Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
ETB Pokémon Fable Nébuleuse : où ...
Voir le deal

Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal

3 participants

Aller en bas

Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal Empty Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal

Message  Sasaye Mer 5 Nov 2008 - 1:20

Malgre dout ki te genyen jis lan dènye moman,
Malgre magouy repibliken ta p eseye fè,
Malgre kout lang ak pwopo rasis yo ta p voye.

Dènye piblisite yo montre Obama avèk pastè Wright
pou dekouraje moun ki pa konprann jwèt la.
Majorite Meriken pwogresis mete kô yo deyo pou vote pou gason total kapital la.

Yon moun mèt di sayo vle men Barack Obama se yon nèg eksepsyonèl e ekstraôdinè ki fè tout nèg lan tout peyi fyè.

Se yon moman istorik e plen emosyon, kote w wè moun total tankou Jessie Jackson avèk Oprah Winfrey ap kriye paske yo pat janm kwè yo ta wè e viv yon evenman konsa.

Mwen pa Meriken, mwen pap janm Meriken.
Men se pou yon moun rekonèt ke sak pase kay Meriken jodya pral afekte lemonn antye.

Sa pa regade m sak pase Ozetazini.
Men depi yo gen yon gouvènman ki respekte lôt peyi kelkeswa gwosè yo, kelkeswa koulè yo, alô mwen kontan paske pral gen mwens konfli, mwens eksplwatasyon, mwens foure dyôl lan zafè lôt moun.

Depi yo kite Ayiti trankil, se yon bon bagay.
Wi mwen ta swete dirijan Ayisyien konplimante prezidan Obama e louvri yon dyalôg avèk li.

Yon dyalog ant 2 chefdeta ki gen ega youn pou lôt, pou yo tabli yon patnèchip lan respè e solidarite, san flatri e san kwi.
Mwen swete ke espektak "ugly american" nan fini.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal Empty Re: Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal

Message  Nickie Mer 5 Nov 2008 - 6:11

queen Ayayay, sa sé gwo zafè, kozé ké bouch pa ka palé. Rèv Martin Luther réyalizé karatan apré. Obama sé fyèté, Obama, sé espwa, Obama sé kouraj tout sa ki té pansé ké li enposib pou you nwa monté wo, anben préjijé sa tonbé, wi li tonbé e tout nwa ka maché tèt anlè, nan respè la lwa, prensip ak demokrasi. Obama ékri youn nouvo paj nan listwa

Sé konpliman pou Obama, konpliman pou tout nwa. Mwen sweté ke BonDyé nan syèl la va ékléré chemen towo gason sa poul ka dirijé Étazina nan lôd ak disiplinn koté ni blan ni nwa ki té votel va kontinyé kiltivé menm fyèté sa ki té nan figi tout moun pandan swaré 4 novanm sa.

Bénédisksyon pou Obama ak fanmil
queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen queen
kingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingkingking
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal Empty Re: Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal

Message  Rodlam Sans Malice Mer 5 Nov 2008 - 9:30

"If there is anyone out there who still doubts that America is a place where all things are possible tonight is your answer"Obama said.


Nap pèmet mwen kom gwo kochon yo angrese repete mo ke nouvo Presidan meriken yan di nan diskou li yè swa.sa ke elektyon saa siyifi pou mwen e pou tout nwa nan mond lan?e byen pou mwen se diyite se demanti a teyori rasis ki di ke genyen youn ras ki enferyè.li banm fyerté tou paske li aprann mwen ke si yo ban nou menm oportunite ak nenpot ki lot moun nou ka fè otan si se pa pi byen.Li montre ke moun ki te refize kite mwen ak youn gwoup zanmi mwen manje nan youn restoran nan Massachusette o debi ane 70 la se youn iyoran, youn meprisab.

Genyen moun ki ka pa ka konprann siyifikatyon elektyon saa pou nwa ameriken a pou tout blan tankou nwa ki kont lenjistis,diskriminatyon,ipokrisy ,malveyans.e byen pou jeneratyon pam e tout moun ki te genyen tan viv o Zeta Zuni nan ane 60 kote menm nan lame chak ras te danse nan klib yo nan bor pa yo.kote ou pat ka manje nan restoran menm kote ak blan.menm lekol ak legliz te separe jodya montre ke ak youn bon gid moun ka chanje.chanjman yo ap pran tan men ak bon jan strateji e moun tet poze limanite ka vinn youn kote tout moun ap viv kom frè ak sè ,doulè youn se pou tout moun.Tankou Dr.Martin Luther King te di ya, lenjisits kont youn moun se lenjistis kont tout moun.Yè swa mwen tou mwen kriye paske mwen pat kwè mwen ta wè youn transfomatyon konsa nan sosyete ameriken yan.Elektyon Presidan Obama banm espwa ke pitit pitit mwen yo tou si yo aplike yo, mete disiplinn nan vi yo ka rive nenpot ki kote.

Se pa selman pou m manje poul mouye ke mwen renmen Eta Zuni non, mwen pat janm di ke se youn peyi parfè men kom Obama mwen rekonet ke pep ameriken ya pa youn pep mechan se pafwa move gid yo genyen e si genyen youn peyi kote moun ka genyen espawa ke youn jou vi w tou ka chanje e byen se isit la.se pa pou gremesi moun ap soti tout kote vinn o Zeta Zuni:nwa, blan, jonn, rouj se paske THe United States is still the shining city on the hill"

Mwen pat janm wont de natiralisatyon mwen e sim te genyen poum fè l ankor se ak fyerte mwen tap fè l.ke youn moun rele m vandi se bagay ki gade w.mwen konnen se pase map pase sou tè sa e se youn sel vi ke mwen genyen mwen te deside pou m te viv li nan meyè fason ke mwen te kapab.Jodya mwen pa regret anyen.Jis mwen mouri map lite pou m rann peyi saa ke mwen chwasi pou m fè li vinn pi bon.Vive les Etats-Unis d'Amerique, Vive Obama.God bless America.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal Empty Re: Sa ki te parèt enposib la rive: Obama prezidan Etazini, gwo evenman mondyal

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum