Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

5 participants

Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Invité Lun 8 Juin 2009 - 19:42

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 9:48, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Joel Mar 9 Juin 2009 - 10:19

Pou moun ki pa fin twò "fò" lan angle ;yon evènman ki se yon "milestone" ,se yon evènman ki make istwa semèn lan ,si se pa yon peryòd ki pi long.

Wi PREVAL ,se nèg sa a wi ,ou pa bay menm yon kominike pou bay kondoleyans si se pa pèp ayisyen an an jeneral ,omwens ayisyen ki ap viv Ozetazini yo.

Pa gen jan pou yo bliye sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Invité Mar 9 Juin 2009 - 21:47

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 9:49, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  jafrikayiti Mer 10 Juin 2009 - 23:10

Pa gen okenn mistè nan kesyon an. Blan yo pa bay Preval lOd pou li respekte memwa Jean-Juste.

Reyalite a sèke "Blan an di Lavalas mouri". Kidonk, imajine ou yon pè teyolojyen liberasyon ki te derefize trayi Aristide jouk jou li mouri a, pral antere - epi katedral two piti nan Miami pou kenbe moun ki vin di li orevwa. Kadav li ap rantre Ayiti - se je wont je - apre anpil anpil anpil presyon - paske blan an ta prefere evite koze sa a. Kounye a, imajine ou plizyè milye moun pral onore mouche sa a, Legliz santi a te pini sou akizasyon li te eseye enskri kom kandida Fanmi Lavalas nan prezidansyèl 2006 yo. Li mouri nan men bouwo blan yo te mete opouvwa pandan peryod represyon sovaj kont Lavalas, apre koudeta a.

Nou te wè kouman yo te jere vizit Clinton lan....fwa sa a ki chemen dekoupe yo pral pran ak kadav Jean-Juste pou kamera pa tonbe sou pankat (demanti pwopagann) ki pral nan lari a?

Mwen di blan an pa bay Prezidan Preval lOd pou li respekte memwa yon Ayisyen parèy li, ki te konn mache kOt-a-kOt ak li nan mitan pèp vanyan an, sou chimen bouske lavi miyO. MèzalO, sa pa vle Prezidan Préval oblije aksepte pran lOd nan men blan an.

Lè Ronald Reagan te mouri, tout kote sete onè-respè - poutan kriz ekonomik n ap sibi jodi a, li pou anpil ladan l. Lotrejou la a, Bill Clinton ak vye George W. Bush debake nan Toronto vin fè pwopagann pou Amerika. Mwen sèten, se pa Préval ki te voye sijesyon sa a pou yo. Kidonk, si nèg lakay kite chenn pase nan kou yo, se yo sèl ki responsab. Chak moun ki granmoun dwe konnen ki kote enterè li ak enterè nasyon li ye.

Annatandan, kit "lidè" yo monte nivo matirite yo pou rejwenn matirite politik popilasyon an ou pa, mwen garanti nou antèman Jean-Juste pral fè anpil IPOKRIT SEZI EPI KAKA NAN KANSON YO!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Marc H Mer 10 Juin 2009 - 23:23

Il ne faut trop critiquer le président Préval car ce dossier est difficile à gérer dans un contexte politique fragilisé.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Invité Jeu 11 Juin 2009 - 1:27

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 9:49, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Marc H Jeu 11 Juin 2009 - 1:32

Je regrette le peuple doit attendre les prochaines élections pour s'ajuster. Pa gen okenn dechoukag kap fett . le peuple a le droit de vote à tous les 4 à 5 ans. C'est tout. Yo dwe rete trankil sinon mete baton sou yo. Il faut respecter les regles dans ce pays. Ki bagay pep sa. Yo finn vote , yo vote nett . ke yo rete tann yon election point barre.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Invité Jeu 11 Juin 2009 - 9:12

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 9:49, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  revelation Jeu 11 Juin 2009 - 10:53

JAF di: Nou te wè kouman yo te jere vizit Clinton lan....fwa sa a ki chemen dekoupe yo pral pran ak kadav Jean-Juste pou kamera pa tonbe sou pankat (demanti pwopagann) ki pral nan lari a?
Popilarite Pe Jean Juste nan Miami, Florida diferan de popilarite li mnan lakou PotoPrins.

Pe Jean Juste kenou te konnen e travail avek li sou zafe immigration ayisyen nan Detansyon Krome e injistis gouvenman ameriken sou zafe priyorite Cubain yo sou Ayisyen e zafe pye mouye ak pye sek se Pe Jean Juste annee 70's ak 80' yo.
Anpil Ayisyen boat people e lot ayisyen kite gen pwoblem immigration rekonet e honore Pe Jean Juste pou bon sevis sa yo nan lakou Miami, Florida.

Pe Jean Juste lakou PotoPrins annee 90's ak 2000's yo se yon Jean Juste politisyen.
Yon Jean Juste ki tap pale an parabol e kite vinn mete Pati Lavalas la do za do.
Kote lap kwitike Lavalasyen politisyen senate e depite ki gen pouwa nan men yo e ki gen zeb nan bouch"

Donk fok nou pa sezi si akey e reseption lanmo e anteman pe Jean Juste nan lakou PotoPrins toutafe diferan de Miami, Florida....e Blan, ak gouvenman pap gen anyen pou we nan sa.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Joel Jeu 11 Juin 2009 - 12:13

Adye!

Les faits ont la tète dure" tankou yo di an franse.
Mwen t ap tande liy ouvèt sou Radyo Ginen kote moun lan tout rakwen peyi an ,de Grandans a Nòdès t ap mande pou fineray Janjis fèt sou Chandmas.
"N'en déplaise à d'autres",sanble ke misye te osi popilè ann Ayiti ke li te ye lan dyaspora a.

E zòt te byen konn sa ,se rezon ki fè li te pran prizon e kapab ki la kòz li pèdi la vi l

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  revelation Jeu 11 Juin 2009 - 13:25

Joel di: N'en déplaise à d'autres",sanble ke misye te osi popilè ann Ayiti ke li te ye lan dyaspora a.
Popilarite'l nan lakou PotoPrins e nan Diaspora diametralman opoze mon fre.
Diaspora bali hochan, hone, respe pou bon sevis ak sipo nan domaine immigration e jistis pou boat people nan lakou Miami.

Pe Jean Juste al pran nan gum e move jwet politisyen nan lakou Poto Prins le yo fe'l konprand ke li kap yon "diplikata" Pe Aristide.
Le yo fe'l konprand ke Jean Juste genyen e ranpli tout karakteristik poul vini yon lot pe Aristide.

Pe Jean Juste konprand se vre e la'm pran nan gum sa jiskaske li manke pedi la vie'l.

Pe a finnn mouri e jiska prezan, move politisyen yo vle jwe yon denye koutkat ak kô e kadav pe a pou vinn kweye dezod nan lakou Poto-Prins e destabilize gouvenman ki deja nan problem avek etidyan yo kap mande ogmantasyon saler pou ouvrye.

Taktik politik sa vreman macab e repignan e bay moun serye degoutans.

Nou vle al goumen?? prezante tet nou memm jan ak etidyan yo sou beton an, al goumen!!

Men pa itilize kom bouklye kadav yon pe ki finn fe travay li sou tê a.


Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  revelation Jeu 11 Juin 2009 - 18:00

Lent=Slow di: Sepandan, se pou pèp la w te vinn travay, si pa ka tande vwa pèp la, si w paka fè travay la, tankou anpil moun ap di, w te ka retire kó'w la tête haute. Gen ki ta di w kapon men yo pa ta rele w trèt si w pale fran avèk yo.
Zafe la "tête haute" la se ti pawol dous pou reveye orgey politisyen.
Pou pep la jwen dividend nan investisman li fok yo kite kontra prezidansyel la rive a term.

Koudeta ke se pep la ki fe'l ou byen GNBiste ki fe'l, toujou reprezante yon bomb a retardeman ki fe tout aktivite progresist kanpe.

Prezidan Bush pat pi bon passe sa, men konstitisyon ameriken an mande pou'l fini term prezidansyel li.
Zafe pou tikrik tikrak, mande pou kat la rebat nan mitan jwet la montre yon mank de matirite politik.


Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Joel Jeu 11 Juin 2009 - 18:02

Premyèman ,a laj mwen ye an ,pa gen goumen pou mwen ankò,se travay jèn gason,antouke moun ki pi jèn ke mwen .

Yon lòt bagay bagay pou nèg ku ap pale de danje ki genyen lan politik ayisyen an ,mesye pran tèt nou.
Zòt ap pale konsa ,se paske yo toujou ap pote la kwa ka zòt.Tan yo chanje ,la kwa ka fasilman vin devan pòt kay yo tou.
Se sa k fè gen anpil peyi ki te tankou Ayiti ,kote se moun ki gen pli gwo zam yo ki ekzèse pouvwa a ,yo rebat kat lan.
Gade kilès ki sou pouvwa an Bolivi ,lan Paraguay menm se yon ansyen monsenyè ki ap dirije .Se yon nonm yo yo te rele "l'évèque des pauvres"

Ann Ayiti menm tèt nou di.

Kanta itilizasyon kadav Janjis lan a fen politik ,pa gen okenn mal lan sa.Ak lit grenn kraze pou sivivans "mas" yo ,li dwe apresye sa (si sa te posib)

Kanta pou li ta vin yon dezyèm Aristide ,misye te gen tout kapasite pou sa e mwen ta gen dwa espekile ke misye t ap pi bon ke Aristide.
Men sa rete yon kesyon ,paske zòt detwi la vi l.
E pou sa mwen tande lan "Jwèt pou wou" sou RADYO GINEN yo ,se yon sèl bagay y ap repete ;moun ki koze lanmò pè Janjis yo genyen pou yo peye sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Thunder Jeu 11 Juin 2009 - 18:28

Moun pa janm mouri "de sa belle mort" pou Ayisyen parèy mwen yo. Yon machinn kraze yo nan lari a, se yon espedisyon ke lènmi yo voye dèyè yo. Yo fè yon kriz kadyak, se pike ke yo pike yo kay malfektè. Menm sida ke yo genyen, yo di se mò sida ke yo voye sou yo...

Fòk mwen t a fè yon rechèch pou m konnen si nan kilti Ayisyèn nan moun se yon èt imòtèl sof si se yon lòt moun ki touye yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  revelation Jeu 11 Juin 2009 - 18:36

Joel di: E pou sa mwen tande lan "Jwèt pou wou" sou RADYO GINEN yo ,se yon sèl bagay y ap repete ;moun ki koze lanmò pè Janjis yo genyen pou yo peye sa!

Sa se pawol kraponnaj ti moun sou lakou lekol!
Pa gen okenn sustans nan deklarasyon sa!!Where is the beef!!
Zafe di GNBiste yo pou yo "veye zô yo" se radot ki pa chita sou anyen!!

Se sa dokte Chaumette tap di a wi.
Mesye sa yo swadizan pitit pep la jwen oportinite pou yo pale nan radyo ak internet an kreyol anko wi SVP.

Olye ke yo itilize mwayen sa pou eklere je pep la, bayo yon bon edikasyon o poin de vu sante, agrikilti, ekonomi, finans, akademik, profesionel etc..pou yo sa avanse.

NON! yo prefere ap radote tout jounen tout nan nwit nan zafe politik, lit de klass, boujwazi, blan, nwa etc... Aloske lang kreyol sa te kap fe anpil mervey pou edike pep la!!

Nou gen bel istwa independans nou kom pep ki ekri an franse ak angle, e memm panyol.
Nou gen ainsi parla l'oncle, de Jean Price Mars.
Gouverneur de la rosee de Roumain, liv Stephen Alexis e anpil lot gwo roman ayisyen ki ekri nan plizye lang...excepte an kreyol.

Rand pep la yon ti sevis!!
Tradwi tout li sa yo pou li an kreyol!!
Se trezo pep la men yo pakab itilize yo!

Kole tet nou ak universite, google e lot entreprise yo pou yo fe lang kreyol sa bonjonnnen pou byenet pep la olye ke Radyo Ginen ap itilize'l pou radote e fe moun menas.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Joel Jeu 11 Juin 2009 - 21:32

Mwen pa konnen de pitit pè p w ap pale an ,sa se youn.

Dezyèmman RADYO GINEN se yoin lan pi gwo radyo lan kapital lan ,ke yo tande lan tout depatman peyi an.
Sèl bagay ki diferan ak yo ,sè ke yo bay tout moun pale ,alawonnbadè ;yo pa kite GNBis yo mete baboukèt pou yo.
Se pa opinyon pa yo ,yo fè pase lan "Jwèt pou wou";se opinyon oditè yo ,ki rele yo lan telefòn selilè ,lan 4 kwen peyi an.
Mèt radyo an se youn lan BARBOT yo ,ke mwen pa ta twòp mete lan kategori pitit pèp e ke moun ki te rete Nouyòk lan ane 70s,80s yo ,familye anpil ak li sou emisyon radyo trè popilè lan Nouyòk ki te rele "MOMAN KREYOL

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Invité Jeu 11 Juin 2009 - 22:17

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 9:50, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  jafrikayiti Jeu 11 Juin 2009 - 22:52

mwen dako ak analiz ou a lent=slow. Mèzalo, se yon kalamite si se 6 pye anba tè, nou sètoblije fouye pou nou jwenn yon moso enspirasyon nan yon nasyon 9 milyon moun. Konsta sa a pa akseptab. Jenès la lage, epi granmoun yo ap gagote tafya - komsi chak jou se kanaval...epi se sou yon poudriyè enbesil yo ap valse, yo pa menm wè sa.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Invité Ven 12 Juin 2009 - 22:03

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 9:50, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Joel Sam 13 Juin 2009 - 8:48

jafrikayiti a écrit:...epi se sou yon poudriyè enbesil yo ap valse, yo pa menm wè sa.

Kant a sa,mèch lan deja limen;se yon "slow fuse" tankou yo di.
Tankoy lòt peyi lan zòn lan ,yo ta gen kont tan yo pou yo tenyen mèch lan.
Men se ta mande yo twòp ,paske yo toujou panse jan sa te konn rive lan tan pase yo ,se konsa li ka toujou rive ;men tou gen 6 a 7 milyon moun ki lan grangou klorox e tankou pawòl lan di l "chen grangou ...."

Yon sèl bagay ou ka di yo se
PINGA,PINGA FOUT!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Thunder Lun 15 Juin 2009 - 8:30

Ala kote moun ka tande radòt se sou chalmas. Menm moun yo ki fè 10 lane ap piye pèp Ayisyen pli mal ke tout lòt rejim anvan yo ap vinn voye pinga. Yo se youn nan kòz majè ki kontribye nan grangou klowòks, men yo bezwen vinn pase pou pwofèt de malè.

Lè chèf yo te pase ranblè ak lèd bouldozè sou plèn ki pi fètil non pati nò peyi a pou m pa di nan tout Ayiti. Chèf yo te voye maspinen, arete peyizan nan zònn sa a pou degèpi yo sou tè a. Tout sa k ap pale jounen jodi yo te rete bèkèkè, e jiska prezan yo toujou rete menm jan an.

Mesye bay moun tèt yo tande, sispann pale nan non pèp la.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste. Empty Re: Le magazine Time souligne la mort de Gérard Jean-Juste.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum