Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
Voir le deal
399 €

eksperyans nou afekte perseptyon nou.

4 participants

Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Fév 2008 - 20:46

mwen sot ap gade sou youn lot forum ki jan yap kritike Preval pou jan li monte dèyè youn motosyklet .Genyen moun ki ta pito wè li nan youn Bentley ou byen youn mazzarati tandis ke mwen sa pa tap di m anyen si Preval te monte youn bel chwal epi li ap sikile nan la ri ya.Poukisa mwen pa wè anyen ki mal si Preval monte dèyè youn motosyklet pou li bay ekzanp ki jan pou nou ekonomise sou konsomptyon lwil ak gasolinn epi sispann enpote machinn chè nan peyi ya epi youn lot moun ap kritike l pou sa?

bon genyen moun kelke swa sa Preval ou byen Aristide ta fè yo tap toujou kritike yo; men genyen moun tou ki reyelman fache paske yo pa ka konprann pou youn Presidan ap monte dèyè youn motosyklet paske nan vision yo se pou Presidan an te pi prestijye se pou li mentni youn serten dekorum nan kondwit li men menm moun sa yo ki vle ke presidan an dwe genyen youn atitud boujwa tou tan nou tout okasyon yo pa wè anyen ki grav le moun ki konn chita deye gwo machinn lixye ap pase sou kadav peyisan san ke yo pa rete ni lè yap volò ou bien touye moun pou yo konserve pouvwa.

Si Aristide resevwa pep la nan palè ya se youn kritik tandis o Zeta Zuni se chak jou pep ameriken kanpe devan Mezon blanch lan pou yo rantre visite.Yo pa monte nan residans Presidan men yo rantre tout kote. ak youn gid se konsa mwen te genyen oportunite visite meson blanch menm anvan mwen te reside o Zeta Zuni.

Preval resevwa rwa kanaval ak renn yo nan pale pou epok madigra se youn kritik poutan nou wè chak ane presidan meriken fè youn resital kiltirel ak anpil gwo atis nan palè ya ;poukisa se boufonneri paske preval resevwa rwa ak renn yo nan youn dans karnaval nan Palè ya ;eske Palè ya se residdans youn sel gwoup moun li ye ou byen se Kay pep ayisyen.Wi mwen konnen lè youn moun vle touye chen li li di li anraje e byen mwen pa konsa map kritike youn presidan pa sou patisipatyon li nan fet pep ayisyen men sou sa li pa fè pou aleje soufrans pep la.Mwen pito wè youn Presidan ki alez ak pep li ke moun ki blije pran tout prekotyon pou yo pa touye yo si yo ta pemet yo mache lib sou moun.

eske se moun ki kritike preval pase li monte deyè youn motosiklet yo ki genyen rezon ou byen se mwen ki genyen tor paske mwen pa wè anyen ki mal nan sa?repons la depann de posityon moun lan nan sosyete ya e eksperyans li nan la vi.Youn moun ka pa wè anyen ki mal si yo peye youn antrenè kiben 10000 pa mwa poul montre ayisyen jwe football men mwen twouve li pa normal pou youn moun ki ap anseye ti moun: fizik chimi, matematik syans pa ka manje epi pou sa ki ap montre nou jwe foot ball la ap touche 8000 dola pa mwa ak anpil frè. kiles ki genyen rezon ?anko la sa depann de moun wa poze kestyon an.Youn moun ki fet ak youn kiyè lor nan bouch li depi li fet pap panse ak profesè sa yo ki san lè tiberkile paske li pa janm wè soufrans yo,sa li ta renmen se wè ayisyen ap evolye byen nan koup di mond ;mwen paske mwen konn soufrans moun ki grangou ki konn wè kote ti moun ap mouri ak malnutrityon ou pa ka banm tor si mwen wè ke lajan sa ta pi itil si nou ta achte ban mete nan lekol yo. kabann ak medikaman nan lopital yo. bati plis lekol ak lajan saa.Se opinyon pam ,mwen pa mande personn pou genyen menm opinyon ak mwen.Ni nanpren moun ki ka konvenk mwen ke rezonman pam lan pa bon.


Dernière édition par le Dim 3 Fév 2008 - 22:09, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Joel Dim 3 Fév 2008 - 21:06

Pou mwen menm ,mwen gen pwoblèm,anpil pwoblèm ak moun ki ap kritike Préval ,paske misye se yon nèg ki "relativman" senp.
Mwen di "relativman" paske fò misye ta dirije peyi,fòse moun nan gouvènman an ,nan mezi ke l kapab,koke "chapo" peyi an kote men l ka rive.

San Malis ,
Mwen pa konnen si w sot gade 60 minutes,kote "siltan Dubai",ki ap dirije "Emirat" sa a,kouman l ap dirije ti peyi l lan.
Misye di ,li bezwen tout moun viv alèz nan peyi sa a.E san pretansyon ,maten ,midi ou swa ou wè miltimilyadè sa a dèyè volan machinn li (limenm ki ap kondwi wi) ap tcheke kouman bagay yo ap mache lan ti wayòm li an.

Byen ke yon moun ka gen lòt pwoblèm ak Preval ,men senplisite misye an se yon bon bagay,yon bon senbòl.Sa pèmèt lòt manm nan gouvènman misye an parèt lèd ,lè y ap deplwaye liks ,bagay ki nan abitid moun ki ap dirije ann Ayiti yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Fév 2008 - 21:23

Mon chè mwen pat finn gade 60 minutes a swè ya paske o komansman se youn kestyon de gad national ki deploye nan iraq ke mwen wè yo tap pale se youn bagay ke mwen te wè deja.

Mon chè map di w byen pou mwen tou tan Preval ta pi senp tou tan ke mwen ta pi kontan.Sim genyen pwoblem ak Preval se pa pou senplisite li.Mwen te we rwa saa deja kote li te ap kondwi youn reperter 60 minutes tout kote ke yo ap bati. ;bagay saa se youn mervey. ki jan arab yo fè bati tout gwo bilding sa yo sou lan mè ya?men rwa saa li pa selman youn chef deta men li se youn moun reyelman ki ap travay pou pep li.Li abiye byen senp si se an ayiti ou ta tande yap kritike li pou sa.

mon chè aprè midi mwen tap gade Andrew Young ki ta ap montre sa ki ap pase Rwanda koulyè ya kote Tustsi yo ak Houtu yo mete tet yo ansanb pou yo rebati peyi ya. mon chè fok ou ta wè sa youn pep ini ka reyalise>menm youn nom tankou Andrew Young ak anpil lot ameriken etonne de sa ke Rwandè yo reyalise.map mande, byen ke mwen pa swete li. si an ayiti tou si nou pa bat pou nou bliye en pe bagay ki pase si nap janm fè youn pa an avan.Men lè wap gade ki jan genyen moun ki rayi pep la paske lite ekserse dwa li pou li vote pou moun li kwè ki ka ede li map mande si li pap rive youn pwen mande bon dye padon si sepa youn bagay tankou sa ki te pase au Rwanda ki ka pase youn jou an ayiti.paske mon chè menm sou enternt la nou wè pep la divise tout bon wi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Fév 2008 - 22:36

Mwen sot ap li rezonman youn nan defansè Fadh yo.Li di konsa youn moun pa ka kondane youn enstitutyon ki aji mal se moun ki nan enstitutyon an pou kondane.Se menm bagay perspetyon nou ki pa menm jan.Eske si youn lopital pa ka ba moun swen epi leta ap depanse youn paket lajan epi se mikrob selman ki ap devlope nan lopital saa eske li pa fè sans ke leta fermen lopital la?Se komsi youn moun ta dim ke le mond pat dwe kondane facism ak nazism se moun ki nan pati sa yo selman ki merite kondane.

genyen enstitutyon se pa moun ki ladann selman ki merite kondane paske se fondatyon enstitutyon an menm ki te mal bati.eske li pa fè sans pou nou kraze li epi lè na genyen moyen ase pou nou bati pa nou jan nou vle selon moyen e beswen nou na rebati li?Ankò se youn kestyon de perseptyon mwen pa ka mande neg ki konn arete presidan yo pou yo dakò ak sa mwen di ya.Men al mande moun ke paran yo te mouri ant 1991-1994 wa tande sa yo a di w;al mande moun ki te mouri sou bel air ak la salinn lè yo te fouke daniel Fignole wa tande sa ya di w..Youn moun ki ka voye pitit lekol chak jou ,jwen swen lè li malad ,manje vant deboutonnen ,bat moun lè li vle paske li fè pati enstitutyon saa li pa ka wè ke enstitutyon saa te pouri.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 4 Fév 2008 - 8:29

map kontinye rubrik saa pou mwen fè en pe moun konprann ke se pa sa yo di ki dwe verite pou tout moun.map li yè ke Mario Andresol di ke se ameriken ki ba nou machinn ak motosyklett pou polis la.Premye lide ki vinn nan tet mwen :Si nou pa menm ka ekipe youn fos polis ki jan nou pral fè ekipe youn ame modern?

genyen anpil moun ki kwè se rayi mwen rayi lame.Byen ke lame saa ki te la fè anpil sa ki pa bon men se pa lame ke mwen rayi kom mwen te di deja; mwen te pase ladann mwen konnen febless li.e mwen wè ekipman ki merite genyen pou youn peyi genyen sa ki rele youn lame.Lè map gade beswen peyi dayiti pou le moman mwen wè ke genyen bagay ki pi urjan ke nou beswen e ke nou pa genyen moyen pou nou genyen 2 fos an menm tan pou le moman.Alò mwen fè chwa pa mwen ;mwen di an nou mete polis lan an form anvan apre lè moyen nou a pemet nou na bati youn lamae selon moyen nou e selon beswen nou.Nou pa dwe imite menm strikti ak peyi ki genyen indistri zam yo paske nou two pov pousa nou dwe bati youn lame ak youn lot strateji pou nou defann peyi ya.Men zafè tonbe mete zetwal sou youn paket jeneral epi menm moyen transpò nou pa genyen pou si youn militè pran youn bal nan provwens pou nou transporte li nan kapital la pou li jwen swen e byen pou mwen se youn mouvman nil.

Se perseption pa mwen ki base sou eksperyans pa mwen.Youn lot moun ka genyen youn lot perseptyon de zafè lame ya paske li pa genyen menm eksperyans ak mwen.Sa pa vle di ke se li ki genyen rezon e se mwen ki an tò.Se sak fè pafwa nou blije diskite pou ke nou jwen limyè paske nou tout pa soti nan menm moul.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Doub-Sossis Mar 5 Fév 2008 - 0:48

Malis,

lèw te malad la wou pat jwenn swen lopital militè gratis ti cheri?

Ah!!! la rekonésans.....

Doub-la
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rico Mar 5 Fév 2008 - 9:46


Si w pa te sewon demi deyo lopital sa pwenn fè pa. Se te privilèjye ti koken o sevis revolisyon kann kale ou swa militaro-makout ki ale ladann. KE LONTAN KE JOUNEN JODYE A TI PÈP LA PA JANM LADANN.Wouyyyyy make ya pote mak sonje bann volo , ansyen volo toujou volo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Mar 5 Fév 2008 - 10:17

Doub la

Bra m te kase nan jwe volley ball Docteur Parisien te banm youn preskriptyon pou youn piku paske calsyum neg te ba mwen te al jwen Capitaine Hilaire pou l te ekzekite preskriptyon an pou mwen lite dim ke gouvenman an pa genyen lajan poul achte medikaman pou solda. Male jwen komandan transmisyon an poul prete m lajan poum achte piku ya:li te reponn mwen sim konnen li genyen lajan nan menl pou sa.

Kolonel Deetjens te asassinen pa prefet Hinche la nan youn bal le yo voye mande pou yo voye chache li sinon lap mouri pat genyen menm youn helikoptè ki te ka al chache l se misyon naval la kite deside prete nou elikoptè men yo di yo pa ka ale lan nwit paske teren aterisaj hinche la pa genyen limyè se pou tann jis jou leve.le nadmen li rantre nan lopital militè ak tout konesans li mouri nan sal doperatyon.

nan operatyon kont frè Batis yo nan zaonn Thiotte la ke mwen te patisipe pou nou te deplase soti Saltrou rentre etabli katye jeneral twoup la nan kay Paul magloire te genyen nan foret des Pins se divalyerist nan zonn lan ke Borges te mande kamyonet yo prete pou te transport kek 200 solda ak makout ki te konpose twoup la.

Kolonel cayard rebel kont gouvenman Duvalier li kanpe nan lan mè ak tout eta major sa nou te rle la marinn ayisyenn menm youn batiman nan kapital li pat ka krase epi ko daviatyon pat fouti koule bato akis se ameriken ki ba li lod kite rad Port-au-prince lan pou li refijie li o Zeta Zuni.Ki jan nou pral fè kraze Santo Domingo ki se sel peyi ki genyen youn lame twa 4 fwa pa nou an.mwen se pa moun ki ap eseyè fè li kare paske mwen konnen fom deyè m.mwen toujou chache kroke chapo m kote men m ka rive.Konsa mwen pap janm manje biskwit labou.

Si se sa ou rele youn lame e si se li nou vle retabli ankò .Bonn chans.Men nanpren moun ki ka banm zannanna pou Sizann.Se ak lame saa nou pral konkeri lot teritwa ;se ak lame nou te anpeche okipatyon peyi an 1915?an 1994?Di nou se moun ki renmen fè grimas. o lye nou okipe nou de sa ki enpotan.Ankò se youn kestyon de perspetyon ki pa menm lakay nou tout.paske pou mwen youn pep ki pa manje biskwit labou pa ka achte zam pou li fè la gè.Youn peyi kote se ertranje ki ap charite de twa kamyon ak motosiklet pouli asire sekirite enteryè li panko ka genyen lame. Se opinyon pam ke mwen pa di tout moun pataje.

mwen ta kwè moun ki mande pou mwen pa pale ak li ap genyen nen an figil poul pa adrese m ankò.


Dernière édition par le Mar 5 Fév 2008 - 10:23, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Joel Mar 5 Fév 2008 - 10:19

Doub-Sossis a écrit:Malis,

lèw te malad la wou pat jwenn swen lopital militè gratis ti cheri?

Ah!!! la rekonésans.....

Doub-la

Sossis,

Se te yon militè ki te aboli Lame Costa Rica a.Non misye se te JOSE "PEPE" FIGUERES.
E ou konn sa misye te deklare lè li t ap aboli Lame an?
Misye te di ke Lame an se yon gaspiyay,li pa vle di sekirite pou peyi an vre .Misye di ke sekirite peyi an se nan edikasyon sitwayen Costariken yo,e misye mande pou bidjè Lame an ale nan bati lekòl.

Gade ki rezilta sa bay!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Mar 5 Fév 2008 - 10:30

Joel mwen byen kontan ou vini ak ekzanp Costa Rica.nan semenn lan map li youn konparezon ant reveni per capita Costa riken ak revni per capita Nicaraguayen kote yo montre pa Costa riken yan 10000 dola U.S. pa ane tandis ke pa nikaragayen yo ki toujou genyen lame li selman 2500 dola pa ane.

lotrejou Patrick Elie fè youn remark ki enpotan li di ke youn peyi genyen plisyè fom de sekirite ke li dwe defann :li site pami yo sekirite ekonomik. ki pou mwen enpotan anpil paske san sekirite ekonomik mwen pa wè ki jan youn peyi ka genyen sekirite teritoryal.Se ak fizi mosè ou pral asire sekirite teritoryal la nan pwen indistry zam lan rive jodya?Ekzanp iraq la ta dwe edifye moun de initilite lame tradityonel yo pou ti peyi pov tankou ayiti.Sa se si nou te genyen bon sans.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Invité Mar 5 Fév 2008 - 11:15

Permettez-moi d'énumérer certains roles de l'armée:

  1. elle peut intervenir lors des inondations et grandes catastrophes naturelles et sauver des vies humaines.
  2. elle peut protéger le territoire contre les insurrections, par exemple le cas des rebelles comme Guy Phillipe (on n'aurait pas besoin de faire venir l'ONU pour nous protéger)
  3. elle peut créer des bases dans des coins reculés du territoire afin de protéger notre espace. par exemple, à Forets-des-Pins, l'Etat n'a aucune force pour obliger les paysans à cesser le massacre de la foret
  4. ...
Les FAD'H méritaient une re-orientation mais en l'abolissant, nous avons aggravé notre mal. Maintenant, il faut s'attendre tous les 10 ans à faire venir l'ONU pour nous humilier sur notre sol.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rico Mar 5 Fév 2008 - 11:23

Sou papa Dok ti ekip jandam nan Palè Nasyonal ti nèg Okap yo se privilejye ki te abitye pran bon jan roulib nan jwe koken o wi yo malad. Avan yo te flanke yo deyo nan Palè Nasyonal pou Dominik. Tout lot militè se te bon roulibè nan pran vakans o swen task pèp la gratis cheri..Pi fo se magouy pou te ale repoze yo evite fè sevis yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Invité Mar 5 Fév 2008 - 11:33

J'aimerais aussi rappeler à tout le monde que le budget pour la sécurité du président TITID était supérieur au budget de notre armée?

Alors, l'armée d'Haiti n'a pas été abolie pour une question d'argent.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rico Mar 5 Fév 2008 - 12:35

colocolo a écrit:J'aimerais aussi rappeler à tout le monde que le budget pour la sécurité du président TITID était supérieur au budget de notre armée?

Alors, l'armée d'Haiti n'a pas été abolie pour une question d'argent.

Kisak pase la papa w se te ansyen jandam. se nostalji lame shanpwèl ki kenbe w la
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Invité Mar 5 Fév 2008 - 13:43

Rico1,

Je ne pouvais avoir de la nostalgie pour une force qui m'a déjà infligé plusieurs supplices corporels.

En effet, j'ai été plusieurs fois bastonné par les soldats des FAD'H. La dernière en date remonte dans une manifestation pro-Aristide au sein de l'Université d'Etat d'Haiti. A ce moment-la, on luttait vainement pour avoir le retour à l'ordre constitutionnel, le retour de l'exil du président Titid.

Drole de coincidence! J'ai été aussi bastonné à la faculté des Sciences humaines par des policiers dans une manifestation anti-Aristide.

Donc, ceux qui sont contre le retour des forces armées d'Haiti doivent etre aussi pour l'abolition de la Police Nationale. En effet, les 2 forces ont eu des excès de zèle pour défendre les régimes qu'elles supportaient.

Alors, ou est le vrai problème?


Ce n'est pas la force en soi mais l'usage que l'on veut en faire.


Je crois fermement que notre pays a besoin d'une armée pour défendre notre territoire, aider la population en cas d'intempéries, et protéger nos parcs et forets contre les braconniers et bucherons qui ne veulent pas respecter les lois de l'environnement.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rico Mar 5 Fév 2008 - 14:07

colocolo a écrit:Rico1,

Je ne pouvais avoir de la nostalgie pour une force qui m'a déjà infligé plusieurs supplices corporels.

En effet, j'ai été plusieurs fois bastonné par les soldats des FAD'H. La dernière en date remonte dans une manifestation pro-Aristide au sein de l'Université d'Etat d'Haiti. A ce moment-la, on luttait vainement pour avoir le retour à l'ordre constitutionnel, le retour de l'exil du président Titid.

Drole de coincidence! J'ai été aussi bastonné à la faculté des Sciences humaines par des policiers dans une manifestation anti-Aristide.

Donc, ceux qui sont contre le retour des forces armées d'Haiti doivent etre aussi pour l'abolition de la Police Nationale. En effet, les 2 forces ont eu des excès de zèle pour défendre les régimes qu'elles supportaient.

Alors, ou est le vrai problème?


Ce n'est pas la force en soi mais l'usage que l'on veut en faire.


Je crois fermement que notre pays a besoin d'une armée pour défendre notre territoire, aider la population en cas d'intempéries, et protéger nos parcs et forets contre les braconniers et bucherons qui ne veulent pas respecter les lois de l'environnement.

Colococo malgre tout pedigri w WAP REVE AN KOULÈ. Kom nouvo jenErasyon ki pa byen koprann motivasyon magouyè ki plis nan zafè LAME SA. ZAFÈ O WI YO BEZWEN LAME POU AKONPAYE PÈP NAN ANVIWONMAN, SE SAYO SITOU METE DEVAN.

Zafè lame sa, se plis yon gwoup ki bezwen genyen sa sou men yo pou mete kontrol yo. Pami kèk ti ideyalis de bon alwa tankou w ki kwè Aysien pral sèvi de fos sa pou antreprann travo de jeni ak enfrastrikti.

Mwen pa ditou kwè nan zafè sa. Nou menm Ayisyen dwe aprann o nivo tout sitwayen aksyon sivil ak anviwonmantal. Se pa yon lame ak mantalite byen ankre de la fos ki pral demontre yon vokasyon konsa. Mwen panse ti nèg andeyo ak eksperyans kote peyizann manman mwen deja prepare pou aksyon konsa.

Ale nan plenn lè gen KONBIT, SE PRESKE GRATIS moun vinn mete men. Se espri sa pou enkilke tout sitwayen nan peyi a pou yo fome BRIGAD DE SEKOU SIVIL , ak kontrol minisipLITE yo pou fè aksyon nan anviwonman

NOU PA BEZWEN JANDAM AK SOUKE LAWOUZE POU VINN METE LA TWOUBLAY. SA NOU BEZWEN SE YON EKIP ESPESYALIZE JAN SWAT NAN POLIS NAN TOUT REJYON CHO PEYI A TANKOU OKAP, GONAYIV POTOPRENS AK FRONTYÈ A.

SISPANN DISTRIBIYE ZAM BAY KOKEN DAYÈ KI PA JANM REMÈT YO. TOUT FIZI GALIL LAME DAYITI AP TOUYE KRETYEN VIVAN JOUK JOUNEN JODYÈ A. ZAFÈ LAME AK TI PÈP DOSIL MWEN ESKOLARIZE, SE BAY KOKEN KI PA KAP PRAN POUVWA AVANTAJ POU FÈ TENTEN YO.


Dernière édition par le Mar 5 Fév 2008 - 15:36, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Mar 5 Fév 2008 - 14:36

"Je crois fermement que notre pays a besoin d'une armée pour défendre notre territoire, aider la population en cas d'intempéries, et protéger nos parcs et forets contre les braconniers et bucherons qui ne veulent pas respecter les lois de l'environnement."Colocolo

Colocolo

pouvez-vous me rappeler une seule occasion ou les fadh avaient secouru les sinistrés des cyclones en haiti?Depuis mon enfance l'Armée d'haiti n'a jamais ete qu'une force de police faible sans pouvoir controler nos frontières.Des militaires conscients l'ont avoué.Si nous avons l'argent pour equipper les deux forces à la fois et nous attendons la charité des etats-Unis pour nous procurer des camions et des motocyclettes pour notre police qui ne peut memem pas assurer la securite interne de la ville de Port-au-prince contre les criminels ,alors de deux choses l'une :ou bien nous sommes des mendiants professionels sans honte qui gaspiyent notre argent ou bien vous revez sans le savoir.

Savez-vous le cout de l'equipement d'une armée?Au pays ou le budget de fonctionnement est assuré par la charité internationale ;n'est-il pas absurde de parler d'armée dans ce contexte?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Invité Mar 5 Fév 2008 - 15:53

Malice,

Ce qui est vrai pour les dépenses de l'armée est aussi vrai pour toutes les autres composantes du budget national:

  1. agriculture
  2. santé
  3. éducation
  4. ...
Le pire, à présent, Haiti s'endette pour payer des touristes de l'ONU déployés sur notre sol.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Rodlam Sans Malice Mar 5 Fév 2008 - 17:25

Les trois secteurs cités plus haut sont indispensables pour la croissance economique qui pourra nous permettre a l'avenir d'equipper cette armée qui pour vous est si indispensable pour une petit pays situé sur un 1/3 d'ile dans la mer des caraibes.Pourquoi une armée est si nécéssaire aux haitiens et pas aux Costa Ricains qui ont un revenu per capita 6 fois plus?

C'est vraiment incroyable qu'au moment ou nous critiquons le gouvernement pour la condition misérable de nos concitoyens qui manquent de tout ,certaines personnes veulent que les maigres ressources du pays soient consacrées à l'achat d'armes.Cette logique me depasse vraiment.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eksperyans nou afekte perseptyon nou. Empty Re: eksperyans nou afekte perseptyon nou.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum