Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-50%
Le deal à ne pas rater :
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
69.99 € 139.99 €
Voir le deal

Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René

2 participants

Aller en bas

Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René Empty Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René

Message  piporiko Mar 11 Aoû 2009 - 18:13

Nou ka fè lwil kwizin
Jean Erich René

Youn lan pi gro touman pèp la, poul fè manje, se lwil. Pa konnen se yon gro
bagay, se pa ni de ni twa grenn nou genyen ki ka fè lwil. Nou gen pistach,
nwa, kokoye, flè soley, grenn koton, grenn maskriti. Problèm lan, se
teknoloji ya, nou pa konnen. Te m ban n yon poul:

Pou ki sa lwil maskreti ya sal epi l santi ?

Se paske se pile yo pile l pou yo bouyi nannan ki gen lwil la. Epi yo mete
l bouyi lan dlo pou yo ranmase lwil la pa ti kiyè. Gen 3 move bagay ki
rive :

1.-Po maskriti ya kraze lan lwil la, lè yo pile l, se sak fè li sal konsa.

2.- Lè yo ranmase lwil la , li melanje ak dlo ki bouyil la. Se sak fê lè w
sere lan boutey li santi konsa. Se dlo ki ladan l lan ki dekompose lwil la

3.-Lwil la non sèlman sal ak po grenn maskriti ya, men nou remake li tou
jòn. Se chalè dife ya ki fèl vini tou jòn. Se sa mesye chimis yo rele
KARAMELIZASYON sètadi li gen koulè yon Karamèl.

Pakèt pwoblèm sa a yo fè tout moun pè sèvi ak lwil maskreti ni pou yo fè
manje, ni pou yo penyen. Moun ki konn bout, fè manje ak li san pwoblèm. Ou
mete l chofe lan chodyè ya, epi ou vide yon gode dlo frèt ladan l. Li fè
chwè è è. Tout move sant vole gagè
Lwil maskreti se pi bon bagay ki fè cheve fanm vini. Yo rele l tou geri
tout sètadi tout maladi : Kò fè mal, tèt fè mal, vant fè mal foulay,
elatriye.

Eske gen lò metòd pou nou prepare lwil maskriti san l pa sal ni santi ?

Oui, san di petèt. Se konnen pèp la pa konnnen. E se pa sèlman lwil
maskriti ! Gen yon aparey yo rele ekspelè ki se yon près ou mete
kelkilanswa grenn lan ladan l epi li pise lwil la lan yon veso ke w mete
anba l. Epi men bon jan lwil maskrititou blan, pròp, kipa gen okenn movè
zodè ke w gen dwa fè sa w vle ak li : manje , rale ko w pou doulè, penyen
tèt, elatriye. M te kwè se li ki pi bon pou motè avyon. Se ak ekspelè yo fè
lwil lan tout peyi sou la tè

Ki kote nou ka jwenn yon ekspelè ?

Yo vann yo, men ou gen dwa fè youn pou kò w! Se yon bwat anbwa ke ou gen
dwa fè ak 5 moso playwoud. Youn pou cka sou kote yo, senkyèm la ki lan fon
wan. Ou fè plizyè trou ladan l pou lwil la pase. Anba trou yo ou mete yon
twal gaz ki pou kenbe tout kras. Lan mitan bwat sa a ki gen dwa gen fòm ke
w vle ou mete yon gro vis lonk tèt anba. Ou mete yon volan ki gen yon moso
bwa anba l ki kouvri mitan bwat la Lan mitan volan an ou mete yon boulon ke
w foure lan vis kilan mitan bwat la. Chak fwa wap vise volan an lap peze
grenn ou me te lan bwat la. Epi pil ti trou ki anba bwat la tonbe ponpe
lwil, kelkil answa se maskriti, flè soley soya. Ken yon kanal anbal ki pou
mennen lwil la koule lan yon veso. Nou gen dwa fè lwil maskriti tou blan
Ou gen dwa pafime l ak flè ki santi bon. Ou mete flè ya fèmen sou yon gri
ak lwil la , odè a ap antre ladan l. Mete l lan bèl boutey ak bèl étikèt
pou vann.

Si w gen yon ti lajan ou gen dwa kòmande yon machin lwil ki pa koute anpil
lajan Se peyi End ki fè li. Pou moun ki vle antre lan bizniz fè lwil
kwizin ou lòt lwil tankou lwil maskriti pròp men adrès konpayi pou nou
achte ekpelè ya :

Na pran kontak ak JAGDISH EXPORTS

Malviya Vadi, Gondal Road,
RAJKOT - 360 002 (Gujarat) INDIA
ou byen rele yo lan telefòn yo lan nimero sa a yo:
TEL. : 91 281 2461134 / 2462079 / 2463055 / 2451214
Nou gen dwa voye yon faks bayo ou byen yon imel lan nimero ak adrès sa a yo
Faks: 91 281 2461770 / 2450628

Imel : info@jagdishexports .com
Se teknoloji ki fè yon pèp avanse, se pa dechoukay.Mwen gen pou nou
toujou. Mwen chaje kon legba. Lòt semenn mwen pwal eksplike nou, kounan yo
fè savon.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René Empty Re: Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René

Message  Invité Mar 11 Aoû 2009 - 18:18

JER fèt konsa???

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René Empty Re: Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René

Message  kami Mar 11 Aoû 2009 - 22:26

Se dat map achte lwil maskriti ki santi bon an Ayiti poum treter chevem.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René Empty Re: Nou ka fè lwil kwizin Jean Erich René

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum