Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-50%
Le deal à ne pas rater :
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
69.99 € 139.99 €
Voir le deal

Grangou Klorox, Supergrenn e Rejyon Surpeuple

Aller en bas

Grangou Klorox, Supergrenn e Rejyon Surpeuple Empty Grangou Klorox, Supergrenn e Rejyon Surpeuple

Message  revelation Sam 19 Avr 2008 - 18:46

Dan le zane 70 e 80, peyi industriyel yo te vinn introduy dan le mondyon seri de
grenn manjè ki fet nan laboratwa ke yo rele “Supergrenn”. Lide prodiksyon
supergrenn laboratwa sa yo sete pou satisfe grangou pep peyi tyermond yo.

Supergrenn sa yo te kap prodwi 3 a 4 rekolt manjè pa an konparativman
a tigrenn rachitik yo ki prodwi 1 a 2 rekolt pa an.
Byenke grenn laboratwa sa
yo prodwi anpil rekolt manje, men se yon gren ki mande anpil antretyen tou:
Li mande anpil dlo irigasyon, dlo ki tap sevi pou satisfe popilasyon e
rest betay yo.
Li mande anpil angrais ke ti peyi yo oblijè achte nan men peyi blan ki
koute tet neg.
Li mande anpil pestisid ke ti peyi yo oblije achte tou nan men gwo peyi
blan.
Problem ki genyen seke le yon teren ap prodwi 3 a 4 rekolt pa an,
teren sa vini fatiguè, e le nou ajoute engrais chimik, e pestisid sa yo, touye
environman e infiltre nan system irigasyon dlo potab nou ki vinn kozè anpil
moun malad.
Supergrenn sa yo pa rezoud problem grangou e anpil lot peyi krazè kitè
sa e retounen nan system tradisyonel la ki se prodwi manjè san produi chimik la
dan yo. Kiltive manje avek grenn tradisyonel rachitik la pa rapotè, ni pakab
bay tout popilisyon manje. Men li bon pou
avironman an, li organik sa vle di san prodwi chimik ladann. Ti peyi yo komanse retounen
anko nan agrikilti organik. Ti peyi yo fe plis kob e foreign exchanj le yon vand
prodwi organic sa yo nan gwo peyi blan yo.
Problem supergrenn aplikab non selman nan agrikilti, nap jwen yo tou nan elevaj poul, ze, kochon, ak bef. Zannimo sa yo chaje ak pwodwi chimik la viand yo!! Se sak fe gen anpil moun ki gra kou kochon a koz de prodwi chimik sa yo ki infiltre nan san yo.
Men si ti peyi kontinye
prodwi manje avek supergrenn yo, moun ap toujou koutinye mouri grangou.
Meyer solisyon ki genyen, se retounen nan agrikilti tradisyonel la.Li pap sifi pou tout moun se vre, men a longterm lap pi bon pou nou.
Yon lot bagay ki impotan anko se diminyè sou nombr popilasyon an. Gen trop moun nan peyi a sitou nan sekte mass pep la.

Sou chak yon timoun ke klass favorizè a fe, mass la men deja sou 4 timoun. Fok gouvenman fe yon program kote ke chak fanmi kelkeswa klass li fe 2 timoun Selman.
Bout tè d’Ayiti se menm grose ke li rete depi 1804. Li pap vinn pi gwo ni pipiti. Men popilasyon an pase de 1.5 million moun 8.5 million moun e timoun san papa ap kontinye fet chak jou.
Leta gen pou pran responsabilite li nan bagay men jan chak gason gen
pou pran responsabilite yo tou nan grennen timoun tout kote yo pase.
Fok leta egzijè ke tout famm ki vinn akouchè nan lopital bay non papa timoun nan pou sevis sosyal egjije pou neg sa pran responsabilite li an men.
Bagay sa tre tabou nan peyi a e anpil neg mezirè virilitè yo pa nomb
de timoun ke yo grennen sou te a. Yo fyer di ke yo gen 20 a 25 timoun, men le w mande yo konbyen ke yo okipe, yo femen dlo’l yo sek.
Chita mande blan manjè pepe ak sinistrè pap rezoud problem grangou
nou lap selman avili karakte nou devan lot ti peyi yo nan karayib la.
Rele yo kapitalist tou pap rezoud problem grangou nou. Ni se pa site non
moun kom kandida PM.
Alexis te osi kalifyè ke moun sa yo. Men se pa yon kestyon de
kalifikasyon selman, men de lidership le ke yo monte o pouvwa pou nou we
karakte yo dapre desizyon ke yap pran. Donk pa koute tineg kap pedi tan yo li
ti jounal gochist, ekap di ke vant pov yo sou kontrol gwo peyi yo. Men verite
ke jounal gochist yo pap jamb di se ke nou menm ti pep, nou kap kontrole destine nou tou.
Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum