Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go /1 To
1099.99 € 1999.99 €
Voir le deal

KOUL RADOTÈ TANKOU DEZA, DILIBON, EXCA PA KAP FÈ NOU LESON

2 participants

Aller en bas

KOUL RADOTÈ TANKOU DEZA, DILIBON, EXCA  PA KAP FÈ NOU LESON Empty KOUL RADOTÈ TANKOU DEZA, DILIBON, EXCA PA KAP FÈ NOU LESON

Message  Rico Dim 13 Jan 2008 - 15:27

Malgre divejans dopinyon ak anpil patisipan sou Forumhaiti mwen rekonèt yon volonte pou kenbe deba kap fèt nan yon nivo elve. Moderatè trè veyatif kont atak de pèsonalité ak vye parol piman bouk. Lè vle gen bouskilad yo mete rola nan echanj ki two miskle. Genyen volonte pou fè jistis pou tout moun a la wonnbadè.

Kote mwen vini se zafè kelke egzalte, moun ki rekonèt pou radiyès yo sou forum Moun kap telele. Dayè mouche ki rele Blek-Dezagreman ki te debake pa bo isit sou non Deza kap voye monte sou Moun.com se yon sinik pèsonaj ki genyen apre li 2 ti swive ki se Dlibon ak Excalibur yon bon zanmi met forom lan ki delege l kom chef souvren.


Pwoblèm lan se swit a vye atak lach san mwayen de replik mouche DEZAGREMAN kont pèsonn Rico.Se fasil rapote sali vle di de Rico kap foksyonen sou Forumhaiti. Se yon fason pou Deza vanje de miza la pot sou Forumhaiti. Men pwoblèm forum Moun se yon degrenngolad san presedan. Anpil patisipan forom sa ap plenyen pou yon mank denterè manb ki lese. Se yon kanpay pou swete retou anpil manb sayo ki dekouraje.


Men verite ki gen deryè tout sa. Genyen twa aliboron makout Divalyeris sayo ki pran kontrol yon forom o pwen ke direktwa forom lan setoblije mache sou dikta moun konsa. Twouve jounen jodyè a se anko yo menm ki finn anraje ki vle pale de nou pa bo isit mal. Toutan forum Moun genyen twa eleman sayo kap FÈ AK DEFÈ, SE LAVE MEN SIYE A TÈ.

Mouche Excalibur reprann yon bout paragraf nan yon tèsk an replik a Deza , li efase kontni tout tèsk sa. Yon tesk ki te eksplike Mouniste yo ki pwoblèm Dezagreman ak Rico e Forum haiti. Se kom dabitid la ront pran yo. Yo sètoblije kache la verite ki byen eksplike rezon yo flanke Deza deyo kom bon TWOBOL MÈKÈ, YON MECHAN MALAD , LANG SAL.

MWEN TE PRAN EKSPLIKE KOMAM MOUCHE PRAN POZ ISTORYEN DEGRENNGOCH KAP TRETE DESSALINES DE DEZÈTÈ E DE LACH. Mwen fè konnen te gen anpli pasyans pou echanje ak mouche ak bon agimantasyon. Se lè Deza rabat nan vye jouman ak denigreman direktwa fororm lan kanpe sou li. Yo efase tèsk sa, men avek ki moun ki pretann yo demokrat nou annafè. Se pratik yo sansire, bloke san preyavi.

Poutan pa te gen anyen deplase nan sa mwen di. Alos eleman mizerab konsa pa kap BANNOU LESON DEMOKRATIK. Jiska prezan tout vye tesk Deza yo byen rete nan achiv forum Haiti. Yo pa efase ni anpeche pran konesanans de yo. Poutan se betiz li tap pouse. Pa gen anyen yo kache pa bo isit. Mouche te lib e libè pou patisipe konvenableman. Non vinn jwe mechan malad nan jwe denigreman, fè vye atak kont d pèsonalite, kenbe vye pwopo asid. Mwen te fè konneN nan tèsk sa konpotman vyolan Deza ki sanble 2 gout dlo ak Ti Bobo, Boss Pent ak kolonel Albert Pierre, Ti Boule. Se tout rezon konsa ki fè dyalog koupe ak mouche Deza .
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

KOUL RADOTÈ TANKOU DEZA, DILIBON, EXCA  PA KAP FÈ NOU LESON Empty Re: KOUL RADOTÈ TANKOU DEZA, DILIBON, EXCA PA KAP FÈ NOU LESON

Message  Marc-Henry Lun 14 Jan 2008 - 8:16

Fok mwen te fe mis o pwoin sa paske mwen pap sispann deza pou opinyon'l. Nou te fe sa paske misye tap derespekte memb forum haiti yo.
Antouka mwen remesye Rico pou avoir informé tout lot moun yo de ki gen reeleman bagay yo te pase lan fowom ayiti.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum