La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
+2
Joel
Rico
6 participants
Page 2 sur 2
Page 2 sur 2 • 1, 2
La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Rappel du premier message :
Haïti/France: 110 véhicules de secours à la Police nationale
jeudi 27 mai 2010 à 13:54
La France a octroyé jeudi à Haïti un lot de 110 véhicules qui viendront renforcer les moyens matériels de la Police nationale et des sapeurs-pompiers, annoncé le ministère français de l’Intérieur.
Selon les informations relayées par la presse française, 40 véhicules d’incendie et de secours aux victimes seront envoyés par la Sécurité civile, 40 véhicules 4×4 de la Gendarmerie nationale, et 30 véhicules de la police nationale. Ils seront envoyés du Havre le 1er juin.

Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Pa enkyete w, w pa sèl moun k'ap kritike Preval jodi. Men mwen toujou di yo: "poze". Paske nou jis wè misye ki rete kanpe la e nou ap tann sa ki pwal pase. Mwen kontre nèg k'ap di'm ke yo sot bay konbyen miliyon men yo pa konn kote lajan sa a pase. Sa vle di lan tèt yo ke se Preval ak akolit li yo k'ap volè. Poutan tout sa pa gen fondman. Dayè, li te mèt se miliyon dola, nou p'ap wè vit ki chanjman sa fè tèlman gen chaj la anpil pou dirijan yo.
Mwen menm tou senpleman, sa m'ap reklame se lekol ak sèvis sanitè pou popilasyon an. Gen yon seri de lot projè se ak gouvènman ak kompayi etranje ke nou ka mete yo an plas. Men domèn ki konsène lEta Ayisyen dirèkteman pa sipoze neglije.
Nou pepa chita aletranje ap kalonen boulèt papye pensan ke se jis rol nou ka jwe. Se pou nou man-yè gen kèlke mo ankourajman pou nèg yo. Se pou seye remèt sa ki gaye lan bon chemen, se pou nou pale ak yo. Se pou nou itilize yon lot strateji, bay yo le bénéfice du doute. Dayè, mwen pa kwè jan sa ye la ke gen nèg ki ta renmen pase pou volè. Mesye, tach la pa fasil, met dlo lan diven'n. Sispand fè sansasyonalism. Sa pa rezonabl ankor ke nou chita ap pense menm jan anvan 12 janvye 2010. Qui sait? Si lavni ta gen malè bay nou rezon sou yon seri de sujè, m'ap admèt sa. Men an atandan, pran yon ti recul sou jis politik. An nou chita tande. Gen yon peryod, lè nèg sipoze trouve yon lót enterê pou man-yè blye sa yo pa ka chanje du jour au lendemain.
Bagay yo pa fasil. E sa se yon moun ki pa janm konpromèt tèt li e ki pa abitye lan fè konpromi. An nou kontinye pale, joure menm (se pa pi grav ke sa), men si nou pasyone lan kritike, se tèt nou n'ap ridikilize. Bay nèg ki rete kanpe yo yon chans. Dotanplis ke n'ap tande tout advèsè, tout pèsonalite ki sou beton a ap di ke yon kontr lide rache manyók sa a.
Tout moun, pase yon bon dimanch. Sof bogota ki pense ke li plus vite, plus vif que l'éclair. Lokoto fè kow... apre zèklè. (lol) Chiure d'éclair. (LOL)
Eskize'm. Mwen pa yon bon ti moun lè m'kontre lougarou.

ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
men
Mwenmenm mwen pa lan anbigwite.Mwen kont koudeta ak koudetayis.Mwen pa vle wè MANIGAT,mwen rayi misye menm jan RICO rayi ARISTIDE ,si se posib;men tou koudeta kont misye an se te yon erè.
Petèt misye te ka jwe yon wòl tranzisyon tankou BALAGUER;men tout se spekilasyon ,paske nou pa konnen vre.
Sa mwen konstate se ke depi gen koudeta ,peyi an fè bak.
Kounye an se lan kò PREVAL voryen lage kò yo.Y ap di w ke se pou misye pase pouvwa a bay KOU KASASYON ki gen 3 mwa pou fè eleksyon.Yo konnen byen se manti y ap bay.
Pa gen Ayisyen ak ekip li ;si yo gen manda yap pase 3 mwa sou pouvwa.Konbyen premye tranzisyon lan premye koudeta kont ARISTIDE lan te dire;3 zan;e se fòse yo te fòse yo ale.
2zyèm tranzisyon an ,te dire 2 zan .E lan 2 tranzisyon sa yo,ki sa k te regle?
Se pou PREVAL fini manda l;se pou yo fòse l fè bon eleksyon e pou l pase pouvwa bay yon prezidan eli.
MARTINE;
M ap kritike gouvènman ameriken an tèt kale;paske yo fè nou mal anpil;pou gouvènman franse an ,mwen pa vle wè sa ak je;paske se lan tèt nou ,yo fè nou mal!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Martine se pa kèksyon yo bay milya, yo pa konnen kote lajan sa pase. Fè diferans ak bann voye monte yo di ak sa mwen entèlokitè w vle pale. Preval mal derape nan kriz peyi dayiti konnen nan mwa janvye. Li selman gen yon grennn lane pou kite yon pouvwa. Pwogramm fen rejim li konplètman chanje li pa dwe kontinye ap gouvènen kom si anyen pa te pase.
Se pa ditou nomal yon prezidan ki twouve l nan sitiyasyon konsa ta dwe konvoke eta jenero nasyon an. Preval rate okazyon rasanble pitit peyi dAyiti otou de li. Martine mwen enfome anpil, konnen anpil traktasyon move konsey, redisman pou chita ansanb sa fèt. Nan pwen kote nou rive, sa pran yon move anbisye ki vle kontinye san vreman konsilte, mete tout peyi dAyiti ansanb.
Vye anbisyon politik bloke, kenbe pouvwa nan move abitid. Se toujou jwe koken , pou soti pi devan. Martine li ta bon mande w ki rezon yo vle li ale , pa vle tann fen manda li. Opozan l konprann ak konnen ki kote l vle ale.
SE TOUJOU KENBE AVANTAJ POUVWA O BENEFIS KLIYANTÈL POLITIK BYEN PLASE. YON TI ZWIT DEPITE, MINIS, KOLÈG GWO FONKSYONÈ POUVWA. MINORITE NAN KLAS MOUN SWADIZAN LAJAN E SETEN NAN KLAS PWOFESYONÈL AK RELIJYE.
Poutan li ta bon tande tout moun :reprezantan oganizasyon popilè, sosyete sivil, reliyon yo, sèktè peyizan yo, jenès inivèsitè yo, edikatè ak latriye. Tout sektè sayo te dwe konvoke apre KATASTROF 12 JANVYE ki rive apre tout peripesi, mizè, inondasyon, siklonn ke Ayisyen ap sibi depwi kèlke tan. Sa vini yo gwo absè sou klou peyi dAyiti.
Martine chay la lou, menm two lou pou Preval selman. APRE KATASTROF 12 JANVYE SE TE OKAZYON POU FÈ YON TRÈV BLIYE SE LOUGAROU, VISYE , KOWONPI KAP MENNEN NOU. Men se vinn moman pou espere ke pral gen yon chanjman. Preval se prensipal pèsonaj ki dwe montre chanjman sa. POU LAMOU, BYEN PEYI L, MEZI DRATIK TE DWE ANTREPRANN.
Kom pa egzanp voye signal klè opere chanjman nan kabinè l, mete moun konpetan nan mitan klas pwofersyonèl endepandan pati politik. POUKWA PA FÈ MENM APÈL A KRITIK KI BYEN PLASE AN EKONOMI, FINANS POU FINALMAN SOVE KI SAKI SOVE NAN PEYI SA. Chita ak yo pote atansyon, mete an aplikasyon saki kap aplike nan Plan de rekontriksyon peyi dAyiti tout pwofesyonèl kalifye yo sigjere, soumèt saki pi itil nan plan final gouvenman.
Men tonas li vag, se komsidire Ayisyen ki gen nivo elve li pa bezwen tande yo, li bliye yo. yo pa gen anyen pou di nan zafe peyi yo. Lè se pa vire won vinn nan konfererans ak premye minis, tout frè peye, tikè premye klas pou li a madanm e anpil sousou byen manje , otel delux peye ak latriye, li retounen Ayiti, nad narinad. Menm inivèsite blan , pwofesyonèl ayisyen ak etranje yo roule nan farinn.
Saki pi chokan Etranje yo konprann byen ki vid genyen ak Preval. Yo monte Plan ki fè zafèy yo, nan enterè yo, bliye anpil sektè sansib ak vital ki pa rantre nan enterè ekonomik yo. Martine se sa wi yo repwoche Preval, se vreman chokan. Pou yon gouvenman depase ak anplè yon evenman li refize entegre, ranmase kapasite piti peyi l. Refize chanje kap ak vye enterè politik, patizann pou sove saki kapab sove, li boulshite tout moun.
Alos fè yon jefo pou reflechi byen konprann anje politik ki mande anpil konsesyon, chanjman doryantasyon total yo gouveman ki rate yon okazyon avan kelke mwa pou kraze kite sa. Se konsa jan li vle bagay yo mache se enposib li pa gen ni mwayen , ni kapasite, ni ekip ni volonte pou soti peyi dAyiti nan yon katchoumounbe. Alos pa gen lot mwayen se fose l ale, pa kite l fè eleksyon bidon li yo, pa kite l remonte ak menm moun kowonpi, kreten, magouyè.

Zafè pou PREVAL te rele lòt moun pou l mete lan gouvènman an se rans.Se pataj nèg bezwen.
PREVAL te fè pataj lan kòmansman gouvènman l lan.Li te bay tout nèg yo ,yon zo pou yo souse.Ki sa k te regle?
Pa gen ase plas Leta pou nèg sa yo.Se 200 plas minis ki pou ta genyen?
Menm si se sa ki te fèt,gen nèg ki ta vin di w yo konpetan ,yo bezwen plas tou.
Pwoblèm lan ,twòp nèg bezwen plas Leta.
Bagay pou PREVAL ta bay demisyon l e pou ta genyen gouvènman tranzisyon an ,se pou pa gen sa pyès.
Moun ki renmen peyi an ,se mande pou PREVAL fè bon eleksyon e moun ki bezwen plas LETA yo,al manje kk.
Konpetans de wèl?PREVAL gen kont nèg ki prepare ki ap dirije ak li!
PREVAL te fè pataj lan kòmansman gouvènman l lan.Li te bay tout nèg yo ,yon zo pou yo souse.Ki sa k te regle?
Pa gen ase plas Leta pou nèg sa yo.Se 200 plas minis ki pou ta genyen?
Menm si se sa ki te fèt,gen nèg ki ta vin di w yo konpetan ,yo bezwen plas tou.
Pwoblèm lan ,twòp nèg bezwen plas Leta.
Bagay pou PREVAL ta bay demisyon l e pou ta genyen gouvènman tranzisyon an ,se pou pa gen sa pyès.
Moun ki renmen peyi an ,se mande pou PREVAL fè bon eleksyon e moun ki bezwen plas LETA yo,al manje kk.
Konpetans de wèl?PREVAL gen kont nèg ki prepare ki ap dirije ak li!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Joel a écrit:Zafè pou PREVAL te rele lòt moun pou l mete lan gouvènman an se rans.Se pataj nèg bezwen.
PREVAL te fè pataj lan kòmansman gouvènman l lan.Li te bay tout nèg yo ,yon zo pou yo souse.Ki sa k te regle?
Pa gen ase plas Leta pou nèg sa yo.Se 200 plas minis ki pou ta genyen?
Menm si se sa ki te fèt,gen nèg ki ta vin di w yo konpetan ,yo bezwen plas tou.
Pwoblèm lan ,twòp nèg bezwen plas Leta.
Bagay pou PREVAL ta bay demisyon l e pou ta genyen gouvènman tranzisyon an ,se pou pa gen sa pyès.
Moun ki renmen peyi an ,se mande pou PREVAL fè bon eleksyon e moun ki bezwen plas LETA yo,al manje kk.
Konpetans de wèl?PREVAL gen kont nèg ki prepare ki ap dirije ak li!
Apres tout cela , Rico vient me parler d'opposition. yo bezwen job, ce n'est pas de l'opposition c'est du grangou politique.
Marc H- Super Star
-
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Kom pa egzanp voye signal klè opere chanjman nan kabinè l, mete moun konpetan nan mitan klas pwofesyonèl endepandan pati politik.dixit rico
Apres tout cela , Rico vient me parler d'opposition. yo bezwen job, ce n'est pas de l'opposition c'est du grangou politique. dixit Marc
Men saki ki di manyè itilize resous peyi a ki pa foseman nan klads politik, moun endepandan. Nou fout bouke ak moun enkonpetan, magouyè, men sal nou abitye yo. Ki kote m mande djob pou opozisyon.
Mete konfyans lakay tout moun.Sispann rabadja depi kèlke tan. Map panse fè yon kapo wou pa gen anyen pou di nwizans, sabotaj vye parol makout sou yon forom kom prensipal
Telman bann zobop zanmi w yo pa BAWOU OPOTINITE POU BYEN DEFANN YO.

Dernière édition par Rico le Dim 30 Mai 2010 - 17:38, édité 2 fois
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Rico
Mon ami wap fe mwen ri . lol
Mon ami wap fe mwen ri . lol
Marc H- Super Star
-
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Kanta sa pa gen manti non, se plas lEta nèg ap tand. Kondi yon ansyèn konesans (lol) te konn di sinécure la dwe fini.
Tou dabor, konpatriyot J..., an verite depi Manigat te finn pran koudEta mwen pa janm enterese a li ankor. Dayè m'ap raple'm jan mwen te trouve misye se vendu pou plizyè rezon. Mwen te tonbe sou yon paket ekzanplè jounal "le Nouvelliste" si m'pa tronpe'm, sa fè lontan de tout fason, lè Manigat te prezidan. Mwen te jis blye misye lè m'tap li ke misye te rekizisyone yon paj editoryal chak jou kote l'ap voye yon bann refleksyon ki dekonekte de popilasyon a. Manigat pat janm pre pèp Ayisyen. Mwen tande pale de madanm li, pou mwen se du pareil au même. Menm si madanm la pa sanble li gen menm poz ak yon band gran jipon.
KoudEta Manigat a tre previzibl paske misye te lan manti e pi misye pat vinn chanje aryen. Sa se obsèvasyon pa'm. Manigat ansyen opozan ki te kondane a lekzil te retounen vin pran pouvwa anba lame ak milis duvalyeris. N'ap pale de Aristide, gen nèg ki pa ka santi Manigat jiska prezan an Ayiti.
R..., tout neg ki kanpe sou beat pou Preval ale anvan lè'l yo ap trouve tan a long anpil. Se pa pou nou mache lan koze gaz ak luil ki gen Ayiti e ke Preval ak klik li bezwen volè ap prepare pou y'al volè. N'ap pale de sa k'ap pase jodi a. Tout inisyativ depann de lajan ke nou pa posede imedyatman. Sa pa nesesè pou ap kritike biyè avyon premyè klas, otèl 4 etwal, se prezidan neg la ye, kelke swa sikonstans toujou gen bidjè pou resepsyon lan palais kondi yo di.
Si m'byen konprann se koulè politik Preval nèg pa vle wè menm. Preval pa ka fè eleksyon bidon. Pa ka gen eleksyon bidon an Ayiti si yo kite moun yo al vote. Chwa yo ap toujou klè sof lan ka ke yo pa respekte'l. E pi se tout a fè normal pou prezidan Preval gen moun li ta prefere ki pran pouvwa apre'l. Se pa jis yon kestyon de kouyann. Apa Lula ap apiye yon dam bra dwat li pou eleksyon k'ap prepare lan peyi Brezil.
Nou pa bezwen ap fatige kor nou. Nou konen trè byen ke gen anpil manbr la Chambre ki peri, pa gen batis ki ret kanpe. Anvan gen eta jeenero fo ke gen entèlokitè sur place ki ap sikjere sa. Preval pa ka tout sèl konvoke eta jenero. Sa tou se yon sommet e sa mande lojistik pou byen organize'l. E pa blye ke Ayiti se pa jis PAP.
Mwen itou, mwen ta fyè anpil si mwen ta tande dans les prochaines années ke gen conférences annuelles ki reyini tout reprezantan lan peyi a. Lè sa nou va di ke sa komanse mache tout bon...

Mwen pran plezi reponn Martine ki sanble pa konprann ak tout respè pou li. E byen Martine nou te gen yon eleksyon nan peyi dAyiti nou kap rele yon elèksyon referandè kote tout fos peyi mete Aristide prezidan. Menm lè meriken vle manipile eleksyon sayo pou mete Bazin. Eleksyon Aristide se lajan ekip kite bakop li tankou Serge Gilles ki ranmase kont lajan nan oganizasyon charite an Frans, K Plim ki ipoteke kay li, Benoit ak Gerard Pierre Charles ki lonje kwi w yo nan oganizasyon Sosyal O meksik, nan Kanada, an Frans ak latriye.
Apre eleksyon saki bannou Aristide ki rantre sou pouvwa. Nou pral twouve menm Aristide ak Preval ki tonbe sèvi ak kès leta, lajan leta, mwayen leta pou genyen tout elèksyon yo pral fèt. Taktik koripsyon fonsyonè, pwomès djob lajan a gogo sou fonksyonè aparey elektoral. Finalman yo tonbe sou yon Direktè elektoral kite rele PHARARON.
Anmwe mouche sa pi mal, pi kreten ke makout yo nan bay fo rezilta elèksyon. Kanta bilten vot kandida yo pa renmen se nan poubèl bann yo twouve gras yon ekip jounalis kanadyen. Yo pa te menm bezwen volo elèksyon ak feblès yon opozisyon ki san mwayen ak lajan konpare ak pouvwa lavalas ou byen Preval ki gen vwati, lojistik, lajan leta nan men yo ,pou genyen elèksyon.
Martine zafè moun ale vote e pwi se fini. NON, NON, NON se eleksyon bidon sa rele ak magouy ki antache yo. ALOS MWEN SETOBLJE BAWOU EVIDANS SAYO POU KONPRANN TAKTIK KOKEN. Se pa ditou fasil rive konprann.
Men Martine, rico konnen byen aktè ak taktik yo mwen twouve repignan. Si w pa yon fanatik men byen yon sitwayenn ki vle byen pou peyi li, louvri byen gran 2 nawè w, fouye, ankete pa pran ze po kaka poul. Mwen pap defann lopozisyon. Kom mwen pa vle kraze yo tou. Non se sèvi ak saki bon pou vanse.
Ki kontèsk Martine mwen pale biyè avyon se nan zafè vinn nan konferans ki pa bay rezilta yo, se operasyon piblik pou enkonsyan depanse lajan. Se gaspigay ak saki ta dwe ede moun malere. Wi se cheuf men depanse nan bon kondisyon pwoftitanb ak rantab pou peyi a. NOU PA DWE KONTINYE AP DEPANSE POU SENERYEN, PIL DELEGASYON KI PA RACHE YON MO NAN KONFERANS. NOU FO TWOP AK ROULIBÈ, ANALFABÈT PAFWA KI NAN DELEGASYON. SE SAKAP PALE LA.
Martine mwen redi w anko men vle fè w konfyans kom Prevalyenn kap defann politik li de bonn fwa, non tankou fanatik tèt bese. Annou abode zafè eta jenero mwen te pale. Kom repons wou di pa gen la Chanm ni batis, sa mande lojistik. Martine mwen di non se pa enposib pa pale zafè lojistik. Non se yon peyi an katastrof. Plen mwayen de fotinn ezakteman yo ofri gouvenman. Tankou CIRQUE DU SOLEIL KI ORFRI NOU TANT AK TEKNISYEN POU MONTE CHAPITO POU FÈ KONFERANBS, TEYAT, AKTIVITE POU KENBE MORAL JENÈS YO.
E pwi si sa ta priyorite gouvenman genyen genyrn posiblite pou konvoke eta jenero sa. An palan la Chanm eske vyo pa reyini, eske gouveman pa reyini selon mwayen yo genyen. Se sa wi Martine yon gouvenman dwe gen priyorite. Se byen eta jenero sa ki te kap REKOMANDE L YO PROLONJMAN, SE TE SA OBJÈKTIF KI TAP CHECHE.
Peyi ba bezwen eleksyon tout swit, se la mwen di si nou te gen yon prezidan responsab ki renmen vreman peyi l, non rete sou vye konbinn e patizanneri li te dwe fokis sou eta jenero sa. Li te dwe mande tout sektè kofondi ki kote yo vle ale, ki rekonstriksyon yo vle pou peyi yo. Nn pran chans deside pou yo ak koken blan ki wè selman enterè yo.

Dizon ke nou pa konsevwa politik an Ayiti sou menm angl. Gen nèg se nostaljik du passé ke yo ye pandan ke gen lot se lite pou yon revolisyon lan fason nou te abitye menen bizniz pou wè si peyi a va vanse. Sa pap menen nou pi lwen si se kontinye ap fè sa yo rele de la p'tite histoire.
R..., tande non, mwen pa konprann pou ki sa w met etikèt Prevalyen sou nèg jist paske yo kontr koze rache manyók sa a ke w'ap reklame. Situyasyon a deja tro konplike, mwen pa ka rete lan patizan'ri mon chè. An verite, sa pi rèd ke yon foli. Tout nèg sa yo ki ap organize protestasyon rans sa yo jis ap profite du fait ke bra gouvènman chaje. Prochen chapit la se vyolans nou san lè tande ki mete pye. E lè MINUSTAH va entèvni ak fós nou pwal tande ke se Preval ki bay lód.
Jan de opozisyon sa yo jis bezwen ekeure gouvènman a. E nou konn sa ki sipoze rive. Lan krye au loup! lè moman a rive tout nèg sa yo pwal ekate lè se yon lót gouvènman ki pran pouvwa a. Tout nèg sa yo se yon point final y'ap mete sou karyè politik yo. Tout senjri sa yo se pou atire atansyon Zot ou Zanmi, ap montre ke yo gen apui.
Jiska prezan mwen gen dwa di ke mwen tronpe'm rarman sou deroulman koze politik yo. Tan myeu si gen yon seri de detay mwen pat ap suiv, paske sa ta anpeche mwen konprann lesansyèl lan sa ki anpeche peyi a chanje nèt. Sa rèd, Ayisyen asimile kilti diktatoryal la nèt an lespas de 30 ane. Se sa ki fè ke depi nou gen droit de parole, politik tounen yon spor nasyonal. Men ki lè n'ap kalifye?
R..., tande non, mwen pa konprann pou ki sa w met etikèt Prevalyen sou nèg jist paske yo kontr koze rache manyók sa a ke w'ap reklame. Situyasyon a deja tro konplike, mwen pa ka rete lan patizan'ri mon chè. An verite, sa pi rèd ke yon foli. Tout nèg sa yo ki ap organize protestasyon rans sa yo jis ap profite du fait ke bra gouvènman chaje. Prochen chapit la se vyolans nou san lè tande ki mete pye. E lè MINUSTAH va entèvni ak fós nou pwal tande ke se Preval ki bay lód.
Jan de opozisyon sa yo jis bezwen ekeure gouvènman a. E nou konn sa ki sipoze rive. Lan krye au loup! lè moman a rive tout nèg sa yo pwal ekate lè se yon lót gouvènman ki pran pouvwa a. Tout nèg sa yo se yon point final y'ap mete sou karyè politik yo. Tout senjri sa yo se pou atire atansyon Zot ou Zanmi, ap montre ke yo gen apui.
Jiska prezan mwen gen dwa di ke mwen tronpe'm rarman sou deroulman koze politik yo. Tan myeu si gen yon seri de detay mwen pat ap suiv, paske sa ta anpeche mwen konprann lesansyèl lan sa ki anpeche peyi a chanje nèt. Sa rèd, Ayisyen asimile kilti diktatoryal la nèt an lespas de 30 ane. Se sa ki fè ke depi nou gen droit de parole, politik tounen yon spor nasyonal. Men ki lè n'ap kalifye?
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
M... mwen predi w ke si eleksyon fèt an Novanm jan sa ap pale an;kelkelanswa jan eleksyon yo an fèt,w ap wè menm nèg yo ap tounen ap mande pou yo kapote gouvènman an.
Yo pa p fè sa sèlman si moun pa yo ta eli e pwobabilite an kont yo.
Bagay politik sa a ,se yon gangrenn pou peyi sa a.Pou yon seri de nèg,politik se kapote gouvènman.
Mwen ap gade sou sit DOMINIKEN yo,kote pati ki sou pouvwa rafle preske tout syèj lan Sena a 31sou 32.
Apre eleksyon an ,pati ki te pèdi an di ke te gen sa k pa sa pou 12 syèj.Yo fè yon semèn ap pale de sa.Kounye an ale sou sit jounal yo ,yo pa mansyone sa ankò;se sou eleksyon 2012 y ap pale.
Si sit sa a la toujou e apre e si eleksyon ta vin fèt an Novanm e nèg ta vini ap pale pou ranvèse gouvènman ,se pou MARC pwomèt pou l ""delete"" bagay sa yo.
Nou fatige ak koudetayis!
Yo pa p fè sa sèlman si moun pa yo ta eli e pwobabilite an kont yo.
Bagay politik sa a ,se yon gangrenn pou peyi sa a.Pou yon seri de nèg,politik se kapote gouvènman.
Mwen ap gade sou sit DOMINIKEN yo,kote pati ki sou pouvwa rafle preske tout syèj lan Sena a 31sou 32.
Apre eleksyon an ,pati ki te pèdi an di ke te gen sa k pa sa pou 12 syèj.Yo fè yon semèn ap pale de sa.Kounye an ale sou sit jounal yo ,yo pa mansyone sa ankò;se sou eleksyon 2012 y ap pale.
Si sit sa a la toujou e apre e si eleksyon ta vin fèt an Novanm e nèg ta vini ap pale pou ranvèse gouvènman ,se pou MARC pwomèt pou l ""delete"" bagay sa yo.
Nou fatige ak koudetayis!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Mwen kwè ke atitid sanzave a rive tro lwen, konpotman chita ap kritike san objektif la pa gen plas li lan dyalog pou peyi a. Shit! se sa yo rele "ka pèdi". Ki sa w vle si yon seri de nèg pa janm konn sa yo rele stabilite; lespri yo toumante trop. An verite, se anpil deranjman diktati Papa Doc ak rejim pouriti Baby Doc sa a fè lan sèvo ti Ayisyen. Diktatè se reprezantan bon Dye, tout sa ki rive sou rejim yo se normal. Sleroz entèlektyèl detenn sou yo nèt.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
martine la tourmente a écrit:Mwen kwè ke atitid sanzave a rive tro lwen, konpotman chita ap kritike san objektif la pa gen plas li lan dyalog pou peyi a. Shit! se sa yo rele "ka pèdi". Ki sa w vle si yon seri de nèg pa janm konn sa yo rele stabilite; lespri yo toumante trop. An verite, se anpil deranjman diktati Papa Doc ak rejim pouriti Baby Doc sa a fè lan sèvo ti Ayisyen. Diktatè se reprezantan bon Dye, tout sa ki rive sou rejim yo se normal. Sleroz entèlektyèl detenn sou yo nèt.
Martine wou rantre sou yon sijè mwen lanse pou fè deba kontradiktwa. Mwen byen apresye patisipasyon w . Wou pale atitiz sanzave a rive two lwen kap kritike san objektif, wou pale de diktakti ki fè dega nan sèvo moun.
Mwen vle anko janti avè w, mwen pa vle derive. Men pa two pwofite, eseye relve nivo echanj yo. Mwen pa vle fè menm jan ak mesye fanatik rejim politik yo. Mwen te setoblije asid menm jan ak yo trè souvan.
Pou komanse map redi w se yon ti nouvo ki pa konprann politik ti nèg. Zafè vyolans ak diktakti sou papa Dok la se selman disparisyon vyolans sistematik ak dwa parol nou genyen kom aki. Alos si w konprann genyen lot bagay ki chanje nan peyi sa wou nan manti.
Bann politisyen nou genyen ki sou pouvwa ak tout saki nan lopzisyon yo. Se te menm moun sayo kite rele kamoken ki tap lite kont diktakti sanginè. Apre 86 yo gen dwa parol, kanpe pou yo pa kraze yo, saki reprann pouvwa yo, pa kap retounen ak menm vyolans yo. Men Martine kwè m toujou genyen prezans yon vyolans meem si li pa sistematize, li plis sible.
Raple w vye konbinezon tankou zafè polis nasyonal kite o sèvis Aristide, answit vyolans bann ti lame patizan chimè Domi Nan bwa, ti mesye Gonayiv yo ak Meteyer ki fè kont vyolans tankou makout yo. Apre yo vire bo kont Aristide sou presyon kominote entènasyonal, lavalas touye Meteyer pou gen lapè.
Alos se fè atansyon yon koken tankou Preval li soti andedan tout vye konbinn ak machinn politik sayo. Li te yon premye minis li pral vinn Prezidan nan tout vyolans sayo ak bann ti lame shanpwèl sayo ki vinn fè yon lot FOM VYOLANS DIFERAN MAKOUT YO.
E pwi Martine saki te di pami tou moun sayo kite fristre kont yon diktakti Divalye se pou te chanje bagay yo. Sa vle di fason gouvenen, se toujou menm prensip rejim pase yo, nan patizanneri politik, nan VOLO ELEKSYON , MANIPILE APAREY LETA POU GEN AVANTAJ ELEKSYON, REFIZE OU ENKAPASITE METE FEN KORIPSYON, NAN ETABLI JISTIS, METE FEN NAN FAVORITISM, METE FEN KONTROL AK MANIPILASYON LA POLIS.
Dayè se rezon Minista toujou kanpe nan peyi dAyiti, yo pa fè nou konfyans pa genyen yon polis endepandan ak yon fos lame endepandan. Nou pa menm gouvenab. Alos pou di se nostaljik tan makout kap dekonnen. Non Martine wou sou rejim ki san kapasite asire meenm sekirite popilasyon l. SE PA POSIB POU DI SA W VLE NAN PALE DOBJEKTIVITE.
Franchman Martine wou pa bezwen yon doktora an politik pou konprann nou poko ladann. Mwen menm evite w rantre nan yon deba sou aspè ekonomik rejim sayo. Alos wou mande pou chita sou deryè nou kite koken, bay chans pou dirije nan sitiyasyon parèy. Non nou pa wè ditou bagay yo menm fason.
Martine mwen Rico se fondatè Fanmi se lavi, ki di baz Pati Lavalas, pa vinn aprann mwen politik moun mwen pratike depwi dikdantan. Moun ki nan manti ki divize ak saki bon yon kote zot nan opozisyon. Pou mete abse sou klou Preval fè plon gaye nan mitan yo. Si w vle kwè m. Rico pa satisfè tankou anpil zot taktik koken ki retounen nan menm vomisi makout yo. Se konsa jounen jodyè a mwen prefere pale, denonse sou wèb jan w di.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
Si m'byen konprand, gouvènman chanje men lEta pap janm chanje. E byen se pou lEta chanje ke n'ap batay. Mwen gen dwa denonse yon kilti politik lakay nou san ke se pa sou yon endividu mwen ap lonje dwèt. Mwen pa vinn aprann pèson aryen sou politik an Ayiti. Mwen jis seye di pouki sa nou pa seye reflechi, reaji yon lot fason. Trop enèji gaspiye, trop sèvo fin pèdi. W wè, mwen pa tande radyo Aysyen depi yon bon ti moman paske n'ap tande yon des tonnes de nouvelles apèn se 3 lan yo pozitif. Mwen kwaze yon endividu ki poze'm kestyon sou Ayiti men ki sa mwen konprand ke li plis t'ap tande se lajan ki frenk bay e ke yo pa konn kote lajan sa a pase kom si se tann yo t'ap tann ke gouvènman tonbe distribye lajan bay chak moun. Nou pa konn sa nou vle mezanmi pou m'pa di ke nou jis kondane a siviv sou bout tè sila.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo
martine la tourmente a écrit:Si m'byen konprand, gouvènman chanje men lEta pap janm chanje. E byen se pou lEta chanje ke n'ap batay. Mwen gen dwa denonse yon kilti politik lakay nou san ke se pa sou yon endividu mwen ap lonje dwèt. Mwen pa vinn aprann pèson aryen sou politik an Ayiti. Mwen jis seye di pouki sa nou pa seye reflechi, reaji yon lot fason. Trop enèji gaspiye, trop sèvo fin pèdi. W wè, mwen pa tande radyo Aysyen depi yon bon ti moman paske n'ap tande yon des tonnes de nouvelles apèn se 3 lan yo pozitif. Mwen kwaze yon endividu ki poze'm kestyon sou Ayiti men ki sa mwen konprand ke li plis t'ap tande se lajan ki frenk bay e ke yo pa konn kote lajan sa a pase kom si se tann yo t'ap tann ke gouvènman tonbe distribye lajan bay chak moun. Nou pa konn sa nou vle mezanmi pou m'pa di ke nou jis kondane a siviv sou bout tè sila.
Martine gouvenman se anko Preval. Sa pa egzite vreman, se sou papye yo di genyen yon gouvenman ak yon leta. Pa pran nan taktik koken mezanmi. Preval mennen bak peyi ak Aristide tankou yon rejim prezidansyèl kote gouvenman pa vreman egziste ou kontrole pouvwa l.
Zafè estrikti wap pale leta ak gouvenman, se yon boulshit. Sa rete sou papye, Martine nou toujou nan yon rejim Prezidansyèl ak Aristide ou byen Preval. Yo leta ak gouvenman. FÈ SAYO VLE, JAN YO VLE.
Rezon se pou ranvèse tout leta sayo pou chanje peyi sa. Si gen pou chanje anko nou dwe batay jouk mayi mi.
Mwen di nap pase tout dwat nan vle bay koken kredi. Martine nan lit yon pèp 20 zan se istwa vle yon jenn pèp. Genyen ki pase 10 fwa tan pou chanje tandans sayo. Alos bouke pale enèji ki dwe mete pou Ayisyen sispann bourike, manipile, domestike. Se parol konsa koken renmen tande pou yo powofite.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Page 2 sur 2 • 1, 2
Sujets similaires
» Men zanmi ak asosye Jovnèl. Mesye Nèg yo rele Aleks Jak ap voye monte
» Lapolis di bal ta p tire lan tout direksyon, men se pat yon asasinasyon.
» MWEN KONPRANN POUKISA JOEL RAYI LA FRANS KE LIDÈ L TE RANN RESPONSAB DEMISYON L
» MANNO CHARLEMAGNE DI K-PLIM SE REPREZANTAN BOURIK CHAJE
» C'est officiel-Sans les dollars de la diaspora,la gourde serait du ZOREY BOURIK

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum