Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
-20% Récupérateur à eau mural 300 ...
Voir le deal
79 €

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

+4
Rodlam Sans Malice
AnaCreole
piporiko
Rico
8 participants

Page 2 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rico Jeu 23 Avr 2009 - 16:50

Rappel du premier message :

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Guy_Index._new_31-41

Doktè Guy Theodore sou emisyon Marvel Dandin jounen jodyè fè konprann li se yon pwoblab kandida. Selon mouche gen yon mouvman a travè petisyon sou net kap mete presyon pou li pote patisipasyon l kom yon fiti kandida. Li fè konnen li poko genyen ouvèti kanpay prezidansyèl li pa vle pretann li se yon aspiran kandida.


Wouyyyyyyy eske nouvo jwè sa pral mete panik lakay lavalas, Espwa, Gnbis ak latriye.

Doktè Guy Theodore fè konnen pati politik li se MODEL PRDHH ki gen van nan vwal li. Alos lot antite politik dwe pran o serye pati Theodore ki sanble yon nouvo fos politik sou echikye politik peyi dAYITI.


Men adrès zanmi Theodore yo ki gen pou sig HAITI NOU KA FÈL


http://guytheodore.com/index2.html


Dernière édition par Rico le Jeu 23 Avr 2009 - 18:24, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas


Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 23 Avr 2009 - 23:57

li ap pale ke li ta renmen konstituyon aplike epi li vle ti milyonè texas la ki di ke li se ameriken.kote lojik la ye la menm.talè wa di se prejije mwen genyen kont ou se goumen mwen mande w goumen paske vant mwen plen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 0:01

Rodlam Sans Malice a écrit:li ap pale ke li ta renmen konstituyon aplike epi li vle ti milyonè texas la ki di ke li se ameriken.kote lojik la ye la menm.talè wa di se prejije mwen genyen kont ou se goumen mwen mande w goumen paske vant mwen plen.

Mwen ta renmen, sa rele yon souhait.

Ou menm, ou mande pou mouche bay goal a men, sa rele koken nan yon match elektoral kote toutt lot kandida pral eseye fè goal ak pie ou tèt yo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 0:08

sa w rele goal a men yan 'Lè Marc Bazin rantre new York li fè yon diner konferans nan la detente se goal a men li bay?li pa di moun ki ameriken pa ladann non.lè gwo zouzoun an ayiti finanse kanpay presidantyel yon kandida se goal a men yo bay?
dim kote lwa elektoral la di ke yon kandida pa dwe resevwa lajan nan men etranje poul fè kanpay li?ou pa ka ap pale de konstituyon epi pou an menm tan ou swete ke ti milyonè texas la ta pran mayet la.

mwen pa genyen anyen kont Dumarsais Simeus non.men jan li vle poul presidan an ayiti li pa ka fet konsa.se poul tann ke konstitutyon chanje si li vle kandida.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  piporiko Ven 24 Avr 2009 - 10:35

Rodlam Sans Malice a écrit:vwam ka pa konte men lajan m ak lajan lot ayisyen ameriken ki nan dyaspora ka konte .Si doktè Guy theodore mete bon jan moun nan dyaspora o pou dirije kanpay li mwen ka asire w se pa lajan ke li ap manke non.e si nan tout moun ki la deja yo ayisyen pa ta chwasi li e byen se paske yo pa konn sa yo vle ni sa ki bon pou yo.

se pa pou bel je Guy Theodore ke Peter jennings anvan li te mouri te ba li pri kom yon moun remakab nan nouvel a 6:30 pm.lotrejou la se pa pou gremesi ke Senretè deta ameriken yan Hillary Clinton di ke li se yon ekzanp pou ayisyen imite.


Pito w ta voye lajan sa a pou ev sosyal tande.Menm si guy teodo ta gen tout etablishment lan ak li,li pap pase:yo pa konnen li.Enfliyans pa depase pignon.Li se yon bon pwofesionel.Mwen ka temwagne de tarvay li fe.paske na yon lot vi ,mwen te konn frekate moun sa yo.Men mouche pa peze gwo pwa sou echikye.Epi,pandan tout move zak rejim ki sot pase la tap fe ,moun pat janm tande vwa ,li.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  kakakok Ven 24 Avr 2009 - 13:24

Rodlam Sans Malice a écrit:vwam ka pa konte men lajan m ak lajan lot ayisyen ameriken ki nan dyaspora ka konte .Si doktè Guy theodore mete bon jan moun nan dyaspora o pou dirije kanpay li mwen ka asire w se pa lajan ke li ap manke non.e si nan tout moun ki la deja yo ayisyen pa ta chwasi li e byen se paske yo pa konn sa yo vle ni sa ki bon pou yo.

se pa pou bel je Guy Theodore ke Peter jennings anvan li te mouri te ba li pri kom yon moun remakab nan nouvel a 6:30 pm.lotrejou la se pa pou gremesi ke Senretè deta ameriken yan Hillary Clinton di ke li se yon ekzanp pou ayisyen imite.

Sans malice gen de fwa mwen vle pwan o serye, kek fwa tou mwen trouve w nayif ..Nayif apwe 50 ans se bagay mwen keksyone anpil... Pale Dr Theodore mwen ri , mwen krye , mwen reflechi anpil anpil e sa vle fe mwen sonje en 1989 1990 lo Titid tap ak gayot tap pouse gwo diskou , gwo pwech nou tout nayifman te we yo pou pwezidan tou... Sanble pep Ayisen a chak yo genyen yon bon neg yo fe li Pwezidan apwesa swa yo fini ak li ou byen neg la fini ak tet li menm jan ak Aristide.. Mwen rete kwe Guy Theodore ap sevi peyi pi byen e boukou plis lontan kote li ye la tan nenpot lot kote.... Souple souple souple pa ankouraje mouche a nan le djob des fous !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 13:39

Kok,

Mwen panse Rico ak Malice plis emosionèl ke naif lè wap pale de politik.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 15:41

Premyèman kite m reponn pipo.Rete 2 zan pou Dr Guy Theodore fè kanpay li anvan elektyon presidantyel an ayiti.zafè li pa koni se radot nan mache se radot .konbyen tan sa pran pou moun te konn Presidan Obama o Zeta Zuni?Yon ayisyen ki pa tande pale de Doktè Guy Theodore depi apre Peter Jennings ak Secretè deta Hillary Clinton te presante li kom model pou ayisyen ou pa gade nouvel.O kontrè se yon nouvo gwoup moun ki pa soti nan mesye ki sou senn lan depi 86 menm nou beswen.Yon moun ki ka panse yon lot jan ke politisyen tradityonel ayisyen yo.

kanta kakakok ou pa beswen pale de sa w panse de mwen.mwen pa nan anyen nan politik ayisyen ,mwen komante menm jan ak w.diferans ki genyen ant nou 2 ya sè ke mwen pa genyen personn rankinn ni jalousi.mwen pap difame ou denigre yon moun san ke yon tribinal pa kondane li.mwen pa kwè nan moun ki di yo pral fè mwen kwè nan moun ki fè prev de amou yo pou peyi ya e ki travay pou soulaje malere.nan tout moun ki ta ka pose kandidati yo pou ranplase Preval mwen pa wè yonn ki genyen plis merite e konmpetans ke Dr Guy Theodore.mwen pa vle pran nan bel diskou ankor ni nan politisyen tradityonel yo .

pou w menm Colo ki ap pale de emotyon,sou ki sa w base w pou chwasi yon kandida.mwen se konpetans moun lan, ki sa li fè deja nan vi li.ki konpotman li par rapor ak malere e ki pwogram li vle reyalise nan peyi ya.Toiut bagay ke mwen wè ke ayiti beswen se travay sa yo ke mwen tande ke Dr Guy Theodore ap reyalise nan Dondon tou pre lakay mwen.ki donk si genyen lot moun se entere personel yo ke yap defann mwen gras a dye mwen pa deyè oken plas an ayiti sa ke mwen ta renmen se soulajman pou pov yo.doktè Guy Theodore montre m ke li genyen menm priyorite ya tou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  revelation Ven 24 Avr 2009 - 16:25

Rod di: Premyèman kite m reponn pipo.Rete 2 zan pou Dr Guy Theodore fè kanpay li anvan elektyon presidantyel an ayiti.zafè li pa koni se radot nan mache se radot .konbyen tan sa pran pou moun te konn Presidan Obama o Zeta Zuni?Yon ayisyen ki pa tande pale de Doktè Guy Theodore depi apre Peter Jennings ak Secretè deta Hillary Clinton te presante li kom model pou ayisyen ou pa gade nouvel.O kontrè se yon nouvo gwoup moun ki pa soti nan mesye ki sou senn lan depi 86 menm nou beswen.Yon moun ki ka panse yon lot jan ke politisyen tradityonel ayisyen yo.

Rod m'dako avek w!! Nou bezwen moun kankou Dr. Theodore, Simeus e lot mamb nan diaspora kab viv an Ayiti konnyen la. Nou bezwen sitou ayisyen nan diaspora kanada pou vinn bay yon kout men la kay.

Yon bagay ke Rod di ke 'm pa dako se le di ke Peter Jennings ak Hillary Clinton te presante Dok la kom wol model nan televisyon.

W te we e tande sa e m'te we e tande sa tou, men 8 million aysyen nan provins yo pa gen TV ni satelite, ni kab.
Donk fok Theodore mete video sa yo deyo pou pep la sa we e tande bel pawol sa yo e passe montre nan tout provins bel travay developman ke lap fe nan Bogne e si pep la vote pouli lap mete tout proje sa yo nan tout depatman nan peyi a.

Nou ta souyete ke sa se troket la e chaj la deye, e nou souyete ke yon 12-zenn moun serye prezante tet yo pou vinn sove peyi a.

Plis moun serye ki gennyen nan kanpagn prezidantyel la, se plis vagabon ap oblije rale ko yo ba yo passe.


Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 16:37

Revelatyon

Dr Theodore pa moun bet sil deside poul brige presidans la ou met si li konnen sa li ap fè.mwen pa sonje sim te li sa kek kote men mwen kwè genyen yon statyon radyo Dondon,Guy ka komanse fè moun nan peyi ya konnen li depi komanse nan ane saa.montre sa li reyalise nan Dondon.se pa Au borgne li ap travay.2 kote sa yo pa prè.
mwen pa beswen yon paket kandida ba nou chwa twa moun serye ,konpetan onet e pragmatik.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  revelation Ven 24 Avr 2009 - 16:52

mwen pa beswen yon paket kandida ba nou chwa twa moun serye ,konpetan onet e pragmatik

Rod 3 moun pap sifi paske.
Nou kab jwen yon moun ki kompetan, men ki pa onet ni pragmatik.

Konsa tou yon moun kap onet, li pa kompetan, ni pragmatik.
e gen moun ki pragmatik e ki pa onet ni kompetan.

Pou arive jwen 3 moun kompetan, onet e pragmatik w ap bezwen yon kombinazon de 12 moun a pepre paske se pa yo tout ki kap gen 3 kalifikasyon sa yo yon grenn kou.

Plis gen moun serye, se plis nou kab jwen anpil ladan yo ki kompetan onet, e pragmatik.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  kakakok Ven 24 Avr 2009 - 19:01

Rodlam Sans Malice a écrit:

kanta kakakok ou pa beswen pale de sa w panse de mwen.mwen pa nan anyen nan politik ayisyen ,mwen komante menm jan ak w.diferans ki genyen ant nou 2 ya sè ke mwen pa genyen personn rankinn ni jalousi.mwen pap difame ou denigre yon moun san ke yon tribinal pa kondane li.mwen pa kwè nan moun ki di yo pral fè mwen kwè nan moun ki fè prev de amou yo pou peyi ya e ki travay pou soulaje malere.nan tout moun ki ta ka pose kandidati yo pou ranplase Preval mwen pa wè yonn ki genyen plis merite e konmpetans ke Dr Guy Theodore.mwen pa vle pran nan bel diskou ankor ni nan politisyen tradityonel yo .

.

MEZANMI MWEN MANDE KONKOU TOUT MOUN DE BONN FWA...POU NOU TRADWI SA MWEN DI MALICE LA A ! eSKE SE MODEL REPONS SILA MWEN TA DWE JWENN !

MWEN KONNEN POUKI SE KONSA OU REPONN !

ANTOUKA FWA SILA MWEN PA LONMEN NON NEG OUA...MWEN VLE DI :" YON NEG SERYE TANKOU GUY THEODORE NOU PA TA DWE ANKOURAJE ANTRE LI NAN PWEZIDAN PEYI A! NOU PWAL PEDI YONN NAN NEG KI PISERYE NOU GENYEN NAN PEYI A !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 20:48

Mwen te toujou sispèk ke Guy gen lot entansion e jodia li mete li a klè pou tout moun.

Volontaria pa ta sipoze yon zanm nan men politisien. Se domaj.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 20:50

Kok

Konbyen fwa poum di w mwen pa genyen neg.mwen genyen prensip e dezi poum wè pep ayisyen genyen yon soulajman.neg mwen se moun ki ap travay pou genyen mwens kokorat nan la ri ya. pou pep la pap kriye a koz de grangou kloroks la ankor.Tout moun ki pase o pouvwa ki pa soulaje soufrans pep la yo paka moun mwen.

Mwen pa kwè nan oken Tonton Noel non men pou kor ka mache byen fok tet la ka panse byen.wi se vre presidans lan se yon fonktyon ki fè anpil moun ou pa ta kwè rantre nan vol, krim,koruptyon etc men Guy Theodore se yon moun ki genyen non deja e tout moun wè se pa lajan ki bi li nan la vi e li montre se pa bel diskou selman li konn fè.li montre m ke li renmen peyi li e li renmen pep li. se sak fè map soutni li depi li ta kandida.se pa yon kestyon de emotyon se pito yon kestyon de chanje chemiz pou moun ki swe pou mwen.Mwen konnen moun ki fè frè ak sè m yo di byen.Se moun konsa mwen renmen.moun tankou guy Theodore tankou Doktè ameriken Paul Farmer ki nan plato santral ki profesè Havard la.Blan saa map mouri pou li.mwen se pa yon zafè enterè personel ke mwen ap defann ankor.Jodya mwen te ale nan Cocoa beach ,mwen ka pase res vim ap flannen sou beach saa mache nan ti vil saa epi depi mwen pa malad mwen byen net.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 21:27

Malice,

Kilè wa konprann ke solision pwoblem Ayiti pa foutu soti nan men klas politik la?

Ou menm ak Guy merite kale.


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 21:32

Ou konn Guy?eske w te tande li nan zen politisyen ayisyen?Pran poz zentelektyel demode sou moun. se yon moun ki pratike :bien faire laissez dire.se wou ki merite mwen fout w kek bon tap nan deryè w pou mete lod nan vi w ak 2 fanm ou yo epi ou di ou vle fè ti moun toujou si w se te pitit papam vre mwen ta di se kote l ou pran manfouben saa..(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 21:42

Rodlam Sans Malice a écrit:Ou konn Guy?eske w te tande li nan zen politisyen ayisyen?Pran poz zentelektyel demode sou moun. se yon moun ki pratike :bien faire laissez dire.se wou ki merite mwen fout w kek bon tap nan deryè w pou mete lod nan vi w ak 2 fanm ou yo epi ou di ou vle fè ti moun toujou si w se te pitit papam vre mwen ta di se kote l ou pran manfouben saa..(lol)

Sa ou rele manfouben?

Nan peyi'm sa vle di, moun ki pa pran responsabilite yo.

Guy ap pi itil an tanke doktè ke yon politisien, pwen ba.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 22:02

se pa vre sa depann de ki presidan li ap ye.Doktè Francois duvalier te ka yonn nan meyè presidan ayisyen sil pa kite pouvwa ak lajan monte tet li;fè li bliye bousol li.

guy presidan se lopital tout kote nan peyi ya ,lekol pwofesyonel, kredi agrikol bon jan iniversite,banm Guy Theodore pou presidan se li ki montre m ke li renmen peyi ya ak pep li tout bon.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 22:30

Rodlam Sans Malice a écrit:se pa vre sa depann de ki presidan li ap ye.Doktè Francois duvalier te ka yonn nan meyè presidan ayisyen sil pa kite pouvwa ak lajan monte tet li;fè li bliye bousol li.

guy presidan se lopital tout kote nan peyi ya ,lekol pwofesyonel, kredi agrikol bon jan iniversite,banm Guy Theodore pou presidan se li ki montre m ke li renmen peyi ya ak pep li tout bon.

Ou bezwen o mwen 10 zan pou fome yon doktè.

Se pa yon resous ou ka voye ale gaspiye nan politik.

Fomasion yon doktè koute tro chè pou yon sosiete.

Se ki kritè ou itilize menm lè wap pran yon desizion:Rationalité ou Emotion?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 22:40

ratyonalite

mwen deja di w deja pou kisa mwen chwasi Doktè Guy Theodore wi.sim tap mande pou aristide retounnen presidan najkor ou ta ka dim se emotyon. mwen ba w kritè ki fè mwen ta renmen ke se Guy Theodore ki ranplase Preval wi.al mande moun Dondon ki opinyon yo genyen de Dok Guy wa tande sa yap di w.Mwen pa kwè nan bel diskou mwen kwè nan reyalisatyon yon moun fè deja.Show me the money.Show me the beef.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 22:49

Rodlam Sans Malice a écrit:ratyonalite

mwen deja di w deja pou kisa mwen chwasi Doktè Guy Theodore wi.sim tap mande pou aristide retounnen presidan najkor ou ta ka dim se emotyon. mwen ba w kritè ki fè mwen ta renmen ke se Guy Theodore ki ranplase Preval wi.al mande moun Dondon ki opinyon yo genyen de Dok Guy wa tande sa yap di w.Mwen pa kwè nan bel diskou mwen kwè nan reyalisatyon yon moun fè deja.Show me the money.Show me the beef.

Mwen pa trouve Guy gen pi bèl je, nen, ou bouch ke sa e ki fè ou fou pou li konsa.

Annou serie, menm si Bill Clinton, pi bon prezidan nan tan modèn nan sou planèt la, ta prezidan Ayiti li pa ka fè anyen pou li.

Se travay pou nou kreye e se sektè prive a ki gen vokasion sa a.

Sektè prive pa vle di gran nèg.

Ak $ 10,000 US, yon nounm ka bay 10 moun travay an Ayiti e fè benefis pou tèt li.

Men kijan pou nou komanse panse.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Avr 2009 - 22:54

mwen pa konn gade moun sou aparans. wi se sektè prive ya ki pou kreye travay men tou fok gouvenman an genyen bon jan politik fiskal e monetè pou se gress kochon ki pou kwit li.Wi gade diferans ki jan Presidan clinton te kite peyi ya ak jan georges bush kite wa wè enpotans pou genyen yon presidan konpetan , onet, e pragmatik a la tet yon peyi.gade ki jan franklin delano roosevelt te jwen yon peyi e ki jan li te kite wa konprann enpotans pou pep la chwasi yon moun ki konpetan,onet e ki renmen peyi ya ak pep li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  piporiko Sam 25 Avr 2009 - 0:42

Rico a écrit:Mouche fè konnen li lese karyè l pou okipe l majorite nasyonal nan bayo bon swen sante, monte koperativ travay ak latriye. Koulyè li vle etann aksyon sayo nan grandè peyi dAyiti.



MOUCHE PA ENVANTE ANGNEN NON.SE LA VERSION FEMININE DE MICHELLE -PIERRE LOUIS.SE LAJAN ONG KAP SIKILE LANA MENL .LAP GAYE PAY.SE PA KOB LI GENGNEN LAP DEPANSE NON.SE CHARITE LI MANDE MENM JAN AK PREVAL,YO FE LI KADO.MWEN DI ANKO,KOTE MOUCHE TE YE ,LE YO TAP TOUPIZI MAJORITE NASIONAL LA.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  piporiko Sam 25 Avr 2009 - 0:56

Rodlam Sans Malice a écrit:Premyèman kite m reponn pipo.Rete 2 zan pou Dr Guy Theodore fè kanpay li anvan elektyon presidantyel an ayiti.zafè li pa koni se radot nan mache se radot .konbyen tan sa pran pou moun te konn Presidan Obama o Zeta Zuni?Yon ayisyen ki pa tande pale de Doktè Guy Theodore depi apre Peter Jennings ak Secretè deta Hillary Clinton te presante li kom model pou ayisyen ou pa gade nouvel.O kontrè se yon nouvo gwoup moun ki pa soti nan mesye ki sou senn lan depi 86 menm nou beswen.Yon moun ki ka panse yon lot jan ke politisyen tradityonel ayisyen yo.

kanta kakakok ou pa beswen pale de sa w panse de mwen.mwen pa nan anyen nan politik ayisyen ,mwen komante menm jan ak w.diferans ki genyen ant nou 2 ya sè ke mwen pa genyen personn rankinn ni jalousi.mwen pap difame ou denigre yon moun san ke yon tribinal pa kondane li.mwen pa kwè nan moun ki di yo pral fè mwen kwè nan moun ki fè prev de amou yo pou peyi ya e ki travay pou soulaje malere.nan tout moun ki ta ka pose kandidati yo pou ranplase Preval mwen pa wè yonn ki genyen plis merite e konmpetans ke Dr Guy Theodore.mwen pa vle pran nan bel diskou ankor ni nan politisyen tradityonel yo .

pou w menm Colo ki ap pale de emotyon,sou ki sa w base w pou chwasi yon kandida.mwen se konpetans moun lan, ki sa li fè deja nan vi li.ki konpotman li par rapor ak malere e ki pwogram li vle reyalise nan peyi ya.Toiut bagay ke mwen wè ke ayiti beswen se travay sa yo ke mwen tande ke Dr Guy Theodore ap reyalise nan Dondon tou pre lakay mwen.ki donk si genyen lot moun se entere personel yo ke yap defann mwen gras a dye mwen pa deyè oken plas an ayiti sa ke mwen ta renmen se soulajman pou pov yo.doktè Guy Theodore montre m ke li genyen menm priyorite ya tou.


" Yon ayisyen ki pa tande pale de Doktè Guy Theodore depi apre Peter Jennings ak Secretè deta Hillary Clinton te presante li kom model pou ayisyen ou pa gade nouvel."
DOYEN,SE JISTEMAN SA MWEN PA VLE A.SE PA PASKE PETER JENNING AK SEKRETE DETA KLINTON VINNRABLABLA POUM PRAN YO O SERYE.2 MOUN SA YO SERYE?POU KI YO PA PROTESTE KONT GOUVENMAN KI PI RASIS KI PA JANM MONTE AN IZRAYEL?2 MOUN SA YO AP TOUJOU PALE DE MOUN KI AP RANPE NAN PYE YO.MOUN KAP DEFANN ENTERE PEYI YO.MEN YO PAP JANM BAY KREDI A YON MOUN KAP DEFANN HAITI. EPI TOU MAK FABRIK MOUN SA KA TRASE KONSA:AROGAN AAK MOUN KI PI PITI,CHIEN COUCHANT AK PI FO ,TANKOU JUIF.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  piporiko Sam 25 Avr 2009 - 1:00

Rodlam Sans Malice a écrit:se pa vre sa depann de ki presidan li ap ye.Doktè Francois duvalier te ka yonn nan meyè presidan ayisyen sil pa kite pouvwa ak lajan monte tet li;fè li bliye bousol li.

guy presidan se lopital tout kote nan peyi ya ,lekol pwofesyonel, kredi agrikol bon jan iniversite,banm Guy Theodore pou presidan se li ki montre m ke li renmen peyi ya ak pep li tout bon.

TONTON NWEL AN AVRIL.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Rodlam Sans Malice Sam 25 Avr 2009 - 1:00

pipo se arogans ki fè ou di ke Peter Jennings ak hilary clinton se moun ki ap rababla wa sonje se clinton ki te mennen aristide tounen. bouke kite pasyon admiratyon Aristide la bouche je w.anti amerikanism ou a pa a la mode ankor.male
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans - Page 2 Empty Re: Doktè Guy Theodore selon komantè l ka yon aspiran pou prezidans

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum