Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009 Desanm se

2 participants

Aller en bas

16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se Empty 16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009 Desanm se

Message  piporiko Mar 22 Déc 2009 - 11:25

16 DESANM 1990 – 16DESANM 2009





Desanm se dènye mwa nan yon ane. An 1990, desanm ann
Ayiti pa t senpman mwa ki t ap fini ane
sila a. 16 desanm 1990, yon evenman
istorik rive nan peyi d Ayiti : premye fwa depi egzistans li, Leta Ayisyen
òganize eleksyon lib san paspouki, kote tout moun vote kandida yo vle. Pèp
ayisyen envesti ak anpil pèt, anvan l rive rekòlte viktwa sila a. Moun ki te pi
gwo senbòl benefis politik envestisman sa a, li rele alepòk Pè Jean-Bertrand Aristide, Pèp la chwazi
pou Prezidan. Pawòl Pè Aristide nan prèch li abitye fè nan legliz Sen Jean
Bosco, pawòl sa a yo te souke kòd sansib majorite moun nan peyi a, sitou mas
pòv yo. Mennas restan rejim divalyeris la pèsiste, sipèpisans kapitalis yo pa
lofri konfyans, gwoup demokratik yo pa gen yon pesonalite politik nan mitan yo
ki makònen fòs yo tout, pou garanti viktwa nan eleksyon. Se kèk pami pi gwo
rezon ki lakòz Fwon Nasyonal Konsètasyon Demokratik la asepte Pè
Aristide anba banyè l, kòm kandida pou prezidan.





Eleksyon 16
desanm 1990
yo, se anvan tout lòt bagay, viktwa grann majorite Pèp la, nan
konba Pèp sa a pou libète politik, pou li viv yon lavi miyò e tankou tout moun,
nan yon Ayiti kote tout moun fè devwa yo, e jwi tout dwa yo antank sitwayen egalego
devan lalwa. Viktwa 16 desanm 1990
la, se triyonf lespri tout sila a yo ki, nan liny pou al vote,yo mouri anba bal
atoufè pouvwa militè . Viktwa 16 desanm
1990
la, se yon leson e yon mesay
majorite Pèp la voye bay pwofitè nan eleksyon alaploum Pouvwa militè
monte 18 janvye 1988. Viktwa 16 desanm
1990
la, se revany legal e moral tout kretyenvivan brasawouj fawouche,
maspinen, vantre... nan dat 11 sektanm 1988, nan legliz Sen Jean Bosco. Viktwa 16 desanm 1990 la, se premye ti plan
demokrasi tout Ayisyen pike ansanm nan jaden konba pou lavi ann Ayiti miyò,
anba limyè Konstitisyon 29 mas 1987 la ,yon konstitisyon menm majorite Pèp la
te vote libelibè.





Lavi miyò ann Ayiti chita sou plizyè ak divès egzijans ki dwe jwenn
satisfaksyon. Pami egzijans sa a yo, detwa ladan yo se libète pou pale, libète
pou òganize, libète pou chwazi nan bonjan eleksyon : Prezidan, Palmantè,
Majistra, Kasek , Asek ak Delege Vil. Diran 19 lane apre viktwa 16 desanm 1990 la,
libète sa a yo sibi anpil soukous nan peryod 2 koudeta : 30 sektanm 1991-
15 oktob 1994, 29 fevriye 2004-14me 2006. Tou 2 koudeta sa a yo kapote prezidan
Jean-Bertrand Aristide. Premye koudeta a rete kwoke nan salyè militè poutchis
yo, jis prezidan demokrat Bill Clinton retounen prezidan Aristide ann Ayiti , anba
pwoteksyon fòs militè meriken, pou prezidan an vin fini rès manda l, apre 3
lane egzil ; dezyèm koudeta a voye prezidan an yon lòt fwa ann egzil, kote li rete jis jounen
jodi a . Fwa sa a, fòs militè meriken, kanadyen ak franse debake toutswit apre
koudeta a, annatandan fòs militè sou kontwòl Nasyonzini rive 4 mwa apre. Premye
koudeta a te lakòz levevwa anfòs grann
majorite ayisyen, etranje ak gouvènman etranje toupatou. Pandan tout tan chita
pale ant poutchis yo ak gouvènman konstitisyonèl la sou banyè OEA epi
Nasyonzini, rezistans kont koudeta a pat janm ni lage, ni febli. Tout sektè ann
Ayiti, esepte pifò nan ti gwoup gwo biznis ansanm ak detwa politisyen, yo tout te kont e
te aktif nan levekanpe anfas pouvwa militè panzouyis la. Pretès poutchis yo seye
bay pou rezon koudeta a, sa pa t interese okenn patizan demokrasi tout bon .





Esperyans 16 desanm 1990 la, se rezilta volonte aktif tout militan
nan tout sektè òganize, ansanm ak tout lòt moun ki rekonèt e asepte dwa pou
tout ayisyen viv tankou moun, nan yon Ayiti ki mache sou kontwòl lalwa.
Kidonk, Ideyal 16 desanm 1990 la gen yon nannan ki konsantre sous lavi ak
lavni tout Ayisyen alawonnbadè. Poutan, siman viktwa 16 desanm 1990 la
te gen anndan l pwòp feblès li, si se pap pwòp mikwòb li, ki pral minen
rezistans li anba soukous politik :


a) enterè depaman pou pouvwa anndan chak gwoup politik ki rasanble anban
banyè kòk kalite Lavalas.


b) malalèz gwoup politik sa a yo ak Pè Jean-Bertrand Aristide ki toudenkou
vin lidè politik, epi sèl lidè ki moblize
grann majorite Pèp la.


c) okenn konesans sou esperyans Pè
sa a nan travay an gwoup kote se pa amèn
monpè ki sèl mak konfyans ak angajman.


e) okenn pwojè rezonab klè, ansanm ak
omwens yon eskèlèt pwogram chanjman
nasyonal ki jwenn moso konfyans tout kategori moun nan sosyete a, ann Ayiti.





Retounen Prezidan Aristide nan dat 15 oktòb 1994 te fèt anba bandwòl
jistis, rekonsilyasyon ak lapè. Yon sanblan rekonsilyasyon ak lapè ki fèt nan ban m ma ba w, nan enterè lajan ak
pouvwa , e ak yon fòt dòz mètdam. Pa t gen yon politik serye pou jistis,
rekonsilyasyon ak lapè. Ti moso konfyans ki
ta dwe kreye nan mitan diferant
aktè yo, konfyans sa a pa t jwenn baz enterè ki pare pou yo jèmen nan yon Ayiti
kote tout ayisyen rekòlte lavi miyò tout
bon. Kanta pou jistis , rapò Komisyon Verite ak
Jistis la rive bay senpman Pwosè Raboto, sou premye manda Prezidan Rene
Preval ; detwa grenn moun selman rive kondane pou zak sansinay ;
preske tout kondane sa a yo, yo pa janm antre nan okenn prizon. Youn osnon 2 ki
te fèmen nan prizon, e ki pat menm mastèbrenn kolonn sansinay sila a yo, yo
tout jwenn libète, grasa koudeta 29 fevriye 2004 la.





15 oktòb 1994, se yon evenman san parèy nan listwa politik peyi d Ayiti, e
menm sou latè, nan tan sa te rive. Men se apati evenman sa a, viktwa 16 desanm 1990 la kòmanse viktim
monopòl pouvwa pèsonèl, nan non Lavalas. Se kòmansman monopòl pouvwa pèsonèl sa
a ki lakòz majorite gwoup ak pati politik ki te sipò legal e menm pwogresis viktwa 16 desanm 1990 la, se politik
monopòl pouvwa pèsonèl sou Esperyans 16
desanm 1990 la, se sa ki lakòz
gwoup ak pati politik sa a yo tanmen bay dat 16 desanm nan yon bwa long kenbe.





Viktwa ansanm ak valè nasyonal 16
desanm 1990
la, Viktwa sa a kontinye sibi anndan Mouvman Lavalas la li menm,
presyon ki ta vle retresi, osnon gaye l,
nan chak lòt kalfou Mouvman Lavalas la
travèse: soti nan Òganizasyon Politik Lavalas(OPL), akote Pati Louvri Bayè(PLB),
KOREGA ak MOP, antre nan Platfòm Politik Lavalas(PPL) Bò Tab la, epi bout nan Òganizasyon
Fanmi Lavalas. OPL, PLB, KOREGA, MOP, ansanm ak kolaboratè ki nan sèk toukole ak Prezidan
Aristide, e Prezidan an limenm tou, yo tout aksepte mete kanpe PPL , kwak plan ak vizyon
yo chak pa t makònen ansanm tout bon vre
. Malgre egzistans yon lidè alatèt chak pati, osnon gwoup ki fòmen PPL, Platfòm
nan te rete san yon lidèchip kolektif. PPL te chita sou anbisyon , enterè ak jwèt politisyen
chak gwoup ki gen pwòp non pa yo, pou yo kontinye nan pouvwa sou do popilarite
yon Jean-Bertrand Aristide ki limenm bòkote pa l, t ap seye fè mannèv pou l ta
fè dekabès sou yo tout.





Prezidan Aristide òganize Eleksyon jen 1995, Lavalas retounen opouvwa anfòs;
men OPL ba Aristide 2 koutba: yon premye koutba, lè OPL pa apiye demach
Prezidan Aristide pou l reprann 3 lane pouvwa li pèdi ann egzil, pandan OPL
apiye Kandida Rene Preval pou prezidan, yon dezyèm koutba, lè OPL rasanble tout
palmantè OPL nan yon blòk OPL, olye li potekole pou fè yon BLÒK LAVALAS. Kòm konsekans, Gwoup ak
Pati politik ki bay Mouvman Lavalas la
lesepase legal , yo vin pi dekole sou presyon ak tansyon enterè yo chak ap
defann, pou pwòp tèt pa yo chak; yon lòt
konsekans, majorite moun nan tout
kategori nan sosyete a ki te fè, e
ki te gen espwa nan Esperyans 16 desanm 1990
la , anpil ladan yo santi yo viktim diskou ak mannigèt ki esplwate nesesite ak
bezwen tout yon Nasyon.





Malgre tout deblozay nan Lavalas, yon kantite ayisyen, fanm kou gason, te
kontinye imajine posiblite pou remete Esperyans
16 desanm 1990
la sou ray fondal natal. Pwojè pou kreye yon òganizasyon
kote Majorite pòv la, lavil tankou kanpay ta jwenn plas li tankou tout
moun ; yon zouti politik ki dwe rasanble tout kategori sitwayen bò tab
patisipasyon, pou bati yon Ayiti kote dwa tout moun garanti sou baz lalwa. Pwojè
sa a rebay anpil ankourajman kay yon latriye moun tout nivo nan kouran Lavalas.
Òganizasyon Fanmi Lavalas monte ak Manman Lwa, ansanm ak Regleman ki di jan Òganizasyon
an mache. Baz Fanmi Lavalas, se Ti Fanmi ki makònen ak òganizasyon popilè e
peyizan, fanm kou gason. Lidèchip dekonsantre Fanmi Lavalas se Kowòdinasyon
Seksyon Kominal , Komin, ak Depatman. Kowòdinasyon Nasyonal ak Komite Egzekitif
Fanmi Lavalas, se tout reprezantan lidèchip dekonsantre sa a yo, plis yon Reprezantan Nasyonal. Jodi a,
apre 13 lane egzistans Òganizasyon Fanmi Lavalas, pa janm gen yon Kowòdinasyon
Nasyonal ,ni yon Komite Egzekitif, jan Manman Lwa a egzije. Menm jan
Platfòm Politik Lavalas nan lane 1995 pat gen yon lidèchip OPL, PLB,
MOP,KOREGA,plis Jean-Bertrand Aristide.





Li te keksyon pou Òganizasyon
Fanmi Lavalas pat yon pati politik tradisyonèl; epi poutan depi nan rasin, Òganizasyon
Fanmi Lavalas tolere yon mawoka li konfonn ak bonjan angrè . Mawoka sa a pote
non annanfans-se-lasyans. Ti klik enterè k ap preche levanjil mawoka a nan Fanmi Lavalas, li pa ni bèt, ni
analfabèt; ti klik enterè sa a ranmase anpil diplòm pratik nan politik tradisyonèl . Men sa ki pi
grav e ki pi gwo danje pou Fanmi Lavalas, e pètèt pou peyi a, sèke gen kèk
fanmilavalasyen enfòme ki aksepte laloz, pandan y ap patisipe nan ankouraje, epi esplwate pèsistans
malè sa a; menm lè depi pase 5 lane, maladi
sa a bloke antre Oganizasyon Fanmi
Lavalas tout kote zafè Pèp la ak Peyi a ap diskite e deside,sitou epi 3 fwa nan eleksyon. Se ak
menm levanjil mawoka sa a, gwo tèt
politik tradisyonèl anba chal nan Òganizasyon Fanmi Lavalas ranmase tout dwa
pwopriyete Esperyans 16 desanm 1990
la, kòmkwa se sèl moun Fanmi Lavalas ki te fè, e ki rete fidèl ak Esperyans sila a. Aloske verite a , se
pito politik monopòl pouvwa pèsonèl la ki rapousib, e ki pèsiste jiskounye a nan
Fanmi Lavalas . Menm politik ki dekonstonbre Mouvman Lavalas la, l ap depafini
Fanmi Lavalas depi anvan eleksyon 2000 yo, jis jounen jodi a; nan respè san rezèv e jiskatè pou tout pawòl ak
tout zak chèf-san-parèy Lavalas, men
san respè pou grann majorite Pèp la ki ta
dwe rete annanfans e kònichon nan chitan tann.





Malgre rèl òganizatè Fanmi
Lavalas toupatou nan Peyi a, viris pouvwa pesonèl la sèmante, san li menm,
pòv yo ap rete pòv, san li menm, demokrasi pa posib, e san li menm, pa gen
Fanmi Lavalas. Viris la ka lakòz anpil atizan 16 desanm 1990 kanpe lwen kadejak ki fèt sou Esperyans 16 desanm lan. Viris la ka kenbe Fanmi Lavalas ann otaj,e
menm ka sakrifye Fanmi Lavalas ; men viris sa a pap ka ni kenbe ann otaj, ni sakrifye, Pèp Ayisyen ak peyi d Ayiti. Malgre
pèsistans viris pouvwa pèsonèl la, konba Majorite pòv la ap rapousib,
envestisman nan moun ap fèt mosopamoso, e tout kategori moun nan sosyete a ap
rive asepte vle pa vle, se chak moun e nou tout ki dwe fè sa n dwe fè ak entelijans
nou e selon lalwa, pou nou tout ka rive viv tankou moun nan yon Ayiti nou tout
dwe pwoteje, pandan Ayiti sa a toujou la pou penmèt nou tout viv e fè pwogrè,
grasa resous li genyen pou satisfaksyon
bezwen nou tout.









Yvon NÉPTUNE



16 Desanm 1990

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se Empty Re: 16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009 Desanm se

Message  dilibon Mar 22 Déc 2009 - 11:56

RADIOGRAPHIE DU 16 DECEMBRE : 19 ANS DE TRAHISON PAR STANLEY LUCAS
16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se PrevalAristide16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se Aristidepretre

19 ans déjà depuis que la trahison continue avec la mise à mort des aspirations de modernisation du systeme economique et politique du pays du pays en gestation depuis le 7 Fevrier 1986. Aux Elections démocratiques du 16 Decembre 1990 les citoyens Haitiens donnaient leur confiance a Jean Bertrand Aristide et a dix huit partis politiques au parlement. Ces nouveaux elus recevaient un mandat clair pour transformer la societe Haitienne. Lavalas au pouvoir a d’abord démontré son mépris de l’effort démocratique en arretant des sa prestation de serment, le chef de l’Etat sortant, l’honorable juge Ertha Pascal Trouillot qu’il jeta au Penitencier National, sous des pretextes honteux, juste pour montrer son arrogance déferlanle sur le pays. Le leadership Lavalas accouplé au leadership du tonton macoute Bayad Vincent commenca des lors par assassiner les aspirations des citoyens Haitiens. Les preuves et les dates en témoignent.

PREMIERE RADIOGRAPHIE : 7 FEVRIER 1991 - 30 SEPTEMBRE 1991
16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se Aristidedebats
Aristide preta le serment constitutionnel le 7 Fevrier 1991. Il nomma comme Premier Ministre Rene Preval, un boulanger qui lui apportait du pain a St Jean Bosco et un “aktyonè” a la grande gueule. Aristide voulait aller à gauche et son Premier Ministre courait a droite n’ayant aucune vision ni plan de gouvernement. Preval improvisa. Les taux d’interets fixes de la dette externe sauterent et il livra le pays au taux du marché libre, creant une incroyable inflation et augmentant la misere a un degré incontrolable depuis. Aristide de son coté, au lieu de mettre toutes les roches au soleil dans l’eau prefere mettre aussi ceux qui etaient déjà dans l’eau au soleil, inaugurant pour la totalité du pays, une politique de souffrance et de miseres, “tout moun nan grangou à la ronde badè…”

En moins de quatre mois le cabinet ministeriel compose d’incompetents se revela médiocre. La chose publique etait gere par le president Aristide assiste de Rene Preval et d’une bande de boy scouts de ministres qui jouaient dans la façade comme des portraits. Aucun plan, aucune vision pour le pays n'a ete defini a l'epoque. L'action gouvernementale etait caracterisee par des discours d'agressions , de divisions et de poesies-fatras : “Gade mwen nan je map gade ou nan je”, “ Je peux et je veux , tim tim, bois sec!”

Finalement tout a été du bois sec, sans sève avec des fruits morts et pourris , du bois sec à bruler. Et tout a été brulé. Les ressources gouvernementales etaient utilisees pour des manifestations politiques, brulees dans le vent de la folie. La gestion des dossiers economiques et sociaux fut completement negligée, priorisant la revanche politique et les eliminations. On a assiste a l'augmentation rapide des actions autoritaires du gouvernement Aristide, a travers la chasse aux sorcieres dans l'administration publique, les victimes du pere Lebrun, la politisation des militaires du palais national et des garnisons de l'armee et de la police, la tentative pour creer un nouveau corps de miliciens, le SPP.

La modernisation de l'etat, le developpement economique et l'institutionalisation n'etaient pas dans l'agenda du gouvernement. C'est dans ce contexte d'absence totale de la gestion des affaires de l'etat que surviendra un conflit entre l'executif et le Legislatif le 13 Aout 1991. Sous l'initiative du Front pour le Changement et la Democratie (FNCD), allies d'Aristide, leurs parlementaires frustres a cause des revendications de leurs mandants avaient decides d'interpeler le Premier Ministre Rene Preval qui en six mois n'avait rien regle pour les 133 communes. Aristide et Preval qui ne reconnaissaient pas l'autorite constitutionnelle de leurs propres alliés parlementaires de controler et sanctionner le Premier Ministre deciderent de donner une lecon a un groupe de deputes. Des chimeres furent depeches par le palais national pour assassiner par le pere lebrun quelques parlementaires du FNCD. Grace a l'intervention de la
police, les chimeres d'Aristide n'ont pas pu executer leurs ordres. Malgre l'intervention de la police, les chimeres avaient mis la main sur le depute Josue Lafrance, de la 45eme legislature, et essayaient de lui donner le pere Lebrun. Chanceux, l'intervention de la police, a permis a ce depute d'avoir eu la vie sauve. Les chimeres ont quand meme dechirer les habits qu'il portait. Aristide tourna le dos a ses amis du FNCD et de l’OPL (Organisation Politique Lavalas) et crea son nouveau parti fascite, le Parti Lavalas, forcant les autres a devenir l’Organisation du Peuple en Lutte…

Ces evennements creerent un environnement politique insoutenable. Pendant cette periode d'autres affrontements politiques ont eu lieu. Ces dechirures politiques ont conforte les camps et orientaient le pays vers des conflits additionnels. Le 30 Septembre 1991 ce qui a debute comme une mutinerie dans une garnison de l'armee s'est transforme en un coup d'etat militaire contre Jean Bertrand Aristide. Les militaires mirent la main sur Aristide et l’embarquerent pour l'exil.

DEUXIEME RADIOGRAPHIE : 30 Septembre 1991-15 Octobre 1994
16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se AristideOccupation94
Aristide ne perdit pas le pouvoir pour autant , il fut consideré par la communauté international comme le chef d’Etat d’Haiti avec tous les pouvoirs qui lui etaient conferes sur la terre d’exil. Haiti fut plongée dans l’ostracisme et la terreur de l’embargo. Le coup d'etat condamné par la communaute international, le president des Etats Unis George Bush mit a la disposition d’Aristide les 50 mlllions de dollars americains de la TELECO disponibles dans les banques americaines pour qu’il puisse diriger a partir de l’exterieur.

Aristide n’utilisa pas cer argent pour organiser une resistance serieuse en Haiti et aider les supporters du mouvement lavalas qui etaient persecutes par les membres du groupe paramilitaire FRAPH ayant a sa tete Toto Constant. Plusieurs rapports de droits humains decrivent les atrocites de ce groupe sur des pauvres citoyens qui ne beneficierent jamais de la compassion d’Aristide. Ils mourraient pour leurs deux yeux. Tandis que Aristide n’avaient des yeux que pour une jeune femme de Washington, Mildred qu’il courtisait avec ses millions.

Entre temps, l'embargo economique detruisait l'economie d'Haiti: les 200.000 emplois disponibles dans le domaine de l'assemblage avaient disparu en moins de six mois. L'incapacite pour Haiti d'importer les produits petroliers causa l'acceleration rapide du deboisement. Les arbres qui restaient ont ete decimés pour la production du charbon de bois creant ainsi une catastrophe environementale terrible. Pendant cette periode des negociations etaient en cours pour le retour d’Aristide . Il y avait d'une part Aristide et son equipe a Washington, sa commission presidentielle qui le representait en Haiti, de l'autre les parlementaires de la 45e legislature elus democratiquement en meme temps que lui en 1990 et co-depositaire de la souveraienete nationale puis le president, le gouvernement defacto et l'armee. Sur une periode de deux ans ces negociations tenues au Venezuela, a New York, Paris et a Washington n'avaient pas beaucoup avancees. Le president Jean Bertrand Aristide doutant de l'efficacite des sanctions pour faire partir les militaires du pouvoir, depuis Washington, decida de solliciter l'intervention militaire etrangere en Haiti. Pour plus de details cliquez ici: http://query.nytimes.com/gst/fullpage.html?res=9900EFDD1E3BF930A35755C0A962958260&sec=&spon=&pagewanted=print

Aristide et son equipe a Washington mit en place une strategie devant provoquer l'intervention militaire des Etats Unis en Haiti quitte à faire massacrer des milliers d’innocents , juste pour satisfaire son égo. Aristide ne croyait pas que Bush et Clinton etaient serieux dans leurs efforts de le retourner au pouvoir. Pour avoir plus de details sur comment Aristide a solllcite et provoque l'intervention militaire des Etats Unis en 1994 cliquez ici:
http://solutionshaiti.blogspot.com/2009/10/haiti-15-octobre-2009-quinzieme.html
Pour une fois ce sont les haitiens eux memes avec Aristide qui exigeaient une occupation etrangere. Le15 Octobre 1994 Aristide fut debarque au palais national accompagne de 20.000 troupes armées jusqu’aux dents, pretes à affacer la population et installer Aristide sur des ruines. Ce qui est contraire a la tradition de la presidence Haitienne. Nombreux sont les chefs d'etat Haitiens qui ont du laisser le pouvoir dans les memes conditions sans solliciter une intervention militaire. Cette decision d'Aristide de retourner avec des forces etrangeres fut aussi un camouflet au leader Charlemagne Peralte qu'il faisait semblant de venerer lors de sa campagne electorale de 1990. On se rendra compte de la profondeur de la trahison d'Aristide plus tard en 2009 quand le president du Honduras Manuel Zelaya victime d'un coup d'etat militaire et exilé comme Aristide, decida de rentrer dans son pays sans un soldat etranger. Aristide jubilait derriere la vitre blindee comme un oiseau dans un zoo fier de trahir sa patrie …

TROISIEME RADIOGRAPHIE : 15 OCTOBRE 1994 - 28 FEVRIER 2004
16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se Aristideafrique16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se AristidesolliciteTanksUS
En debarquant en Haiti le 15 Octobre 1994 Aristide promit au peuple qui evita le massacre en applaudisant les marines , une foultitude de promesses. Il promit de faire descendre le bon Dieu sur terre, de moderniser l'econmie, de creer des emplois, construire les infrastructures, augmenter la production agricole, respecter les droits humains, organiser des elections libres, reformer la justice pour garantir l'egalite des citoyens devant la loi, investir dans l'education, de planter des arbres, de moderniser l'armee... et patati et patata. Il se trahit et trahit encore une fois tout le monde, obsedé par trois reves : faire grandir et grossir sa petite squelette (l’ego), gagner le maximum d’argent et bien sur…les femmes, le sexe.

Loin de moderniser l’Armee, Aristide arrivé au pays couvrit les militaires americains de toutes sortes de decorations , les supplierent de rester pour prolonger l’occupation mais devant leur refus, se tourna vers les Nations Unies, leur demandant d’envoyer des soldats pour remplacer les marines. Ils portaient le nom de MINUHA a l'epoque. Il a fallu moins de cinq mois pour se rendre compte que l'homme qui faisait des promesses democratiques et de developpement economique etait un traitre, anti national et un fieffe menteur. Les $50 milllions de dollars de la Teleco dépensés en trois ans , sans aucune justification ni rapports, il lui fallait encore et encore de l’argent. La transparence promise ne s'est jamais materialise. Ceux qui exigeaient ces rapports tels son voisin Michel Gonzales fut assassiné trois mois apres, suivi cinq mois après de l’assassinat de Mireille Durocher Bertin. Ses commandos de la mort semeront le deuil dans les familles haitiennes. Du General Mayard au senateur Yvon Toussaint personne ne sera epargne. Au terme de son premier mandat, il a tout fait pour rester au pouvoir malgre ses promesses, on a du pousser son dos pour partir. Il choisira son successeur en la personne de Rene Preval lui demandant de garder bien chaud le fauteuil pour lui.

Entre temps il voulait posseder le Parlement. Bien vite on se rendra compte que Preval est une doublure qui executera a la lettre les ordres du maitre de Tabarre. Aristide organisera ses mascarades electorales manquees du 6 Avril 1997 qui avait pour objectif de donner a lavalas le controle du CEP permanent pour dix ans, les legislatives du 21 Mai et les presidentielles du 26 Novembre 2000. Apres ses coups d'etat electoraux, il commencera par douter de la fidélité de Preval quand celui ci poussa le pion de Jean Dominique comme futur candidat à la Presidence. Une attaque sur la famille presidentielle des partisans d’Aristide, attenta a la vie de Mme Calvin, la soeur de Preval, qui eut la vie sauve mais resta paralysee pour la vie. Quant à Jean Dominique il fut assassiné. Le President du CEP, Me Manus partit en vitesse pour l’exil refusant de se soumettre. Preval baissa la tete et Aristide le 7 fevrier 2001 reprit le pouvoir qu’il lui avait prété. Il rentra discredité au palais. Le pays boudera sa prestation de serment. Et la communauté internationale s’offusqua des magouilles electorales.
16 DESANM 1990 – 16 DESANM 2009  Desanm se Najepousoti

Des 2001 l'homme devint totalement fou. On le trouvera dans des operations de corruption, dans le trafique de la drogue, de detournements des fonds de la Teleco, pour plus de details cliquez ici:
http://solutionshaiti.blogspot.com/2007/07/haiti-jean-bertrand-aristide-drugs-and.html
Au fur et a mesure il batira un parti Fanmi Lavalas organise comme une mafia vivant du crime organise. Pour plus de details cliquez ici:
http://solutionshaiti.blogspot.com/2009/01/le-parti-fanmi-lavalas-vit-du-crime.html
Dans cette montee totalitaire Jean Bertrand Aristide et les chimeres lavalassien s'attaqueront aux jeunes cliquez ici:
http://metropolehaiti.com/metropole/archive.php?action=full&keyword=lavalas+attaque+les+jeunes&sid=0&critere=0&id=7626&p=1
Aristide s'attaquera contre la presse cliquez ici:
http://www.rnddh.org/article.php3?id_article=106&var_recherche=la+presse+sous+les+feux+de+la+mitraille
Aristide attaquera les organisations de femmes, cliquez ici:
http://www.cybersolidaires.org/ameriques/haiti2.html Dans sa folie totalitaire Aristide fera incendie les locaux des partis politiques et les residences des leaders politiques Gerard Pierre Charles, Victor Benoit, Luc Mezadieu cliquez ici:
http://metropolehaiti.com/metropole/archive.php?action=full&keyword=attaque+contre+les+partis+politiques&sid=0&critere=0&id=3769&p=5 Pendant cette periode Aristide s'enrichissait en vidant la teleco et les entreprises publiques. A l'epoque Aristide avait en main 65% du budget de l'etat.

Durant la meme periode l'homme etait avec ses bras droits Jacques Ketant, Fourel Celestin et Oriel Jean impliques dans le trafique de la cocaine. La plupart de ses assistants furent arretes par la DEA. C'est dans ce contexte que les citoyens se revolterent en 2004. Aristide comme en 1994 sollicita de George Bush (43) l'envoi de 3000 soldats americains pour le garder au pouvoir. Cette fois-ci les americains declinerent. Il a du partir et laisser Haiti en Fevrier 2004.

QUATRIEME RADIOGRAPHIE : FEVRIER 2004- DECEMBRE 2009
A partir de l’interimat (Boniface-Latortue) Aristide cette fois sans les millions de Bush, multiplie les actions de destabilisation et de complots contre la suereté de l’Etat utilisant sur place en Haiti d’anciennes maitresses et des sicaires du regime fasciste. Aristide est parti avec 350 millions de dollars US placés dans different endroits et le peuple haitien vit toujours dans pauvrete abjecte. Aristide et le leadership lavalassien ont reussi sans le peuple. A partir de l’Afrique du Sud il fait pire encore : Il divise les membres de son parti en vue d'eviter l'emergence d'un nouveau leadership national dans Fanmi lavalas. Il a conceptualise les operations bagdad I et II, l'operation Pakatan'n avec l'aide d'Amaral Duclona, Jean Philippe Jean Baptiste alias Samba Boukman. Grace aux contacts qu’il avait eu a Washington il se fit aide par un professeur americain de Washington qui organisa un seminaire Bois Caiman pour stimuler les operations. Ce professeur a supporte dans les annees 80 le FMLN au Savalador et les Sandinistes au Nicaragua. Aristide lanca sa campagne de violence a travers ces deux operations. Les enlevements, les viols, les tortures et les assassinats etaient pour lui la facon de convaincre de son retour. Pour comprendre cliquez ici:
http://rnddh.org/article.php3?id_article=298&var_recherche=Op%E9ration+Bagdad

Dans son discours de Decembre 2006 Aristide fier de sa violence aveugle, palera du kidnapping tout moun jwen C'est ce qui portera Laennec Hurbon a analyse son discours de la violence, pour plus de details cliquez ici: http://www.alterpresse.org/spip.php?article5588 La population frustree fera pression sur la police qui mettra fin, en partie, a cette violence aveugle alimentée par les chimeres, les violents, les corrompus et les dealers controlant Fanmi Lavalas. Depuis 2006 fanmi Lavalas est un parti minoritaire en Haiti. Sur 99 sieges a la Chambre des Deputes lavalas compte 6 deputes, sur 30 sieges de senateurs lavalas avait trois sieges. La division d'Aristide va probablement affecter leur niveau de representation en 2010.

Les 19 dernieres annees du parti lavalas au pouvoir ont ete catastrophiques pour la nation. Aucune des priorites du peuple Haitien n'a ete sur l'agenda de ce pouvoir. Le retour de Preval n’a pas change grand chose non plus depuis 2006 : la sante, l'education, l'agriculture, les infrastructures, la securite, le tourisme, l'emploi, la politique etrangere sont totalement negliges. Les deux priorites des mouvements lavalas au pouvoir sont l'enrichissement illicite et le maintien au pouvoir a n'importe quel prix. Le 16 Decembre 2009 nous a donné l’occasion de reflechir sur les moyens de demander des comptes a ce regime dans les jours à venir et de terminer sa radiograhie

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum