Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : où l’acheter ?
Voir le deal

Sak pase gen lè nou fatigé?

Aller en bas

Sak pase gen lè nou fatigé? Empty Sak pase gen lè nou fatigé?

Message  Rodlam Sans Malice Dim 10 Fév 2008 - 14:13

Nan moman difisil saa kote ke tout ayisyen konsyan dwe mare ren yo sere pou youn konbit natyonal pou nou ba frè ak sè nou yo manje nou pa ka pemet ke grandisè ki ap manje vant deboutonnen refwadi adè nou pou nou twouve solutyon pou ba pep ayisyen an manje.

nou fini pa rekonet ke dirijan ayisyen yo se youn paket moun ki soud e aveg pa pouvwa ki fè yo pa ka pran desisyon ki merite pran yo pou yo retire pep saa nan malsite ke li ye.Byen ke mwen pa apwouve srikti ke Gerard bissainthe vle mete sou pye ya-youn lot gouvenman nan dyaspora -,men mwen apiye youn oganisatyon de dyaspora pou kanalise ed nou ba pep la de youn lot fason.

Revelatyon siggere ke nou voye semans ba fanmi nou pou yo plante.Mwen kwè se youn bonn ide tou men mwen kwè ke nou ka fè plis.Genyen youn paket tè leta ki ap gaspiye ;pouki sa nou pa ka mande a travè oganisatyon ke Bissainthe vle mete sou pye pou nou anferme tè sayo konsa oganisatyon saa a amploye agronom ki pou ankadre travayè agrikol sa yo pou nou ka eksplwate tè sa yo ak traktè ak finansman dyaspora.Nou ka menm mete youn magasen kote nou ka lwe trakte e tout zouti modern ke nou beswen pou nou laboure tè sa yo.Agrikilti ak pik ak pikwa pap janm ka pwodwi ase manje pou ba 9 milyon moun manje a gogo.

manje sayo ke nou pwodwi sou tè sa yo nou ka vann yo nan magasen pa nou ki pa nesèman a bi pou fè benefis jis pou nou ede pep la.Mwen pa kwè nan kreye youn gouvenman nan dyaspora ,men mwen kwè nan youn oganisatyon de dyaspora ayisyenn lan tout patou genyen ayisyen pou nou wè ki jan lajan ke nap voye an ayiti ka servi non pa selman pou nouri fanmi nou men pou nouri pep la.Mwen kwè nou ka kreye youn bank agrikol an ayiti menm jan agrikiltè ameriken genyen savings bank pou ti plantè nou ka kreye yo nan diferan depatman nan peyi ya.

Sa fè plis pase 50 lane ke nap voye lajan an ayiti menm si li ede paran nou men li pa ede peyi ya vre paske birokrat yo anglouti tout taks ke paran nou peye nan enpo lokatif, nan lot taks ect.yo pa konprann ke genyen twop kolektè pou ti maché ya.alò fok nou blije chache youn lot moyen pou nou ede peyi ya.Piga moun kouri kritike m ,wmen pa deyè oken plas ni nan oganisatyon saa ni nan gouvenman ;se jis wont mwen wont de eta ayisyen ye nan peyi ya ki fè mwen fè sigjestyon saa. mwen kwè lide Bissainthe lan se youn lide ke nou dwe kontinye konsidere.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum