Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

+3
Rodlam Sans Malice
Marc-Henry
revelation
7 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  revelation Mer 19 Mar 2008 - 17:24


Nou menn nan Diaspora pa bezwen atake gouvenman, ni palemante yo direkteman.

Se nan peyi lot bo dlo ke nap viv, fok nou itilize fos ke nou genyen pa bo isit.

Fos ke nou genyen nan men nou se ke:

Majorite nan nou peye tax nan peyi ke nap viv la.

Majorite nan nou gen dwa vote nan kominote ke nap viv la.

Chak moun sou bo pa yo ou byen an group kap voye email bay Nation Unies pou di yo ke Program MINUSTAH yo a echwe. Paske insekirite, kidnaping toujou anvahi peyi a.

Atache foto a l’appui dans tout email nap voye bayo.

Unité Relations Média
Porte parole : Sophie Boutaud de la Combe
MINUSTAH
11, Impasse Théodule Bourdon
Port-au-Prince, Haïti
Téléphones
Portable : +1-509 34-78-62-99
Bureau : +1-509 / 22-44-20-50 ext. 6555 ou 6035


Email : press@minustah.org

http://www.un.org/french/peace/peace/cu_mission/minustah/

Fok nou voye email bay ACDI pou di yo ke program de developman ke yap fe an Haiti a echwe !! Ke lajan ke yap depanse an Haiti e sipote tout konsiltan fo mamitt etranje sangsu sa y opa bay okenn resilta pozitif. Peyi a vinn pi mal. Atache foto nan tout email ke nap voye bayo.

http://www.acdi-cida.gc.ca/cidaweb/acdicida.nsf/Fr/Accueil

Pour plus de renseignements
Bureau des relations avec les médias
Agence canadienne de développement international (ACDI)
200, promenade du Portage
Gatineau (Québec)
K1A 0G4
Téléphone : (819) 953-6534
Courriel :
info@acdi-cida.gc.ca



Fok nou voye email bay USAID pou di yo ke program de developman ke yap fe an Haiti a echwe !!

Ke lajan ke yap depanse an Haiti e sipote tout konsiltan fo mamitt etranje sangsu sa yo pa bay okenn resilta pozitif. Peyi a vinn pi mal. Atache foto, wout kraze, moun kap manje biskwit laboue, koripsyon pami dirijan yo, anpil foto nan tout email ke nap voye bayo.

http://www.usaid.gov/

http://www.usaid.gov/locations/latin_america_caribbean/country/haiti/

http://www.state.gov/

http://www.congress.org/congressorg/home/



Si malgre $1.600.000.000,00 Milliard dolla ke Diaspora voye chak ane an Haiti. Yo di ke nou echwe e nou pa gen vale !!

Fok kominote internasyonal la tou avek ti kraze $129.000.000.00 Million dolla ke yap sipote Haiti chak ane fe mea kulpa yo tou pou di e rekonet ke yo echwe tou e presans yo pa gen vale tou!!

Tout oganizasyon sa yo ap mete bel foto sou sit yo pou fe propagand ak piblisite pou trompe le mond e jistifye lajan ke oganizasyon sa yo ap depanse pou yon peyi kap vinn pi mal.

Apre, se yo ki pral griyen dan sou nou!!

Si nou fe nouvel la gaye e bonbade yo avek email chak semenn. Yap oblije pran yon desisyon e fe yon lot direksyon.

Paske si nap kontinye fe menn bagay la toujou, se menn resilta ke nap genyen !!

Ann rele Ammmmweeeee!! e Fe yo tande vwa nou !!!!!

Revelasyon


revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Marc-Henry Mer 19 Mar 2008 - 22:36

Il faut penser à boycotter les politiciens haitiens.... C'est ainsi que nous allons nous faire entendre et comprendre. Boycottons -les parlementaires.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Rodlam Sans Malice Mer 19 Mar 2008 - 23:21

Tou dabò mwen pa kwè ke youri Latorti veksem lè li di nou se blan.pase si Youri se rasis,li rayi blan jan li di ya li pat dwe vivan jodya.Alò vye pawol radot konsa mwen pa ba yo enpotans.

men pou mwen si dyaspora vle fè tande vwal se pou nou soutni kandida ayisyen ki pwogressis ki ap travay reyelman pou ini peyi ya kote tout pitit li genyen menm dwa.fok nou pa pran nan manti ankò ,se pa jodya nap reklame pou konstitutyon chanje pou rekonet doub natyonalite se nad marinad.Men li tan pou nou mete lajan nou kote bouch nou ye.Si se sa nou vle se pou nou sipote kandida ki pral defann dwa nou ak lajan nou.Tout moun konnen ke lajan itil anpil nan youn kanpay.Se pou nou sipote Kandida o Sena ki pral reyelman travay pou yo aboli vye konstitutyon saa.Menm jan nou kotise nan kanpay kandida isit o Zeta Zuni ou Kanada se pou nou kotise nan kanpay moun serye an ayiti ki pa pran poz natyonalist yo san ke yo pa konprann ke youn peyi ki mande ed menm pou fè palaman an fonktyone ;mande pou anpil reform fet ladann.Fok nou soutni kandida ki konprann valè sakrifis ke diaspora ap fè pou soutni paran ak zanmi ki rete deyè yo.fok nou pa konte sou zot men konte sou tet nou.An nou fome youn oganizatyon pou chanje peyi ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  revelation Jeu 20 Mar 2008 - 10:11


Marc Henry a dit :


Il faut penser à boycotter les politiciens haitiens.... C'est ainsi que nous allons nous faire entendre et comprendre. Boycottons -les parlementaires.



Rod di:
men pou mwen si dyaspora vle fè tande vwal se pou nou soutni kandida ayisyen ki pwogressis ki ap travay reyelman pou ini peyi ya kote tout pitit li genyen menm dwa.fok nou pa pran nan manti ankò ,se pa jodya nap reklame pou konstitutyon chanje pou rekonet doub natyonalite se nad marinad.Men li tan pou nou mete lajan nou kote bouch nou ye.Si se sa nou vle se pou nou sipote kandida ki pral defann dwa nou ak lajan nou.Tout moun konnen ke lajan itil anpil nan youn kanpay.Se pou nou sipote Kandida o Sena ki pral reyelman travay pou yo aboli vye konstitutyon saa.Menm jan nou kotise nan kanpay kandida isit o Zeta Zuni ou Kanada se pou nou kotise nan kanpay moun serye an ayiti ki pa pran poz natyonalist yo san ke yo pa konprann ke youn peyi ki mande ed menm pou fè palaman an fonktyone ;mande pou anpil reform fet ladann.Fok nou soutni kandida ki konprann valè sakrifis ke diaspora ap fè pou soutni paran ak zanmi ki rete deyè yo.fok nou pa konte sou zot men konte sou tet nou. An nou fome youn oganizatyon pou chanje peyi ya.
Marc Henry e Rod, http://haitianamericanstoday.org etan yon organizasyon non-politik, nou pakap declare ouvetmant ni an kachet boykote, ni interfere nan politik yo peyi souveren ki deja pa rekonet nou kom sitwayen yo.

Kontribisyon ke nou resevwa se pou fe zev de charite nan peyi d’haiti se pa pou nou sevi avek li pou metè ni jetè gouvenman.

Sepandan etan pitit peyi d’Haiti, nou gen dwa mande pou nou patisipe nan chwa elektoral e patisipe nan eleksyon.

Nou gen dwa mande pou yo chanje kadna pot konstitisyon an pou pitit pep la ki deho sa kap antre tou e patisipe nan developman peyi a tou san ke nou pa boykote paleman, ni jete gouvenman.

An nou kontinye fe presyon sou yo e montre yo nesesite pou yo chanje ti moso tit II atik 13 e 15 lan nan konstitisyon san ke nou pa menase yo ni boykote travay yo.

Fok nou konsantre nou sou chanje lwa peyi a ki a toupizi nou kom « pitit deho »

Haiti se manman pitit ke li ye!

Kelkeswa gouvenman ki monte sou vant li, tout pitit li se pitit, ke w rete andedan ke w rete deho.

An atandan, konsantre nou sou vi familyal nou, sou madam ak pitit nou, sou travay nou, sou finans e investisman ak pensyon nou. Pa kite aksyon arogans paleman haitien vire loloj nou.

An nou kalma e oganize nou nan kominote ke nap viv la.

Yon jou, fok yo mache vinn sou nou e mande chita koze sou problem nou.

Revelasyon


revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Marc-Henry Jeu 20 Mar 2008 - 10:35

Wou konnen ke politicien toujou ap vini fe kampagne lan diaspora a. Je pense que la prochaine fois qu'un de ces politiciens visitent la diaspora, il faudra tout simplement les ignorer. Je veux parler de ceux qui ne prennent pas clairement position en faveur de la double nationalité.

C'est ma perception des choses. Il faut les forcer à prendre position pour la double nationalité sinon il faudra les boycotter.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  OBSERVER KEEN Jeu 20 Mar 2008 - 14:07

konye la nou we se mwen ki gen rezon, nou we mabouya sa yo se ipokrit ke yo ye, nou bon selman pou voye ba yo selman, men li pou yo mashe sou dwa nou, yo fe li le yo vle. yo gen rezon ap manke nou dega konsa, nou pa konn vale tet nou ak sa nou prezante pou ayiti.
mwen gen tan voye di fre ak se mwen yo, mwen pa gen yon goud map voye, si yo vle mwen voye yon goud, komanse ale devan paleman an mande pou rekonet dwa ayisyen kap travay di pou voye okipe yo an ayiti.
nou pa gen kran se sak nou pap reyisi aryen!!!
mwen pale ak moun pa mwen, mwen di yo ke lot moun nan dyaspora a ap voye moun yo menm bagay la tou.
o mwen map we si yon rime te ka pase pou komanse fe yo pe an ayiti!!!!

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  revelation Jeu 20 Mar 2008 - 14:45

OBSERVER di:
mwen gen tan voye di fre ak se mwen yo, mwen pa gen yon goud map voye, si yo vle mwen voye yon goud, komanse ale devan paleman an mande pou rekonet dwa ayisyen kap travay di pou voye okipe yo an ayiti.
Mwen dako avek w KEEN!
Fok nou di moun lakay problem nou avek mamb paleman yo!! Yo bezwen lajan nou, fok yo rekonet nou kom Ayisyen!!!

Fok nou mande tout mezon transfer yo, CAM, HATREXCO, Western Union, tout BANK yo ki bezwen deviz e dolla ameriken pou yo fonksyone pou yo piblikman deklare sipo yo pou doub nasyonalite sa!!
Nou mande yo pou yo organize yon "1.8 Milliard Dolla March "devan kay palemante yo e devan pale nasyonal la pou yo tande vwa nou.
Si nap travay di pou nou voye lajan bayo, fok yo gen kouraj pou mezon de komes sa yo avek tout kliyantel yo sipote nou nan mouveman sa.
Revelasyon

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Invité Jeu 20 Mar 2008 - 15:36

Encore une fois, je vous invite à la prudence dans les démarches que nous devrons adopter.

Tout d'abord, nous devrons identifier les vrais ennemis des Haitiens vivant à l'étranger. Essayons d'énumérer quelques uns d'entre eux:

  1. le sénateur Youri Latortue, débouté du droit d'asile aux Etats-Unis à cause de son implication dans la drogue
  2. le sénateur Gabriel Fortuné, qui a vécu au Canada mais n'a jamais pu entrer dans le monde professionel mais aujourd'hui est jaloux du ministre de la justice, Magloire, ancien procureur au Canada
  3. certains juristes haitiens qui comprennent que l'intégration de la diaspora dans la politique haitienne menacent leurs intérets mesquins

  4. ...
Par contre, la vraie population haitienne qui sait que l'intégration de la diaspora est vitale pour un transfert d'argent et de technologie vers Haiti soutient cette idée de toute leur ame.

Nous devrons cibler nos vrais ennemis.

La diaspora doit faire en sorte pour dévoiler à la majorité des haitiens le plan machiévélique de ce petit groupe qui ne défend que leurs ambitions politiques au détriment du bonheur d'Haiti.

Il faut continuer avec cette idée de pétition, puis des campagnes à la Télé, Radio, Internet, puis attaquer l'Etat haitien en haute justice internationale, et meme changer les prérogatives du Ministère des Haitiens Vivant à l'Etranger.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  kakakok Jeu 20 Mar 2008 - 20:29

Une petite chanson de Julio Iglesias UN JOUR C"EST TOI < UN JOUR C"EST MOI ! Le retour de l'armee est aussi un acte constitutionnelle..n'est-ce pas vrai ??????
Nous de la diaspora nous ne sommes que des vaches a lait ! NOU PA GENYEN VWA NOU GENYEN KE BON COEUR NOU A POCHE NOU !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Thunder Sam 22 Mar 2008 - 10:57

Sèl fason mwen panse ke Lelit la ka fè yo tande vwa li, se envestisman. 1.8 milya dola a se tranzite ke li tranzite Ayiti sèlman. Di mwen konbyen ki ale nan developman peyi a vrèman ? ...Nad marinad, tout kòb-lan retounen kote li sòti a sou fòm acha pèpè ak tchanpan.

Kilè pou dyaspora a di ke yo pral envesti nan peyi-a epi montre elit lokal la kòman yo trete ouvriye ? ...se pou yo ba yo yon salè pa lè, asirans maladi pou tout fanmi yo, bati lekòl gratis pou pitit yo, bati kay pou yo ki sanble kay moun ak lajan ke yo prete yo san enterè...

Ki lè ya mande pou leta Ayisyen bay yo chak yon nimewo ? epi pou kòmanse fè devwa yo, pa voye transfè dirèkteman bay Gouvenman an. Paske tout "dwa" mache ak devwa, tout "privilèj" mache ak kondisyon.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Sasaye Sam 22 Mar 2008 - 11:49

Sèl fason mwen panse ke Lelit la ka fè yo tande vwa li, se envestisman.

Thunder, mwen kwè ou vle di diaspora olye lelit.

Si se sa, mwen dako 100% avè w.

enm jan ak tout lòt Ayisyen, diaspora a aji san metòd.
Voye lajan bay fanmi pa devlope yon peyi.
Mete lajan lan pwoje fè peyi avanse.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Thunder Sam 22 Mar 2008 - 12:51

Sasaye,

Dapre Sans Malice, definition "elit" lan se ti gwoup ki genyen savwa ak avwa a. E ki gwoup ki genyen karakteristik sa yo ? ...Se dyaspora a. Donk yo fè pati de "elit" la tou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Sasaye Sam 22 Mar 2008 - 13:10

Ok, mwen pap fe yon lot deba sou nosyon saa.
Men dapre mwen LELIT genyen yon karakteristik boujwa ke diaspora pa genyen.
Savwa ak avwa pa vle di boujwa.

Anatandan mwen dako ak sa w di sou envestisman konpare ak sipote fanmi.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Rodlam Sans Malice Sam 22 Mar 2008 - 14:59

Thunder

Pa mete pawol nan bouch mwen non.jan ou pale de dyaspora se tankou se youn gwoup omojenn(kote tout moun ki ladann yo panse menm jan ) ki pa genyen plisyè kalite moun ladann.

Menm jan genyen youn elit an ayiti genyen youn elit nan dyaspora.Menm jan genyen doktè.infirmyè, avoka, ingenyè,kontab teknisten ,teknokrat an ayiti genyen yo tou nan dyaspora,men mwenm jan genyen moun ki nan di an ayiti genyen moun ki pov nan dyaspora tou.

ou di ki lè na vinn envesti lajan nou an ayiti pou nou montre elit ki an ayiti ki jan yo trete ouvriye,wi, nou ta byen renmen vinn envesti lajan nou an ayiti men fok elit ki rete an ayiti komanse pas respekte vot majorite natyonal tou dabò pou genyen stabilite nan peyi ya.Si apre 1986 chak fwa youn gouvenman monte elit la te kite li te fè manda li ,peyi ya te stab mwen kwè genyen anpil moun nan dyaspora ki ta vinn bati kay yo an ayiti,mete youn ti bizniss kanpe.Si nou te fè sa genyen anpil moujn nan dyaspora ki te ka bay o mwen 3 moun travay lakay yo.men pou sa ka fet fok genyen lod e disiplinn nan peyi ya.Menm jan map peye youn blan pou koupe zeb lakay mwen netoye deyo kay la.se menm jan mwen te ka peye youn ayisyen pou te pran swen kay mwen an ayiti tou.Lè wap gade ki jan Barbados devan ayiti men se konstriktyon ak touris ki fè tout pwogrè sa yo.men tou Barbados pa genyen kou deta tou tan.

ou pa ka mande m pou finn travay di pou mwen fè youn ti ekonomi pou mwen al envesti l nan youn peyi kote moun pa respekte menm konstitutyon peyi ya.Wi mwen fè pati elit la.men mwen pa genyen menm konseptyon ak elit ki genyen an ayiti ki se youn bann san konsyans ak mersenè.genyen ekseptyon men majorite elite la se youn elit inkonsyan.

ou di ke lajan dyaspora voye an ayiti pa itil peyi ya anyen paske lajan tounen menm kote li soti ya, paske li servi a achete batenklan ak pèpè.men sa ki fè se pèpè ayisyen ap mete sou yo koulyè ya ?lè mwen te ap grandi an ayiti mwen pat konnn mete pèpè sou mwen.se bos kordonye ki te konn fè soulye pou mwen mete nan pye m .se tayè ki te fè kostim kominyon m se you chapo lenn selman papam te achte mete nan tet mwen ak youn bel kostim ble maren ke youn tayè nan rue 14 te taye mete sou mwen .e se menm bagay la lè mwen tap marye se te youn tayè nan Rue du centre ki te koud youn bel kostim pou mwen.

Se gouvenman san koutya ki te la depi lontan ki te vinn pemet pèpè ap rantre nan peyi ya.se konsa tout tayè ,kordonye imigre o Zeta Zuni.men gouvenman pa kreye lekol vokatyonel pou ranplase artisan sa yo.Yo pito ogmante nonb depite ak senate, anbasadè, konsil birokrat ,minis .lontan te genyen youn Presidan san premye Minis peyi ya te mache trè byen men peyi ya vinn pi pov yo ogmante kou gouvenman an an kreyan youn paket senate ak depite se sak fè taks yo kolekte sou 1 milya plis dola ke dyaspora voye chak ane pa ka kreye byen ak servis anko tout reset leta pase nan peye birokrat li pa menm ase yo blije ap mande tout la sent jounen menm pou yo fe elektyon chak 2 zan.Alò se nan kondityon saa ke peyi ya ye jodya epi pou di m pou mwen vinn envesti lajan m ladann.

Lè a genyen moun ki pragmatik ki genyen youn lot visyon de wol gouvenman an ayiti lè hing hang tout la sent jounen an a fini ;lè sa si m la toujou ma fè youn kout pye pou mwen wè sa mwen ka fè.men tou tan se san konsyans ,san visyon ,san sans .san charite sa yo ki nan tet peyi ya ;ti mari pap fè youn pa nago.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  revelation Sam 22 Mar 2008 - 19:09

Gen anpil moun kap devyè sijè a pou yo tayè yon chapo “LElite” pou metè sou tet Diaspora. Boulos se 1 moun, nou menm nan Diaspora nou se pliske 2 million moun e nou pa Lelite..

Diaspora pa Lelite ni nan peyi blan, ni an Haiti. Nou fe pati de yon klass travayezz ke nou ye. Se travay nal travail chak jou. Nou leve a 6 ze di matin e se ve 7 a 8 te di swa nap rentre la kay nou.

Anpil nan nou gen chans jwen bon djob pou 1) Peye mortgage 30 ans, kap pete fyel nou e anpil nan nou konanse pedi lajan nou avek mache lajan sa ki nan problem 2) Peye student loan pou tet nou, madam nou e pitit nou pou yo sa gen yon edikasyon .3) Se yon le konsa ke nou pran yon ti vacans avek tout fanmi an e se Holiday Inn ke le pli souvan ke nou fe la desand e se nan « all you can eat « e kafeteria ke tout fanmi anal manje le pli souvan . 4) Si se pat travay mwen, mwen pa tap konnen sa rele domi nan yon lhotel 5 etwal, ni manje bon manje nan gwo restoran. Tout moun nan diaspora ap travay di pou okipe fanmi yo e voye yon to kob ale an Haiti bay fanmi yo. Nou menm nan Diaspora, toujou gen yon moun ki retè deyè ke nap sipote. Swa yon demifrè ou byen yon demisè, swa yon kamarad danfans ki nan di an Haiti. Nou mete yon ti kob spesyalman pou yo.

Donk an nou retè solid!!! Fok nou pa konmanse divize Diaspora an Lelite. Nou tout se klass ouvriyer ke nou ye. We are from 2 paychecks of being homeless!!

Diaspora se yon klass mwayenn travayisk ke yo te ye an Haiti, e lè yap tounnen, yap toujou menm klass mwayenn sa toujou men fwa sa pi solid, pi sansib, e pi fraternal avek fre ak se yo. Se yon vid ke nou pral konble ki ant lelite la e mass defavorize yo. Se yon klass mwayenn solid ki fe yon peyi !!

Anpil moun ap pale de investisman !! Nan men ki yes ke lajan dolla pase avan ke lal jwen pep la ??

Fok nou komanse dabo avek instisyion finansye sa yo kap resevwa lajan Diaspora. Tout gwo bank echanj yo, tout mezon transfe yo, dolla se nan men yo en premye ki li vini anvan l al jwen ti fanmi nou. Fok se yo ki pou komanse avek zafe investman. Menm jan ak konpani telefone DIgicel, voila, yo kap vand »air » e kap ranmase lajan, fok mezon finansye yo ouvri de tibank de prêt tou patou pou pep la. Ba yo direksyon ki jan pou yo achte yon vye machin pou fe taxi, ki jan pou yo fe yon ti komess e ki fason keyo kap repeye lajan sa yo. Fok mezon finansye say o fe partnership avek kliyan yo. Kole konesans e lajan ansan, paske pep la tou sel pap ka fe li.

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Thunder Dim 23 Mar 2008 - 0:42

Sasaye,

Sa a se yon lòt deba pou nou fè sou sa, pou nou montre diferans ant elit ak boujwa. An atandan ban m pale ak Sans Malice ak Revelation.

Sans Malice,

mwen pa mete oken pawòl nan bouch wou, se wou ki te ekri ke "elit" se ti gwoup ki genyen savwa ak avwa a. Mwen konnen ke dyaspora pa yon gwoup omojèn, se nou menm ki pa konnen ke elit lokal la pa omojèn nonpli. Se nou menm ki konprann ke tout moun ki pa danse kole ak lavalas se trèt.

[size=12]ou di ki lè na vinn envesti lajan nou an ayiti pou nou montre elit ki an ayiti ki jan yo trete ouvriye,wi, nou ta byen renmen vinn envesti lajan nou an ayiti men fok elit ki rete an ayiti komanse pas respekte vot majorite natyonal tou dabò pou genyen stabilite nan peyi ya.Si apre 1986 chak fwa youn gouvenman monte elit la te kite li te fè manda li ,peyi ya te stab mwen kwè genyen anpil moun nan dyaspora ki ta vinn bati kay yo an ayiti,mete youn ti bizniss kanpe.Si nou te fè sa genyen anpil moujn nan dyaspora ki te ka bay o mwen 3 moun travay lakay yo.men pou sa ka fet fok genyen lod e disiplinn nan peyi ya.Menm jan map peye youn blan pou koupe zeb lakay mwen netoye deyo kay la.se menm jan mwen te ka peye youn ayisyen pou te pran swen kay mwen an ayiti tou.Lè wap gade ki jan Barbados devan ayiti men se konstriktyon ak touris ki fè tout pwogrè sa yo.men tou Barbados pa genyen kou deta tou tan.


Se sak fè m ap toujou di ke nou renmen pou bourik travay epi pou chwal vinn galonnen. Poukisa nou toujou ap tann se vwazen an ki pou kòmanse fè sa ki bon ?

...Menm jan Babad pa genyen koudeta konsa, se menm jan li pa genyen oken lidè dèyè manman ki ap ensite, tolere, patronize moun pou fè vyolans, se menm jan wou pap wè gagòt, piyay nan kès leta, se menm jan wou pap jwenn represyon politik, se menm jan wou pap wè pou nenpòt ti krik ti krak pou pè Lebren ap boule, pou katedral ki pi ansyen nan Karayib la ap boule, se menm jan w ap wè se sèl jij ki regle zafè lajistis, wou pap wè pou 1 milyon dola vèt Taiwan bay leta pou envestiti yon prezidan al tonbe nan kont bankè enstitisyon prive prezidan sa a, se menm jan wou pap tande 20 milyon dola pou bati wout ak lopital pou pòv yo disparèt nan kès leta... Babad genyen yon gouvenman "business friendly", ki lakòz ke yo genyen yon klas mwayèn pwisan. Nou menm se sa ki opoze a ke nou ap preche.

Lè a genyen moun ki pragmatik ki genyen youn lot visyon de wol gouvenman an ayiti lè hing hang tout la sent jounen an a fini ;lè sa si m la toujou ma fè youn kout pye pou mwen wè sa mwen ka fè.men tou tan se san konsyans ,san visyon ,san sans .san charite sa yo ki nan tet peyi ya ;ti mari pap fè youn pa nago.


Eske wou konnen se apeprè menm eskiz lan ke elit lokal la bay tou... Yo menm yo di tout tan ke gouvenman ap naje nan koripsyon, ap voye mafya ame vinn ransone yo, pou prezidan ap pran tax yo pou peye blan milyon dola pou bay sekirite pèsonèl, ap peye lòbis pou eseye repere imaj yon rejim kowonpi, pran tax yo pou peye kò milis milyon pou entimide tout yon pèp, pran tax yo pou separe bay zanmi pèsonèl pou "sèvis randi" sou fòm "Ti pwojè Prezidans" elatriye... tout tan bagay sa yo pa rezoud ti Mari pap monte, ti Mari pap desann. Hummmmm ![/size]
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Thunder Dim 23 Mar 2008 - 1:16

Revelation,

Sa nou genyen nou pè etikèt elit lan konsa a ?

Anpil nan nou gen chans jwen bon djob pou 1) Peye mortgage 30 ans, kap pete fyel nou e anpil nan nou konanse pedi lajan nou avek mache lajan sa ki nan problem 2) Peye student loan pou tet nou, madam nou e pitit nou pou yo sa gen yon edikasyon .3) Se yon le konsa ke nou pran yon ti vacans avek tout fanmi an e se Holiday Inn ke le pli souvan ke nou fe la desand e se nan « all you can eat « e kafeteria ke tout fanmi anal manje le pli souvan . 4) Si se pat travay mwen, mwen pa tap konnen sa rele domi nan yon lhotel 5 etwal, ni manje bon manje nan gwo restoran. Tout moun nan diaspora ap travay di pou okipe fanmi yo e voye yon to kob ale an Haiti bay fanmi yo. Nou menm nan Diaspora, toujou gen yon moun ki retè deyè ke nap sipote. Swa yon demifrè ou byen yon demisè, swa yon kamarad danfans ki nan di an Haiti. Nou mete yon ti kob spesyalman pou yo.


Deskripsyon sa ke wou bay la genyen anpil moun Ayiti ke nou rele elit la ki nan menm sitiyasyon sa a wi, pi fò moun an Ayiti travay di anpil pou yo ka manje yon ti bout pen jodi a wi, yo al pran kout ponya pou mete pitit yo nan bon lekòl pou demen yo ka kichòy wi, Yo fè vi yo ap manje mawi moulen blanch pou yo posede yon magazen anba lavil wi, Se aval yo fè sou chèk yo pou labank pa sezi kay yo wi. Li pa fasil an Ayiti pou w sòti de mas defavorize a pou w tonbe nan klas ki genyen "avwa ak savwa a" avèk swè nan fwon w non.

Fok nou komanse dabo avek instisyion finansye sa yo kap resevwa lajan Diaspora. Tout gwo bank echanj yo, tout mezon transfe yo, dolla se nan men yo en premye ki li vini anvan l al jwen ti fanmi nou. Fok se yo ki pou komanse avek zafe investman. Menm jan ak konpani telefone DIgicel, voila, yo kap vand »air » e kap ranmase lajan, fok mezon finansye yo ouvri de tibank de prêt tou patou pou pep la. Ba yo direksyon ki jan pou yo achte yon vye machin pou fe taxi, ki jan pou yo fe yon ti komess e ki fason keyo kap repeye lajan sa yo. Fok mezon finansye say o fe partnership avek kliyan yo. Kole konesans e lajan ansan, paske pep la tou sel pap ka fe li.


Non! ...e non! ankò, pinga nou tann se entèl ki pou vinn fè anyen, nou genyen "avwa ak savwa" se pou nou fè. Lè nou te sòti nan zantray manman nou se pat nan men yon ajan otorize Western Union ke nou te tonbe, se te yon fanm chay, yon mis lopital osinon yon bon samariten ki te retire flèm nan nen nou, pou poumon te ka kòmanse respire oksijèn pou nou chita dèyè òdinatè sa a jounen jodi a.

Se Ayiti ki ban nou lavi, pinga nou tann se lòt moun ki pou tranpe kasav pou li. Se pa voye lajan bay tonton oubyen matant entèl ki ka retire Ayiti nan Katchouboumbe sa a, se pou nou mete men nan pat la, kolekte lajan pou prete malerèz pou yo fè ti degaje yo, pa ba yo yon pwason chak jou sa a ensiltan, montre yo peche pito, epi apre sa nou a bat lestomak nou tankou King-Kong "...RRRRRRROARRRRR ! JE ENVESTI 1.8 MILYA DOLA VèT TANKOU POWO DAN SE PETI PEYI".
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Rodlam Sans Malice Dim 23 Mar 2008 - 14:20

Thunder

Se sek visye saa ki pou brise.Pou youn gouvenman pa peye milisyen fok "elit "ak boujwa yo respekte manda presidan yo.Se sa Gerard Latorue rekonet.Ki sak fè Francois Duvalier te forme VSN lan?ou ka pat ko fet mwen mwen te la mwen te genyen 18 lane se paske youn paket militè te rantre nan kasern Dessalines vinn di li pou li kite Palè ya.ki donk Duvalier te blije kreye kor VSN lan pou li te retire wol lame tap jwe kom se li ki mete e retire presidan.

Ki sa ki fè Aristide te blije peye milyon dola a youn servis sekirite ameriken se paske Cedras te arete li pandan ke li te presidan.Se aktyon ki fè reyaktyon byen ke mwen pa dako ak sa Jean bertrand Aristide te fè ya men mwen konprannn reyaktyon an li ya.

sa ke pou nou reyalise koulyè ya se pa chanje gouvenman tankou nou chanje chemiz sou do nou ki pral retire peyi ya nan misè saa .se lod ,disiplinn ,travay . e itilise ti resous peyi ya byen konsa piti a piti na fè nich nou.Wi se mwen se wou ,se tout ayisyen ki pou sispann goumen pou pouvwa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  revelation Lun 24 Mar 2008 - 13:52


Thunder di:


Revelation, Sa nou genyen nou pè etikèt elit lan konsa a ?

Deskripsyon sa ke wou bay la genyen anpil moun Ayiti ke nou rele elit la ki nan menm sitiyasyon sa a wi, pi fò moun an Ayiti travay di anpil pou yo ka manje yon ti bout pen jodi a wi, yo al pran kout ponya pou mete pitit yo nan bon lekòl pou demen yo ka kichòy wi, Yo fè vi yo ap manje mawi moulen blanch pou yo posede yon magazen anba lavil wi, Se aval yo fè sou chèk yo pou labank pa sezi kay yo wi. Li pa fasil an Ayiti pou w sòti de mas defavorize a pou w tonbe nan klas ki genyen "avwa ak savwa a" avèk swè nan fwon w non.

Thunder, w pakab konpare Diaspora avec lelite haitienne nan!!

Nou te kite Haiti komm yon klas mwayenn !!

Nou viv nan peyi etranje komm yon klass mwayenn e mwen ta souwete ke nou retounin komm yon klas mwayenne !!

Nap retounin avek lajan nou, komesans nou, kontak nou e sitou, sitou, sitou 3 fwa sitou avek yon lot atitid !!

Fwa sa pou nou reyisi nan peyi nou le nou tounen, fok nou chanje konpotman nou pou lelite la sa di : "aaaahh neg diaspora sa yo gen bonn manye papa !! Yo byen elve, yo save, yo gen respe pou moun, e yo gen honet te". Kom nap nouvo nan peyi a, fok nou derape sou yon nouvel bazz. Fok nou gen yon track record de bon kon potman avan ke nou plonje nan politik pou yo pa di:

Damn it!! These Diaspora, they never learn, they keep making the same mistake over and over again!! Just keep it simple, and trouble free!!

If you are a doctor, don’t wear your blouse 24 hours. Relax! Haiti is a tropical country.

Don’t bring a MRI or any sophisticated computerized machines. They don’t have, or not yet stabilized electricity over there, and no technicians to repair these machines. Keep it simple, no show off!!

Si nou retornen avek prinsip sa yo avek nou, nou gen 110% chans reyisi e develope peyi d’Haiti.

MEN, si nou retounen, avek arogans, yon atitid je sais tout, frekansite, manke dirijan dega o lye ke nou pote yo sekou. E byen, pep la ap trete nou menm jan ak lelite la.

Thunder di:
Non! ...e non! ankò, pinga nou tann se entèl ki pou vinn fè anyen, nou genyen "avwa ak savwa" se pou nou fè. Lè nou te sòti nan zantray manman nou se pat nan men yon ajan otorize Western Union ke nou te tonbe. Se Ayiti ki ban nou lavi, pinga nou tann se lòt moun ki pou tranpe kasav pou li.
Thunder, eske w tande pale de globalizasyon, coorperasyon, patneship, inyon euro, CARICOM, alba, etc?? Ale nan yon libreri piblik ou byen nan intenet la. Fe yon semenn ap li sou bagay sa yo. E map rete tann pou mwen we si wap tounen di sa w di la ke : Se Ayiti ki ban nou lavi, pinga nou tann se lòt moun ki pou tranpe kasav pou li. On pa gen rezon le w di yon bagay konsa.

Rod di:
sa ke pou nou reyalise koulyè ya se pa chanje gouvenman tankou nou chanje chemiz sou do nou ki pral retire peyi ya nan misè saa .se lod ,disiplinn ,travay . e itilise ti resous peyi ya byen konsa piti a piti na fè nich nou.Wi se mwen se wou ,se tout ayisyen ki pou sispann goumen pou pouvwa.
Nou absoliman dako avek w Rod!!

Se klass mwayenn ke nou te ye, nou pat lelite, ni nou pap tounen lelite, nou pat jamb fe kou deta, nou pa nan fe kou deta. Nou pral tounen dan le respe, lod e la disiplinn. Pa gen moun sot nan peyi a, tout moun se konesans ke yo bezwen e ke yap chache.

Si nap tounen avek yon bon atitid, nou met achte yon ticket one way.

Men si nap tounen avek yon atitid kolon, konkistador gwo panpan, nou te met achte yon ticket round trip, and don’t give up your day job!!

Revelasyon

http://haitianamericanstoday.org


revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Rodlam Sans Malice Lun 24 Mar 2008 - 14:34

Revelatyon

mo elit la pa toujou genyen youn move sans.ou konn tande yo pale de youn tireur d'elite.youn moun ka fè pati de youn elit san pou otan ou pa boujwa.Nou ka pran anpil nan ansyen profesè nou yo ki te manb elit peyi ya.yo ka pat genyen gwo fortune men yo se te manb distingue nan koté yo tap viv la.Se nan sans sa ke mwen di wi mwen se lelit koulyè ya.se pa pou mwen vante tet mwen.e genyen anpil nan nou ki te soti an ayiti pov ki jodya fè pati lelit kote nap viv yo.pa ekzanp pran ti moun mwen yo ki soti ayiti ti pov,men jodya a kos de jefo paran yo e disiplinn yo nan lekol ;yo se lelit peyi ya.paske gras a dye yap travay byen e yo frekante meyè lekol yo.yo pa boujwa men yo se lelit.

Lè nou tounen an ayiti si nou genyen chans saa. se pou nou pran ekzanp e eksperyans kote nou tap viv la pou nou chanje kondityon frè ak sè nou yo.se pa pou nou tounen kom eksplwatè san konsyans ;menm jan yo te trete nou o Zeta Zuni kote yo te konnen fok nou te manje,fok nou te ka jwen swen doktè lè nou malad .youn kay pwop pou nou rete,lekol pou pitit nou ,se konsa pou nou trete travayè ki ap travay ak nou.Mwen pa di sepou nou peye yo o komansman menm salè ke youn ouvriye ameriken touche men se pou benefis antrepriz nou kreyo separe benefis la selon sa chak moun kontribiye nan bonn mach li;se pa pou nou touni pou nal fè moun rele nou Monsieur Untel ou madame Untel selman fok nou ka ba yo moyen pou yo ka viv youn ti vi pli zou mwen byen.

se pa plas leta ki enterese m poum ta tounen an ayiti.mwen pa di tout moun pou panse tankou mwen.si m ta genyen chans tounen an ayiti anvan mwen mouri se prodiktyon natyonal la pou mwen al mete men pou m ogmante.paske pou mwen se pa janm politisyen ki fè devlopman nan okennn peyi.Se travay.entelijans,entreprenè,lod, disiplinn ki fè devlopman.se sak fè nou nan eta saa paske nou toujou ap tann youn tonton Noel ki ap vinn pote joujou pou nou epi antre tan nou finn tounen pwatann fennen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Thunder Lun 31 Mar 2008 - 10:45

Rodlam Sans Malice a écrit:Thunder

Se sek visye saa ki pou brise.Pou youn gouvenman pa peye milisyen fok "elit "ak boujwa yo respekte manda presidan yo.Se sa Gerard Latorue rekonet.Ki sak fè Francois Duvalier te forme VSN lan?ou ka pat ko fet mwen mwen te la mwen te genyen 18 lane se paske youn paket militè te rantre nan kasern Dessalines vinn di li pou li kite Palè ya.ki donk Duvalier te blije kreye kor VSN lan pou li te retire wol lame tap jwe kom se li ki mete e retire presidan.

Ki sa ki fè Aristide te blije peye milyon dola a youn servis sekirite ameriken se paske Cedras te arete li pandan ke li te presidan.Se aktyon ki fè reyaktyon byen ke mwen pa dako ak sa Jean bertrand Aristide te fè ya men mwen konprannn reyaktyon an li ya.

sa ke pou nou reyalise koulyè ya se pa chanje gouvenman tankou nou chanje chemiz sou do nou ki pral retire peyi ya nan misè saa .se lod ,disiplinn ,travay . e itilise ti resous peyi ya byen konsa piti a piti na fè nich nou.Wi se mwen se wou ,se tout ayisyen ki pou sispann goumen pou pouvwa.

Wi ! ...fòk sèk visye sa a kase. Men, se pa chita ap blame tout moun ki kapote diktatè yo, pandan ke wou di wou "konprann" pouki rezon ke yo kreye milis.

Paske mwen panse ke apre 1986, politisyen Ayisyen te dwe pran ekzanp, menm avèk anviwon 30.000 makout nan tout kwen peyi a. Lè pèp sa di w li pa avè w , pa genyen anyen ki pou sove w. Men yo pa janm pran leson.

Makout, Atache, Fraph, Chimè Lavalas... pa genyen youn ki ka genbe yon rejim kowonpi sou pouvwa. Se pèp ki kenbe moun sou pouvwa.

Pou m fini fòk mwen raple w ke se pa apre koudeta 1991 lan ke Aristide te fòme ti Gestapo pa li a. Li te gen tan fòme USP, depi kan li monte an, ki te genyen nan tèt li Nesly Lucien si mwen raple m byen. Mesye sa yo te gen tan ap arete moun epi al entèwoje yo nan Palè Nasyonal oubyen nan Ministè Enteryè, lè se pa disparèt yo disparèt moun sa yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Thunder Lun 31 Mar 2008 - 11:05

Revelation ekri :

Thunder, eske w tande pale de globalizasyon, coorperasyon, patneship, inyon euro, CARICOM, alba, etc?? Ale nan yon libreri piblik ou byen nan intenet la. Fe yon semenn ap li sou bagay sa yo. E map rete tann pou mwen we si wap tounen di sa w di la ke : Se Ayiti ki ban nou lavi, pinga nou tann se lòt moun ki pou tranpe kasav pou li. On pa gen rezon le w di yon bagay konsa.


[size=12]An verite, mwen pa konprann poukisa wou di mwen pa di pou nou pa rete tan pèsòn anvan nou kòmanse fè pou Ayiti. Se sak fè ke n ap mete kòz sou lòt moun nan, nou pa konnen ke se nou menm ankò ki lakòz, yon moun te mèt pa dakò ak mwen. Men m ap di l byen fò : se Ayisyen ki kenbe Ayti nan eta li ye la a.

[size=12]Yon lòt bò... fòk mwen di nou ke elit lokal ak elit dyaspora a pa genyen diferans nan mantalite yo, Dyaspora a se yon echantiyon Ayisyen ki genyen yon lòt lokal. Yo pa ka genyen restavèk nan peyi adoptif yo, men yo genyen nan kay ke yo genyen Ayiti, W ap wè laplipa bati depandans ak latrinn bwa pou restavèk ak gason lakou, epi pandan se tan "master bedroom" yo genyen jakouzi.


[size=18][b][size=18]Anvan yo rantre Ayiti, yo pral achte yon bann krizokal pou yo montre Ayisyen lokal yo ke yo pa kanmarad yo...

Atansyon se pa denigre m'ap denigre dyaspora a non, men fòk nou balanse opinyon nou, fòk nou bay verite a kri.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Sasaye Lun 31 Mar 2008 - 12:09

Thunder,

Se vre elit ki lan dyaspora a se menm bagay, paske sak lan dyaspora a se te menm lelit ki te an Ayiti a.

Sètadi, fanmi, kouzin, pitit sa k rete an Ayiti yo.
Lot ayisyen ki vin fè gwo lajan lan dyaspora a, pa lelit e lelit an Ayiti a pa p janm rekonèt yo.
Pran Simeus kom ekzanp.

Genyen ki gen restavèk Ozetazini e Kanada.

Afè latrin lan lakou kay modèn yo, mwen te deja rapote sa.
Donk an jeneral nou dakò.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  revelation Mar 1 Avr 2008 - 15:15

Thunder di:
Yon lòt bò... fòk mwen di nou ke elit lokal ak elit dyaspora a pa genyen diferans nan mantalite yo, Dyaspora a se yon echantiyon Ayisyen ki genyen yon lòt lokal. Yo pa ka genyen restavèk nan peyi adoptif yo, men yo genyen nan kay ke yo genyen Ayiti.
Sasaye di:
Se vre elit ki lan dyaspora a se menm bagay, paske sak lan dyaspora a se te menm lelit ki te an Ayiti a. Sètadi, fanmi, kouzin, pitit sa k rete an Ayiti yo.
Lot ayisyen ki vin fè gwo lajan lan dyaspora a, pa lelit e lelit an Ayiti a pa p janm rekonèt yo. Pran Simeus kom ekzanp. Genyen ki gen restavèk Ozetazini e Kanada.
Mesye an nou antand nou byen sou sije sa.
Listwa montre ke diaspora ki kite Haiti dan le zane 60, 70, e 80 majorite ladan yo sete moun nan klass mwayenn ke yo te soti. Yo te professe, dokte, injenye, biznisman, etidyan inivesite e tout lot moun ki tap kouri sove pou rejim kraze zo etc.. Klass mwayenn sa yo kite yon vaccum nan sosyete Ayisyenn nan ki vinn kreye yon impak sosyal, ekonomik e politik nan peyi d’Ayiti. Se vaccum e trou vid sa yo ke nou pral konble e se nou ki pral sevi de catalys ant lelit tradisyonel la e mass defavorize yo.
Thunder ak Sasaye e lot elatrye yo di ke Diaspora se Lelit. Mwen menm di ke nou gen tout karakteristik yon lelit. Anpil nan nou gen edikasyon, gen lajan, gen yon profesión, nou investi nan fanmi yo e yo konnen sak kap pase dan le mond e yo konnen gou bouch yo.
Men sepandan mantalite e konpotman Diaspora e bi d’apartenans nan mitan sosyete a e viv avek pep la diferan de lelit tradisyonel la. Diaspora ta byen fou apre ke yo finin viv 20 a 25 ane an exil, nan fredi la beige, nan al lekol di swa, nan travay di nan yon peyi rasist e le yo ta tounen nan peyi yo, se poz lelit yo ke yo te pral pran. Sa pap fe sans!!
Diaspora gen dwa pran poz lelit li si li vle paske yo gen lajan pou sa, men yap patisipe nan developman peyi a tou se ki yon nan rezon ke yap tounen lakay.
Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Sasaye Mar 1 Avr 2008 - 16:44

Sètadi, fanmi, kouzin, pitit sa k rete an Ayiti yo.

Sa vle pitit lelit ki rete an Ayiti yo.

Pou yon moun fè pati lelit sosyal, ou fèt pou genyen yon liyaj avek klasa lelit la. Genyen yon sistem klan ki etabli ki fè youn rekonèt lot: keseswa non fanmi l, tradisyon fanmi l , tou sa konekte ak lajen epi relasyon.

Yon nèg lan lot klass mèt fè yon dividal lajen, li vin rich, men sa pa fè l manm lelit.
Sa ki eseye vin manm lelit resevwa malonèkte.
Mande, Simeus, Dezulme ak anpil gwo tonton makout oubyen milonè Bolèt.

Donk, genyen yon pati lan lelit la ki lan dyaspora a.
Yo kontinye menm bagay Ayiti yo. Yo gen klib lan Forest Hill, N.Y. kote yo pa aksepte lot ayisyen. Yo pito aksepte blan.
Mwen si genyen en pe lan Kanada.

Wi gen anpil ayisyen klas mwayen too, men kounye a, majorite ayisyen lan dyaspora se te malere an Ayiti.


Dernière édition par Sasaye le Mar 1 Avr 2008 - 17:45, édité 1 fois
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!! Empty Re: Diaspora!! Fe Yo Tande Vwa Nou !!!!!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum