Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : où l’acheter ?
Voir le deal

Diaspora kote nou???

3 participants

Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Diaspora kote nou???

Message  Invité Sam 9 Mai 2009 - 20:23

Diaspora kote nou??? Titlephoto2

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Rodlam Sans Malice Sam 9 Mai 2009 - 20:48

kestyon w lan mal pose ;se pou di ayisyen kote nou?paske si diaspora tap travay di poul okipe e fanmi li e sa ki rete deyè pou yo rale yo deyè yo se pat fasil pou yo te ale an ayiti.se iresponsab ki te rete deyè yo ki te pou pwofitwe kob ke dyaspora ap voye nan peyi ya pou yo te kreye travay pou pep la te ka rete lakay li.O kontrè se vann Duvalier yo te konn ap vann peyisan o lye yo te fè reform agrè pou pe=yisan te rete nan kanpay pou pwodwi manje pou pep la.

jodya nap peye konsekans de 53 zan de neglijans.poum pa di 200 zan de neglijans.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Invité Sam 9 Mai 2009 - 21:24

Rodlam Sans Malice a écrit:kestyon w lan mal pose ;se pou di ayisyen kote nou?paske si diaspora tap travay di poul okipe e fanmi li e sa ki rete deyè pou yo rale yo deyè yo se pat fasil pou yo te ale an ayiti.se iresponsab ki te rete deyè yo ki te pou pwofitwe kob ke dyaspora ap voye nan peyi ya pou yo te kreye travay pou pep la te ka rete lakay li.O kontrè se vann Duvalier yo te konn ap vann peyisan o lye yo te fè reform agrè pou pe=yisan te rete nan kanpay pou pwodwi manje pou pep la.

jodya nap peye konsekans de 53 zan de neglijans.poum pa di 200 zan de neglijans.

Ayiti mouri e se sèl diaspora a ki ka resusite li.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Rodlam Sans Malice Sam 9 Mai 2009 - 21:46

E byen si se sa se pou yo rekonet dwa tout ayisyen ki vle tounen pou ede.se pou bann kreten yo mete kor yo nan kwen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Rodlam Sans Malice Dim 10 Mai 2009 - 7:34

Colo

Al li sou nouvellliste ki jan gouvenman Taiwanais ap montre dirijan ayisyen ki sa pou yo fè pou ogmante prodiktyon di riz nan valle atibonit la.sa fè m reyelman plesi pou wè ke genyen etranje ki konprann pwoblem peyi ya byen.

men ki jan pou nou kombat grangou kloroks la ,si nou fè sa tout kote nan peyi ya e nou kontwole kwasans demografik la e byen nanpren reson pou genyen "emeute de la faim" moun pran la ri pou grangou ankor an ayiti.men sa pou Alexis te fè depi li te monte kom Premye Minis.se pou li te kreye 10 organisatyon tankou ODVA nan peyi ya.yon nan chak depatman yo.epi mande Taiwan kredi pou ekipe tout organisatyon sa yo ak traktè sa yo ke yo bay ODVA.

men rezon ki fè mwen di fok genyen yon bon lekol pwofesyonel nan chak depatman nan peyi ya pou tout ti ayisyen ayisyenn aprann mentni e repare machine agricole sa yo.paske si nou konprann se birokrat selman peyi ya beswen e byen nap toujou nan grangou kloroks e dominiken ap toujou koupe tet nou lakay yo.se sa yap di nou rete lakay nou, travay tè lakay nou pa vinn anmegde yo lakay yo, yo pa renmen nou.Aprann renmen tet nou ,frè ak sè nou peyi nou konsa moun a respekte nou.

wi nou ka fè yon kombit pou tout ayisyen jwen yon pla manje pa jou se tet ansanb selman nou beswen.nou te ka mete lajan nou ansanb e nou fome magasen kote peyisan ka lwe traktè, achte semans jwen yon ti kredi anvan rekolt nan tout kote nan peyi ya.tout tè nan peyi te dwe itilise pou ogmante prodiktyon agrikol la.leta te dwe ofri tè ki pa itilise sa yo an anfermaj pou moun ki vle travay tè sa yo ;ki ka fè elevaj ladan yo tankou sa fet o Zeta Zuni.se pa dyaspora ki pa vle ede men se gouvenman kreten yo ki pa konen ki jan pou yo itilise pouvwa dacha e konpetans dyaspora a.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Invité Dim 10 Mai 2009 - 8:54

Men eske Ayisien ap vle pran e aplike konsèy moun Taiwan yo?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Rodlam Sans Malice Dim 10 Mai 2009 - 13:32

Si yo pa ta aplike konsey e metod sa yo tout kote nan peyi ya e byen se pou yo revoke Minis agrikilti ya.nou tout konnen ke metod serkle tè ak pikwa ak wou pap kapab bay tout moun sa yo manje ,mwen pa beswen agronom pou mwen konprann sa ;si yon agronom an chaj ministè agrikilti ya pa pwofite de ed saa ke Taiwanais ap bay la pou evalye pwofitabilite metod sa a e byen nap toujou depann de manje dominiken ak ameriken pou nou nouri sa ki ka achte manje sa yo.

mwen pa kwè genyen pi gwo priyorite pou yon gouvenman ayisyen ke amelyore prodiktyion agrikol nan peyi ya.se pa chita di ke ayiti se yon peyi agrikol epi se sektè ki pi neglije.fok nou mete lajan peyi ya kote li ka pwodwi plis byen ak servis pou popilatyon an.nou konnen pi gwo beswen yon moun se manje, sante, edikatyon, travay, sekirite, lojman,jistis.se apre nou finn regle bagay sa yo ke nou ka fè ti pedan mete ministè de la kilti , ministè de la kondityon feminine. ministè du tourisme.fok nou aprann kroke chapo nou kote men nou ka rive.Se pa mete yon paket birokrat nan yon paket ministè ki fè nou administe ti resous nou yo mye.se mete lajan reset leta nan moyen de prodiktyon pou nou kreye plis byen ak servis konsa PIB peyi ya a ogmante.konsa yo pap di ke se nou ki pi pov nan amerik la ankor.moun tout kote a respekte nou plis.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Invité Dim 10 Mai 2009 - 20:02

Si nou chak bay $10 chak mwa, mwen rete kwè nan fin ane a nou tap gen ase kob pou ede moun an Ayiti.

Se pa nan radote 24/24, 7/7, nap ede malere sa yo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Nickie Lun 11 Mai 2009 - 9:33

Colo, ki moun kap resevwa 10$ sa yo? Pa bliyé chak fwa gen levé de fon ki fèt pou ayiti sé pôch magouyè ki vinn pi lou. Ou sonjé VOAM? Epi kijan fè sé dyaspora ki ka fè ou bagay pou Ayiti an? mpa konprann. Gen anpil moun kap viv anndan peyi a ki gen plis lajan ak plis mwayen ké moun kap viv déyô péyi a. Antouka, mta renmen ou dim kijan?
Dyaspora ap patajé ti kôb li ak moun anndan péyi a, epi aloufa sankoutya ap konté lajan menm nan blakawout, alô dim kisa ou ta renmen dyaspora fè
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Rico Lun 11 Mai 2009 - 9:46

colocolo a écrit:Si nou chak bay $10 chak mwa, mwen rete kwè nan fin ane a nou tap gen ase kob pou ede moun an Ayiti.

Se pa nan radote 24/24, 7/7, nap ede malere sa yo.

Jan moun Raboto ap sibi anba siklonn. Konbyen voye nan zonn konsa. Konbyen ti fanmy wap sipote. Tande ti mal komanse bakop kinan w yo se deja kèk choz. Pa mande plis saki pa genyen. La nan vil Miyami se mwen kap sipote yon bon zanmi ki mal touche nan yon vye djob sekirite.

Alos pa anmèkde anpil nan frè ak sè nou yo ki pa gen plis. Sispann pase nan tenten anpil dyasporyen ki pa te gen memn chans ak nou ki la dik dantan, ki fè ti ekonomi, ki posede byen depi nan bon vye tan.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Invité Lun 11 Mai 2009 - 10:07

Wi, Rico, la vi a di nan wèl nou nan Floride e se bien ou ede monkonpè sa a ki pa fè ase pou li viv.

Men pito ou bay misie $40 e kite $10 pou ede moun Ayiti yo, moun ke ou pa konnen.

Fanmi ak zanmi pap janm bay yon moun chans pou fè zèv paske yo pa janm satisfè, yo toujou bezwen tankou se sèl yo ki nan afè pa bon.

Map di ou yon bagay, se pa moun Raboto yo ki ranmede'm plis, men se ti Afriken yo.

Depi yo bezwen yon bagay, se di Mon Frère, e pi pase pa dèyè pou pran nan menmen sè yo. Mwen toujou di madan nan pou di yo sispann rele'm Mon Frère paske non sèlman mwen pa sanble ak afriken sa yo, epi depi nèg sayo, afriken sa yo, rele ou Mon Frère, se yon move plan yo pare pou ou.

Nickie,

Wi gen anpil moun pa serie pa bo isit, men gen moun serie tou.

Mwen panse si nou ouvè yon kont kote nou bay ou menm ak Sans Malice jere li, tout bagay ap nan plas yo e pap gen kè sote.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Rodlam Sans Malice Lun 11 Mai 2009 - 10:52

ou di se radote nap radote 24/24 7/7.men ou pa manke yon lè nan 24 la non.(lol)Bon sa ki fè mwen ekri sou forum lan se pou nou wè si na chanje mantalite krab la lakay anpil ayisyen ki jalou de moun tankou Aristide ki fè jefo pou yo ede malere.

tou tan nou pa chanje vye mantalite saa e byen tout sa nap viv jodya se depi lontan yo te konsa.Rosalvo Bobo te ka ekri menm let la yon syek apre li te ekri premye let la.nou pa pwogrese di tou.malgre anpil nan nou ap viv a letranje ke mwen te kwè ki te pral ba peyi ya yon boustè mwen wè ke anpil nan nou rete ak menm mantalite ke nou te soti an ayiti avek li ya.Individialyst ayisyen ki fè nou paka mete tet nou ansanb pou nou organise anyen se li ki ap toupizi nou tout.Jalousi kont sa ki rive, rayisman ,enn kont pwop frè ak sè nou.

ki lè ou janm tande yon pati politik fome an ayiti epi apre yon serten tan ou pa tande genyen yon divisyon nan li?nou genyen yon bel deviz men nou pa pratike li.Si w prete yon ayisyen yon lajan premye bagay li ta renmen ki rive w se pou mouri pou li pa beswen remet w lajan ankor li pito fè w lenmi ,si w pemet ou mande l lajan li pito joure w.dayè li rayi w paske ou genyen pou te prete l.premye okasyon li ta jwen nan deblozay politik se wou li ap premy lage atè sam di ya nanpren moun ki ka dim se manti mwen konnen anpil ekzanp konsa ki pase an ayiti.alor ki jan ak yon mantalite konsa dyaspora ka ede moun ke li pa genyen obligatyon ede.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Nickie Lun 11 Mai 2009 - 12:17

no dyôl to talk mézanmi, ka Ayiti grav pasé aksan grav.
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora kote nou??? Empty Re: Diaspora kote nou???

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum