Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-28%
Le deal à ne pas rater :
Brandt LVE127J – Lave-vaisselle encastrable 12 couverts – L60cm
279.99 € 390.99 €
Voir le deal

ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

5 participants

Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  solon Jeu 7 Oct 2010 - 11:50

Pou fanatik, sipotè, aderan, lavalas ou prevalyen zafè chimè se yon envansyon GNBIS, se te toujou manto, se te denigreman. Tonas mwen kriye jistis, jistis , jistis se menm responsab, ro grade fomasyon lavalas ansyen premye minis Neptune ki konfese, vide kè li pou di te genyen chimè nan ran lapolis Lavalas te kowonpi. Wouuyyyyyyy verite sou tanbou, kote bann egzalte, ki toujou vle kouri dèryè moun tankou Rico, Thunder, KK lot PATISIPAN ENTEGRAL KI GEN KWOMOZOM, ki vle pale di laverite , kontbat lenjistis, AKIZE MALVÈSASYON FOS FÈ NWA SAYO..

Haïti-Politique-Aristide

Aristide avait "démissionné" en 2004, dit son ancien Premier ministre
Outre ce coup de massue asséné à son ex-patron, Yvon Neptune, aujourd’hui candidat à la présidence, confirme la présence de "chimères" dans les rangs de la Police Nationale avant la chute de Lavalas

mercredi 6 octobre 2010,

Radio Kiskeya

Le dernier Premier ministre de Jean-Bertrand Aristide, Yvon Neptune (2002-2004), candidat du parti Ayisyen Pou Ayiti aux présidentielles de novembre, a déclaré mercredi sur Radio Kiskeya que l’ancien Président Lavalas avait bel et bien présenté sa démission avant son départ en exil, le 29 février 2004.

“J’ai eu la copie de la lettre de démission de M. Aristide, elle était authentique”, a lâché Neptune en réponse à une question à l’émission Di m ma di w consacrée aux élections.

Une affirmation qui contraste totalement avec les propos d’Aristide lui-même et de ses partisans selon lesquels l’ancien chef de l’Etat, exilé en Afrique du Sud, aurait été victime d’un "kidnapping moderne" commandité par la France et les Etats-Unis.

Tour à tour porte-parole de la présidence et président du Sénat avant de devenir le Premier ministre d’Aristide, au départ de ce dernier, Yvon Neptune avait assuré la transition et cohabité avec le nouveau Président provisoire d’alors, Me Boniface Alexandre.

Gérard Latortue devait succéder au Premier ministre sortant quelques semaines plus tard.

Dans la même émission, le candidat à la Présidence est allé d’une révélation à une autre en affirmant que des “chimères”, nom des partisans zélés du régime Lavalas, avaient intégré la Police Nationale aux derniers jours de Jean-Bertrand Aristide au pouvoir.

Différents témoignages ont été recueillis sur la présence dans l’Artibonite d’un certain nombre de "faux policiers" venus combattre les rebelles du Front de résistance dont la progression de l’insurrection, couplée aux pressions diplomatiques occidentales, avait pratiquement donné le coup de grâce à un régime déjà fortement ébranlé par des manifestations pacifiques colossales de l’opposition démocratique.

Libéré de prison après plus d’un an d’incarcération pour son implication présumée dans le "massacre de La Scirie" à St-Marc (Artibonite, nord), au cours duquel de plusieurs dizaines de personnes proches de l’opposition auraient été exécutées, Yvon Neptune a, encore une fois, protesté de son innocence. spp/Radio Kiskeya

solon
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 146
Localisation : montreal
Loisirs : cinema
Date d'inscription : 07/09/2010

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  Doub-Sossis Jeu 7 Oct 2010 - 14:03

N'est ce pas Neptune lui meme qui avait installe ces "faux policiers" chimeres?

Solon wou pap tande Jowel et Co di kwik....
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  Thunder Jeu 7 Oct 2010 - 15:39

Wi Doub ak Solon!

Yo pa p di kwik kou bounda bourik :-) Men mwen garanti nou si se te yon Ti Guy ouben Chamblain ki te fè "revelasyon", Fowòm nan t ap twò piti pou ti nèg ta jwenn kote pou leve kò yo frape atè ak woule. Pifò t ap gen tan tonbe malkadi deja.

Nou pa wè ke, an giz pou yo ta poze bon kesyon, yo pito gen tan pran devan pou diskredite sa Neptune di an, nan di ke yo wont pou li, ke se trayi ke l trayi chèf li menm jan ak Alexis.

Mwen sonje ke mwen te di nan yon pòs ke nan dat 3 Mars 2004, Tutus te rele Neptune nan telefòn pou l mande l sa ke li ap fè nan pòs 1e minis lan toujou paske l sa lakòz ke koze "koudeta" vinn pa posib pou moun lisid ta kwè. Neptune te fèmen telefòn nan nan nen Tutus paske misye te estime ke chèf li te trayi l e sove kite l.

Fwa sa a, se chyen kay lan ki di ki manje ki fèt nan kay lan. Tankou Rico ta di : Wouyyyyyyyy!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  revelation Jeu 7 Oct 2010 - 15:46

Neptune di: “J’ai eu la copie de la lettre de démission de M. Aristide, elle était authentique”, a lâché Neptune en réponse à une question à l’émission Di m ma di w consacrée aux élections.
Nou pap diskite otantisite let la, ni si'l bay demissyon li. Se nan kondisyon ke let saa te ekwi san prezans legal Prezidan Aristide.
Prezidan te sou pressyon "duress" avek menas zam fandfwa.
Yon aksyon ki illegal a yon prezidan yon peyi souveren.

Sa Neptune te dwe fe etan Premye Minist se te mete deho tout kôrp diplomatik etranje sa yo ki tap fe pressyon sou Prezidan le saa.
Se pa konnyen la pou'l vinn lague tout chaj la sou do prezidan an. Depart prezidan an te yon depart "fosé"
He did not jump! They pushed him!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  Le gros roseau Jeu 7 Oct 2010 - 16:01

Bon banm mande nou yon kestyon eske se premye fwa makout ou byen sa nou rele chimè ki patizan yon gouvenman mete fos yo ak swa FADH ou byen PNH pou konbat moun ki ap mete di fe nan biro leta ak peligre.ki moun ki te kako yo?ki moun ki te Fraph yo?Lè se oligarchi ya ki itilize sivil ak Charles oscar pou masakre pep la se lod yap mete.Men lè se pep la ki ap defann dwa yo pou yo eli Presidan yo vle yo se chimè.Tankou yon fanm te dim yon fwa se moun de byen ki ap mouri an ayiti jodya anba grif Aristide ;mwen te blije mande l ki sa ki fè yon seri moun se moun de byen yon lot seri yo se moun de mal?

banm ba nou 2 zou twa ekzanp de sa nap repwoche ki te fet an 2003.An juyè 1958 eske pat genyen duvalyerist ki te pran zam pou yo ede Henry Namphy ak jean Baptiste Hilaire pou te deloje mesye Perpiyan ,Dominique ak Pasket nan kasern Dessalines.Lè bann rebel kiben yo te debake aux Irois eske pat genyen patizan Duvalier ki te ap goumen ansanb ak solda FADH pou te touye rebel yo?Lè General kantav te kanpe an repiblik dominikenn pou fè ansyen Charles Oscar rantre Ouanaminthe pou ranvèse gouvenman Duvalier eske pat genyen patizan Duvalier ki tap goumen pou kou a pat reyisi?Lè frè Baptiste yo tap traverse frontyè bò Thiotte pou rantre vinn ranverse Duvalier eske se pa patisan Duvalier ki te bay Jose Borges ak Simon kamyonet yo pou transpote twoup ki tap konbat mesye rebel sa yo ki te debake Saltrou.neg fanatik FADH nou tande se te patisan Duvalier ki te bay kamyonet pou te transpote twoup yo konpose de solda ak makout lame dayiti pat genyen kamyon disponib pou sa.mwen te la mwen te wè ak de grenn je m.kote yo tap touye yon ban gason gran moun, fanm , ti moun nan plenn mapou paske yo di yo te ba rebel yo manje.yo se te moun frè Baptiste yo.

Alò poukisa se yon krim si patizan Aristide yo te mete ak la polis pou konbat rebel yo ki te ap boule biro leta pou jete yon gouvènman konstitutyonel?Le envasyon baie des cochons te fet kiba se pa lame rebel la selman ki te la pou te defann revolutyon kibenn lan non. se tout kiben ki te di nap mouri pou defann revolutyon an.mwen toujou di nou ke nou dwe prye Bon dye se pat Duvalier ki te nan plas Aristide.sak te pase an 2004 la pa tap pase non.Nou sonje sa Gerard Bissainthe ekri ya e byen yon jou ka genyen yon lot Duvalier ki soti nan kan pep la e fwa saa li pap kouri non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  solon Jeu 7 Oct 2010 - 17:04

Rico dwe tounnen vinn pale ak pèp Forum Haiti, mwen Solon kom avoka l pa gen bon eleman yo na men pou rantre an koze sayo. Rico te toujou kle tankou dlo kokoye pou fè konnen TU TUD te byen e bèl demisyone. Alos mwen Solon pa janm konprann poukisa li bezwen viza retou. Annik li pran avyon pou debake nan peyi l. O wi se egzil mezanmiro sispann bay tèt nou manti. Li pran avyon pou epagne vi li, pou menm pep souvren ki te kanpe ak li, pa flanke l yon lebren.

Dernière édition par solon le Jeu 7 Oct 2010 - 18:08, édité 1 fois

solon
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 146
Localisation : montreal
Loisirs : cinema
Date d'inscription : 07/09/2010

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  revelation Jeu 7 Oct 2010 - 17:39

Solon di: Rico dwe tounnen vinn pale ak pèp Forum Haiti, mwen Solon kom avoka l pa gen bon eleman yo na men pou rantre an koze sayo. Rico te toujou kle tankou dlo kokoye pou fè konnen TU TUD te byen e bèl demisyone.
Se pa yon zafe de demisyon ke nou ap pale la. Deba se sou yon Premye Minist ki pa fe travay li!! Let demisyon saa illegal! Se a premye Minist la pou Prezidan te remet let saa se pa yon fos etranje sou pressyon, sou bluff e intimidation.
Fok Premye Minist la ta konsilte avek mamb kabinet ministeryel yo ak presidan la chamb, ak kou de kasasyon peyi Dayiti pou deside sou legitimite let saa.
Le prezidan Richard Nixon tap pati kite mezon blanch lan, se nan men Visprezidan Gerald Ford ke li te kite pouvwa a.

Neptune pa bezwen vinn jistifye ignorans li nan lwa peyi li e nan zafe relation internasyonal. Zafe pale nan radyo a pa sifi fok se yon konferans de press pou'l bay sou sak te passe 28 fevrye 2004.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  solon Jeu 7 Oct 2010 - 18:24

revelation a écrit:

Tande kamarad ak tout respè mwen genyen pou wou pale sa w byen konnen . YON PREZIDAN AN KRIZ signen yon lèt demisyon, li dwe pwouve ilegalite l jounen jodyè . Non yon deba ki dwe vinn fèt sou yon forom. Lot pati ki te akonpanyel, ta sipoze pote presizyon sikonstans ak lot son. Eske vi ak egzistans pou komanse mèsènè meriken ki te nan sekirite PREZIDAN PA TE AN DANJE MENM JAN AK LI ak tout madanm ak pitit meriken .Kanta premye minis eske se pa ekspedisyon zafè kourant li te la pou egzekite. KI POUVWA LI TE GENYEN NAN MEN LI VREMAN.

Nou bliye res peyi a tankou Latibonit, le No, ak plato Santral te an rebelyon. Pa te gen yon sèl pos polis ki pa vide, tout polisye te nan mawon. Alos ki peyi premye mniis tap dirije.

JOUNEN JODYÈ A NEPTUNE SETOBLIJE AK TOUT KOURAJ DI VERITE YO, POU LISTWA PA RATRAPE L.

OLYE PALE LARONT TANKOU SAKI EKRI SOU POTAY LA POUKWA FOROM PA FÈ EKILIB NAN DI LI GEN KOURAJ

Dernière édition par solon le Jeu 7 Oct 2010 - 18:37, édité 2 fois

solon
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 146
Localisation : montreal
Loisirs : cinema
Date d'inscription : 07/09/2010

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  Invité Jeu 7 Oct 2010 - 18:32

Lorsque Wyclef( que je n'ai jamais supporté) veut devenir président « IL FAUT RESPECTER LA LOI!!

Quand un président démisionne « Ki mele dada'n ak lwa !»

Laughing Laughing Laughing

Invité
Invité

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  revelation Jeu 7 Oct 2010 - 18:52

Rico mande: KI POUVWA LI [Premye Minist Neptune] TE GANYEN NAN MEN LI VREMAN???
Ganyen pouvwa e exzessé pouvwa se 2 bagay diferan!
Gerard LaTortue te exzesse pouvwa'l telman ke lite abuse pouvwa'l!
75% pep la pat konnen ki yes kite prezidan peyi a epok saa telman li te pran peyi a pouli.

Si w mande yon ameriken ki yes kite prezidan Ameriken pandan 2ziemm guerre mondyal la, lap di w ke li pa sonjé.
Yap di w ke se General Mc Arthur ak General Patton ke yo sonje epok sa yo telman mesye sa yo te exzesse pouvwa yo.
Yon blan franse ap di w memm repons la General DeGaulle te plis a la mod ke prezidan peyi a.

Le w gen pouvwa nan men w mon fre Rico, w fet pou EXZESSE'l
Neptune sete yon po mango!
Yon Wi mon excellence! Wi mon Prezidan,
Yon Yess Sirrrr!! Yon disgrace a titre PM saa.
RICO Boss Papa!!
W refize rete nan sije a ki se: Ki wol yon Premye Minist pandan yon period de crise politik nan yon peyi??????

Pa vinn pale nou de rebel, nan No, Latibonit, yon band rans ak lafimen pou bouche je yon pep kap chache la verite

Nan livre memwa tout dirijan, ke se Alexander Haig, McNamara, Clinton, Bush etc.. yo tout vide fiyel yo e di la verite de sak te passe pandan ke yo te o pouvwa.

Ti neg nou yo nan manti e wont fe sa pou moun pa lonje dwet sou yo!!

Di la verite pa yon wont!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  Doub-Sossis Jeu 7 Oct 2010 - 19:46

Le gros roseau a écrit:Bon banm mande nou yon kestyon eske se premye fwa makout ou byen sa nou rele chimè ki patizan yon gouvenman mete fos yo ak swa FADH ou byen PNH pou konbat moun ki ap mete di fe nan biro leta ak peligre..

Roseau ou panka pran yon krime pou legalize yon lot krim..pwen barre. Nan yon peyi ki gen etat de droit li INNACEPTAB..PA GEN ARYEN KAP BLANCHI YON MASSACRE..SITOU SI SE MASSACRE CIVILS NON-ARMES.. PWEN BARRE."

PA GE REZON D'ETAT NAN CAS SILA
GEN DE FASSON OU KA FE APPEL A REZON DETAT LEGALEMENT
TANKOU DECLARE ETAT DE GUERRE
OUBIEN COUVRE FEU OUBIEN ETAT DE SIEGE
LE SA-A SE LARMEE CONSTITUE AK LOI MARTIALLE
KI APPLIQUE A MWEN AKASSAN YO BAW SIROP
MEN YO TE PREVNIW
MENM ICITTE QUEBEC LO TE GEN PEQUIS YO KITAP FE TERRORIS
YO TE METE YO HORS-LA-LOI YO SISPAN LIBERTE CIVILE
ETABLI LOI MARTIALLE. LARMEE RANTRE NAN KAY MOUN AP FOUYE A NEMPOT KELLE HEURE.

MENM JAN O ZETA KOTE WAP VIV LA APRE 11 SEPTANM, YO SISPAN YON SERI DWA CIVIL
TANKOU EKOUTE ELECTRONIK ET LA TRIEE POU MOUN SISPEK TERRRORIS
DWA CIVIL PA APLIKE POU KONBATTAN KI NAN PRIZON GUANTANAMO
SI WOU SOU LIS NWA WOU PANKA MOUNTE AVION ETC...ETC...
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  solon Jeu 7 Oct 2010 - 22:16

Revelation kisa w pa konprann ou refize konprann lè yon prezidan genyen yon twoup mèsènè ansyen komando meriken kap asire sekirite l. Se deja zak ilegallki mete l nan pozisyon pou peyi sa mande sitwayen l kraze rak, depi gen lese frape.

Yo pa gen dwa vinn batay ak twoup rebel. Swayon serye Neptune apre depa Aristide pa gen pouvwa. Se yon entènasyonal kite mèt kanton . Esperan yon jou se li menm Neptune ki pral bannou ki presipal pyon ki tap dirije jouk yo bannou Latoti.Misyon l te fini
.

solon
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 146
Localisation : montreal
Loisirs : cinema
Date d'inscription : 07/09/2010

Revenir en haut Aller en bas

 ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN  MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS Empty Re: ANSYEN 1ER MINIS NEPTUNE KONFIMEN PREZANS CHIMÈ NAN MITAN LAPOLIS EPOK LAVALAS

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum