Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot ...
Voir le deal

Dona nobis pacem! (Lu pour vous)

Aller en bas

Dona nobis pacem!  (Lu pour vous) Empty Dona nobis pacem! (Lu pour vous)

Message  piporiko Mer 26 Aoû 2009 - 12:21

Dona nobis pacem!

Anba gouvèlman sanginè ak boujwa malpouwont

Anba palmantè restavèk ak politisyen woule m debò

Anba tout babilònn tisousou, zenglendo, tètsankò

Anba Munistah malvèktè kap mete nou nan kont

Papa Tousen, ban nou lapè!



Nan mitan nèg kalmonson, vòlè ak piyajè

Nan mitan machann peyi ak nèg ti lakou

Nan mitan bennponyèt ak pitit Byasou

Nan mitan nèg gwo palto eskamòtè,

Papa Desalinn, ban nou lapè!



Ak tout konplotè ki kenbe n nan malè

Ak tout souflantchou kap manniganse anbachal

Ak tout pati politik ki kenbe n nan fal

Ak tout legliz kap preche lamizè

Papa Petyon, ban nou lapè !



Kont tout oganizasyon kap mete nou nan won

Kont tout ONG kap mete n sou pikan

Kont tout magouyè kap fouye tè machan

Kont tout esplwatè kap souse moun dondon

Papa, Kristòf, ban nou lapè !



Ban nou lapè pou peyisan ka jwenn repo

Ban nou lape pou ouvriye moute pi wo

Ban nou lapè pou pitit pèp ka fè lago

Ban nou lapè pou etidyan sot nan kacho

Pou Ayiti fleri, ban nou lapè !



Ban nou lapè pou san sispann koule

Ban nou lapè pou dlo nan je seche

Ban nou lape pou nou tout ka manje

Ban nou lapè pou timoun ka chante

Pou Ayiti pi lib, ban nou lapè !



Ban nou lapè pou nou ka vinn pi djanm

Ban nou lapè pou nou met tèt ansanm

Ban nou lapè pou nou limen kon flanm

Ban nou lapè sot janvye jouk desanm

Pou Ayiti grandi, ban nou lapè !



Ban nou lapè pou n kapab viv anpè

Ban nou lapè pou nou sot nan malè

Ban nou lapè pou n bare lamizè

Ban nou lapè pou n rebati palè

Pou tout ayisyen ini, ban nou lapè !



Génération Konbit

Jonathan Julien

Belgique/Bèljik



26/08/2009

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum