Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!!

2 participants

Aller en bas

sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!! Empty sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!!

Message  OBSERVER KEEN Lun 25 Jan 2010 - 23:27

sasaye, mwen rekonet ke ou se maton nan lang natif natal, monshe, map ekri yon atik pou wikipedia kreyol. mwen sot ekri intwodiksyon an la, eske ou ka fe de twa koreksyon pou mwen, epi mete yo nan bon otograf langaj ayisyen an. mesi fre mwen!







Filozofi
Mental
se yon bransh nan filozofi analitik ki gen pou objektif :
etidye fenomen mental, fonksyon mental,
pwopriete mental tankou konesans tet ou ak konesans entouraj ou. Men teori nan
bransh sa ale pi lwen nan shashe konnen
ki jan diferan aspe mental sa yo makonnen ak ko fizik la, patikilyeman kijan yo
konekte ak ogan fizik nou rele “sevel tet la”.
Devlopman filozofi sa konsantre nan rezoub yon pwoblem kle nan filozafi
ki vreman domine metafizik depi lantikite ak jodi ya.

Pwoblem sa nan filozofi, nou rele “
pwoblem nanm ak ko”. Setadi, ki nati Nanm
lan, e kijan li kominike ak ko wa.
Kom nou deja mensyone li, se pwoblem sa ki trouve li nan rasin filozofi mental la.

Nan atenta ke filozof tap fe pou rezoub pwoblem sa, de GWO kan filozofik bay dizon yo sou lanati
fenomen mental yo. filozof ki kwe ke yon moun konpoze de 2 nati--- yonm fizik
ke ou ka penetre ak sans komen yo, e yonn invisib ke ou ka penetre Selman ak
rezon ou intelek--- yo rele yo dyalis. Setadi yo konsevwa moun
divize an 2 nati.

Nan lot kan opoze ya, nou jwenn sa nou rele Monis, setadi filozof ki
kwe ke pa gen 2 nati, men plito yon sel nati ki konpoze tout egzistans reyel la.
Yonn nan premye moun ki atikile filozofi sa se Benedictus Spinoza.

Shak kan
sa yo gen plizye vesyon. Tankou, Dyalis yo divize an 2 pati. Nonm
tankou Rene Descartes , menjan ak Platon ki te vin avan li, kwe ke
nanm lan se yon sibstans indepandan ki ekziste indepandan de ko wa, e li ale pi
lwen pou sijere ke nanm sa ka menm siviv
lanmo ko fizik la. Sa kip pran pozizyon patikilye sa, yo rele yo Dyalis
Sibstans
. Men, nan menm kan dyalis la, gen yo lot group ki pran
yon pozisyon ki ta vle fe konnen ke Nann lan soti nan zantray Sevel
Tet La
--- kwake Nann ou lespri soti nan zantray ogan nou rele sevel tet la, propriete
Nann
sa lan paka redwi sou baz mekanik ak bio-chimik Sevel Tet ki ba li nesans
lan. Group sa nou rele yo Dyalis Pwopriete.

li enpotan pou remake ke se fom Dyalis Pwopriete ya ki alamod pami
dyalis moden yo.

e
monis yo menm
?Nan kan
monis la, nou jwen de kan
patikilye ki domine sen nan kwake yonn gen monopol la akoz sikse aplikasyon
syans fizik yo tankou chimi, fizik ak biyoloji.

Monis
fizikalis
: se group ki kwe ke gen yon sel sibstans e ke sibstans sa
paret Selman sou fom fizik ou enejik ki sou labanye lwa natirel yo. eke le
lasyans avanse nap ka arive esplike tout fenemen mantal sa yo ki paret
inesplikab jodi ya.

Monis
ideyalis
: group sa panse ke tout sa ki ekziste gen esans mantal, eke
menm bagay ak evenman ki paret sou fom fizik se vreman pwojeksyon ou ilizyon ke
antite imateryel yo rele nanm lan kreye. Yon nonm tankou Berkeley te adopte filozofi sa.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!! Empty Re: sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!!

Message  Sasaye Mar 26 Jan 2010 - 1:00

Keen, m'a wè kisa m ka fè avèk tèks w a.
Byenantandi se otograf avèk ponktiyasyion ke mwen pral rektifye.
Ma p kite tèks la lan menm lod li pou pa afekte sans orijinal li.

Banm 2 jou, m'a voye l lan MP pou wou.
Mesi pou mak de konfyans lan, men de moun tankou Joèl ak Thunder konnen lang nou an byen tou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!! Empty Re: sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!!

Message  OBSERVER KEEN Mar 26 Jan 2010 - 13:53

mesi anpil, mwen te panse ak joel ak thunder tou, men mesye sa yo nan plizye forum ap ekri ! lefitou, joel ak thunder gen tendans pou pran anpil tan pou bay repons paske mwen konn kominike ak mesye sa yo an prive!

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!! Empty Re: sos sasaye :: mwen bezwen ed ou fre mwen !!!!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum