Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

la Vi chè ya eske li selman ekonomik ou byen li politik tou

Aller en bas

la Vi chè ya eske li selman ekonomik ou byen li politik tou Empty la Vi chè ya eske li selman ekonomik ou byen li politik tou

Message  Rodlam Sans Malice Dim 13 Avr 2008 - 8:15

Lè youn moun ap gade sa ki ap pase nan tout lot peyi ke se swa nan peyi devlope ou byen nan sa ki soudevelope yo ou rann ou kont ke se politisyen do kale yo ki responsab de misè ke majorite moun sou la tè ap sibi.men tou se pa politisyen selman ki responsab.nan anpil peyi tankou ayiti se klass sa yo rele elit la ki resonsab katastrof saa e mwen pap ezite di li yo fè grangou a pi red pou yo ka fè pep la pran la ri epi pou yo di ke lavalas echwe.Men eske se vre se lavalas ki echwe?

Mwen sot ap li entervyu ke madan manigat bay kote li esplike ki jan nan vil a linteryè peyi ya se tankou se youn doub enportatyon ki genyen pou serten pwodwi.genyen youn pri ke w peye nan vil ki bò kot la e ou genyen youn lot pri nan vil ki a linteryè yo e se la verite paske moyen nou itilise pou nou transporte machandiz yo pa ekonomik ditou.Non selman pa genyen wout ki pou pemet kou transportatyon a redwi men tou a koz pri pretwol la ki ap ogmante chak jou fè pwodwi enpote yo vinn pi chè.kote ki te sanse grenye vil sa yo se la ke pwodwiyo vinn pi chè

Men tou lè wap gade pri petwol la lè li soti nan rafinery yo e konbyen li ap vann ou rann ou kont ke se pa vre baril lwil la pat dwe koute tout pri saa se gwo manjè ekzekitif konpayi tankou Exxon ,Chevron , Shell etc ki ap touche santenn milyon dola pa ane ki rann la vi pi chè.se chak ane wap tande konbyen bilyon lajan ke konpayi sa yo fè benefis e konbyen PDG yo touche pa ane.

Se menm jan tou si youn moun gade konbyen benefis prodiktè diri yo fè sou chak sac diri ou rann ou kont ke se pa prodiktè yo vre ki fè la vi ya pi chè men se revandè yo ak taks ke leta mete sou manje yo ki fè li vinn pi chè.Taks sa yo pa itil anyen pou ogmante pwodiktyon natyonal la paske yo pa menm sifi pou peye birokrat ki ap grate santi nan biro leta.

Prevsal di bese taks yo pa solutyon an se pa vre..si li pa youn solutyon a lon term li se youn solutyon koulyè ya.paske nou pap ka pwodwi ase menm si nou envesti nan lagrikilti pou nou satisfè beswen popilatyon saa ki gran gou.E manb boujwasi patripoch la ap sere boulon an pired paske se pa yo ki o pouvwa.

pep ayisyen pran nan twa rwa.youn kote li pran anba yo paket iresponsab ki nan youn gouvenman tet an ba. youn lot kote li pran anba boujwasi patripoch la ki ap fè l peye frekansite li paske se pa yo ke li vote nan elektyon epi youn lot kote li prann anba politysyen magouyè ki ap pouse di fe paske se pa yo ki bò tab la..Se sak fè mwen di ke grangou klorox la pa selman ekonomik men li politik tou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum