Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
-20% sur le Lot de 2 écrans PC GIGABYTE ...
Voir le deal
429 €

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

3 participants

Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Rico Sam 14 Fév 2009 - 16:59

Apre depa Aristide konbatan No yo rantre nan peyi a, entènasyonal rantre brid sou kou an menm tan. Tout moun konprann lavalas pral bay yon brek apre bann sovajri ak eskonbrit kont etidyan , sosyete sivil ak pati politik .Mezanmi lavalas reprann beton an, yo pi anraje. Apre depa Aristide Lavalas eseye plizyè repriz reprann beton an. Yon jou se OPERASYON Bagdag, Yon lot moman se entensifikasyon kidnapeng ak selil chimè yo ki pase yon vitès siperyè.

Saki pase ti koken pèdi anpil avantaj ak arive Tranzisyon ki fè yon vas netwayaj nan bwat leta. Ti nèg ki tap boule gra konvèti an kidnapè e pran refij Site Soley, Belè, Fo Touron ak lot bidnvil yo. Kidnapeng vinn pi gwo mwayen pou chimè rantre lajan. Se konsa kidnapeng vinn yon metye rantab o pwen , ti bandi popetwèl swiv kouran pou anrichi yo rapidman. Tout sa nan yon peyi ki pa gen lajan.

Men kote m vle vini se pou pale aksyon yon gouvenman Tranzisyon kont selil lavalas sayo ki fè transfè yo nan zak kriminèl . Wi mwen vle raple jounen jodyè a politik efikas premye minis Latoti kont pi gwo nwizans politik peyi dAyiti. A lepok mwen frape toutan sou klou a lennemi a konbat se Lavalas. Sispann mete enèji nou nan yon gouvenman Tranzisyon ki dwe selman fè elèksyon yo. Mwen di Latoti san baz nan popilasyon,san lejitimite sispann mande l lenposib. Mwen kriye tout fos mwen se INITE tout fos GNBIS yo pou ale nan elèksyon kont LAVALAS AK LOT MOUVANS KI GRAVITE OTOU LI. Kite Tranzisyon asire pasaj elèktoral la, sitou li kap fè yon elèksyon ki pa yon bouyi vide tankou komik ki rele PHARARON domestik lavalas.


A lepok Lavalasyen ak menm Gnbis bay Rico tout sobrikè, vye non e menm mete m pesonaj non grata nan forom sou wèb la. Rico rete koul nan pasaj travèse di dezè. Se konsa Preval rive prezidan, yo kontèste li se byen, men se tan pèdi li byen kale tout moun, GNBIS OSI BYEN LAVALAS ki te konprann yo pral pran roulib nan ti koken Preval ki sèvi ak chapo legal Espwa.

Pou rantre nan vif sijè a se pou raple zanmi sou wèb la, jounen jodyè a Lavalas gen van nan vwal li. Yo si telman frekan. pretansye yo fè konenn yap boule, maspinen. E nan chire pit ak tout moun sou chemen yo, ki vle anpeche yo fè eskonbrit. Nou sonje mesye sayo pa janm ranse ak moun, yo gen mwayen, zam, sanvave arogan, mafyozo pou kwapwonnen .Yo menm gen polisye ripou kap bakop yo.

E byen prensipal rezon mwen te toujou apwiye Tranzisyon Latoti te gen volonte mete bon siro, metrize lavalas ki toujou kanpe sou eskonbrit. Se konsa Tranzisyon mache pran tout tèt bèt la pou byen kase ren yo. Se konsa moun tankou Neptune, Amanus Mayette, Primevert sètoblije soti nan sikilasyon an . Nou konnen Prevalon lage mesye sayo fason illegal, kote la jistis plwaye ke yo. Toti flanke ti senatè tol ak diri Gilles yon bon leson nan radyo Karayib, fè mouche kite le frekan, mare sa de bra dèerye do kom moun lki te en akizasyon. Zafè bann bizango So Anne, Jan L Pase, Pè Jean Juste tout chèf bizango lavalas te nan depo pou nwizans ak vyolans.

Lavalas ki reklamen pi gwo pati sesi sela, pa te gen ni Kanada ak Meriken kap telele pou koken. Latoti te gen kontrol kèksyon an. Se konsa nou konnen eleksyon rive Lavalas pa te nan frekansite sayo, kreye nwizans, chiraj de pit ant yon bann koken kap kouri pou gen iminite palmantè. Anpil gen koz an sispans yo pa konnen ki lè koken ansyen zanmi gen pou ale. Dayè se yon gouvenman ki sou etid. Se move signo yo pa bali yon goud nan 100 milyon dola li mande apre laviwonndede Ozetazini. Eske gouvenman sa kap fini manda li.

Alos se pou te di tout radotri, frekansite, boulvesman peyi sa konnen, ke nou renmen nou pa renmen Latoti se te mèt kèksyon. Li te konnen koman pou yo sèvi ak bann sovaj lavalas sayo. Alos reflechi, retounen sou evenman sayo pou byen konprann Lavalas se yon epouvantay ki kontrolab. Alos si gen volonte politik yo kap mete l an echèk. Alos li lè, li tan pou sitwayen peyi sa leve kanpe pou flanke lavalas yon lot leson.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Joel Sam 14 Fév 2009 - 17:38

"Pa t gen ni Etazini ak Kanada k ap telele pou koken"

Mwen menm mwen mande ,yon radikalizasyon ,yon pwenn fè pa mouvman Lavalas lan ,si GNBis pa rantre lan wòl yo,si yo konprann pou yo bay pwoblèm toujou.

Kounye an ,yo pa gen mwayen politik yo.Se sou yon sèl peyi yo ka apiye se sou la Frans,e kounye an la Frans pa gen la vwa o chapit;zanmi nou yo afriken-ameriken ka fè la Frans rete lan wòl li ,e li konn sa byen.

E si PREVAL konprann ke li ap kontinye ap tete lang ak kriminèl GNBis yo ,se pou yo afwonte l tou.
Se pou peyi an vin yon peyi nòmal ,se pou yo akile tout koudetayis e si gen lidè lan kan Lavalas lan,se pou yo monte kanson yo.

Tout boujwazi lan Amerik lan aprann;tout kote ki te genyen koudetayis yo konfòme yo.

Gade sa ki ap pase an Bolivi,Ekwatè,Paragwe,Nikaragwa elatriye?
Se malpwopte sa yo sèlman ann Ayiti ki vle kontinye bay pwoblèm.
Si yo vle kontinye fè sa,se mache pran yo e mwen si pa gen yon peyi lan Amerik lan fwa sa a ,ki ap leve yon dwèt pou ede yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Fév 2009 - 20:53

bon eske se vre ou se manti lè yo di tout ayisyen se makout selon enterè yo.Lè Rico leve nan deyè makout pou abi dotorite nanpren moun ki ka pale ak li men tande sa li di jodya ki jan li kontan ke latorti te arete yon paket lavalasyen epi mete yo nan prison san jije.Anvan 86 se te yon chire pit ant makout e kamoken ;'jodya se menm chire pit ant chimè e Gnbist.ki lè chire pit la ap fini menm.ki lè nou tout a va goumen pou la jistis; dwa tout moun pou yo jwen swen sante, travay, lojamn ;lekol, etc.

"injistis kont yon moun se injistis kont tou moun"

se bagay saa ki fè nou pap janm genyen yon vrè demokrasi an ayiti paske reg fondamantal demokrasy yo nou youn pa vle respekte yo.Depi se pa nou ki o pouvwa e byen peyi ya met disparet.nou renmen moun ki ap boule biro leta ,mete di fe nan pelig, touye fanm tankou ti moun,men lè se lot kan ki ap fè sa se lè sa nou wè li pa bon.Genyen yon moun ki te di revolutyon se nan tet moun yo fè sa se pa manti toutan nou pa chanje mantalite nou nou fek komanse vire an ron.Gade ki mo ti neg itilise pou yo dekri abi pouvwa:"teknik" lè se bouro pa yo ki ap aji.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Rico Dim 15 Fév 2009 - 14:42

Malice zafè rantre nan diskisyon vinn bay manti ou byen w mal enfome mwen rele sa tan pèdi. Mesye lavalas yo te fouke ak akizayon sou do yo. Eske te gen jijiman.

Non Malice te gen dilatwa pou laplipa tankou Neptune , Mayette ak Primevert pou kontèstasyon foukaj yo . Alos se la jistis ki trennen an longè sitou ak arive gouvenman Alexis-preval ki sabote tout pwosesis yo. E pi yo lage mesye yo ilegalman. Malice se saliye, pa vinn bay manti.
.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Rodlam Sans Malice Dim 15 Fév 2009 - 15:32

Lè Minis lajistis la te al arete Senatè yo nan radio caribe la kote li te di ke li kenbe mesye yo en flagrant delit tou sa se te la jistis nes pa Rico?Lè yo te al pran Sor anne lakay li a yon lè ke konstitutyon di yo pa dwe arete moun tou sa se te bon jan jistis Rico.Lè yo kenbe neptune nan prison pandan 2 zan se la jistis Rico ;lè Yo te arete pè Jean juste nan legliz la tou sa se la jistis Rico?Mwen rete la.

Se dwa w si w pa vle wè lavalas ;tout moun konnen sa wap defann men pa pran poz soud e aveg w ak mwen paske mwen konnen byen ou konnen sa ki rele abi pouvwa e injistis.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Rico Dim 15 Fév 2009 - 15:56

Rodlam Sans Malice a écrit:Lè Minis lajistis la te al arete Senatè yo nan radio caribe la kote li te di ke li kenbe mesye yo en flagrant delit tou sa se te la jistis nes pa Rico?Lè yo te al pran Sor anne lakay li a yon lè ke konstitutyon di yo pa dwe arete moun tou sa se te bon jan jistis Rico.Lè yo kenbe neptune nan prison pandan 2 zan se la jistis Rico ;lè Yo te arete pè Jean juste nan legliz la tou sa se la jistis Rico?Mwen rete la.

Se dwa w si w pa vle wè lavalas ;tout moun konnen sa wap defann men pa pran poz soud e aveg w ak mwen paske mwen konnen byen ou konnen sa ki rele abi pouvwa e injistis.

Mouche ki te senatè yo pa te kap mande dekiprevyen ak iminite yo. Yo flanke la pat sou li devan radyo karayib kom detounè fon ak yon manda legal. Non li te nan UCREF e menm avan kom moun ki te nan zafè tol ak diri. Se konsa wi yo achte tè pou fè fondasyon ak lopital. Mwen di bali sa w vle Toti te gen bout sanzave. Mwen di fok peyi dAYITI GEN YON NONM KONSA POU FÈ NOU KITE FREKAN. Pè Jean Juste arete chef akizasyon klamè pikblik ki denonse l. Se sa wi Toti sèvi ak menm sa nou lavalas te abitye nan flanke advèse nou nan prizon. O wi se klamè piblik.

Pale sa w konnen se Neptune ki lakoz li rete nan prizon avan jijman koz li nan fè dilatwa ale an apèl arestasyon l. E pwi pran poz malad, yo pran swen l, mete nan prizon delux. Si w pa konprann anyen ou se vye odas fèmen li MALICE. Se tan pèdi avè w.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Rodlam Sans Malice Dim 15 Fév 2009 - 16:34

Rico

mwen kwè w ou konnen siyifikatyon term "an flagran deli" ou pa di ou arete yon moun an flagran deli ki ap pale nan yon radyo epi ou vinn ap pale de volo di ri.se wou ki pou fèmen l paske ou aveg depi w ka di ke se pat abi yo te fè Senatè yo ak pè jean juste ki moun ki te ba latorti dwa poul te revoke Senatè yo eske kote li te ye Boca Raton lan se pep la ki te eli li? Senatè sa yo se te mandatè pep la yo te ye.ou di se sa lavalas te konn fè bagay sa yo men 2 mal pa fè yon byen; vanjans pa jisitis.Mwen se pa enn ki gide m se jistis pou tout moun.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Joel Dim 15 Fév 2009 - 16:48

Ala bagay gen bon do se klamè piblik sa a .
Gi Filip te an rebelyon ,klamè piblik di ke misye te touye yon pakèt moun;se nèg misye yomenm ki di yo te touye 4 anplwaye Depatman Enteryè lan zòn fwontyè ,ak atak kazèn Petyonvil lan ak Frè ki te touye yon bann polisye ;se yomenm menm ki di l kididonk se pa menm klamè piblik.
FILIP lan prizon pou klamè piblik?

Rico an dezespwa,pòt yo koumanse fèmen

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas Empty Re: Latoti te gen bon teknik ak politik pou tekilizi Lavalas

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum