Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti



Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.

-40%
Le deal à ne pas rater :
-40% Nike Air Zoom Pegasus 39 Premium
77.97 € 129.99 €
Voir le deal

Men yon repons sou etidyan yo arete yo

avatar
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 52
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Men yon repons sou etidyan yo arete yo Empty Men yon repons sou etidyan yo arete yo

Message  piporiko Dim 16 Aoû 2009 - 9:03

Mwen li avèk anpil plezi remak ou yo. M pwofite di
ou nan senmenn k ap vini an, m ap poste chif kantite lajan yon sèl
senatè ap gagote nan peyi a ki moute piwo pase Mòndèzanfanpèdi
pandansetan peyizan ap mache pye atè, timoun pa ka ale lekòl pou ekri
bèl fraz menm jan mwen ak ou kapab fè sa, yon voum malere ki rete bò
ravin ak sa ki pa rete okenn kote paske yo pa gen kay, ap prepare yo
pou al mouri anba siklòn... mete sou tout lòt kalamite yo abitye di ki
natirèl tankou siklòn, pa egzanp, men ki an reyalite plis sosyal ak
politik pase natirèl. Brèf, mwen kontan konsèy ou yo. Men mwen ekri ou
pou di ou mwen p ap aplike yo. Men rezon mwen gen pou sa:



1- Si gen yon moun osnon youn nan chendegad yo ki vle
demanti done mwen bay yo, se pa yon dekrè ni yon kominike pou l voye
nan laprès osnon pou l deklare nan yon entèvyou. Pou l ta rive montre
mwen bay manti, fòk limenm li ta ka bay laverite. Se konsa sa fèt nan
mitan moun eklere, kit yo te gen chans ale lekòl, kit yo te anpeche yo
ale, tankou voum ayisyen parèy nou k ap viv tankou chen tèlman yo nan
malsite, men ki pa chendegad lòd grandonboujwa a.


2- Mwen kenbe imaj chendegad la pou kalifye tout moun
k ap feraye nan enstitisyon mwen site nan atik la. Se wòl chendegad la
pou nou eksplike, Ronald. Dapre sa m konprann, yon "chien de garde" li
pa la pou fè lòt bagay, se devore tout moun ki pase pre zafè mèt li.
Koulye a ann nou gade: etidyan pran lari nan yon sistèm yo di kote
libète endividi garanti, baboukèt tonbe sou dwa lapawòl... kisa ou wè
ki pase?

-Lapolis gen tan arete 5 etidyan (2 ladan yo se manm
Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn - ASID - m pa konn si ou
okouran ki pwoblèm yo gen kont ASID!) paske yo se manm òganizasyon k ap
klere je lòt. (Paske yo deside demanti pwovèb : "Chak koukouy klere pou
je ou", ki kenbe peyi a nan gwo fèblan, gwo tenèb).

-Lajistis pa menm ba yo posiblite pou yo ta di yon sèl mo, se nan Kazèn Ponpye ak nan Penitansye Nasyonal yo fèmen yo.
-M pa konn si ou sonje lè yo te arete lafwa pase a
yon gwo avoka ki nan fwod, men yo te mal arete li, selon fòm lalwa di
pou sa fèt. Ou sonje gwo tole avoka parèy li te fè avèk sa? Se pa sou
rezon arestasyon an, non, men sou fòm nan? Pa gen okenn "homme de loi"
sila yo ki di yon sèl mo pou arestasyon jenn gason lapolis ak Minista
ak fè dèyè do lalwa poutèt yo mete ansanm ak ouvriye pou revandike.
Lalwa gen tan pa gen enpòtans ankò, paske se enterè prive patwon yo ki
an je.

-Medya yo menm se pa pale. Gen yon sèl kategori moun
ki vyolan nan peyi a, se etidyan. Sa vle di, selon medya yo, si yo ta
reyisi touye tout etidyan, Ayiti se yon peyi ki an pè, lapolis t ap nan
chomay, paske li pa t ap jwenn vyolans ankò pou l korije. Konbyen fwa
ou louvri yon jounal, osnon limen yon radyo osnon ankò yon televizyon
epi ou wè se vyolans patwon ap fè sou ouvriye yo pale ladan? Men kite
ouvriye yo fè 1nèd tan grèv pou ou tande! Tout jounalis tounen koris:
yon sèl refren yo pran chante: se menas ouvriye ap fè sou patwon.

-Mande moun ki konn ale legliz yo va di ou si gen yon
sèl pè osnon pastè yo janm tande ki yon sèl fwa te di sou lotèl osnon
chè legliz la: sitiyasyon malouk boujwagrandon mete travayè yo se
enjistis. Poutan labib yo kenbe nan men yo pou bay manti a limenm se
yon liv ranpli ak verite. Youn ladan yo di konsa: "Laverite ap fè ou lib! La vérité vous affranchira! Truth will set you free!"

-Di m yon sèl enstitisyon ou konnen nan peyi a ki
janm yon sèl fwa leve kanpe pou defann malere. Kit òganizasyon dwa
moun, kit Komite avoka k ap mande respè libète endividi, kit lòt... Men
ofis pwotektè sitwayen (OPC) pa enterese konn nan ki kondisyon moun yo
arete ilegal poutèt y ap revandike bò kote ouvriye ap kwoupi nan
Penitansye.

-Mwen te ka site ou chak enstitsyon nan peyi a epi
siyale ou jan yo chak fè pati yon gwo sistèm lagè ki pete ant rich ak
pòv. Men kòm se depite ki te nan sant remak ou yo, ann gade depite yo
ki wòl yo.


-Nan moman kote tout moun ta moun, pwopozisyon onorab
depite Steven Benoit pou mete salè minimòm nan 250 goud la, se chalbare
pèp la t ap bat dèyè l. Jiskaske, si onorab depite a gen wont, se linèt
nwa li ta achte pou moun pa wè je li. Men sitiyasyon an tèlman malouk,
depite Benoit vin pase pou yon ewo, yon bon moun, yon pwogresis, yon
revolisyonè, preske yon kominis tèlman pwopozisyon li an an favè pèp
la. Ki sa ki pase? Depite yo pran 2 lane anvan yo resi vote pou retire
50 goud nan 250 goud la. Men pwopyètè yo pa dakò malgre sa. Kisa ou wè
ki pase? Se pa menm depite yo ki retounen al desann 200 goud la piba
pou mete l 150 goud? Tande Ronald, pase mennen yon ti ankèt nan Pak
Endistriyèl la ou ap jwenn gen patwon ki te koumanse ap ofri ouvriye yo
160 goud. Sa vle di, depite yo kòm bon chendegad, defann patwon yo twòp
menm nan desann salè minimòm nan 150 goud, paske patwon yo te pre pou
peye 160. Si sa a se pa yon atitid chendegad, eskize m, mwen pa konnen
non li.

Se yon leson klè wi li ye: pèp pa ka konte sou
enstitisyon kapitalis mete kanpe pou rezoud pwoblèm li. Pèp pa ka konte
sou prezidan ak palmantè, paske limit pèp la se nan vote. Apre sa se
pou boujwa moun ki pase nan vòt yo pral dirije.


3- Ou mande pou evite moutre fristrasyon ak emosyon
nan lè mwen ap trete avèk yon lòt pati, sitou si li pa onèt. Ou gen
rezon vre, yo malonèt anpiiiiiiiiiiiiiiiiilll. Imajine yo, yo fèmen
faktori yo pandan 2 jou, lè ouvriye yo tounen al touche lajan yo dwe
yo, patwon yo ap woule ouvriye yo, ranvwaye yo pou lendi 17 dawout. Ou
imajine ou yon malere k ap touche 70 goud epi patwon an dwe li sou mwa
ki pase a? Mete sou sa, l ap woule l derefize peye l? Alòs Ronald, kite
m di ou byen: si gen yon lòt mo ki pi fò pase fristrasyon se li pou ou
te di. Paske mwen pliske fristre. Atansyon! Mwen pa fristre paske
depite a ap fè yon kolosal lajan epi mwen pa ka fè l, non. Pèmèt mwen
di ou, menm jan ak depite yo, mwen menm Franck, mwen se yon privilejye.
Pi privilejye pase anpil depite nan yon lòt sans. Mwen mande ou eskiz
poutèt mwen ekspoze moso nan vi pèsonèl mwen ba ou, men se pou m pa
pale anlè ki fè m fè sa.


.Mwen se moun 4e seksyon riral Kotfè nan depatman
sidès la. Jiskaprezan pa gen ni dlo, ni wout, ni kouran nan zòn kote m
fèt la. Ou pa bezwen mande m si gen lopital ak lekòl. Sa vle di, timoun
ki te fèt nan menm epòk avèk mwen nan tilokalite sa a, jodi a, swa yo
ap kouri dèyè machin sou pòtay Leyogán pou vann boutèy dlo pou fè yon
adoken, swa yo al bay koupe tèt yo Sendonmeng, swa yo rete nan
tilokalite a ap plante yon timoso tè ki t ap ka pote anpil richès pou
peyi a, men ki malerezman pa ka pote anyen, pliske se sou bon tan ak
move tan peyizan ap gade. Sa ki pi "chanse" yo al bourike nan
Amerikdinò, menm si se tankou chen, men yo pètèt jwenn manje. Poutan,
mwen menm mwen jwenn tan pou ekri bèl fraz devan ekran òdinatè. Sa vle
di, mwen se yon privilejye. Se egzateman kont sistèm ki fè m privilejye
a mwen revòlte. Mwen bouke avèk yon sistèm ki fè yon pòsyon mouri obèz
pandan majorite a mouri pwatrinè. Paske gen mwayen pou tou 2 gwoup sa
yo ta viv pi lontan, si nou rebat kat la. Mwen fristre, mwen p ap kite
fristrasyon an touye m, donk mwen revòlte. Paske mwen gen yon ògán nan
bò gòch lestomak mwen k ap bat ki mete m malalèz devan lenjistis ak
manti. Se rezon sa a menm ki fè se nan bò gòch li ye.


Ou konseye m pou evite moutre fristrasyon ak emosyon
sitou lè mwen anfas yon lòt pati ki malonèt. M espere se pa nesesè pou
m siyale atansyon an se 2 pati ki genyen: Se sansi yo k ap souse malere
yo yon bò, epi anfas la gen voum malere y ap souse yo. Bon! gen anpil
tiboujwa ak tigrandon entèlektyèl-jako ak entèlektyèl-mabouya ki ap
debouye yo jan yo konnen pou ta fè moun kwè se nan mitan yo ye, yo pa
nan okenn kan. Men reyalite a moutre nou deja, lagè a tèlman mangonmen
nan mitan 2 kan yo, pa gen posiblite pou moun kanpe nan mitan. Mwen, m
chwazi kan pa m epi mwen di l klè. Lòt kan an pa gen lòt mwayen pou l
kenbe sinon nan bay manti, nan màlonèt, nan krim, nan sasinen, nan mete
nan prizon...


Pèsonèlman kòm grenn endividi, mwen gen yon 2e
privilèj sou lòt privilejye parèy mwen yo ki chwazi (malgre yo pa vle
moun konn sa) pou kanpe nan kan sousèt yo pito, malgre manmèl la pa nan
bouch yo, se nan sa k ap tonbe atè y ap ranmase. Se ki privilèj
mwen genyen sou yo? Men li: mwen konnen tout metòd boujwagrandon ak
leta/gouvèlman k ap sèvi yo, mete sou tout lòt enstisyon k ap sèvi yo
chendegad yo kapab itilize kont yon moun tankou m ki eksprime
fristrasyon ak emosyon san kremòl: mwen pa pè youn. Gen yon kòd ki mare
nou ki rele ensti pou viv. Se sa ki fè nou kwè "pito nou lèd nou la".
Se sa ki fè anpil nan nou, malgre nou wè lenjistis nou pa revòlte, nou
konpòte nou an "gens bien". Mwen menm, lavi m pa gen sans anfas manti,
lenjistis ak eksplwatasyon. Mwen pa ka sipòte yo. M pito viv Lib osnon
mouri. Pase pou m lèd, m pito pa la. Dayè, pi gwo sètitid mwen nan
lavi: gen yon jou m p ap la. M pa enterese konnen ki jou sa a.


Pou m mete bout nan pawòl mwen pou moman an (paske m
tèlman wè pawòl m ta di), ou ap pèmèt mwen di ou Ronald, mwen ta swete
ou fè menm jan avèk mwen depi se anfas lenjistis ou twouve ou. Se frape
pye ou atè di: sa a p ap pase! Mwen pa konn ki mwayen ou genyen, paske
tout moun pa oblije genyen menm mwayen, men mwen envite ou, ann nou
mete ansanm pou se pa nou menm privilejye ki viv byen. Ann nou goumen
ansanm pou nou kase chenn privilèj la pou tout moun ka viv byen!


Mwen salye ou nan non Boukman ki te reyalize 14
dawout 1791 ak Desalin boujwagrandon te sasinen nan fèt lakay Pétion
nan ri lantèman!


Franck

    La date/heure actuelle est Jeu 6 Oct 2022 - 12:25