Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

+2
Rico
Joel
6 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Invité Mar 21 Oct 2008 - 18:40

Rappel du premier message :

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Arton2990

http://www.labanlieuesexprime.org/article.php3?id_article=2990

Invité
Invité

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rico Jeu 23 Oct 2008 - 17:48

Malice kenbe rol-ou lide m byen fèt pou zanmi w ki souvan an kontradiksyon avè w. Li pa janm vreman pran chans pou kontredi w. Li sanble konte sou wou pou jwe move kou .Alos mwen pa gen anyen pou di avè w.

E pwi Malice nan karayib la kisak fè nou dèrye bwat kamyon ap rele Leyogann. Wouuuyyy se pa serye kom twouvay. Se franse ou byen byen ti nèg patou ke li anglofonn ou frakofonn ki koken, volo, blofè, madigra mal maske tankou Chaloska kap fè tenten yo.

Bon depi ki lè sa ti nèg nwa dayiti te frankofonn, sa. Tonè boule m si Ayisyen te ale lekol pale byen pale franse an gran nonb leta peyi pa tap sa ditou. Pwoblèm nou se ledikasyon, nou gen twop ti nèg ki pa gen mwayen ak kapasite pou aji sou pwoblèm yo. Se poze pwoblèm yo vreman fason serye non nan chèche bibit ak fo pwoblèm.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 23 Oct 2008 - 22:45

Rico

Mwen pa janm di ke se lang franse ki la koz ke nou an retar konsa mwen di ke lang saa se youn nan faktè.Mwen pa konnen si w konn tande anpil ayisyen ap pale franse san se pa li yap li se pa de jefo non ,mwen pa konnen pou sa ki pase anpil tan kanada yo men an ayiti ou te ka konte konbyen ayisyen ki vrèman a lez ak lang franse ya tankou youn blan franse. mwen pap pale de ekri franse non map pale de pale franse.Pran youn ayisyen ki pase menm tan sa yo lekol isit epi fè l pale angle devan youn piblik san papye pou wè nan ki lang li pi a lez.A pa de ayisyen ki te pale franse depi yo tout piti lakay yo 3/4 ayisyen esite anpil lè yap pale franse san papye pa devan yo.

developman youn moun genyen plisye faktè ki kontribye a sa.Lang se youn faktè yo.map repete w li ankor si se te an kreyol yo te anseye nan lekol an ayiti 12 zan detid nou ta aprann plis bagay si te genyen bon reform ki te fet nan edikatyon an ayiti. nou tout konnen ke baz developman youn peyi se edikatyon ak injenyosite moun ki nan peyi ya.Si w konserve youn baryè pou 75% popilatyon ki jan ou pral devlope peyi saa?

Yo pa anseye moun pale franse an ayiti,fok ou wè nyans lan byen mwen di pale franse ni pale lot lang yo.Mwen ka resite tout klasik franse yo kom youn jacko repet sa pa vle di mwen pale franse pou otan.Mwen ka tradwi tout klasik angle yo tou sim pa tande moun natif natal ap pale angle pou mwen ap pale ak yo tou mwen pap janm pale angle menm bagay pou panyol; moyen audio visuel esantyel pou youn moun pale youn lang byen.Pran nenpot jenn gason ki pase 13 zan lekol si yo pat pale franse depi yo te ti moun mete youn devan youn piblik pou yo pale san papye wa wè pwoblem ,nan tout reg genyen ekseptyon .Mwen ka parye ak w 90 % ap genyen pwoblem.tandis ke dil pale kreyol pou wè ki jan li alez alor dim poukisa nou blije ap kenbe youn lang kom lang ofisyel nou tandis ke se pa vre 3/4 nan nou pa pale lang saa vre.Poukisa nou pa vle di ke kereyol se lang ayisyen epi ba elev dwa etidye lot lang yo vle a pati de elementè 2.Mwen ke vyej pete jem si mwen te genyen dwa saa lè m te lekol se angle ak panyol mwen tap chwasi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Joel Ven 24 Oct 2008 - 8:17

Mwen pa konnen kote Rico jwenn ak bagay li yo,ke se pafranse ki kòz nou an reta.

Franse kòz anpil peyi afriken an reta.
Grand savan e entelektyèl yo rele SHEIK ANTA DIOP LAN te rekonèt sa lan Senegal .Misye t ap mande poukisa tout moun sa yo pa konn li,misye te di poukisa yo pa t ize lang Wolòf lan tankou lang edikasyon,malpwopte ki rele LEOPOLD SEDAR SENGHOR lan te mete misye sou rezidans siveye pou sa.
Se jounen jodi an ke senegal ap ize wolof tankou lang edikasyon ,byen ke se pa tout popilasyon an ki pale l
Afrik di sid ,genyen trèz lang nasyonal,yo tout ize kòm lang edikasyon,swivan kote moun lan rete an.
Noumenm menm kriminèl nou genyen alatèt peyi nou an ,refize ize Kreyòl ,lang ke tout pèp lan pale an ,kòm lang edikasyon.

Wi RICO ,se youn lan rezon ke mwen ta renmen Aristide tounen lan peyi l ,paske li wè tankou gwo peyi tankou Afrik di Sid fonksyone ,e fwa sa a l'ap resi fè Kreyòl lan jwe wòl li te dwe jwe depi 1804 lan.

Epitou ,palan de egzanp malis bay lan,moun ki pale franse yo.
Lengwis Matinikè ki rele RAPHAEL CONFIANT an te bay egzanp de Ayisyen ki pase 10,12 zan lekòl ann Ayiti epi yo paka pale franse ,menm moun sa yo apre mwens ke 1 an lan Nouyòk ou jwenn yo ap degaje yo ase byen lan Angle.
Misye te vle ilistre pwoblèm ki genyen ak lang franse an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Sasaye Ven 24 Oct 2008 - 8:57

Mwen toutafè dakô ke Kreyôl rekonèt kom lang prensipal edikasyon an Ayiti.
Lanpwen okenn dout lan sa.

Mwen dakô ke kreyôl dwe lang prensipal ayisyen lan kominikasyon pale e ekri.
Mwen pratike l paske mwen ekri an kreyôl pi souvan pase franse.

Mwen pa gen pwoblèm ak lang.
Mwen pale kreyôl, franse, angle, pangnol, italyen.
M ap etidye kantonè ak mandaren e mwen degaje m ladan yo.

Se pou nou rekonèt ke gen gwo pwogrè ki fèt lan ane ki fenk pase yo e nou bezwen ke pwogrè sa yo kontinye.

Franse se sèlman youn lan rezon ki fè nou an reta.

Gen plisye lôt rezon tankou edikasyon jeneral, sistèm edikasyon an Ayiti ki pa apwopriye, mantalite popilasyon an ki afekte akôz de eksklisyon sosyal.

Li wè lang franse a kom yon lang boujwa e li vinn gen yon blok mantal kont li.
Li devlope yon konplèks enferyorite.
Menmjan yon sektè lan popilasyon an sèvi ak lang franse a kom zouti pou yo pratike eksklisyon an.

Poukisa lang franse pa retade Antiy fransèz yo ak Guyann?
Yo pale ni kreyol, ni franse san pwoblèm.
Yo pale san bege e san ezitasyon, jan ayisyen fè.

Epi si w al lan zil anglofôn yo, wap jwen yon pati lan popilasyon yo ki gen pwoblèm pale angle, menmjan ak afriken anglofôn oubyen endyen ak chinwa.

Eske nou tout pa viktim sekèl kolonyal ki bay pwoblèm lan lang ewopeyen?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Mawon Rcfranc Ven 24 Oct 2008 - 9:23

Sasaye a écrit:
Poukisa lang franse pa retade Antiy fransèz yo ak Guyann?
Ebyen, se paske lan kote sa yo, yo kòmanse anseye to moun yo lan lang kreyol la, e gradyelman yo introdwi ak lang franse a.

Pa etone’w pou’w wè si kreyol la ta vinn sèl lang edikasyon an Ayiti, vinn gen plis moun ki pale franse. Lè yon moun edike, lan nenpòt ki lang, li pi fasil pou li aprann lan yon lòt.

Madanm mwen ap travay pou depatman edikasyon vil Nouyòk. Li t’ap travay ak yon gwoup timoun ant douz a kenz zan ki soti Ayiti, ki pa konn ni li, ni ekwi lan okenn lang. Li develop program lan, kote yo pran ti moun sa yo, yo aprann yo li ak ekri an Kreyol avan, epwi yo mete lan klas nòmal, ak yon èd bo kote yo, pou eksplike yo an kreyol lè yo pa konprann yon bagay. Lan 6 mwa, wou konnen ti moun sa yo pale e ekri angle tre byen, yo menm depase anpil lot ti moun ki leve lan peyi isit.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Oct 2008 - 9:48

mawon

nou remèsye w pou temwayaj saa.mwen genyen 3 premye mitit mwen yo ki te fet an ayiti e ki te vinn piti o zeta zuni lè yo vini mwen te di ki lè ti moun sa yo ap aprann angle byen pou yo ka briye nan lekol ,si sa map di ya se manti ke youn kout loraj touye m kote mwen chita la;anvan mwen bat jem ti mesye ak tout pitit fi mwen yan ki te vini anvan yo pale angle pi byen pase m e yo pami meyè elev nan lekol Christ Roi.Nan high school nan lekol katolik se yo ki te preske toujou nan honor board.map mande tet mwen si se an ayiti yo te rete ap aprann an franse kote mwen pat la si yo ta briye konsa?

Lè wap aprann nan youn lang ke w pap pale ni w pa tande moun pale lakay w se pa de jefo pou fè pou konprann youn profesè blan ki ap eksplike w youn bagay.genyen ti moun ki byen dwe ki pat genyen pwoblem men e elev moyen yo ki pa genyen moun lakay yo ki ka eksplike pou ki sa youn patisip pasé ak oksilyè "avwa" akorde an janr e an nonb ak konpleman dobjè direk li selman si konpleman saa plase avan patisip la.si li plase apre patisip la rete neutre. sa vle di li pa akorde ak konpleman;ak oksilyè "etre" la menm patisip pase ya akorde an janr et an nomb ak sijè ya kelke swa plas sijè.Si w te pèdi youn jou lekol ou byen ou te distrè lè profesè blan saa tap eksplike bagay saa se pa 2 kalot wap pran anvan ou vinn fini pa konprann li.pita ou pral jwen menm pwoblem yo ak syntaks;nan ki lod pou plase mo yo nan youn fraz , ak stilistik franse;ou pa ka ekri ou di youn bagay nenpot ki jan fok w observe fom ke blan franse di ou ekri li. ak konkordans tan;si verb pwoposityon prensipal la nan youn tan fok verb ki nan pwoposityon subordone ya nan youn tan ki konkorde ak verb ki nan prensipal la. etc; youn paket grimas ki pi dekouraje w pale lang lan pase li kreye youn psykoz lakay w ;pi lwen yo pral fè w etidye youn paket klasik ki te ekri nan youn lot peyi nan youn tan lwenten.ki pa genyen oken rapor ak peyi w ak kilti w.ak tan wap viv la.Lè w finn etidye tout bagay saa yo nanlang blan li kreye youn konpleks lakay w kont malere ki pat genyen chans etidye tout radot sa yo men ou pa konn menm ki jan pou manje byen pou mentni sante w ou pa menm konnen tout pati nan kor ki fonktyon yo ranpli men yo di w ke w se youn filozof ou pa kanmarad peyisan analfabet la..Filozof my a..

ki aysyen ki pa preske fè youn kriz kadyak lè li tap prononse youn ti diskou san papye swa nan youn batem ou byen nan youn maryaj ou byen nan youn okasyon lan mor?mwen sonje premye fwa map prononse youn ti diskou nan okasyon batem youn pitit youn zanmi mwen byen ke pat genyen anpil moun la sa ki te rete poum te endispose a pat anpil.eske mwen tap genyen tout pwoblem sa yo si nou pat alyene fok nou pale franseeuu nan serten okasyon pou yo pa di nou se moun sot.se pou rezon saa mwen apresye tit Colo ba teks saa?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Joel Ven 24 Oct 2008 - 10:16

Mwen kwè ke EDWIDGE DANTICAT ,ki rekonèt pami youn lan meyè ekriven lan lang Angle an ,mwen kwè si m pa twonpe m, manmzèl se yon pwodwi edikasyon bileng li ye.

Epitou SASAYE.se pou w wè temwayaj nèg tankou CONFIANT ki ap di w "baton" yo te pran pou "Kreyolism" lè yo te lekòl.
Wi si yo te anseye timoun yo an kreyòl yo ta ka genyen mwens difikilte pou yo aprann franse;pwoblèm lan ou ta gen dwa edike yo an Kreyòl epitou franse vin pa enterese yo;yo ta gen dwa deside se Panyòl ou byen Angle yo vle aprann.

Se sa wi ,anpil ti nèg pè,yo pa vle pran chans sa a ,paske tankou Dr Michel de Graff di l ,yo itilize franse an tankou yon "asset".

Yo kenbe l koke l ,paske jisteman pa gen anpil moun lan peyi ki pale l.

Lan youn lan papye l yo MICHEL DE GRAFF rele franse "lang achte".Misye ize ekspresyon kreyòl lan epi li eksplike entèlokitè lang angle l yo,sa sa vle di

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Sasaye Ven 24 Oct 2008 - 11:21

Mawon,
Mèsi pou kontribisyon w lan sijè saa.
Li pote yon eleman enpotan lan pwen timoun aprann pi fasil lan lang yo pale.
Sa rejwenn rezonman Sanmalis la.

Men mwen doute sa w di de Antiy yo ak Guyann lan pwen yo edike timoun yo an kreyôl anvan yo montre yo pale franse.

Dapre sa m konnen, paske mwen kon Matinik ak Gwadloup byen, gen de fanmi lan zil sa yo ki pi fanatik franse ke ayisyen e jan Jowèl rapote sa Dr Konfyan di a, timoun pran plis pataswel pou kreyôl pase ti ayisyen.

Donk, nou bezwen eksplkasyon kijan yo fè pale franse pi alèz pase ayisyen.

Sanmalis, tout sa w di a se vre.
Franse se yon lang ki konplike e li difisil menm pou franse kap viv an Frans.
Pwoblèm lang lan te dwe regle avèk yon bon sistèm edikasyon se pa ak kalôt yon edike timoun.

E si kreyôl ta sèl lang edikasyon, lan sistèm saa yo t ap pran kalôt kanmenm.
Ou pat janm wè kijan ti restavèk yo tap montre silabè an kreyôl te konn pran kalot?

Donk sak fè pitit w yo aprann angle vit se akôz sistèm edikasyon an plis anvironman kote yo t ap viv.
Yo ta gen menm rezilta yo an Frans oubyen ann Espay.
Si yo te rete ann Ayiti yo t ap menmjan avè w.

Men zafè esklav entelektyèl la pa fè sans.

Jowèl, mwen pa gen pwoblèm ak denye tèks w a. Se vre tou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Oct 2008 - 11:30

sassaye

ou gen dwa pa dakor ak tit Colo a kote li di Francofou a se youn esklavaj entelektyel men tou fok ou rekonet se pa de kalot nou pran pou nou reyisi ka teke 2 mo franse.epi nou kontinye ap pran pataswel tout vi nou pou nou pale lang saa san papye nan men nou.Koute Preval nan konferans li te bay nan Brooklyn la wa wè "kout baton mantal e emotyonel " li tap pran poul di 2 mo franse.(lol)Poukisa yo te blije pinim sim pale lang mwen nan youn lekol?sa fè mwen pè pale an piblik san papye pou tout vi mwen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Sasaye Ven 24 Oct 2008 - 11:44

Sanmalis,
Si w li sa m ekri yo byen, ou ta wè ke m dakô avè w lan kestyon pran kalôt la.
Ou ta wè tou ke m dakô ke ayisyen gen pwoblèm lan ekprime yo an franse.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Oct 2008 - 11:51

"Men zafè esklav entelektyèl la pa fè sans"

Se fraz saa ki fè mwen reponn w konsa.paske se vre se youn esklavaj entelektyel li te toujou ye pou majorite ayisyen.se pa de kout kalot ak rale cheve m ke mwen ak anpil zanmim pran nan lekol ka frè O cap.Mwen sonje youn aprèmidi frè Marcelin tap bat Jacques Baker telman ki se youn zanmi danfans mwen sa ki te rete poum te kriye ya li pat anpil.Pouki sa se pa nan lang nou ke yo te edike nou?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rico Ven 24 Oct 2008 - 12:19

Rodlam Sans Malice a écrit:mawon

nou remèsye w pou temwayaj saa.mwen genyen 3 premye mitit mwen yo ki te fet an ayiti e ki te vinn piti o zeta zuni lè yo vini mwen te di ki lè ti moun sa yo ap aprann angle byen pou yo ka briye nan lekol ,si sa map di ya se manti ke youn kout loraj touye m kote mwen chita la;anvan mwen bat jem ti mesye ak tout pitit fi mwen yan ki te vini anvan yo pale angle pi byen pase m e yo pami meyè elev nan lekol Christ Roi.Nan high school nan lekol katolik se yo ki te preske toujou nan honor board.map mande tet mwen si se an ayiti yo te rete ap aprann an franse kote mwen pat la si yo ta briye konsa?

Lè wap aprann nan youn lang ke w pap pale ni w pa tande moun pale lakay w se pa de jefo pou fè pou konprann youn profesè blan ki ap eksplike w youn bagay.genyen ti moun ki byen dwe ki pat genyen pwoblem men e elev moyen yo ki pa genyen moun lakay yo ki ka eksplike pou ki sa youn patisip pasé ak oksilyè "avwa" akorde an janr e an nonb ak konpleman dobjè direk li selman si konpleman saa plase avan patisip la.si li plase apre patisip la rete neutre. sa vle di li pa akorde ak konpleman;ak oksilyè "etre" la menm patisip pase ya akorde an janr et an nomb ak sijè ya kelke swa plas sijè.Si w te pèdi youn jou lekol ou byen ou te distrè lè profesè blan saa tap eksplike bagay saa se pa 2 kalot wap pran anvan ou vinn fini pa konprann li.pita ou pral jwen menm pwoblem yo ak syntaks;nan ki lod pou plase mo yo nan youn fraz , ak stilistik franse;ou pa ka ekri ou di youn bagay nenpot ki jan fok w observe fom ke blan franse di ou ekri li. ak konkordans tan;si verb pwoposityon prensipal la nan youn tan fok verb ki nan pwoposityon subordone ya nan youn tan ki konkorde ak verb ki nan prensipal la. etc; youn paket grimas ki pi dekouraje w pale lang lan pase li kreye youn psykoz lakay w ;pi lwen yo pral fè w etidye youn paket klasik ki te ekri nan youn lot peyi nan youn tan lwenten.ki pa genyen oken rapor ak peyi w ak kilti w.ak tan wap viv la.Lè w finn etidye tout bagay saa yo nanlang blan li kreye youn konpleks lakay w kont malere ki pat genyen chans etidye tout radot sa yo men ou pa konn menm ki jan pou manje byen pou mentni sante w ou pa menm konnen tout pati nan kor ki fonktyon yo ranpli men yo di w ke w se youn filozof ou pa kanmarad peyisan analfabet la..Filozof my a..

ki aysyen ki pa preske fè youn kriz kadyak lè li tap prononse youn ti diskou san papye swa nan youn batem ou byen nan youn maryaj ou byen nan youn okasyon lan mor?mwen sonje premye fwa map prononse youn ti diskou nan okasyon batem youn pitit youn zanmi mwen byen ke pat genyen anpil moun la sa ki te rete poum te endispose a pat anpil.eske mwen tap genyen tout pwoblem sa yo si nou pat alyene fok nou pale franseeuu nan serten okasyon pou yo pa di nou se moun sot.se pou rezon saa mwen apresye tit Colo ba teks saa?

Map redi nou anko se karans peyi dAyiti nan tout domenn ki mete nou la. Zafè lang Franse ak kilti fransèz nou vle bay responsab debwa nou pa kanpe sou anyen. Pou Malis kap pale o wi mete ti nèg devan piblik pou fè diskou li komanse tranble. E byen Malice se anko manti. Madanm mwen se yon ansègnan nivo sekondè an lengwistik. Selon li se menm sa wap di tout jenn gason ak fanm gen anpil estrès lè w mete l devan piblik pou pèfome. Dayè se li menm ki fè mwen remake sa w ekri. Se jeneral pou yon Ayisyenn, Kanadyen ou Meriken.

Sa w di la mwen gen jenn ti moun Ozetazini tou, mete yo devan piblik sitou devan jenn parèy yo gen emosyon, pou byen parèt. Pou Malice anko te gen yon ti gwoup nan Lise Okap ki te rele an Francais:

Lycéen de la jeune culture;

Gwoup sa te konn inisye deba AK DISKOU POU JENN GASON AN BON FRANSE PÈFOMEN. Si w vle kwè m prof direktè tankou Arnobe Toussaint te byen ankadre gwoup sa ki te trè perfoman. Kolèj Notre Dame nan Okap te bawou tou aprantisaj konsa. Eske se saki ki bawou Tutud kom ansyen elèv lekol sa. Pwoblèm nou se twop lekol bolèt. Moun ki pa konnen anyen kap pwofese. Nou te toujou genyen yon ti mimorite ki ale lekol men ki mal fome. MEN SA NOU SANBLE BLIYE, KOTE NOU VLE LE AK YON POPILASYON YO DI 75% ANALFABÈT. Se sa nap pale la nan 25% ki sanse konnen yo gen plis ''analfabèt entelèktyèl'' Moun ki pa kap vreman itilize konsesans teyorik yo genyen pou itil yo nan lavi. Pwoblem lan se move aprentisaj. Se byen la nou ye.

Dayè moun konsa anpil se peyi etranje ki reyekilibre yo, Se pwoblèm nou e si w vle kwè m se saki maleng peyi dAyiti. Koulyè a se alfabetizasyon yo kenbe nan peyi sa, la anko sa pap pote bon rezilta selon ekspè. Se komanse genyen yon popilasyon ak bon konesans klasik, pratik avanse pou alfabetize mas yo pou konprann nouvèl reyalite modenn, sosyal ak yon ti kras syantifik. Alos ke menm ti gwoup eskolarize klasik yo, anpil se analfabèt tou , se jako repèt, se konesans livrèsk e teyorik yo genyen.

SE DEPI LONTAN NAP BOULE KONSA, NOU NAN MANTI, AN EGZANP GWO TEYORI PITAGO AP VOYE MONTE, SAN W PA KONNEN KISA W PRAL FÈ AK ZAFÈ KONSA. Se pou nou komanse pran konsyans pou remodènize ansèyman nan peyi dAyiti. An plis bay plis moun chans pou enstri yo. Nan yon mond kote nou rantre nan teknoloji nimerik ak enfomatik. Menm pou yon bon teknisyesn ajistaj ak yon bon mekanisyen nou dwe metrize syans enfomatik yo. Alos ki kote w vle ale ak bann moun analfabèt sayo. Eske se kilti ou tou senpleman move politik ak move dispozisyon ekonomik e sosyal ki bannou reta sayo.

Answit mwe pa vle tande zafè kilti franse nou genyen, se manti nou genyen kilti nèg kreyol dayilti ak yon amalgam meriken. Nou dekonèkte ak kilti Fransèz sa depi lontan. Se sa verite yo. Sispann pran nou pou Matinikè ou Gwadloupeyen. Kilti sou zantand sivilizasyon yo di an bon franse

Civilisation:
Ensemble de pratiques et de traits humains caractérisant une société particulière.

Nou pa gen anyen konsa ak saki rele Franse yo, ni menm Matinikè nan peyi dAYITI yo ki tou pre la ak nou. Sispann zafè kilti franse. AYISYEN KAP PETE TÈT YO NAN LITERATI FRANSE, NOU KAP KONTE SOU DWÈT. MAJORITE NAN YO PA VREMAN KONPRANN ANYEN. Selon mwen nou plis Meriken ak jenès nou yo sèjousi ki bon rapè, kap voye monte nan peyi Dayiti, Pran tout vye mès meriken ak pantalon kap trennen tankou kouch bebe nan fouk yo. Se sayo ki karateristik nouvèl ti pèp nou an. Sitou pou wou Malice kap pale o pase zafè ti minorite jenn ki te konn chansonèt franse, atis yeye Franse yo se fini. Mande yon ti jenn ki nouvo chantè franse, li pa konnen. Koulyè a fenomenn lan se rap nan tout katye popilè kap batay ak mesye cheve trese yo ki gen enfliyans rege Jamayiken. Fenomenn nan anvayi tout katye popilè kontreman epok wou tap vi Ayiti .

Se tout yon yon jenès konfondi ki amerikanize se vre fenomenn akiltirasyon kap vale teren. Nomalman li pote tout lo vyolans li ak pratik drog li tou kom tout kote. Alos se louvri je nou byen gran, mete bagay yo nan plas yo. Zafè pèsonèl nou gen ak LA FRANS E KILTI FRANSE SISPANN VENDETA SAYO. Pran tan byen evalye deriv peyi nou, ki gen lot rapo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Oct 2008 - 16:17

Rico

kom mwen pat fè etid sekondè nan lyse Philippe Guerrier mwen pa konnen sa wap pale ya.men se youn sel bagay ke mwen konnen ou ka konte ayisyen ki ka pale a lez an franse san ke yo pa genyen youn bout papye devan yo.Ou di ou ka jwen fenomen lan tou ka ti meriken ki pa byen prepare, mwen pa konnen ki sa wap di ya paske menm mwen ki pat fet nan youn peyi anglofonn mwen pale an piblik an angle san esitatyon nan reyinyon ki konn ap fet nan kote map travay, metem devan youn piblik an ayiti poum pale franse san papye wa wè pwoblem ke mwen genyen .Se pa selman youn kestyon de pratik non ke nou pagenyen nan pale franse an piblik ;franse se youn lang ki difisil menm pou moun ki pat pale l depi yo te piti lakay yo.

mwen dakor ak w ke ayisyen pa genyen youn kilti franse e ke franse pa lang nou .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rico Ven 24 Oct 2008 - 18:30

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Malice sa mwen vle di w nan epok mwen yo gen anpil jenn gason ak fanm Kite fè bon aprantisaj lang franse, ki evolye an franse san difikilte. Aprantisaj o nivo segondè an jeneral se te KOLÈJ NOTRE , LISE OKAP LA AK REJINA ASUNTA. Lise pa swiv akoz anpil prof jete yo pou Lafrik an plis makout tonbe mete moun pa yo nan nenpot klas. Map redi w anko se menm Kolej Notre Dame sa kite bawou bon prof ki fome doktè Tutud. Pou bawou selman 2 nan mesye sayo ke nou byen konnen ansyen minis Minis enteryè Henry Claude Menard ak René Magloire se te moun ki nan bon nivo.

Genyen anipl diplome pwomosyon epok sayo tout se briyan etidyan ki metrize pa selman lang franse, men kite pèfoman nan lot matyè yo tou yo. Nou te kap pran lot kolej tankou St Louis Gonzague ak Ti Seminè lontan, zafè y elèv pa metrize lang franse pa gen sa pyès. Gen anpli jefo pami seten prof Lise ki te pèfoman, men sistèm piblik la kraze jefo yo. Move kondisyon ansèyman ki pa kanpe sou anyen,twop elèv pa klas. LISE PIBLIK AK BANN TI LEKOL PRIVE BOLÈT PA GEN MWAYEN, NI VREMAN KAPASITE BAY YON BON KALITE ANSEYMAN.

Si tout lekol segondè peyi dAyiti te gen kondisyon ak mwayen lekol konfesyonal sayo, deriv nan edikasyon sa pa tap genyen li nan peyi dAyiti. ZAFÈ MOVE APRANTISAJ O PWEN MENM YON LANG YO PA METRIZE PA TAP GENYEN SA. Wap konprann jenn fanm ak gason nou abitye di ki pwentiye kappale bon franse se sitou SE PWODWI BON LEKOL SAYO AK SA MWEN PA OKOURAN NI KONNEN. SE SAKI PWOBLÈM NOU, NON YON ZAFÈ LANG. SA W TE VLE DI Ayisyen pi sot pase MATINIKÈ
AK GWADLOUPEYEN YO KI GEN BON JAN SISTÈM ESKOLÈ LAKAY YO. PRAN MENM SETEN PEYI AFRIKEN SE MOUN KI METRIZ BYEN LANG FRANSE SA AK SITÈM ESKOLÈ YO KI GEN APWI FRANSE.

Apre nou fout deyo Blan Franse nou pa vreman swiv sistèm detid modenn yo ki pa gen anyen arevwa ak sa nou kontinye pratike. Si se pa gras lekol konfesuonèe yo nou te foutu. SE DEPI TI LEKOL KAY FÈE YO JOUK NAN SEGONDÈ. pASKE DEPI NAN LEKOL ELEMANTÈE KONFESYONAL YON JENN KOMANSE GAZOUYE BON TI FRANSE. Malgre sa nou gen otodidak bann ti Ayisyen ki soti osi bon ak bon nivo gras jefo pèsonèl yo.Nou rankontre jenn sayo ki sitou nan SA NOU RELE LEKOL BOLÈT AK FOS JEFO PÈSONÈL YO.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Joel Sam 25 Oct 2008 - 8:07

Kite m di w RICO,mwen te lekòl ka frè Petyonvil yo.Epòk sa a nonmen nenpòt non moun lan boujwazi an ,se la yo te fè klas primè yo.

Mwen sonje ,Frè yo te gen yon pwogram pou fè timoun yo pale franse.Te gen yon afè de demerit ,si w tande yon elèv ap pale Kreyòl ,ou lage demerit lan lan men l.
Lè frè yo te entwodwi bagay sa a ,rekreyasyon te vini tankou yon mòg,paske timoun yo refize pale ,se te yon wounou wounou;e sa te ye pou menm timoun ki pale franse lakay yo.
Se Kreyòl timoun yo te pale antre yo,depi yo kite lakou ka Frè yo.
Mwen sonje yon bagay CARL FOMBRUN ,yon pitit boujwazi tradisyonèl lan te di.
Papa misye te prezidan Sena a sou Maglwa ak Estime.CHARLES FOMBRUN tou te minis sou Lescot ak Vincent.

Mwen sonje ke CARL FOMBEUN di ke prezidan,Senatè gwo zotobre elatriye ,te konn vizite papa l.Misye di li pa t janm tande mesye sa yo ap pale franse,se kreyòl li te konn tande yo ap pale.
An piblik ,lè y ap fè diskou se franse y ap voye monte ;men depi yo antre yo se bwa Kreyòl yo yo pran;paske gen sibtilite lè ayisyen ap pale ak ayisyen se kreyòl ki ka bay li.
Se konsa sa te ye depi tan la koloni,ak diferans kolon franse yo te konn ekri Kreyòl tou.
Yo jwenn nòt lan plantasyon Matinik ak Gwadloup yo an Kreyòl,bagay kolon yo te konn adrese ant yo..
Mwen pa vle twò long

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rodlam Sans Malice Sam 25 Oct 2008 - 11:28

Rico

Lè w di metrise youn lang ki sa w vle di ?konnen reg gramè,sentax,literati youn lang pa nésesèman vle di ou a lez pou pale l.mwen te genye anpil kondisp mwen ki te soti Seminè neg sa yo te for nan latin anpil men mwen pat janm tande yo ap pale franse nan klass la ni nan rekreyatyon.Ou met dim sa w vle si w pa pratike youn lang pale l tou tan e byen mon chè jou w beswen pale li ak youn moun mon che ou blije reflechi pou ba di betiz sitou pou franse.mwen pa di pa genyen ayisyen ki pale franse non.mwen di w ke lang nou se kreyol paske se ak li 99% ayisyen kominke antre yo.Si nou pale de nenpot sijè an kreyol poukisa nou pa anseye ti moun yo nan lang yo pale?mwen kwè se youn konpleks.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Rico Sam 25 Oct 2008 - 12:56

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Lè w di metrise youn lang ki sa w vle di ?konnen reg gramè,sentax,literati youn lang pa nésesèman vle di ou a lez pou pale l.mwen te genye anpil kondisp mwen ki te soti Seminè neg sa yo te for nan latin anpil men mwen pat janm tande yo ap pale franse nan klass la ni nan rekreyatyon.Ou met dim sa w vle si w pa pratike youn lang pale l tou tan e byen mon chè jou w beswen pale li ak youn moun mon che ou blije reflechi pou ba di betiz sitou pou franse.mwen pa di pa genyen ayisyen ki pale franse non.mwen di w ke lang nou se kreyol paske se ak li 99% ayisyen kominke antre yo.Si nou pale de nenpot sijè an kreyol poukisa nou pa anseye ti moun yo nan lang yo pale?mwen kwè se youn konpleks.

Malice metrize yon lang se byen kominike dabo ladann, eksprimen sa w vle di ladann . Zafè règ konplesk, sentax ak gramè, natif natal la Frans gen menm pwoblèm yo. Gen anpil mankman ak jenn nan bakaloreya an Frans. Wap twouve menm Afriken ou byen Antiyè ki plis efikas pase yo. Pa mande senp motèl gen efikasite nan lang blan. Sa mwen vle di w mande yon eleman klas segondè nan yon lekol kongregasyonèl ou lot kom yon bon elèv kote m te lekol alepok Kolej Sen Pyer e plizyè lekol nan kapital la se moun ki te kap eksprimen nan yon franse trè konpreyansib e fonksyonèl.

Dayè anpil jenn sayo te manb Enstiti Franse ni Okap ak Potoprens se an franse yo te veyikile. Malice se pou rezon konfidansyalite mwen te kap site w sitou Okap ekip jenn sayo ki te konn frekante enstitisyon sayo ki sèetobije fonksyonen nan yon franse akseptab. Map mete w sou pis depi kelke tan Prezidan w lan ak tout jenn nan jenerasyon l kelke tan apre m se an bon franse yo te konn fonksyonen ak pwof Franse ak Kanadyen. Se pa an kreyol yo te abitye kominike depi nan sizyèm ane nan matyè prof sayo te ansègnen .Se la pou konprann lè te gen yon bon aprantisaj yon lang se fasil pou yon endividi fonksyonèl ladann. Non bann lekol bolèt nou yo ki pa pale ni kreyol, ni franse, ki san idantite.

Malice eske dapre w ti nèg respekte tout nyans ak règ lang angle byen ekri, non se se non.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ? - Page 2 Empty Re: FRANCOPHONIE: Une histoire d’esclavage intellectuel ?

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum