Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

3 participants

Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  jafrikayiti Lun 13 Sep 2010 - 13:42

Souple,


1) Èske kominike sa a disponib nan sèl lang TOUT ayisyen konprann epi metrize a? Si nou konnen kote tèks Kreyòl la disponib, souple ede nou jwenn li.
2) Èske Leta Ayisyen an gen yon sit entènèt kote dokiman ofisyèl tankou desizyon ki anonse pi ba a, disponib pou tout moun?
3) Èske lwa, dekrè, arete yo pibliye nan jounal ofisyèl Leta a, nan toulede lang ofisyèl yo, an menm tan?

Mèsi anpil,


(Mwen voye kesyon sa yo pou tout moun ki ka reponn yo - espesyalman responsab leta ayisyen yo - Si mwen jwenn repons m ap mete yo sou fowòm nan)

--------------------------------------------------------------------------------


Haïti-Reconstruction
Arrêté déclarant d’utilité publique la zone commerciale du centre de Port-au-Prince
Toutes constructions et transactions sans autorisation sur les terrains de la zone désormais interdites

samedi 11 septembre 2010,
Radio Kiskeya


RENÉ PRÉVAL PRÉSIDENT
Vu les articles 35.1, 36, 36.5, 52.1, 136, 159, 234 et 253 à 258 de la Constitution ;
Vu la Loi du 28 juillet 1927 sur les reprises des biens donnés à bail ou indûment occupés par les particuliers ;
Vu la Loi du 29 mai 1963 adaptant celle du 22 juillet 1937 et établissant des règles spéciales relatives à l’habitation et à l’aménagement des Villes et Campagnes en vue de développer l’urbanisme ;
Vu la Loi du 3 septembre 1979 sur la déclaration d’Utilité Publique et les servitudes ;
Vu la Loi du 5 septembre 1979 accordant à l’État le droit de pénétrer provisoirement sur les propriétés en vue de faciliter l’exécution de certains travaux urgents d’intérêt général ;
Vu la Loi du 5 septembre 1979 sur l’expropriation pour cause d’Utilité Publique ;
Vu la Loi du 10 février 1998 déclarant d’Utilité Publique la zone d’extension Nord de Port-au-Prince ;
Vu le Décret 12 octobre 2005 sur la Gestion de l’Environnement ;
Considérant la nécessité d’un nouvel aménagement du centre-ville de Port-au-Prince suite au séisme du 12 janvier 2010 ;
Considérant la nécessité de réorganiser spatialement la région métropolitaine de Port-au-Prince ;
Considérant que l’État a pour obligation de relocaliser les Institution Publiques ;
Considérant la nécessité pour l’État de disposer de terrains suffisants pour réaliser cette relocalisation et ce nouvel aménagement ; qu’il y a lieu de déclarer d’Utilité Publique certaines surfaces localisées au centre-ville de Port-au-Prince ;
Sur le rapport des Ministres de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales, de la Justice et de la Sécurité Publique, de l’Économie et des Finances, des Travaux Publics, Transports et Communications, de la Planification et de la Coopération Externe, de la Culture et de la Communication, de l’Environnement, du Tourisme ; et après délibération en Conseil des Ministres
ARRÊTE
Article 1.- Est déclaré d’Utilité Publique, à Port-au-Prince, la surface délimitée au Nord par la rue des Césars, au Sud par la rue St Honoré, à l’Est par la rue Capois et à l’Ouest par le rivage de la mer.
Les terrains retenus dans le cadre de cet Arrêté serviront à l’aménagement du nouveau centre-ville de Port-au-Prince et à la relocalisation des Institutions Publiques.
Article 2.- Dès la publication du présent Arrêté, tous travaux de construction, de percement de route, de lotissement ou autre exploitation du sol, ainsi que toute transaction ou aliénation immobilière sont et demeurent interdits sur toute l’étendue de l’aire définie en son article 1er.
Article 3.- Pour toute propriété retenue dans le cadre du projet, objet du présent Arrêté, l’expropriation des propriétaires détenteurs de titres légaux justifiant leur droit légitime d’occupation ou la reprise des biens donnés à bail par l’État ou occupés indûment se fera conformément aux dispositions des Lois du 5 septembre 1979 sur l’expropriation pour cause d’Utilité Publique et du 28 juillet 1927 sur les reprises des biens donnés à bail ou indûment occupés par les particuliers.
Article 4.- La commission d’expertise prévue par les dispositions de la Loi du 5 septembre 1979 sur l’expropriation pour cause d’Utilité Publique sera immédiatement activée à l’effet de recueillir les informations et évaluation nécessaires pour une indemnisation juste et équitable dans le strict respect des droits des propriétaires à exproprier.
Article 5.- Dans un délai de quinze (15) jours, à compter de la date de la publication du présent Arrêté, les propriétaires fonciers et les détenteurs de bail dans l’aire susmentionnée déposeront, pour les suites nécessaires, au local provisoire de la Direction Générale des Impôts au numéro 62 de l’Avenue Christophe, leurs titres de propriété et tous documents justifiant leurs droits d’occupation.
Article 6.- Le présent Arrêté, qui entre immédiatement en vigueur, sera imprimé, publié et exécuté à la diligence des Ministres de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales, de la Justice et de la Sécurité Publique, de l’Économie et des Finances, des Travaux Publics, Transports et Communications, de la Planification et de la Coopération Externe, de la Culture et de la Communication, de l’Environnement, du Tourisme ; chacun en ce qui le concerne.
Donné au Palais National à Port-au-Prince, le 2 septembre 2010, An 207e de l’Indépendance
Par
Le Président René PRÉVAL
Le Premier ministre Jean-Max BELLERIVE
Le Ministre de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales Paul Antoine BIEN-AIMÉ
Le Ministre de la Justice et de la Sécurité Publique Paul DENIS
Le Ministre de l’Économie et des Finances Ronald BAUDIN
Le Ministre des Tavaux Publics Transports et Communications Jacques GABRIEL
Le Ministre de la Planification et de la Coopération Externe Jean Max BELLERIVE
Le Ministre de la Culture et de la Communication Marie Laurence JOCELYN LASSEGUE
Le Ministre de l’Environnement Jean Marie Claude GERMAIN
Le Ministre du Tourisme Patrick DELATOUR
Le Ministre du Commerce et de l’Industrie Josseline COLIMON FETHIERE


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  Sasaye Lun 13 Sep 2010 - 14:20


Jaf,

Mwen pa konnen kilè yo pral pibliye vèsyon Kreyol la.
Men mwen te poste yon tèks kote Preval ta p eksplike sitiyasyon saa.
Mwen pa konn poukisa li pa soti lan paj Akey lan.

http://www.forumhaiti.com/haiti-societe-f2/la-reconstruction-de-la-capitale-est-l-une-des-priorites-du-president-preval-t9444.htm#75409



Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  Le gros roseau Lun 13 Sep 2010 - 18:49

mwen ta renmen yon moun eksplike m poukisa gouvenman vle rebati yon kapital ki detwi plis ke 2 fwa deja nan menm kote ya.eske sa pa yon iresponsabilite.koulyè a menm seismolog yo rekonet genyen yon lot fay ankò ki traverse zonn lan ke yo rele fay de leogane.Si mwen ta genyen yon jou poum ta retounen viv an ayiti mwen pa tap janm bati kay mwen Port-au-prince. se yon kote se pou nesesite selman pou mwen ta ale la.ayisyen enkredil anpil wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  jafrikayiti Lun 13 Sep 2010 - 19:24

Roseau,

si se pou sa, se tout zile a pou ou ta evite. An reyalite, tout zile karayib yo, sitou sila yo ki tou plat yo, se nan bouch malè yo ye - ak sezon siklon ki se yon randevou pwennfèpa, chak ane.

Mwenmenm, mwen byen kontan tande yo pral rabati lavil Potoprens. Veritab enkyetid mwen se sou ki kalite konstriksyon yo pral fè nan vil la. Ki kalite kanalizasyon yo pral mete an plas pou watè ak pipi pa kontinye anpile sou bodmè bisantnè? Ki kalite aranjman yo pral fè pou machin, moto, moun, bisiklèt kapab sikile alèz. Gen peyi tankou Nijerya kote yo gen plis mun pase nou, mwen wè yo jere maltèt sa yo pi byen pase nou. Gen yon seri ti taki 3 wou ki itil anpil pou malere kapab bouje. Epi si sa byen fèt ap gen epas vèt pou moun ka respire. Fok yo fè pasrèl pou pyeton....epi panse pi lwen pase 10, 20 ane pi devan.

Men alabaz, mwen pa dako pou tout biwo administrasyon piblik la rebati Potoprens. Ti vil tankou Leyogan, Montrui pa lwen kapital la, gen biwo ki ta ka ale nan zon sa yo pou kreye aktivite devlopman - sitou si nou demele gèt nou mete bon jan sèvis tranpo ti-tren modèn pou konekte vil yo.

Desantralizasyon an pa ka rete yon slogan.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  Le gros roseau Lun 13 Sep 2010 - 20:04

Jaf

poutan genyen depatman nan peyi ya tankou plato santral kote pa konn genyen gwo tranbleman de tè ki pase la.se yon okasyon kom ou di pou desantralisatyon te vinn yon reyalite.men malerezman moun ki ap dirije peyi saa pa wè pi lwen pase pwent nen yo.Ou pale de Nijerya ki genyen plis moun pase nou men ou bliye pale de superfisi e de resous ke Nijerya genyen tou.Pwoblem surpopulatyon ayiti pa selman an fonktyon de kantite moun ki genyen nan peyi ya li genyen rapò ak kantite tè nou genyen e resous nou yo ki pa anpil .e make sam diw la si ayisyen pa kontowle kwasans demografik nan ven tan wa dim te di w sa peyi saa ap tounen yon desè kote ti moun ap mouri ak malnutrityon tankou jan ti moun ap mouri an afrik yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  jafrikayiti Mar 14 Sep 2010 - 9:34

Roseau, ou gen rezon Nijerya gen plis espas pase nou, men si ou konpare Pòtoprens ak Lagos, se pa kantite espas ki fè gwo diferans lan. malgre Nijeryen yo pa gen bon gouvènman non plis, ou kapab di yo mwens manfouben pase`mesyedam nou yo, onivo jesyon vil la.

Kontrèman ak sa laplipa moun di, mwen pa kwè nou gen yon pwoblèm popilasyon (twòp moun) ann Ayiti. Si ou konpare 277750 kilomèt kare nou genyen an, ak ti bout kawo tè moun ap viv sou zile Babad osnon Lagrenad osnon sa ki pi piti toujou epi ki gen yon nivo lavi ki plizoumwen, se pa espas nou manke. Dotanplis, gen yon dividal kote nan peyi a ki prèske pa gen moun. Pran yon bèl zile tankou Ilavach, ki chaje ak potansyèl, lè ou rive la se dezolasyon. Zile Latòti ak tout potansyèl touristik li, se dwògdilè sèlman k ap fè komès la. Kidonk, se pa espas nou manke, nou twòp moun nou genyen. Fanm ak gason ki gen eritaj peyi sa a nan men yo refize mare ren yo pou JERE kokennchenn teritwa sa a. Olye yo fokis sou pwojè lavni, yo pito ap gaspiye tan, lajan, enèji nan reyalize fo eleksyon, sipòte statu quo - privilèj klas....nou manke lidè imajinatif ki kapab OZE imajine yon Ayiti ki gran. Se domaj, paske nou genyen anpil eleman pozitif ki ta ka ede nou bati nasyon sa a.

Pou mwenmenm solisyon an chita nan fondasyon peyi a. Si olye nèg yo ap pèdi tan ap koute moun ki vle REFONDE Ayiti, yo te ale konprann esans FONDASYON Papa Nasyon an te deja mete anplas, nou t ap jwen wout nou.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  Le gros roseau Mar 14 Sep 2010 - 10:52

Jaf..

mwen ta dakò ak sa w di ya ke pwoblem nou se pa twop moun nou genyen se amenaje nou pa konn ki jan pou nou amenaje tè nou genyen.,mwen pat ka sezi konsa lè yon moun te montre la Gonave pi grand pase Barbade.e mwen konn la Gonave byen se yon kote si Gouvenman an te vle dekonjestyone kapital la li tap genyen anpil potantyel paske ak bon Ferry boat tankou sa ki relye Staten island a new York .La gonave tou pre Port-au-prince.poukisa gouvenman pa bat pou devlope zile saa?se yon kote ki te abandone an 1966 lè mwen te ale travay la.se te missyon pentekostal la ki te genyen yon ti dispensè la e ki te mete yon tiyo dlo Anse a Galet.poutan se pa la pli ki pa tonbe la Gonave.zile ya te finn debwase nan koupe pye bwa pou fè chabon.men nanpren yon Minis nan gouvenman ki te la ki te ka wè sa.pandan tan sa moun ap rantre vinn anpile kò yo nan bidonvil nan Site Soley.La gonave genyen possibilite poul ta genyen yon site balneaire tankou Labadi.mwen konn tou 2 kote sa yo.

pa ekzanp si gouvenman an ta vle resoud pwoblem evasyon gwo kriminel yo yo te ka bati yon prison ak anpil sekirite La Gonave sa ta komanse mete travay nan zile ya.li ta ka ede pechè yo aprann yo peche pi byen sa ta ka pemet yo vann pwason Port-au-prince .Lèm sonje gwo woma pechè yo konn ap vann pou gremesi ;mwen wè ke se yon zile ki genyen anpil potantyel poutan tout moun la ap soufri ;sise pa legliz katolik ki te mete yon ti lekol Anse a Galet nan tout zile ya se yon sel lekol ki te genyen.Alò se sak fè mwen di ke surpopulatyon an ayiti pa selman yon faktè de dansite populatyon men li se yon faktè de devlopman.Si jodya nou pa ka ba 9 milyon moun manje ki jan nou pral fè ba 15 milyon manje an 2025.?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens Empty Re: Leta poze sele sou yon pati nan lavil Pòtoprens

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum