Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

+6
Rodlam Sans Malice
gwotoro
AnaCreole
jafrikayiti
Joel
Rico
10 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Mer 5 Nov 2008 - 15:10

Se byen Lamerik Evanjelis Konsèvatè, rasis eli finalman yon jenn politisyen dorijnn nwa. Wi pèp meriken chwazi youn nan minorite rasyal li pou mennen destine peyi sa nan moman gwo kriz ekonomik e finansyè lap travèse. Kèksyon an eske nan peyi Dayiti nou anko pre pou pèmet yon minorite rasyal nou yo rive sou pouvwa. Mwen pral tande ke Ayiti te toujou gen dirijan moun po klè. Non se diferan map pale nan kontèsk yon gouvenman demokratik non kou de fos ou byen enpozisyon gouvenman moun po klè pase yo avan Lescot nan koken.

Kèksyon a eske nou nan peyi dayiti nou pre pou aksèpte yon prezidan milat po klè o pouvwa. Sitou depi apre gouvenman Lescot peyi a pran yon viraj kote moun po klè pa ladann. Mouvman 46 lan debake jis sou ekip lavalas yo kanpe sou yon bit nwaris kote minorite moun po klè ou milat pa gen chans pou aksede o pouvwa. Poutan kap genyen moun potansyèl e byen kalifye tankou Obama pou travay pou peyi yo nan minorite rasyal po klè ou milat nan peyi dAyiti.

Map mande eske li pa nomal nan okazyon konsa pou fè lapè ant diferant kouch nan popilasyon peyi dayiti mete plis chans kote nou pou sove nachon sa. Eske Ayiti dwe sèvi ak tout pitit li blan, milat ou nwa pou chanje li. Eske pa gen nèg milat osi konpetan ak ak bon potansyèl pou kondwi peyi sa nan gwo chanjman sosyal ak ekonomik. An som kilè nou nan peyi dayiti kapab twouve yon lidè nan minorite rasyal milat ou blan ki kap nan nivo yon Obama.


Dernière édition par Rico le Mar 11 Nov 2008 - 12:50, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Joel Mer 5 Nov 2008 - 17:44

Rico ,

Pa mete sa k pa genyen.Si gen nèg milat pèp ayisyen an konsidere ki lan enterè l ,l ap vote pou li.

Mwen si ke si JAN DOMINIK te vivan e yo di se milat li te ye,pèp lan t ap vote pou li .Ke l te sa ou byen li pa t sa ,se sa yo te konsidere misye ke l te ye.

Gwo pèp lan pa gen okenn pwoblèm ag nèg milat ke li konsidere ki lan enterè l e sa depi dik dantan.

SYLVAIN SALNAVE ki te yon milat Kapwa ,te popilè anpil lan katye popilè Pòtoprens lan;se boujwazi nwa ak milat lan ki pa t vle wè l.

Si nou vle retounen sou JAN DOMINIK 2 pòsyon boujwazi an pa t vle wè misye ,menm jan yo pa t vle wè SALNAVE

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Mer 5 Nov 2008 - 19:56

E byen kilè na gen youn ki fè linanimite nwa, milat ou menm blan Ayisyen ou byen twouve yon bon ekilib. Se konsa tout sosyete nomal mache.Nou dwe twouve lidè sa pou mennen bak yon peyi kote koken pa vinn regle zafè yo yo selman.

Zafè pa vle wè minorite ki gen tout richès kom mechan lennemi se youn nan modi pwoblèm peyi sa. Ni non plis sèvi ak yo kom paravan. Wou pale m Dominik se byen men se yon moun ki two ekstremis, rankinye ki pa te kap ralye opozan li. Moun konsa fè move dirijan se ta kite mouche nan lapres. Nou dwe evite eksperyans moun two militan, aktif ki kanpe sou bit sa yo kwè fèmen pot ak konpwoni onorab e akseptab.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  jafrikayiti Mer 5 Nov 2008 - 20:40

"pèp merkien chwazi youn nan minorite rasyal li pou mennen destine peyi sa nan moman gwo kriz ekonomik e finnansyè lap travèse. Kèksyon an eske nan peyi Dayiti nou anko pre pou pèmet yon minorite rasyal nou yo rive sou pouvwa. "

Sipozisyon ki alorijin kesyon sa a pa byen kore ditou ditou.


Men sipozisyon mwen wè nan kesyon ou lan:

1) Kategorizasyon prezidan eli Ameriken an kom manm yon "minorite" se ta - daprè oumenm - premye faktè ki ta diminye chans li pou li vin prezidan Etazini

2) Ann Ayiti moun ki fè pati "minorite rasyal" la ta gen baryè ki - daprè oumenm - anpeche yo rive sou pouvwa


Osijè premye sipozisyon an, m ap di se pa yon fenomèn demografik ki alabaz fikilte desandan ansyen esklav yo ap viv nan sosyete Ameriken an. Tankou Obama di li nan diskou sou koze ras la - Papa Nasyon Ameriken an te bati yon Inyon ki pat pafè (Imperfect Union). Se sou baz sipremasi blan sosyete a te bati - menm jan ak Afrikdisid, Nouvèlzeland, Kanada elatriye. Kit yo minoritè nan espas kolonyal yo okipe a (Afrikdisid, Nouvèlzeland, Kongo), kit yo majoritè, blan toupatou sou latè te antann yo pou yo pwoteje "privilèj rasyal yo" ak gwo zam fannfwa, jenosid si sa nesesè (ekzanp Pèp Herewo a nan Kamewoun ke blan Alman te prèske disparèt elatriye...).

Kidonk, se pa yon kesyon "majorite" ki bay "minorite" chans yo ki ap jwe la a, se Amerika ki ap tante ekzosize demon ki nan zantray li a - krim ki te e ki kontinye ap komèt kont Afriken ak desandan Afriken toupatou - espesyalman Ozetazii. E, sa ki rann "fenèt sou chanjman" sa a posib, jodi a, odela kapasite ekstraodinè lidè transfomasyonèl Barack Obama ye a, se jenerasyon HIP HOP la, ki grandi ak yon lot kalite enfliyans. Se nouvèl teknloji yo - tankou entènèt - ke ekip Obama a te byen itilize. Se kapasite misye pou li jwenn pwen sansib blan klas mayèn ki t ap mache ak MartinLuther King men ki pa t ap janm vote pou li si li te kandida pou Prezidan nan ane 1960 yo - kote imaj ki te konfotab pou yo a, se voye yon swadizan "blan pwogresis (Kennedy - Clinton)..." vin defann koz nèg yo pou yo -Tintin au Congo, Tarzan, Bono Etc... Sa ki pase la a se yon gran kou - yon kou siprann tou - se sa ki fè li reyisi.

Dezyèm sipozisyon an, depi odepa ou sispèk li pa korèk paseke ou gen tan mansyone Salnave. E Joel bay plis preszyon. Men, m ap ajoute ke pèp Ayisyen tèlman pa Zenofob, ni gen okenn konplèks koulè, li te kite yon anachis tankou Charles Baker - ki mete ak bofrè biznisman poutchis san prensip Andre Apaid - resevwa plis pase 10% vot nan eleksyon kipègay 2006 yo. Sitiyasyon Ayiti a pa menm ditou ak sitiyasyon Etazini a.

Nan peyi Obama a, se majorite ki opouvwa (politik, ekonomik, entèlektyèl). Lakay nou, majorite a se limenm ki vilnerab kit se onivo politik (li oblije pran lari pou veye volè nan Otèl Montana), ekonomik (diri, mayi gaz monte desann san li pa konnen lepoukwa ak lekoman), entèlektyèl (lekol ap fèet nan yon lang li pa pale - Leta peyi a ap peye milyon ven pou Ayiti patisipe nan klib neyokolonyal FRANKOFONIK ki pa gen anyen arevwa ak lang limenm li pale a elatriye.

Si Ozetazini gen diskriminasyon sistematik - ki chita sou yon baz istorik kote depi 1796 sitiyasyon an amelyore, li fèe bak epi amelyore anko (tankou egzanp yè swa a demontre).

Ann Ayiti, diskriminasyon sistematik ki ap fèt kont majorite a tèlman fèe pwogrè ti pa ti pa, sa ki nomal la se limenm ki parèt yon anomali. Paregzanp eleksyon Titid an 1990. Yon Vodouyizan ki pase echap nan kou yon Prezidan. Prezidan ki fè diskou premye janvye ak Kreyol, elatriye.

Ayisyen pa t vote pou Preval olyede Baker paske Preval pi fonse pase Baker. Men paske nan mitan tout kandida ki te nan kous la an 2006 se sèl Preval ki pat pran lari pou kapote Prezidan yomenm yo te vle tout bon e yo te mete opouvwa 2 fwa deja a (1990, 2000). E, yo p at mete li opouvwa paske li te gen "gwo dyol" menm jan ak 99% nan nou. Ni paske li gen po fonse menm jan ak 99% nan nou. Yo te mete li opouvwa paske, nan mitan tout sa ki te nan kous la, se limenm yo konsidere ki te pi bon - e yo te vekse dèske yon ekip kolon te vle deside pou yo - nan plas yo - ki lès ki gen dwa Prezidan yon peyi lib e endepandan.

Malerezman, jiskaprezan, apre 4 tran nou geneyen pou nou reflechi, moun ki te patisipe nan krim 2004 la poko ka repanti. Malgre yo wè kijan menm vye George Bush gen desans ase pou li rele Prezidan Eli Barack Obama pu felisite li, yomenm yo pa ka pran egzanp pou aprann lè ou pèdi yon kous elektoral, pou ou rele moun ki geneyen an, mare senti ou, fè je ou chèech, di li FELISITASYON.

Prezidan Jean-Bertrand Aristide pa pi sen pase okenn chèfdeta - kit se Ayisyen ou etranje. Men, rayi l jan nou vle, Prezidan Jean-Bertrand Aristide, se sèl moun ki ka pèmèt noumenm Ayisyen di nou te wè yon fenomèn tankou Obamamania deja. Lidè transfomasyonèl sa yo pa sen, ni yo pa ka fè transfomasyon an pou kont yo. Talan yo limite. Se kapasite elit ki nan sosyete kote lidè sa yo emèje - pou li reponn devan listwa - se sa ki fè diferans lan.

Nou konnen elit pa nou an te gaspiye opotinite Lavalas la. Kom parese, yo pitou fèe Aristide tounen yon boukemisè ki pou pote tout fado echèk la.

Jodi a, n ap gade kisa Etazini ap fè ak opotine Obama pote pou nasyon sa a geri. Anyen pa sèten - e sitou anyen pa p fasil.

Men, apa koze pa yo. Si noumenm nou gade nan koze pa nou. Èske Prezidan Preval pare pou li rele Titid pou li di l, monchè si ou vle, rantre lakay ou. Èske Titid pare pou li rele Manigat pou li di l, monche m ap rantre lakay, èske ou vle nou travay ansanm pou nou gade sa nou ka fè ansanm nan domèn edikasyon an. Èske Baker, Apaid elatriye kapab imajine tèet yo sou sèn politik la kom vrè politisyen ki konte sou fos mesaj yo, oganizasyon yo (menm jan Obama fè a) pou yo jwenn respè ak konfyans elektè Ayisyen an - olye se nan fouk anbasadè Ameriken an ak nons apostolik la yo al chita pou konplote koudeta ak defen FAdH, FRAPH, Mèsenè Sid-Afriken epok Apartheid elatriye.

Tout sa ki ekri la posib...men sa mande anpil kouraj pou panse "outside of the box". Dessalines te tante sa ak Petion, sa te bay 17 oktob 1806. E depi lè sa a nap degrinngole. It was not a "perfect union". Men sa pa vle di pou sa, se kapab nou pa kapab.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Mer 5 Nov 2008 - 21:54

Ayisyen pa t vote pou Preval olyede Baker paske Preval pi fonse pase Baker. Men paske nan mitan tout kandida ki te nan kous la an 2006 se sèl Preval ki pat pran lari pou kapote Prezidan yomenm yo te vle tout bon e yo te mete opouvwa 2 fwa deja a (1990, 2000). E, yo p at mete li opouvwa paske li te gen "gwo dyol" menm jan ak 99% nan nou. Ni paske li gen po fonse menm jan ak 99% nan nou. Yo te mete li opouvwa paske, nan mitan tout sa ki te nan kous la, se limenm yo konsidere ki te pi bon - e yo te vekse dèske yon ekip kolon te vle deside pou yo - nan plas yo - ki lès ki gen dwa Prezidan yon peyi lib e endepandan.


Komalbo Jaf men pa vle menm pran tan pou ba w yon replik entelijan. Wap derape depi nan debi paragraf sa. Ayisyen pat vote pou Preval........ Jeneralizasyon sayo pa bon ni pa kanpe sou anyen. Se la mwen di nou zafè lavalas sa ak tout elektora li ki vle pase selman pou pèp Ayisyen se foli firyèz. Ayiti ak yon elektora potansyèl otou 4 milyon, vrè chif ki te resanse 3'533'430 votan. Apre vot gen mwens 2 milyon moun ki vote. Vrè chif popilasyon ti moun ak grann moun otou 8 milyon e plis san kote dyaspora ki a letranje. Annou komanse di elektora ayisyen ki te ale vote Preval byen antandi, non pèp Ayisyen. Sa deranjan, twonpè, falasye pran ti franj elektora pou jeneralize se ayisyen. Menm si majorite a kite zot fè politik pou yo.

E pwi map di w byen koken ki pran pouvwa toujou an pozisyon fos nan peyi sa. Alos zafè pale pou ti pèp ki renmen moun konsa nan istwa nou se yon keksyon tan pou vapè ranvèse. Se toujou menem taktik ak koutba moun an pozisyon fos gen tout avantaj yon leta nan men yo. Yo konn byen manipile eleksyon, mete pèp ki nan grangou nan lari pou regle zafè pèsonèl yo. Se la wi zafè ti koken ki vle pase pou sayo pa vreman ye nan jwèt trike sayo.

Mwen plen ti kouzen nan tout difikite yo ki byen renmen Baker kite pale ak yo yo nan Limonad. Men parol mouche pa kanpe sou anyen. Li pa gen jan lajan pou distribiye ni genyen direktè nan bwat leta pou klase yo. Alos yo pran roulib kote dlo ap koule pi fre. Alos ti pèp sa wap pale toujou pran an otaj nan menm vye taktik kliyantelis papa Dok yo rive sou Preval. Anyen pa nouvo sou soley la.Saki drol se pou yon dyasporyen ki san vreman san atach ni pa gen patipri pou konprann koman politik la ap mache nan peyi isit.Lè yon politisyen fè yon 2 % nan eleksyon se vreman moun endepan ki gen vrè kliyantèl li. Dayè Preval byen konnen li pa bezwen di anyen serye pou Prezidan. Se annik kite machinn koripsyon ak kliyantelis lan mache. Men kom toujou sa pran tan pou machinn sa tonbe an pann. E si w vle kwè m se menm moun kite manipile ki pral pran kouri ak moun konsa. Men yo toujou rekipere mas sayo pi devan nan chanje taktik.

Depi apre premye elèksyon Aristide elektora chanje konplètman. Moun ki sanse plis konprann demach koken se yon ti klas mwayenn, pi eskolarize. Moun konsa pa vote anko. Se rezon menm lè gen anpil jenn nan 18 lane ki nan laj pou vote. Yo refize menm enskri nan lis elektoral ke dire ale vote. Alos nap konprann koken ki gen estrikti leta ak lajan leta an plis move fonksyonè nan gouvenman ap toujou avantaje.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Joel Jeu 6 Nov 2008 - 10:22

[quote="Rico"][size=12]
Komalbo Jaf men pa vle menm pran tan pou ba w yon replik entelijan. Wap derape depi nan debi paragraf sa. Ayisyen pat vote pou Preval........ Jeneralizasyon sayo pa bon ni pa kanpe sou anyen. Se la mwen di nou zafè lavalas sa ak tout elektora li ki vle pase selman pou pèp Ayisyen se foli firyèz. Ayiti ak yon elektora potansyèl otou 4 milyon, vrè chif ki te resanse 3'533'430 votan. Apre vot gen mwens 2 milyon moun ki vote. Vrè chif popilasyon ti moun ak grann moun otou 8 milyon e plis san kote dyaspora ki a letranje. Annou komanse di elektora ayisyen ki te ale vote Preval byen antandi, non pèp Ayisyen. Sa deranjan, twonpè, falasye pran ti franj elektora pou jeneralize se ayisyen. Menm si majorite a kite zot fè politik pou yo.



Alòs ,an patan Rico,pèp ayisyen diferan de lòt pèp ann Amerik Latin yo?
Di m yon peyi lan Amerik lan ki ta gen chwa ant PREVAL ak BAKER e se pou BAKER yo ta vote .
Fè kalbas tèt ou travay di m youn?
Epitou Rico ,ou chita sou yon bit chif moun ki te patisipe lan dènye eleksyon ann Ayiti yo.Ou byen konnen difikilte yo te bay moun lan Site Solèy yo pou yo te vote.
Yo te deplase majorite biro vòt yo al mete yo lan zòn endistriyèl lan ,paske yo di ke Site an gen twòp ensekirite.Bi an se te kenbe nonm potansyèl votan yo, ba.

Yon lòt bagay w ap pale de konbyen moun ki te vote .W ap bay chif 2 milyon,3 milyon mwen pa konnen;eske w konnen ke Etazini ki gen yon popilasyon de plis ke 300 milyon moun ,konbyen ki te vote?
Yo di se anviwon 132 milyon ,e y ap bat bravo lakontantman paske depi 1964 se pi gwo pousantaj popilasyon an ki te vote.
Alòs Rico,eleksyon OBAMA a pa bon ,li pa reprezantatif ,paske pa t gen omwens 200 milyon moun ki te vote?
ADYE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Jeu 6 Nov 2008 - 10:48

Mwen pa janm di eleksyon pa bon Ozetazini. Mwen byen eksplike fenomenn lè koken sou pouwa yo refize monte konsey elektoral selon preskri konstitisyson. Se toujou monte konsey jan Phararon magouyè ki fè zafè yo.Mwen di nou sispann pran yon fragman elektora an Ayiti pou pèp Ayisyen. Se pou nou klè sou sa.

Answit pwofite tout avantaj leta, yo foure men yo byen fon nan kès papa da. Menm lè yo pa te sou pouvwa nan Tranzison tout lojistik leta, vwati leta , gaz leta sèvi koken ak fonksyonè magouyè. Dayè menm lavalas ak dezoganizasyon l pran yon mechan kou. Apre ke li menm sou pouvwa toujou pran avantaj. Se twouve Preval monte yon koyalisyon sou yo preske flanke tout lavalasyen deyo nan 2 chanm yo. Poutan yo tap byen mennen ak yon majorite. Koman yo rele sa, koken kap manje koken. Se pa zafè eleksyon korèk, kredib kap mennen. E pi se lè yo vle pou eleksyon fèt.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Joel Jeu 6 Nov 2008 - 11:21

Bon Rico,

Ou rele JAN DOMINIK yon ekstremis.Anhan, li te kont zafè pataje pouvwa a ant ti nèg politisyen pwofesyonèl gratè,poutèt sa misye se te yon ekstremis?
Se pou misye te menm jan ak PREVAL ye kounye an ,patizan pataje pouvwa e anfendèfen anyen pa p regle.
Se pou eleksyon lib e libè fèt ann ayiti .Si eleksyon fèt lan mamit Estime ,se pou moun ki genyen an ,nonmen moun li vle.
Toutotan ke ti nèg konprann ke pou pouvwa a pataje ,yo pa p janm fè anyen pou yo genyen konfyans pèp lan.
Annou pran yon egzanp.Gade jefò Pè JANJIS ap fè pou li wè si li ta ka soulaje mizè pèp lan.
Kisa MANIGAT yo ap fè,kisa VICTOR BENOIT,MICHA GAILLARD elatriye ap fè?
Epitou si ta vin gen yon eleksyon e ke JANJIS ta poze kandidati l e li genyen ,ou ta mande pou misye pataje pouvwa ak mesye sa yo?
Ala yo tout la voum!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Jeu 6 Nov 2008 - 11:43

Pwoblèm nou nan peyi sa se jis pran yon lidè ou yon endividi kom lideyal pou peyi dAyiti. Alos se la nou peche anpil nan eksè konfyans sou pwen de vi politik ak ekonomik sou sedo sovè nachon sayo. JanDo gen lide patizan l ki byen fèt, ki kanpe sou yon chanjman radikal sosyete o pwofi mas peyizann yo sitou. Mwen pa gen anyen kont sa se lwab. Men se twouve mwayen politik ak sitou ekonomik pou antreprann bagay sayo.Li pa demontre kapasite sayo ni non plis te gen vreman bon pedigri pou sa.

Eksperyans peyi sa si telman demontre nou politisyen ki chita nan pozisyon radikal konsa se jis pou fè kapital politik. Men kontni yo vid. Mwen di peyi sa bezwen moun pi reyalis, plis koul, pou avanse fason gradyèl ak pridans nan gran chanjman nou bezwen. Nou dwe reyalis, sispann pale fo , fè politik fason diferannt olye bay manti nan kanpe sou fo retorik. AYITI SE YON PEYI DETAP POU KAP KREYE RICHÈS AVAN W KOMANSE DISTRIBIYE. SE GEN KOURAJ POU KAP EKSPLIKE BAGAY YOPA KAPAB CHANJE TOUT SWIT. E menm chanjman nou dwe atenn yo poko ladann ak sitiyasyon ekonomik nou . Non se toujou pwomèt lenposib. Se o mwen bay espwa, answit travay fo pou atenn objèktif ki gen sans.

Aktyèlman ak diskou swadizan pwogresis se kontrè nan bay pèp fo espwa, non se aprann di verite, pou atenn objetif yo nan travay durrr , fason metodik pou rive latè promiz. Sa mande kouraj pou vini ak yon plan entegre popilasyon ladann, eksplike yo koman nou kap rive, olye pa janm di anyen,rete bèbè, fè kachotye, regle zafè an kantimi.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  AnaCreole Jeu 6 Nov 2008 - 19:01

Rico, mwen pa gen plis pou'm ajoute lan sa Jaf ak Joel di-w la. Sitiyasyon an Ayiti an diferan, se pa minorite a ki defranchise, se majorite a, sa yo rele gwo pèp la. Ke li t nwa, ke li te milat, se toujou yon mamb oligachi a, yon mamb de youn lan 2 branch boujwasi nou yo ki te toujou sou pouvwa, Preval inkli tou. Se sèl Aristide ki pa sòti lan oligachi a, se youn lan rezon ki fè yo kouri avek li.

Kesyon, pou t'a pose se, ki lè yon chanpyon pèp la va rive fini yon manda?
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Jeu 6 Nov 2008 - 20:48

AnaCreole a écrit:Rico, mwen pa gen plis pou'm ajoute lan sa Jaf ak Joel di-w la. Sitiyasyon an Ayiti an diferan, se pa minorite a ki defranchise, se majorite a, sa yo rele gwo pèp la. Ke li t nwa, ke li te milat, se toujou yon mamb oligachi a, yon mamb de youn lan 2 branch boujwasi nou yo ki te toujou sou pouvwa, Preval inkli tou. Se sèl Aristide ki pa sòti lan oligachi a, se youn lan rezon ki fè yo kouri avek li.

Kesyon, pou t'a pose se, ki lè yon chanpyon pèp la va rive fini yon manda?

Adyero nou pa wè menm jan, an palan de oligachi, ki moun ki jwe byen ak sa ke ti pwoteje w la ki pwofite tout sistèm entènasyonal la ki toujou dirije , sèvi ak sa w rele oligachi sa. Se malere w vle pran koken pou lot bagay. Selman peyi sa ta dwe gen lot moun vètikal ki pa gen dwèt long siperyè pou fè politik yon lot jan.

Sa w rele chanpyon pèp pou mwen se vilgè manipilatè, mèt chantè ki lakoz ti malere tankou Meteye mouri mal nan Gonayiv. E anko anpil jenn gason li antrenen nan foli firyez nan tout bidonvil yo tankou lame domi nan bwa ak latriye.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  gwotoro Jeu 6 Nov 2008 - 23:36

Rico,

Je dois apporter une petite correction.

Amyot Metayer etait un bandit qui meritait la prison depuis longtemps (au moins depuis le mandat de Preval) et qui etait "soutenu" par Aristide.

Il n'y a aucune pitie a avoir pour un type comme lui.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rodlam Sans Malice Ven 7 Nov 2008 - 8:39

Kestyon Rico pose a enpotan paske si nou ka repwoche milat yo pou sa yo pat fè pandan plis ke 60 lane ke yo te fè ap gouvene peyi ya :manda Boyer yo,manda Nicola Geffrard e rey milat yo ant 1915 e 1946 nou pa ka ba nwa yo bon kanè non plis pou sa yo fè ant 1946 e 2008.

pou mwen kestyon koulè an ayiti pa fè sans ankor .sa ki enpotan koulyè ya se ki moun ki genyen konpetans ,savwa fè pou mete peyi nan ray progrè.Si se youn Leger ou byen youn Dejoie ,youn Lominy ki kandida nanpren moun ki genyen dwa vinn pale kestyon de koulè ankor pou bafwe moun.Kestyon ki enpotan pou nou pose se ki sa moun lan te fè deja ki pwouve ke li ka dirije peyi ya.Se pa bel pwomes non. se zak yo ki enpotan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Mawon Rcfranc Ven 7 Nov 2008 - 9:38

Wi, kesyon Rico a enpotan, men mwen panes menm jan ak Anacreole, misye mal pose kesyon an. Si’w byen gade sityasion an Ayiti a, se pa finn yon kesyon de koulè, se plito yon kesyon de klas. Lè interè klas yo menase,tou de branch boujwasi a , nwa ak milat, pa gen problem pou mete tèt yo ansamb pou koresponn ak menas la.

Menm lè se yon manb lan oligachi a ki pli oumwens eklere, ki vle pote chanjman ki t’a dwe fèt lan sosyete a, pou sa Rico mande a t’a vinn posib, yo kouri avek li. Pran kòm eksanp, Sylvain Salnave, Jean Dominique, Les Freres Izmeri yo.

Mwen dakò ak wou malis, se konpetans ki pou t’a prime sou tout rès bagay yo, men se pa pèp la ki pa vle konpetans. Mande tèt wou, poukisa yon Antenor Firmin pa te ka presidan, poukisa lidè MOP la (mwen bliye non li) pa te ka fini manda’l, poukisa Aristide pa te ka fini yon manda ? Wou pale de Leger, al gade sou lòt si yo, jan yo t’a denigre misye, paske misye te kont kou deta 2004 la, li te di ke li pa t’ap bon pou peyi a. Se pa pèp la non, ki t’ap denigre misye.

Ke yon edikasyon ki pou fèt an Ayiti, pou sa Rico mande a ka vinn realite, men se pa pèp la, analfabèt yo ki pou bezwen edikasyon sa.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Invité Ven 7 Nov 2008 - 9:55

gwotoro a écrit:Rico,

Je dois apporter une petite correction.

Amyot Metayer etait un bandit qui meritait la prison depuis longtemps (au moins depuis le mandat de Preval) et qui etait "soutenu" par Aristide.

Il n'y a aucune pitie a avoir pour un type comme lui.

Je cherche à tout prix d'éviter les sujets ou se trouve Riko mais je dois apporter cette correction pour mon ami Gwotoro.

Sur quoi vous basez-vous pour traiter le LEADER et militant politique Amiot Metayer de bandit?

Il a fait ses études chez les frères de FIC, puis au lycée, et a étudié à l'Ecole de Droit des Gonaives, la meme école ou l'actuel Chef de Parquet de Port-au-Prince a décoché son diplome.

L'International, pour provoquer un divorce entre Titid et ses partisans, a peint cet homme comme un diable et a mis sa tete à pris. Nous autres haitiens, en plus Gonaiviens, sachons que c'est faux.

Si Cubain ou Titid est un bandit, que devrons-nous dire de Apeid, Kplim, Renold Georges, Manigat..., et tous les avadras de la politique haitienne?

Ce n'est pas Amiot Métayer qui avait tué le garde du corps du pasteur LUc Mésadieu, mais un individu dans la foule et cet incident devrait etre traité comme un dérapage.

Pour finir, je dirai que pour nous autres Gonaiviens de ma génération, Amiot Métayer reste l'Obama de notre temps et a toujours preché l'unité au sein de la communauté gonaivienne.

Cubain, repose en paix!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Joel Ven 7 Nov 2008 - 9:59

Palan de Leger,

Ak ti nèg ayisyen ou pa janm fin konnen;men mwen konn tande misye pale sou radyo;mwen pa bezwen konnen ki koulè misye ye ,misye se yon patriyòt ki renmen peyi l ak moun ki ladan l yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Sasaye Ven 7 Nov 2008 - 11:56

Sa m te toujou konnen sè ke Rekonsiliasyon avèk Inite mache lan de (2) sans, tankou yon kouto famasy.

Ou paka di yon moun se zanmi w si li pa montre amitye pa l.
Ou paka di yon fanm se menaj ou, si li pa montre li renmen w tou.

Gade sosyete ayisyèn nan byen.
Na wè kilès ki pa mele ak tout moun,
kiles ki di yo pa kanmarad tèloutèl moun.

Alô, nou ka aprann moun sayo ke tout ayisyen se frè, pitit menm peyi a.
Ke nou tout egalego e si nou mete ansanm Ayiti a vanse.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Ven 7 Nov 2008 - 13:54

gwotoro a écrit:Rico,

Je dois apporter une petite correction.

Amyot Metayer etait un bandit qui meritait la prison depuis longtemps (au moins depuis le mandat de Preval) et qui etait "soutenu" par Aristide.

Il n'y a aucune pitie a avoir pour un type comme lui.

Mezanmi se vreman enkyetan koman Ayisyen frè nou vreman diferan Rico. E SE PA SELMAN LAVLASYEN YO, MEN BYEN DIVALYERIS YO TOU. Koman yon moun, yon sitwayen ki chita sou bon prensip demokratik dako ak lanmo vyolan yon sitwayen paske se Amyot Metayer yon prezime kriminèl, yon asasen.


Alos jij mouche yo touye l tankou yon chyen san menm pase l devan yon tribinal, fè konnen dekwa yo akize l, kondanen l. Kanta touye ki dwa asasen li yo genyen. Mezanmiro sayo repwoche l , masakrè li yo osi danjere poutan yo toujou ap byen mennen.

Se konsa makout yo repwoche m zafè 18 ofisye yo yo lacman touye san akizasyon serye, san jijman.Annik pase yo devan yon peloton dezekisyon, moun ap bat bravo. Non li pa bon, reveye nou. se rantre nan nom yo. Fè prosè moun yo, BAYO CHANS EKSPLIKE YO. Vini ak prev kontrè. Zafè dechoukaj sa se byen sa ki pral rive tout zot ki renmen jwe jwèt sa.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  gwotoro Dim 9 Nov 2008 - 10:07

Mezanmi se vreman enkyetan koman Ayisyen frè nou vreman diferan Rico. E SE PA SELMAN LAVLASYEN YO, MEN BYEN DIVALYERIS YO TOU. Koman yon moun, yon sitwayen ki chita sou bon prensip demokratik dako ak lanmo vyolan yon sitwayen paske se Amyot Metayer yon prezime kriminèl, yon asasen.

Rico,

Je n'ai jamais dit approuver le meurtre d'Amyot Metayer. D'ailleurs, je dis qu'il merite la prison. Cependant, ce que je dis aussi, c'est qu'un type comme lui ne peut avoir ma pitie, peu importe ce qui lui arrive, tout comme par exemple je n'ai aucune pitie pour un Toto Constant.


Colocolo,

Nous devons parler de deux Amyot Metayer differents, car si vous parlez de celui des Gonaives, alors vous ne le connaissez pas vraiment.

Malheureusement en Haiti, nous n'avons pas de memoire collective face aux evenements ni un respect de l'Histoire, alors nous "magouillons" toujours l'Histoire afin de justifier ou valider notre realite de "magouilleurs".

Comparer Amyot Metayer a Obama est pernicieux.

C'est aussi pernicieux que quand Dany Toussaint se comparait a Nelson Mandela pendant la campagne electorale de 2006 apres s'etre fait arrete pour possesssion d'armes illegales.

C'est aussi pernicieux que quand Leslie Manigat parlant de "percee louverturienne" lors de sa victoire lors des elections de 1988.

C'est aussi pernicieux que quand certains assimilent le regime d'Aristide au regime des Duvalier.

Cela sert peut-etre des interets de groupes specifiques, mais cela n'aide aucunement le pays.

Renseignez-vous sur qui etait Amyot Metayer.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Invité Dim 9 Nov 2008 - 11:28

gwotoro a écrit:
Colocolo,

Nous devons parler de deux Amyot Metayer differents, car si vous parlez de celui des Gonaives, alors vous ne le connaissez pas vraiment.

Malheureusement en Haiti, nous n'avons pas de memoire collective face aux evenements ni un respect de l'Histoire, alors nous "magouillons" toujours l'Histoire afin de justifier ou valider notre realite de "magouilleurs".

Comparer Amyot Metayer a Obama est pernicieux.

C'est aussi pernicieux que quand Dany Toussaint se comparait a Nelson Mandela pendant la campagne electorale de 2006 apres s'etre fait arrete pour possesssion d'armes illegales.

C'est aussi pernicieux que quand Leslie Manigat parlant de "percee louverturienne" lors de sa victoire lors des elections de 1988.

C'est aussi pernicieux que quand certains assimilent le regime d'Aristide au regime des Duvalier.

Cela sert peut-etre des interets de groupes specifiques, mais cela n'aide aucunement le pays.

Renseignez-vous sur qui etait Amyot Metayer.

Gwotoro,

Jusqu'ici, vous avez soumis vos opinions personnelles mais vous n'avez relaté aucun fait réel pour les soutenir.

Sur quoi vous basez-vous pour traiter Amiot Métayer de bandit?


Tout comme Obama, Amiot Métayer avait pu maintenir au niveau de sa communauté une union patriotique.

De mes yeux vus, j'ai vu Amiot Métayer réprimander ses propres membres OPs Lavalas qui voulaient bastonner des élèves de lycée en train de manifester contre Aristide. Meme Aristide n'a pas ce niveau de tolérance et de leadership.

Vous n'allez certainement pas entendre ces genres de nouvelles dans votre presse occidentale et diffammatoire.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  revelation Mar 11 Nov 2008 - 9:55

Mwen pakab kite post sa mouri san ke mwen pa di 2 mo nan koze sa. mwen pat vle rentre paske kom d'habitid, met post la Rico lague 2 guidon nan deye neg Gonaives olye ke li konsantre li e bay sije sa bourad pou avanse pi devan.

Sije sa te fini avek neg Gonaives kap joure avek neg o Cap. Fok sa fini e konsantre nou sou aveni peyi a.

An nou sispand pale de bagay ki passe deja e konsantre nou sou aveni peyi a.

Sou bagay ki kap rive e ki pral rive dapre jan evenmen yo ap develope

Avek Barak Obama, yon milat senate ki vin prezidan yon peyi ki gen plis ke 85% blan ladan.

Poukisa yon milat boujwat pa komanse travay depi konnyen la pou rive kom prezidan nan yon peyi ki gen 90% nwa ladan.


Si blan yo bay Barrak Obama yon chans, nwa nan peyi d'Ayiti kap bay yon milat boujwa yon chan tou!!
men gen anpil travay ki pou fet nan tet pep la, pou yo bagay konsa rive!!

Rico mande :
Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot ?????.

Kèksyon a eske nou nan peyi dayiti nou pre pou aksèpte yon prezidan milat po klè o pouvwa. Sitou depi apre gouvenman Lescot peyi a pran yon viraj kote moun po klè pa ladann. Mouvman 46 lan debake jis sou ekip lavalas yo kanpe sou yon bit nwaris kote minorite moun po klè ou milat pa gen chans pou aksede o pouvwa. Poutan kap genyen moun potansyèl e byen kalifye tankou Obama pou travay pou peyi yo nan minorite rasyal po klè ou milat nan peyi dAyiti.

Chwa Prezidan Preval la sou Michelle D. Pierre Louis, yon milatress kom Premye Minis se yon gwan pa e yon pozition kle de klass boujwaz la ver la prezidans.

Memm jan ak Obama, Madam sa fet pou konprand pozisyon kle sa e pran avantaj de li pou fe klass li avanse ver la prezidans.

Madam sa gen yon gwo chaj sou do’l poul reyisi nan djob sa paske li kap aksede a la prezidans fasilman e rale mennen bo kote’l kom premye minis yon milat klass boujwaz pou vinn pote’l kole.

Sanble ke Pep la pa gen problem pou yon milat boujwa nome premye Minis.

Men gen anpil fakte ki kanpe an kwa e ki semante pou bare rout a klass boujwaz la si li ta vle aksede a la prezidans.


Sa ke politisyen, aktivist liberal magouye yo toujou reproche klass milat boujwa yo se ke :

YO di ke se boujwazi kap toupizi klass defavorize yo e ki gen monopol ekonomik nan poch yo e ki pa vle fe anyen pou peyi a sa develope..

YO di ke se boujwazi ki a la baz kou deta nan peyi d’Ayiti e ki ap vyole dwa de vot demokratik pep la a chak fwa key o mete prezidan key o chwazi, yo fe konplo pou voye’l kanpe louyen.

Donk tout chaj la sou do milat boujwa yo pou yo redore imaj yo e pou montre rest pep la ke se pa yo selman ki a la baz mize peyi a, men gen lot fakte ki pli inpotan nan ekwasyon sa.

Si milat nan peyi d’Ayiti fe yon jefo pou yo desand sou pyedestal chanmot ke yon kanpe a, e desand bay akolad e travay la men dan la men avek pep la, sa kap montre bonn fwa yo e sa kap retire vye etikett MRE ke blan liberal kole sou do yo a.

Lelit la pa fet pou en guerre ni dozado avek pep la!!
Yo tout fe pati de yon sel peyi ke yo rele Ayiti.

USA ret tand pliske 43 zan pou yo gen yon prezidan nwa nan yon peyi a 85% blan.

Ayiti yon peyi a 90% nwa te gen yon prezidan milat te gen plis ke 68 tan de sa.

Yon milat boujwa prezidan d’Ayiti nan syek sila!!

Se possib ke sa rive !! Wi sa kab fet !! Si se puede !! Yes they can !!

Il sifi ke premye Minis la Mrs. M.D. Pierre Louis konprand inpotans pozisyon lan e fe yon bon travay networking e rale monte vini depi konnyen la tout rest klass li ya kom potansyel kandita nan pi gwo post nan peyi a.

Madam sa gen yon devwa pou'l reyisi nan travay sa!! li gen yon devwa anve peyi a e sitou anver klass li pou montre ke milat boujwa gen kapasite e volonte e pare pou okipe premye plass nan peyi a!!
Fok li graze barye sa e fok nou tout ayisyen konsyan nwa kou milat sipote madam sa nan travay ke lap fe la!!


Te gen 2 zan de sela, pesonn pat konnen Barak Obama, peson pat konnen Michelle D. Pierre Louis tou !!

Petet, kandita milat pou prezidantyel 2010 pou peyi d'Ayiti pra’l paret brid sou kou sou nou!

Il sifi ke nou pare pou sa e aksepte sa rive!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Joel Mar 11 Nov 2008 - 12:28

Mwenmenm ,mwen pa vle tande zafè milat ak nwa ankò.
Se pa yon bagay ki enpòtan pou pèp ayisyen an ankò.Mwen si ke pèp ayisyen an pa gade madan pyè Lwi tankou yon milatrès.
Si l se yon moun remakab,l ap voye enterè yo monte ,yo pa t ap gen okenn pwoblèm vote pou li.
Ki nèg ki pi gran defansè lang Kreyòl lan se Dr Iv Dejan,ki sòti lan klas tradisyonèl milat lan.
Kilès ki youn ki pi gran frankofou yo se Manigat.Donk se pou di w.
Zafè krap ,milat ak nwa ,jounen jodi an se rans.
M ap di l ankò ,pèp lan te konsidere Jan Dominik ,ak frè IZMERY yo tankou kinan yo.Yo di se pou w te wè jan ti machann yo te konn relate ak IZMERY lè yo te konn ale lan magazen misye an.Se "Ti Twàn" yo te rele misye
Gen yon seri de nèg ki nwa tankou lank,se yomenm ki gen plis prejije.

Kilès ki te kanpe kont pè Katolik yo ,pandan kanpay "rejete' lan ane 40s yo,se te JACQUES ROUMAIN,e misye te atake yo lan Jounal ,kelkeswa kote li te ye ,kont kanpay sa a ki dapre li se yon atak sou kilti popilè an.
Pa gen diferans ant reyaksyonè milat ak reyaksyonè nwa yo.Te genyen sa te genyen 50 a 60 ane de sa ,jounen jidi an pa genyen!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  jafrikayiti Mar 11 Nov 2008 - 15:33

Joel,

se jilbretè ki kontinye ap jwe sou kod sa a. Tout sa ou ekri la a, se konsta klè nenpot moun ki onèt ka fè nan sosyete a. Mwenmenm, se pa di y ap di m, mwen sonje sa tankou jodi, ki jan lè manman m te voye m ale chanje lajan kay Izméry, se ak yon Ayisyen nomal mwen te annafè. Ni Antoine, ni Georges te gen relasyon nomal ak lot Ayisyen parèy yo. Moun te rantre soti nan magazen Izmery san okenn santiman dwol tankou sa ekgziste ak kèk lot pwopriyetè magazen nan menm sektè a. Kidonk se pa yon kesyon koulè ki fè diferans lan. e pa pou granmesi granmoun nou aprann nou di: Onè- Respè. Jan ou vini se konsa yo resevwa ou.

Epitou, koze itilize mo tankou "milat", "kwatewon", "grimo", - nan kontèks tan modèn n ap viv la, se bagay moun ki pa byen pran sans listwa. Se nomal, si yon moun ap eseye esplike yon fenomèn ki konekte a listwa, ou sètoblije itilize tèm sa yo. Men, yo pa gen okenn sans nan langaj kourant tan modèn nan. Depi dekdantan, se yon chwa chak moun te fè pou yo idantifye oswa ak bouwo ki t ap mennen sistèm esklavajis rasyal la, oudimwens ak konbatan ki te vle chavire l yo. Yon fanm vanyan tankou Cécile Fatiman, Manbo Bwa Kay Iman an, pa t ap defann enterè "milat". Poutan li te pitit yon prens Ewopeyen (peyi La Corse) epi yon Nègès Lafrik. Sa Cécile Fatiman t ap defann se lajistis, lavi. Konsa tou, mwen konnen yon fanm vanyan nan katye Ottawa-Hull ki rele Cécile tou, ki toujou oblije ap esplike se Ayisyen li ye, paske li gen fenoyip ewopeyen. Men, Cécile sa a, menm jan ak Cécile Bwa Kay Iman an, pa gen yon pwèlyèm li manke nan Ayisyanite li, nan makonay lavi li ak lit pèp Ayisyen an. E non plis pa gen Ayisyen mwen janm remake ki pèmèt kesyone li non plis.

Joel bay ekzanp Jacques Roumain, li te ka bay Richard Brisson osnon Ghyslaine Charlier elat.


Se lè yo kwaze bourik ak cheval sa bay milèt. Moun pa bèt. nou pa nan kontèx kolonyal la anko, kote yon ti ponyen kriminèl malad te envante yon konsèp idyo ki ekzije esklizivite pou li fonksyone. Paregzanp Menmsi Obama ta gen 50% ADN li ki soti nan Lewop, li pa blan. Men, li ka nwa. Esklizivite sa sipoze yon "pureté" onivo sa yo rele fenotip "blan" an. Epoutan sa pa ekziste pyès.

Kidonk, li lè pou nou sispann itilize ekspresyon tèt anba tankou " klas minoritè milat". Dekilakyèl, nan yon peyi kote 99% moun se nèg lafrik?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Rico Mar 11 Nov 2008 - 16:13

Mwen se solisyon map chèche pou peyi dAyiti. Mwen tande estatistik 1 % ras minoritè. Tout rès sa vle di 99% se menm kabrit tomazo ki gen orijinn nan lafrik. MWEN GEN PWOBLÈM AK CHIF SAYO, JAN AYISYEN FANM OU GASON RENMEN TI JONN AK BLANCH. LA RAS FINI PA MELANJE. Antouka se pa ditou pwoblèm lan. Map mande nan tout Ayisyen kofondi ke li blan je vèt, ti chinwa ayisyen je chire, ke bon nèg ak ponm nen men grosè, ti zorèy, ke li arab patcha bwat nan do ak latriye.


Nou bezwen tout ayisyen sayo kom bon dirijan, de vrè nasyono pa ki gen dwèt long siperyè pou sove nachon ki an pèdisyon. Depi kelke tan gen yon koukourouj dèryè ti minorite sayo ak mouche Aristid ki te di roch nan dlo pa konnen doulè roch nan solèy. Poutan roch nan solèy abitid yo se flanke roch parèy yo nan boukan dife.


Rantre ak lavalas dlo fre yo ap byen mennnen. Alos map mande eske devan demisyon majorite a, eske gen anko moun nan ti minorite ki gen dispozisyon, kapasite, serye, lanmou pou peyi l. Ke konpetans sayo fè konnen yo, pou mete tout chans kote nou.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  revelation Mar 11 Nov 2008 - 17:43

Jaf di :
Paregzanp Menmsi Obama ta gen 50% ADN li ki soti nan Lewop, li pa blan. Men, li ka nwa. Esklizivite sa sipoze yon "pureté" onivo sa yo rele fenotip "blan" an. Epoutan sa pa ekziste pyès. Kidonk, li lè pou nou sispann itilize ekspresyon tèt anba tankou " klas minoritè milat". Dekilakyèl, nan yon peyi kote 99% moun se nèg lafrik?

Nan Zeta Zini, 95% moun se neg l’Europe !!
E jodiya, yo pran chans nome Obama yon prezidan nwa Afriken nan klass minorite a.

Poukisa Haiti ki 95% se neg Afriken pakab fe mem jan ak Zeta Zini pou'l nome yon prezidan lelite klass minorite a???


Si nou renvese wol yo se mem kestion an ke wou a fe tap dancing ozalantou’l, spinning, pale anpil etc..
yon fason pou minimize evenman inpotan sa ki rive o Zeta Zini ke nou memm Ayisyen te kap fe memm bagay la tou.

Le pou jaf ak tout kompayel li yo vle regle zafe yo, yo assosye tout milat a volo e a moun ki bay kou deta pou ranvese Presidan Aristide.
Yon fason pou intimide yo e pou fe yo kanpe louyen palais national la.


Izmery, Brisson, Roumain, Charlier yo tout se bon moun devan je aktivist sa yo paske yo gen bon ke e yo bay lajan e moun vinn achte e manje gratis nan boulanjeri la Poste sou gwan rie !!

Sepandan si yon jou Izmery, Brisson, Roumain yo ta vle vini prezidan peyi d’Ayiti, tout aktivist sa yo tap mande anraje e chache tout exkiz pou yo pa chita sou chez bourre a.


Yon exzanp byen kle ! Yo te mem refize nominasyon madam Pierre Louis paske li pat vle mele e bay sipo li pou zafe fet independans 2004 la.

Malgre sa li vinn premye minis !!

Preval pap la anko kom prezidan an 2010 !!

Se sak fe ke Madam pierre Louis, pandan ke li nan pozition nimero 2 a fok li bati yon beton solid e deklare la permanans pandan ke li nan koulis pouvwa pou’l sa passe kom nimero 1 e an memm tan rale yon lot milat parey li kom nimero 2 e answit answit jiskaske yon rale lot.

Peyi d’Ayiti memm jan ak le Zeta Zini aswafe de chanjman !!

Ayiti vle we yon bagay nouvo, yon chanjman reyel e san bluff!!


Fok madam Pierre Louis pa pe vini avek moun konpetan e honet, memm si se lan lelite la ke yo soti.!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot Empty Re: Ki lè Ayiti pre pou genyen yon lidè ki soti nan klas minoritè milat apre Lescot

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum