ou eske sa vle di ke granmoun lan gen yon dwa otentik sou abilite ke nou rele “ mashe sou 2 pye” ya?

Pa vreman, paske timoun lan fet ak predispozisyon pou mashe sou 2 pye, yon reyalite ki paret nan fom zo do ak zo janm timoun lan ak plasman zo ren li. Nan menm sans lan tou, kilti syentifik la, se aplikasyon Fakilte Pan-imenn yo ki ekziste nan sevel tet tout group moun alawonbade. Tout group moun gen kapasite nan nannan bwa tet yo pou devlope ou adopte kilti syentifik la; men souvan, rijidite tradisyon, sitou tradisyon ki enprizone kiryozite intelektyel ak kouraj kreyatif fanm ak gason, reprezante gwo barikad--- paske tradisyon sa yo rann li difisil, san yon revolisyon, pou ke yon nasyon ou yon sosyete devlope ou adopte kilti syantifik la.



Li inpotan pou mwen di avek repetisyon ke mwen pa panse ke rejeksyon “Vodou” kom yonn nan jefo kap inisye adopsyon Kilti Syantifik la kom yon paket ayisyen kretyen gen tandans apiye; paske yon ti analiz san pati pri pap demontre ke Relijyon Kretyenn lan pi rasyonel ou mwens kontradiktwa ke Relijyon Vodou wa. Okontre, relijyon vodou wa asepte koneksyon biolojik ant lezom ak zannimo, yon bagay ki pi konsistan ak Teori Evolisyone ya ke listwa genesis kretyen an—yon listwa ki baze sou kreyasyon Adan e Ev. An fas reyalite sa, mwen pap fe ere pou’m ta panse ke vodou enferye. Okontre, paske vodou se yon relijyon politeistik ke li ye, epi yonn ki pa konsantre sou adorasyon yon dye toupwisan ki ka fe e defe, lap pi fasil pou yon sosyete integre vodou nan yon kilti syentifik.

Mwen rekonet ke lez’hom gen yon bezwen pou konekte ak zanzet li. E yonn nan fason ke lezom fe sa se nan relijyon li; men nan adopsyon kilti syentifik la, nou dwe separe intension relijyon vodou wa de intension ak aspirasyon mond fizik la. Setadi, nou dwe konsevwa vodou kom yon aktivite rityel ki pemet nou konekte ak zanzet nou, pa kom yon syans ki pemet nou manipile reyalite mond fizik la.

Si nou fe sa, pap gen okin konfli ant Vodou e Kilti Syantifik la.



Pou fini, mwen ta renmen repete ke Integrasyon Kilti Syantifik la sinifi yon paket bagay, men li pa sinifi ke nou trayi zanzet nou, ni li pa sinifi nonplis kom “aime cesaire” ta vle fe konnen ke “ la raison est Helene, et l’emotion est Africaine”.















Dernière édition par le Ven 7 Déc 2007 - 18:09, édité 1 fois

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

BOURAD POU YON KILTI SYANTIFIK!!!!! Empty Re: BOURAD POU YON KILTI SYANTIFIK!!!!!

Message  Rodlam Sans Malice Sam 1 Déc 2007 - 23:19

Se yon bon ralé ou fè la ki mande anpil refleksyon.mwen konpran sa w di ya byen. e mwen apresye li pou 2 rezon ;non selman ou montre ke lang kreyol pa andikape jan yo di pou eksprime ide abstrè yo ,men tou ou montre ke yon kilti pa dwe statik ;se pa repidye yon mou repidye kilti si w plede pou yon kilti syantifik ,mwen fè w konpliman.

an nou kontinye diskite bagay enpotan yo an kreyol se konsa lang kreyol la tou a evolye tankou tout lot lang .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum