Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
Ecran PC GIGABYTE 28″ LED M28U 4K ( IPS, 1 ms, 144 Hz, FreeSync ...
399 € 499 €
Voir le deal

Ayibobo pou GUYLER DELVA!

+3
Thunder
Rico
Joel
7 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 4 Avr 2009 - 11:37

Rappel du premier message :

Chak fwa GUYLER DELVA al sou RANMASE pou l mete pye lan dengonn fachis RANMASE yo ,nou di AYIBOBO pou li.

se misye sèlman ki gen kouray pou li afwonte malpouwont sa yo sou teren yo e li pa janm kite yo entimide l.
Ankò AYIBOBO pou wou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas


Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Mar 14 Avr 2009 - 4:28

An pasan fok mwen di w ke m ap o pouvwa lè :


yon gouvènman ap mete lekol teknik angiz de OP nan katye popilè yo, lè Rigol Grès nan Boston nan va bouche, lè Rigol Tecina a va kouvri, lè nou pap bezwen Krismarinn anko, lè na jwenn Magazen Leta ki te genyen anvan yo nan zonn defavorize pou vann pitit pèp la manje a pri ki pli ba sou mache a, lè angiz al boule kawotchou pou jwenn yon ti chèk zonbi, malere va jwenn yon travay diy pou l ba oblije bouche figi l pou l fè...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  jafrikayiti Mar 14 Avr 2009 - 10:00

Thunder ekri: "An pasan fok mwen di w ke m ap o pouvwa lè yon gouvènman ap mete lekol teknik angiz de OP nan katye popilè yo, lè Rigol Grès nan Boston nan va bouche, lè Rigol Tecina a va kouvri, lè nou pap bezwen Krismarinn anko, lè na jwenn Magazen Leta ki te genyen anvan yo nan zonn defavorize pou vann pitit pèp la manje a pri ki pli ba sou mache a, lè angiz al boule kawotchou pou jwenn yon ti chèk zonbi, malere va jwenn yon travay diy pou l ba oblije bouche figi l pou l fè..."

E onètman, kisa ki anpeche OU opouvwa jodi a, tankou ayè?
Kisa ki anpeche OU fòme gouvènman k ap "mete lekol teknik angiz de OP nan katye popilè yo...bouche Rigol Grès nan Boston an "....?

Mwenmenm se pwoblèm sa a mwen genyen ak jenerasyon sa a. Nou opouvwa epi n ap plenyen pou tout bagay ki pa mache. Lè se Prezidan Preval ki ekzibe konpòtman sa a, nou tout wè sa e nou kritike l. Men, annou onèt mezanmi, tout gouvènman ki pase opouvwa depi 1986 yo gen dyaspora ki pase ladan yo, gen entèlektyèl ki nan lopozisyon pèpetyèl la ki branche ladan yo. Kit se ansyen Minis Kilti k ap joure - tankou Raoul Peck osnon Franketyenne, kit se gochis nan liv ki retounen kite Kanada, Etazini, Ameriklatin, Lewop, Lafrik ...ale travay nan bwat leta yo, kit se sila yo ki komanse karyè yo nan Lavalas, ki detounen pou GNBis apre sa ki vire ak van an nan Lespwa (en attendant le vent nouveau)....NOU TOUT KASE DAN NOU KANMARAD! Se pa jis, ni entèlijan, ni pwodiktif pou nou ap eseye kache yon echèk kolektif anba lestomak yon grenn endividi ki rele Aristide. Se la a tout pwoblèm mwen ye ak nou. Nou fikse sou yon pye bwa, nou refize wè forè a.

E si, olye nou gaspiye enèji nou nan mouvman nil konsa, nou te eseye konprann lepoukwa nou kapab fonksyone nan - e bati - sistèm lòt sosyete, men nou poko kapab pwodiktif tout bon vre lakay nou, antre nou?

E si, olye n ap alimante santiman negatif yo chak jou ki jou, nou te aprann rekonèt epi respekte imanite youn lòt?

Pou jan nou demontre kapasite nou pou nou padone etranje, pou kisa nou pa aprann fouye fon nan nanm nou pou nou - non sèlman padone Ayisyen parèy nou - men tou, aprann rekonèt erè nou fè nan alimante rayisman kont Ayisyen parèy nou, sou baz anpil pawòl ki pa verifye vre?

Dirije Ayiti pa osi fasil ke dirije Kanada. Yon peyi ki deja gen tout enfrastrikti li kanpe, kote gen yon minimòm baz sosyo-ekonomik ki garanti ou lapè sosyal epi patisipasyon benevòl òganize....se pr`ske yon peyi ki ka woule sou "otopilòt" - omwens pou kèk mwa. Men yon peyi ki nan kondisyon pa nou an ye jounen jodi a, se pa frajil sèlman li frajil. Sa mande anpil abnegasyon bò kote moun ki OPOUVWA yo. E se pa sèlman sila yo ki gen pozisyon ofisyèl ki opouvwa. Nou chak ki sou entènèt lan la a, sou baz privilèj nou jwi parapò a majorite popilasyon an, nou genyen "aksè" a yon sèten pouvwa. Kit se pouvwa enfliyanse dirijan yo - palentèmedyè kritik nou pote sou yo. Kit se pouvwa mobilize resous pou nou aji sou teren an....elatriye. Kouman nou itilize pouvwa sa a depann de apwòch nou chwazi adopte nan relasyon nou youn ak lòt.

Nou ka itilize fristrasyon lejitim nou tout genyen an kòm lwuil ki pou motive nou aji yon mannyè ki pwodiktif. Se chwa sa a ki pi difisil. Men, li posib.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rico Mar 14 Avr 2009 - 15:59

Map di se vre tout zentelèktyèl sayo fayi, yo pa livre machandiz depi 86. men mwen vle retounen pi lwen sou Duvalier an 57 pou konprann saki te pase. Sitou ak yon ekip zentèlèktyèl ak pwofil pi relve ke 86. Wi anpil pral chape poul yo nan mitan Ayisyen plen potansyèl ki lage ko yo an Afrik, Ozeta ak Kanada.

Bon se ale ak pridans nan chèche bouk emisè nan derout peyi dAyiti. Pwoblèm peyi nou an 57 se te dabo Francois Duvalier. E pa gen tounnen anron twouve fo fwiyan pwoblem nou an 90 se Aristid , Lavalas ak majon jon li Preval.

Tout 2 rejim sayo Divalyeryen ak Aristidyen sanble 2 gout dlo sou sèten pwen. Poutan rejim Aristide te gen plis chans pase Divalyeris yo. Divalyer konnen tout twoub o depa l. Kontrèman Aristide olye chèche solidarite yon mouvman goch ki pwopilse l sou pouvwa komanse jwe koken.

Li monte Prezidan ap fe vye deklarasyon tankou se chapo legal li te bezwen. Yo pa vle tande parol konsa, sa rele jwèt koken. Aristide louvri flan l byen ouvè pou yon dwat ak bann militè mekontan ki kapote gouvenman ki soti nan elèksyon ak moun kite apwiye l.

Mouche Aristide demontre yon lidèship bwate, inefikas mete dozado prensipo kolaboratè l ki te soufri anpil tankou li sou rejim divalieryen. Yo mennen l o pouvwa pou chante yo la pom apre. O wi se magouyè ki te vle pouvwa. E pwi kote pwoblèm lan, se politisyen kap fè politik. Sa mande yon chèf kapab mennen politik ak alye li, fè meyè chwa, non jwe koutba, jwe koken kreye lennemi politik.

Se konsa li pral kreye sayo rele lavalas ak yon ramasi moun li gen kontrol yo. Li anbake nan politik tradisyonèl ak montaj gwoup bidon lame chimè. Li tripote polis nasyonal ki tounnen yon polis politik pou ranfose pouvwa li. SE TE KOMANSMAN DEROUT. Men vrè rezilta yo. Zafè figi politik ak zentelektyèl se segondè se dabo yon kèksyon bon lidèship pou mennen twoupo yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  piporiko Mar 14 Avr 2009 - 17:23

Yo mennen l o pouvwa pou chante yo la pom apre.
Rico,
yo pa mennen aristide sou pouvwa.o kontre se sekte majorite nan lagoch haitienn nan(gerard pierre-charles) ki par parazitis ak oportinis te rantre nan tren dinamik ki te abouti a 16 desanm 1990.Yon sekte nan komite santral nan PUCH ak ansyen sekte demokratik la,te pran fet et cause pou teyoloji liberasyon an.Ajoute ak karis pe a,le reste n'a ete qu'une formalite.Yo te byen konte mal kalkile:yo panse Titid se tap yon bonom kwachi ou byen yon dirijan doubli.Yo pran kou.D'ou l'origine de la haine contre Aristide.Mwen pa konn si w te anan peyi a.Se pou te we ti boujwa nan Petion-ville ak Tomassin ki tal enkanaye yo nan Senjan bosko.Se menm moun sa yo ,ki vinn pi gwo enmi dokte a.mon che revize apwoch ou.Pa vinn reekri listwa:Duvaliye pap menm egal Aristide.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Mer 15 Avr 2009 - 2:32

Jaf,


Sandout w pa janm li tèks ke mwen ekri deja. Paske wou t ap wè ke mwen pa janm di ke se Aristide ki sèl pwoblèm peyi a, men mwen di tou ke 10 lane lavalas sot fè pase sou pouvwa a pwouve ke li pa solisyon an nonplis. Mwen pa dako ak fanatik yo ki vle fè moun konprann ke tout sektè koupab nan peyi a, eksepte Lavalas. Mwen pa dako pou moun ap di ke FRAPH se te eskadron lanmo, men CHIMè LAVALAS se ti malere k ap defann dwa yo, oubyen se prejije ki bay malere pote non sa a. Mwen pa dako pou moun di ke se blan ki lakoz mizè nan peyi a pandan ke zago yo fon nan kès leta. Mwen pa dako lè moun vle fè m konprann ke se Makout, Atache ak Militè ki te konn ekzekite opozan politik yo sèlman, men lavalas fè tibo pou yo, yo menm... elatriye. Pandan ke mwen temwen laplipa evenman ki pase nan peyi a de 1990 yo a 2004.

Echèkla pa finn kolektif vre, se ti pèp san vwa a ki echwe. Mwen refize dako ke pou moun ke chyen te konn tranpe kasav pou yo, arive archi multi millionnaire en dollars Américain san oken jistifikasyon legal se yon "echèk". Se sa yo ke mwen pap ka dako ak anpil moun sou koze sa a.

Yon lot kote,

Nan Labib pa m nan, se 2 ras moun ki genyen sou latè : se BON MOUN ak MOVE MOUN.

Zafè koulè po, orijin, nasyonalite, relijyon, sèks, nivo ekonmik ak sosyal, laj mwen pa pran sa an konsiderasyon. Paske tout sektè genyen bon ak move moun.

Se sa a yo ke mwen vle anpil nan nou konprann. Zafè Sans Malice ke anvan l pale li di w ke entèl "trayi" ras li, sa a se diskou moun ki prejidis oubyen ki konplekse, ou sinon ki te sibi yon twomatism enfantil. Lè moun nan ap fè jan de diskou konsa li pa pli lisid ke yon Adolf Hitler. Moun sa a se yon rasis pandan ke li di l ap konbat rasism.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rodlam Sans Malice Mer 15 Avr 2009 - 7:29

Tande non fok w pa mete pawol nan bouch mwen non.ki zafè de ras wap di la. mwen deja di ke koze ras la pa eksiste ankor a koz de dekouvert ADN yo.Mwen pale de klass sosyal.Al li :"la lutte des classes à travers l'histoire d'haiti"Ke yon medsen, anthropologue ayisyen ,Dr Francois Duvalier ekri,se pa mwen ni se pa yon ti "con pretentieux" ki ekri li non.pou konprann lit klass sosyal nan peyi dayiti se pa yon mit.prejije de koulè, de klass sosyal, de edikatyon, e menm de kote w fet eksiste an ayiti se pa mwen ki envante yo.Lè mwen li yon liv se pa poum repete sa moun lan ekri tankou jacko repet non mwen chache konprann li e asimile li.

Lè yon moun se nan klass pov la ou soti epi se wou ki ap toupizi yo an volan lajan leta ou byen an eksplwatan kouraj ouvriye e byen moun konsa ke li se lavalas ke li se GNBis mwen pap janm renmen yo.Wi mwen di ke mwen se rasis ak rasis.Si yon moun konprann paske koulè po w diferan de mwen e sa ba w yon siperyorite sou mwen e byen mwen pa ba w oken enpotans paske mwen wè w se yon ti kon pretentye poum repete mo lot kanmarad la te di ya paske mwen pa janm wè yon skelet nwa .

mwen toujou di ke si genyen prev ke Aristide foure men li nan kes leta e yo jije li par yon tribinal enpatyal se pou li peye konsekans krim li fè paske yon moun an ayiti ki ap touche tout la jan sa yo e ki foure men l nan kes leta poul rich li merite pann.Mwen pa nan tolere oken delenkan.Men tou mwen pap kondane ,difame , denigre li san ke yon tribinal pankor kondane li.paske eksperyans mwen fè an ayiti pwouve m ke pafwa ayisyen avili moun san nesesite jis pou rezon politik.Wi se vre nan majorite ka la fimen pa janm soti san di fe. men se pa lopinyon piblik ki pou kondane yon moun. sa se pa jistis.poukisa nou te pase 2 zan o pouvwa nou pat jije l pa koutumas?se pa enn konplekse ,moun ki rayi orijinn yo ki fè pou nou ap joure madanm li. rele li ti koken ti visye.Anvan tout bagay li se yon ansyen Presidan peyi ya ;jiskaske li kondane pa yon tribinal nou dwe li respè ke tit sa ba li.Ke nou pa vle wè li sa pa retire merit ke li genyen.paske pa genyen anpil Aristide an ayiti non.Nou genyen dwa kritike zak li fè ,vi piblik li men nou pa dwe rantre nan vi familyal li se moun san edikatyon ki fè bagay konsa.

Menm moun nou pa konnen nap derespekte yo paske yo te vle ede Arisitde.moun ki pa kanmarad ni mwen ni wou.Bagay sa yo se moun san respè, se zak vagabon ki pa konnen sa ki rele lamou du prochen ki aji konsa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Jeu 16 Avr 2009 - 16:49

Men bagay la wi! ...nou pa janm vle pran responsabilite pou sa nou di. Se moun ki toujou mete pawòl nan bouch nou. Se pa wou ki toujou ap ekri ke moun "trayi" klas yo, orijin ak ras yo depi moun sa a pa Titidis ? ...Eske se Tutud ki reprezante klas 95% Ayisyen ?

...Pou yon moun reprezante yon klas kèlkonk fòk wou fè pati de klas sa a dabò. Evidans montre kareman ke misye pa fè pati de klas majorite a. Misye se yon milyonè ki te vann Leta Ayisyen mansion li ya pou 7 milyon dola Ameriken, ...madanm li te touche plis pase demi milyon dola ki sòti nan kès leta san konte sa ke bòfrè l touche, pitit fi li yo genyen paspò ameriken...

Eske w wè ke misye ka reprezante Dyekibay ki rete nan yon kay katon bò rigòl grès la ? ...an tout franchiz ? Alò sispann asosye klas avèk pou oubyen kont Tutud.

Yon lòt kote.

Sans Malice, sispann bay tèt wou manti. Yon ankèt sèlman ki te fèt sou gouvènman Latortue a nou te preske mouri, nou te di ke li pa enpasyal paske se opozan Tutud ki te fè l. E si se te yon pwosè menm ? ...Chamblain blanchi pa yon tribinal deja wi ...men m pa janm wè w ap fè bwa pou Joel lè li rele misye chèf eskadron lanmò ? ...pa okipe w, jouva jouvyen, jou ale jou vini. Si Aristide pa pote l ap trennen.

Yon lòt kote ankò.

M ap repete w li ankò, depi yon moun antre nan politik, wou kite vi prive w dèyè pòt la. Lè pitit fi Palin lan te ansent san ki li pot ko marye ki bri sa te fè nan mond lan ? ...se paske Ameriken yo san edikasyon ki fè ke sa te pale ? ...ki valè bri sa te fè lè Michelle te kite Duvalier ? ...Epi m pa menm wè ki vi prive Tutud ki pale isi a konsa, jis w arive ap plenyen nan yon eta parèy.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Jeu 16 Avr 2009 - 17:08

Sans Malice ekri :

Menm moun nou pa konnen nap derespekte yo paske yo te vle ede Arisitde.moun ki pa kanmarad ni mwen ni wou.Bagay sa yo se moun san respè, se zak vagabon ki pa konnen sa ki rele lamou du prochen ki aji konsa.

Se pa mwen ki di

http://www.haitipolicy.org/Lobbying3.xls

Black Koken k ap touche lajan pou lanbe figi Aristide pa ka enpasyal nan kòmantè yo. Moun ki nonmen manb nan Fon-Nasyon Aristide la pou yo ka touche lajan tankou nan bay konferans adwat agòch pa ka enpasyal. Moun ki te jwenn avantaj bab e moustach nan fè koutay sou do Teleco ak konpayi Fusion Telecommunication pa ka enpasyal... Sa rele konfli denterè. Se kòmsi wou ta ap jije Duvalier epi w pran Jacques Gracia kòm jij, li jis pa fè sans.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rico Jeu 16 Avr 2009 - 17:33

Pou yon moun reprezante yon klas kèlkonk fòk wou fè pati de klas sa a dabò. Evidans montre kareman ke misye pa fè pati de klas majorite a. Misye se yon milyonè ki te vann Leta Ayisyen mansion li ya pou 7 milyon dola Ameriken, ...madanm li te touche plis pase demi milyon dola ki sòti nan kès leta san konte sa ke bòfrè l touche, pitit fi li yo genyen paspò ameriken... dixit Thunder



Pafwa Thunder map mande eske gen vreman gen volonte pou pale vrè zafè sou forom pa bo iit. Yon forom ki ta dwe gase distans ak vye voye monte pwopagann politik. Tonas zafè majorite sa se toujou parol bon popilis remonte depi tan Duvalyeris yo. Franoiss Divalye kom ti medsen pyan nan tout rakwen peyi dayiti eksplwate sitiyasyon sa. Men sa nou toujou konnen yon dipome lekol medsinn se toujou yon aspiran ki an transfè klas. Se mwayen ki poko a pote l pou jwe vreman rol ti elit klas siperyè li.

Nou retwouve yon sitiyasyon ki sanble ak kèlke pwen ak Tutud. Yon parachite nan seminè pou antreprann etid pastoral. Mouche lage sa nan premye okazyon ki pral mete l an pozisyon pou jwe nan lajan. Finalman pakou yon endividi parey pa sanble ditou ak sa Thunder ap pale, Non moun konsa pa te janm aspire pou chita nan kan majorite nasyonal.

Alos lè yon mou ap pale majorite nasyonal se byen koprann sali vle pale. Zafèe rekiperasyon moun an difikilte ki grann maotite se èe politik kras. Li vreman espitid jwe sou mizerabilis pi gwo tranch popilasyon. Pale o non mou ki pa gen oken lyen ak koken
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Jeu 16 Avr 2009 - 17:44

Sa w di a se sa li ye. Men fòk mwen mete m sou menm tab ak Sans Malice pou mwen fè li konprann ke Apiye oubyen kont Aristide pa k a genyen anyen pou wè ak moun ki "trayi" klas yo, fòk mit sa a disparèt nan tèta l, misye genyen plis konprann ke sa
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 16 Avr 2009 - 18:31

Mwen deja di w ke mwen pa vle diskite ak w ankor paske ou avegle pa enn, jalousi e rankinn ou genyen kont Aristide.ki jan mwen ta di depi yon moun pa apiye Aristide ou trayi klass w tandis ke depi anvan kou deta mwen te ekri yon teks:"Fini le temps des illusions"poum te montre ke Arsitide pa a la otè de tach ke pep la konfye l la.Mwen te averti li ke delenkan ki bor kote l yo ap bal anpil pwoblem.Si se pousa mwen trayi klass mwen tou.se pa kantite lajan ke yon moun genyen ki fè ni nan yon klass diferan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Sam 18 Avr 2009 - 14:51

Pa genyen anyen ki di ke fòk wou diskite avè m. Men, lè n ap ekri fòk nou asime responsabilite nou. Lè w toujou ap repete "l'origine de la haine est la haine de ses propres origines" sa sa vle di ? ...Lè w ap konpare yon sanzave tankou Aristide ak moun tankou Toussaint ak Dessalines, epi w ap repete ke moun "rayi" Tutud, kisa sa vle di ?

Wou toujou di ke w genyen yon tèks, men w pa janm mete l la a pou moun ka li l. Si w pèdi l, wou ka omwen fè yon rezime, ban nou kèk pasaj ladann, kòm se wou ki te ekri l.


se pa kantite lajan ke yon moun genyen ki fè ni nan yon klass diferan.

Mwen pa yon sosyològ, men li fasil pou w konprann ke yon gwoup moun ki nan menm klas se yon gwoup ki fè fwotman sosyo ekonomik menm kote. Sa w frekante se li wou ye. E pou l fè "frekantasyon" sa yo fòk li genyen nan men l. Se nan Site Solèy ke li te mete pitit li lekòl ? ...oubyen se la lè li bezwen bwè yon mabi ke li ale bwè l ? Pa bay tèt wou manti, fini le temps des illusions.tankou jan w di a
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Sam 6 Sep 2014 - 1:56

Joel a écrit:Chak fwa GUYLER DELVA al sou RANMASE pou l mete pye lan dengonn fachis RANMASE yo ,nou di AYIBOBO pou li.

se misye sèlman ki gen kouray pou li afwonte malpouwont sa yo sou teren yo e li pa janm kite yo entimide l.
Ankò AYIBOBO pou wou!

Joel,

Se pa wou ki te ekri saa?

Poukisa voltefas saa?

Eske se lè ke Delva ap denonse moun ke w pa renmen yo pou w di "AYIBOBO" pou li? Men, lè se nan degonn ti anako-popilis sanginè dwèt long siperyè chat mimi myaw yo ke l ap foure pye l tout longè, wou di menm li wou pa li sa li ekri. E wou menm arive trete medya ki repwodwi sa li ekri de "GNBis".
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 6 Sep 2014 - 7:34

THUNDER;

Moun chanje.Mwen kapab di lè li ap afwonte FACHIS RANMASE yo ,mwen te apresye l.
Se tankou w konn di ke gen MOYUN lan PRÈS lan ki te apiye ARISTID e ki pa apiye l ankò;MOUN sa yo chanje ;sa rive tout TAN.
Se pou w mande pouki sa LAMÒT te nonmen GUYLER DELVA kòm pòtpawòl lan PRIMATI ak ASISTAN SEKRETÈ DETA.

Sa misye te ye an ;li pa sa ankò ;yo di ke misye ap mache lan peyi an ak GWO PWOTEKSYON LAPOLIS ak KABAY sou DO yo .Yo pale de 4 POLISYE ;pouki sa?
Antouka ,repitasyon GUYLER DELVA lan GOCH DEMOKRATIK OZETAZINI an deja fèt ;li lan pwen STANLEY LUCAS ;e LUCAS limenm depi an 2004 jounal tankou LE SALON,HUFFINGTON POST e pi ta NEW YORK TIMES t ap mete pou li.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Sam 6 Sep 2014 - 7:46

Sanble tout moun ka chanje pou wou, eksepte Aristide. Tout moun pa ka vire do bay nèg lan epi pou se yo sèlman ki chanje Joel monchè. Li kapab a lenvès tou.

Epitou, se pa goch demokratik lan ki gen tan fè dosye pou misye, di bagay lan byen, se ekstrèm goch ki anba soutann Aristide yo ki ka fè sa. Goch lan te resezi l, yo te vini konprann kisa ki te Aristide lan. Joel, se pou sou Bush non ke White House lan t ap mete presyon pou Aristide pa t tounen. Sonje! Sonje!.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 6 Sep 2014 - 8:13

Pou woumenm tout bagay NWA e BLAN.
Ou mete OBAMA lan GOCH lan tou.
Se pa t madan CLINTON ki te ""chwazi"" MATELI?
Pa gen FATALITE.AMERIKEN pa tou pwisan ;se ARTURO VALENZUELA ansyen responsab CLINTON pou AMERIK LATIN lan ki te di ke REPIBLIKEN yo kreye yon lòt JUAN PERON ,jan yo ranvèse ARISTID lan.
Se lan 2 PEYI lan AMERIK LATIN lan ke AMERIKEN yo kontinye ap chwazi PREZIDAN ,se lan ONDIRAS ak AYITI ;ONDIRAS limenm kontinye gen yon LAME pwenn fè pa.
Si w ap swiv POLITIK ann AYITI ,ou ka wè PANIK ki kòmanse ap pran lan DEPITE PSP ki ap apiye MATELI yo.
Sanble yo te BYEN KONTE ,MAL KALKILE.
An DOMINIKANI ,lè PLD ak PRD te deside ke menm lè yo t ap goumen ,pou yo te ekate ENPERYALIS yo ,yo te reyisi fè l.
Ann AYITI se de NÈG tankou SAUVEUR PIERRE ETIENNE ki ap aji an NEYO-FASIS ki pa ezite pou yo alye ak EKSTRÈM DWAT lan pou yo konbat ARISTID.
AMERIKEN yo pa TOU-PWISAN ,yo konn sa tou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 6 Sep 2014 - 8:39

Epitou THUNDER!
Mwen te di AYIBOBO pou DELVA ;se lè li t ap kontwedi FASIS RANMASE yo sou kontradiksyon lan sa y ap di an ,lè yo t ap atake PREVAL.
Li pa t janm lan defann ARISTID ,paske yo pa p kite w fè sa sou yon RADYO AYISYEN ,sitou si w ta vle kòmanse pale de sa ki te rive vre;bagay ki deja lan domèn piblik.
Kididonk se pa an tan ke LAVALASYEN mwen te di AYIBOBO pou li.
Si DELVA monte sou RANMASE e li tonbe atake ARISTID ,li pa p jwenn anpil MOUN ki ap kontwedi l

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Lun 8 Sep 2014 - 7:03

Pou woumenm tout bagay NWA e BLAN.

Se pa sa, se wou menm ki pa mezire ekspresyon ak mo ke w ap anplwaye. Wou pa ka di ke "GOCH DEMOKRATIK" Etazini an gen tan mete Delva nan "poul" Lucas. Goch Etazini, goch tout kote pa p mache dèyè Aristide. Aristide radyoaktif nan moman an menm sipòte ki pi fewòs yo, tankou Senatè Walters, mete yon bèl distans ant yo e Aristide. Joel gade tou otou Aristide, misye pou kont li sou plan entènasyonal. Byen si w ap toujou jwenn ti Dany Glover ak Democracy Now. Men se sa sèlman ki rete.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! - Page 2 Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum