Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-15%
Le deal à ne pas rater :
(Adhérents Fnac) LEGO® Star Wars™ 75367 Le croiseur d’assaut de ...
552.49 € 649.99 €
Voir le deal

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

+7
ed428
Sasaye
Joel
Rodlam Sans Malice
kakakok
Marc-Henry
Rico
11 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Rico Lun 9 Fév 2009 - 14:45

Rappel du premier message :

Premye minis Neptune di klèman Aristide kom reprezantan nasyonal dwe pwononse l nan konfizyon sèktè lavalas kap reklame yo kom detantè manda otorite siprèm lavalas. Se toujou Neptune kap pale se pretèsk KEP la tou pran pou rejte an blok tout kandida Lavalas yo.

Mezanmi nou an fas yon bann klwoun, yon bann komik ki nan dezod, fè vye tenten yo, ki vle rejte responsablite tout makakri yo politik yo sou yon KEP ki pyeje nan magouy sa.

Se te tris tande ansyen premye minis Neptune ap bannou lè jis sou pati lavalas.Se yon veritab chire pit ant moun ki reklamen chèf pati lavalas, ki gen benediksyon reprezantan Nasyonal la. Men pa janm vreman gen papye Aristid bay youn ou lot kap chire pit jouk nan dènye moman prezantasyon kandidati senatè sayo.

Alos si nou byen konprann pati lavalas ki se yon veritab mikmak ki nan lese frape, kite mitan pati a pou vinn kontinye lobèy yo nan KEP AK PREZANTASYON YON BANN KABRIT TOMZO KI GEN FOLI SENATÈ. Alos se tout peyi a ki pran nan briganday lavalas.

Nap konprann konsèy elektoral la malgre sa nou vle repwoche yo pran nan yon dilemm. Yo pa vreman konnen sou ki pye pou danse pou regle pwoblèm sayo ak lavalas. Sa bann brebi egare, bann fanatik san konsyans lavalas yo pa di kèlke swa pozisyon KEP la pou aji an favè youn ou lot klan lavalas se anko menm lobèy, pral gen anko anpil rounou rounou. Lwen yon eksklizon politik lavalas se yo menm ki flanke tèt yo deyo pwosesis elèktoral la.


Alos KEP setoblije ale dwat ak reglèmen lwa elektoral yo ki pa mache a lankont lwa elektoral ni Konstisyon. Okontrè lwa elètoral yo se lwa daplikasyon enspire de atik konstitisyon an sou zafè elèksyon. Kontreman pou moun ki pa konprann konstitisyon sou lwa elektoral pa defini vreman koman pou aplike konstitisyon an. Sa pran lwa daplikasyon elektoral yo ke KEP la mete an apliksayon.


KEP LA TE MANDE PATI LAVALAS YON DOKIMAN KI SÈTIFYE KI KLAN LAVALAS KI REPREZANTE VRÈMAN PATI LAVALAS KI OTORIZE POU ALE NAN ELEKSYON. DELÈ SA PASE. PA GEN REPONS YOUN OU LOT KLAN YO. ALOS YO BAY TOUT 2 KANÈ.

Se la nou pral twouve yon kominote entènasyonal kap konplike bagay yo. Lavalas se li menm ki prop destriktè tèt yo. Li ta sanble tout se koken. KEP la pa gen lot mwayen ke bay tout koken sayo kanè ki pa janm an mezi ki gwoup ou klan ki vreman reprezante pati Lavalas ki dwe ale an eleksyon.

Men vrè koze kache kap soti nan mitan Lavalas ak milye politik nan Potoprens se Aristide kap manipile tout 2 klan lavalas sayo. Zafè manda Aristide dwe founi pou rezoud pwoblèm lavalas sa, selon sous ke Valery Numa radyo Vizyon 2000 genyen kap pale nan tout milye politik se ekip Madame Maryse Narcisse ki detantè l depi byen avan.


Sakap pase se politik Aristide pou fè dilatwa nan prezante papye sa an reta. Selon sa ki soti Maryse Narcisse gen pou prezante papye sa nan konsèy elektoral pou fè konnen se gwoup li ki gen manda reprezantan nasyonal la.

Se byen swiv sakap pase la kote entènasyonal fè enpridans yo, rantre nan jwèt koken.Men finalman se yon kouto tranchan 2 kote ki kapab jwe kont lavalas ki prale nan etap kontestasyon pou rantre nan kad elektoral yo komsadwa.


Dernière édition par Rico le Lun 9 Fév 2009 - 15:19, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas


Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Marc-Henry Mar 10 Fév 2009 - 9:16

Si la tendance continue Yvon Neptune deviendra un grand leader reformiste au sein de Fanmi Lavalas. A l'entendre parler nous avons l'impression qu'il a beaucoup lu les débats d'idées sur l'avenir d'haiti qui ont lieu au forumHaiti ces derniers jours.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Joel Mar 10 Fév 2009 - 9:49

Thunder a écrit:Wou tande bèf, ale wè konn. Kijan w ka konsidere yon moun genyen kapasite nan politik menm ? ...Dezas sa ki sot pase la a, si se sa yo rele "kapasite" a, monchè pito m pe.


Thunder,

Pale de sa w konnen;Etazini ki bay plis Pri Nobel lan Ekonomi konbyen ladan yo ou janm tande ki konn eli menm Depite ak Senatè?

Politik ,se koneksyon.si yon moun paka fè koneksyon ak "chimè" lan La Fossette,Ste Helène,Pòs Machan,Site Solèy;ou pa p janm ka eli prezidan lan peyi Dayiti;lan eleksyon lib.

Madan Manigat pa p ka fè koneksyon sa a.Mwen tande manmzèl pale ,mwen si ke l paka fè l
M ap redi l ankò,al fè yon ti repasaj pou w wè kilès ki chèf Deta lan Amerik Latin lan aktyèlman

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  kakakok Mar 10 Fév 2009 - 10:30

Yvon Neptune beck fe dwe femen djol li ...Kote li te te ye lo yo tap adopte chat fanmi lavalas...Fwa sa titi genyen rezon ..Li konnen tres bien se ak poly ti chiens li annafe... Sanble neg yo te anba labouyi blanch nan taba lo yo tap adopte chat fanmi lavalas la !


Dernière édition par kakakok le Mar 10 Fév 2009 - 13:10, édité 1 fois
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Marc H Mar 10 Fév 2009 - 11:40

Ami kakakok

Calmes-toi et ton message passera mieux.

Merci de ton attention

Marc
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  kakakok Mar 10 Fév 2009 - 13:27

Marc a écrit:Ami kakakok

Calmes-toi et ton message passera mieux.

Merci de ton attention

Marc

LE CALME m'est revenue Lavassiens antann nou ! DEUX SO MERE MWEN PA ANTRE NAN JWET MARASA ! MWEN SE YON KONSTITISYONALIS MAP TANN TITIDE TOUNEN POU MWEN KA PALE DE BIZISNIS LI YA LA fanmi lavalas inc...mWEN JIS AP RETOUNEN NAN SALON D' ANA !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Thunder Mer 11 Fév 2009 - 4:32

Rodlam Sans Malice a écrit:Thunder

Tande Aristide fè erè tout moun dakor men fok ou rekonet depi 23 zan se Aristide pami tout ansyen politisyen ayisyen yo ki pi enfliyan sou pep la.Mwen pa kwè preval tap Presidan an ayiti sil pat foure kol anba Aristide.Yon politisyen ka briyan men sikonstans fè li paka reyalise anpil.map kritike Aristide pou 2 eme kou deta men mwen pap kritike li pou premye ya byen ke sim te nan plas li mwen pa tap mete Cedras chef lame.

Antenor Firmin pat janm presidan an ayiti e genyen anpil moun ki rekonet li kom youn nan meyè politisyen ayisyen .Daniel Fignolé pat yon enbesil poutan se 14 jou selman li fè o pouvwa.Louis joseph janvier pat janm Presidan an ayiti men se youn nan ayisyen ki te pi byen prepare entelektyelman.Lesly Manigat pat fè plis pase kek mwa presidan eske li se yon enbesil ?

Rico reponn wou deja, m ap ajoute kèk bagay.


Sou kisa w baze w pou di ke yon politisyen genyen "kapasite" ? ...pou mwen fok politisyen sa a
_ se yon rasanblè, sa vle di yon moun ki ka reyini tout diferan klas nan yon sosyete, ki pap agrave dechiman twal soysete a plis ke jan li ye, paske nou konnen ke divisyon pa mennen oken kote.
_ yon moun ki prevwayan, sa vle di ki aprann de pase yon pèp, kontwole prezan an, pou oryante fiti pèp sa a.
_ Yon moun ki se yon bon jesyonè, sa vle di yon moun ki konnen ki priyorite ki genyen nan yon sosyete, e konnen ki levye pou l manevre pou li estimile yon ekonomi san demagoji.

Pou mwen, Aristide pa reponn ak youn nan kritè sa yo. Fok mwen raple w tou ke mwen pa oblije genyen rezon nan kritè ke mwen chwazi yo, men wou menm vini ak kritè pa w. Paske "enfliyans" w ap pale a se yon agiman ki kokobe sou beki, ki pa kanpe sou anyen. Enfliyans yon moun pa vle di li se yon politisyen "briyan" pou sa. Jiska prezan genyen moun ke Hitler enflyanse toujou, eske sa vle di li "briyan" pou sa ?

Epi, pinga wou vini ak politik ke "se pa nou, se zot" la, "yo" pat ban nou tan, paske eskiz sa a pa resevab. Vle l ou pa depi 1994 jiska 2004, se prezidan ak lachanm lavalas ki rete sou pouvwa san okèn koupi.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Thunder Mer 11 Fév 2009 - 6:02

Joel a écrit:
Thunder a écrit:Wou tande bèf, ale wè konn. Kijan w ka konsidere yon moun genyen kapasite nan politik menm ? ...Dezas sa ki sot pase la a, si se sa yo rele "kapasite" a, monchè pito m pe.


Thunder,

Pale de sa w konnen;Etazini ki bay plis Pri Nobel lan Ekonomi konbyen ladan yo ou janm tande ki konn eli menm Depite ak Senatè?

Politik ,se koneksyon.si yon moun paka fè koneksyon ak "chimè" lan La Fossette,Ste Helène,Pòs Machan,Site Solèy;ou pa p janm ka eli prezidan lan peyi Dayiti;lan eleksyon lib.

Madan Manigat pa p ka fè koneksyon sa a.Mwen tande manmzèl pale ,mwen si ke l paka fè l
M ap redi l ankò,al fè yon ti repasaj pou w wè kilès ki chèf Deta lan Amerik Latin lan aktyèlman

Kit se koneksyon ak chimè, makout, atache ke nou genyen nan katye ki pi pov yo, pou nou jouke pèp la. Si otorite ki pou poze kesyon, pa fè sa. N ap toujou anbake tankou yon pil rad sal nan avyon sovè nou voye ban nou pou chape poul nou.


Pèp Ayisyen fè twop sakrifis pou se madigra mal maske ke nou vle mete pou fè l pè toujou. Aba tout kalite milis, viv pèp Ayisyen an
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena - Page 2 Empty Re: Yvon Neptune fè konnen Aristide dwe pwononse li sou kandida lavalas yo o sena

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum