Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% sur les sacs à dos pour ordinateur ...
Voir le deal
19.99 €

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

3 participants

Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  Rico Lun 9 Nov 2009 - 13:38

Mezanmi Paul Denis depi kèlke tan nan mitan rejim Preval la, pa fè gwos vag. Mouche Denis yon konesans, yon militan politik entèg, yon moun vètikal mwen te konnen nan zanmitay ak Preval pèdi anpil galon. Men lot pèsonalite mwen konnen toujou vle kwè nan ti Paul, fè konnen mouche toujou egal li menm.


Paul Denis pou moun ki pa byen konnen li, se yon politisyen koni transparan, onèt, sèvyab. Gouvenman Tranzisyon koni pou sansiblite dwat li pa te janm ezite mande l dirije komisyon dankèt administratif pou mete tout kakashat deyo nan gouvenman Lavalas nan ane 2000 yo. Malgre tout sayo te kap repwoche Latoti li te fè apèl Paul Denis, pou dirije ankèt administratif sou gouvenman Lavalas. Rezilta ankèt gouvenman Preval-Alexis ki te vini apre Tranzisyon klase, kase kouvri fèy.

Eske retou Paul Denis kom patron la jistis vle di dosye koripsyon, vol, detounman lajan, vye konbinn lavalas yo pral relanse. Eske nominasyon Ti Paul vle di Preval vle mete tout kakashat deyo. Eske Preval vle voye la kwa lakay koken, dilapidatè, koriptè, mafyozo. Eske Preval vle fini an bote pou mande zanmi li ti Paul sèvi ak tout visye, volo, dwèt siperyè long nan bwat leta a oganism leta. Lè nou konnen Preval bezwen viv an tout kyetid, bwè ti tafya li nan Mamelad, eske nominasyon Paul Denis se yon lavaj ak bon presyon pou netwaye ekiri Espwa avan li pati.

Antouka nap di Paul, tout je brake sou li. Apre long silans li nan biro Palè Nasyonal, bon pèp ap tann rezilta li. E sitou ti Paul pa kite listwa fèmen pot sou wou. Li anko tan demontre militan politik dinamik, vètikal , entèg yo te rekonèt lakay-ou.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Re: Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  dilibon Lun 9 Nov 2009 - 14:31

Rico,

Youn lot fwa ou fem sezi, tanpri rache 2 fey pwapyant, 6 ti fey vevenn ak enpe asorosi pou mwen poum ka fe youn ti remed! Tande koman youn neg ki fe preske tout karey politik pou bait youn pati, nan denye minit kote lavi grnamoun gentan ap avanse, li jwenn youn ti kamyonet Leogann, li monte tnakou youn opotinist san fwa ni lwa, san okenn wonte abandone tout asyen patizan li yo pou rantre nan jwet machiavelik Preval ou ka asosye om ak konsyans vetikal, probite, entegrite, gwo konese devan Pe Letenel e sevi ak eksperyans nan tranzisyon kom referans de karakte li! Eske ou bliye ke menm neg ki onet, loyal, enteg nan matin konn genyen men yo tranpe nan kes leta lanwit? Koman youn neg onet ka bay alejyans li a Preval ki pa janm tolere ke ti sousou tet nan janm bo kote li? Mwen ap finn konprnan men gendele genyen rezon ke la rezon menm pa konnen, mwen swete k ou genyen rezon kite nou pwan chez pelouz nou pou nou gade paske noudeja konnen rezilta ke nou ka espere. Ke msie dementi nou... Mwen ka di se youn gouvenman pou prepare eleksyon Preval vle a kote moushe pwal tounen bra fo ki pwal fe manev Preval ak tout koripsyon sa vle di... Tout mesye pwal pwan fom moul peyia toujou ba yo, se likid, om san kolonn vetebral ki pwal ban nou menm film nan ak menm akte san madanm nan!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Re: Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  Rico Lun 9 Nov 2009 - 14:47

Annou tann toujou....
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Re: Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  dilibon Lun 9 Nov 2009 - 16:06

Ou kwe nou pap tounen pwa tann... Fok nou genyen fyel pou nou tann tann sa'a!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Re: Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  dilibon Mar 23 Nov 2010 - 14:28

eske nou genyen fyel toujou pendan nap tann Preval tounen bon jan devlope peyi?

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Re: Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  Doub-Sossis Mar 23 Nov 2010 - 14:44

Sim suiv bien sa-a se yon pos 2006 nou remoute la ki demontre kote Paul Baisse zepol ak UCREF.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon Empty Re: Paul Denis minis jistis eske dosye 197 milyon, koripsyon, Ucref pral an aksyon

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum