Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-28%
Le deal à ne pas rater :
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G Double Sim 128Go ...
389 € 539 €
Voir le deal

Tout Moun Ladann

+3
Marc H
Joel
Sasaye
7 participants

Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Ven 29 Oct 2010 - 2:18

Mwen dakò avèk rezon misye bay pou moun al vote pou anpeche Preval pouse Celestin.

Mwen swete ayisyen vote an mas pou Ceant (Seyan)

Se pa tout moun jwenn sèlman,
Se tout moun ladann.



Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Sam 30 Oct 2010 - 7:05

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Joel Sam 30 Oct 2010 - 7:44

Mwen pa pou pèsonn ;men si mwen t ap pou yon moun ;mwen t ap pou misye.
Mwen swete ke misye si l ta vin prezidan pou l chanje kilti politik lan.

Anpil peyi te la,men yo chanje;tankou vwazen nou DOMINIKANI ak rès peyi lan AMERIK lan.
Lan Nikaragua,DANIEL ORTEGA ak kotwoye ansyen SOMOZIS.
Lan SALVADOR ak GUATEMALA ,se ansyen geriya ki prezidan ,y ap kotwaye ansyen mesye LAME YO.

Men ,demen la a lan BREZIL,gen gwo pwobabilite ke se yon ansyen geriya ekstrèm goch,DILMA ROUSSEF,ki ap vini prezidan pwisans mondyal sa a.

CEANT genlè gen yon bagay de bon lakay ,si gen nèg tankou faksyon LAVALAS RENE CIVIL andòse misye ,menm jan ak MOUVMAN PEYIZAN PAPAY lan .
Mwen swete ke AYITI fè pa sa a e izole koudetayis.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Marc H Sam 30 Oct 2010 - 10:42

Fok yo ta precise ke criminel paka ladann'l . Se lan prison yo ta dwè yè.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Sam 30 Oct 2010 - 13:09


Marc,
Sela va sandi.
Li pa nesesè pou presize kriminèl pa ladan. Yo pa ladann.
Kimoun ki ta envite kriminèl vinn layite lan yon sosyete ki ap rebati.
Okontrè, pral gen enfrastrikti ki pou jere popilasyon kriminèl lan keseswa lan refom lajistis e konstriksyon systèm penal lan.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Sam 30 Oct 2010 - 13:15


Joèl,
Dapre entèvyou misye bay, Seyan deja al rankontre ak laplipa ansyen chèfdeta yo:
Aristid, Janklod, Sedras, etc... pou revizite pwoblèm ke peyi an travèse.
Misye di ke lan rasanbleman li vle fè an, menm Preval genyen yon wol ladann, malgre ke li pa t vle rankontre Preval kom kandida ak prezidan, men antan ke sitwayen prive, yo gen dyalog yo.

Seyan, se yon nèg extraodinè, mwen pa t janm kwè te rete ayisyen konsa ann Ayiti anko.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Sam 30 Oct 2010 - 13:26

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Joel Sam 30 Oct 2010 - 13:27

SASAYE;

JANKLÒD ,CEDRAS ,ARISTIDE se ansyen prezidan ak ofisyèl wi.
PHILIPPE se yon ka espesyal;se yon nèg ke m pa doute ki ka aji menm jan ke l te aji an 2004 lan ,lan menm sikonstans yo.

Mwen si ke si se pa t pou MINUSTAH ,nou t ap tande PHILIPPE ak CHANBLEN deja.
Nèg sa yo ,se pou yo aji menm jan ke mesye AMERIK DI SID yo ap aji ak ansyen koudetayis yo.

Gen 2 nèg,mwen pa konnen si yo ka refòme;se PHILIPPE ak MICHEL FRANÇOIS.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Marc H Sam 30 Oct 2010 - 13:40

Nou konnen kandida Céeant paka di sa . Men nap veye yo . Moun tankou Guy Filip dwè paye pou sa li fe peyi . Il doit purger sa sentence avant de le réinsérer dans la société haitienne.
Guy Philippe femen ...'W
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  alex jacques Sam 30 Oct 2010 - 16:50

Rien de nouveau, le meme discours des traditionalistes. ( une autre censure?)
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Sam 30 Oct 2010 - 18:05


Mesye, lè yon moun vote pou yon kandida se paske li genyen kèk nosyon, lide, pwojè
oubyen pwogram ki plizoumwen reponn a sa votan an ta renmen oubyen swete pou li, fanmi, zanmi oubyen peyi an menm.

Sa pa vle di ke si kandida a eli, moun saa pral genyen yon avantaj paske li vote pou li.

Mwen sonje lan ane 60 yo Mafya italyen te fè kanpay pou pati Demokrat Ozeta.
Yo te sipote JFK nètalkole.

Apre Kenedi vin prezidan, yo eseye enfiltre gouvènman an.
Yo fè Frank Sinatra ki te foure ko l lan antouraj prezidan an prezante yon fanm bay Kenedi.
Fanm saa te gen antre soti lan WH la l domi lan chanm prezidan an.
Se lontan apre ke moun vin konnrn fanm saa se te fanm youn lan gwo mafiozo yo.

Ou paka di ke mafia te gen sans patriyotik oubyen yo te vle pou sitiyasyon ekonomikososyal Usa ta vin pi bon.
Mesye sa yo te wè yon avantaj kelkonk.

Nou paka mande yon kandida pou l refize ni vot, ni soutien yon endividi oubyen yon gwoup
akoz de diferans ideyoloji.
Sa pa mare pye kandida a.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Joel Sam 30 Oct 2010 - 18:37

`SASAYE;

Nèg mafya CHICAGO yo t ap travay pou JFK men yo pa t fè l aklè non?
Se apre wi ,moun vin konnen ke yo t ap travay pou JFK ;men misye pa t enbesil ase pou li ta kite de nèg tankou SAM GIANCANA andose l aklè!

Sa n ap di yon nèg tankou CEANT;li ta gen dwa kite PHILIPPE andose l wi ;men se pou l fè tankou l pa tande.
A la minit ke l ta kòmanse afiche l ak GI FILIP;li ap pèdi sipò.

Madan MANIGAT kapab fè sa ,paske l se yon GNBis ;men se sa ki distenge CEANT;li pa gen atach GNBis e li pa gen koneksyon ak PREVAL.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  revelation Sam 30 Oct 2010 - 22:52

Joel di:Sa n ap di yon nèg tankou CEANT;li ta gen dwa kite PHILIPPE andose l wi ;men se pou l fè tankou l pa tande.

A la minit ke l ta kòmanse afiche l ak GI FILIP;li ap pèdi sipò.

Madan MANIGAT kapab fè sa ,paske l se yon GNBis ;men se sa ki distenge CEANT;li pa gen atach GNBis e li pa gen koneksyon ak PREVAL.
Gen magouille kap fet ke nou pa konnen!

Si Guy Philippe te yon lougarou konsa, ki jan fe ke gouvenman Preval pral fini 5 an li an e li pa jamb panse mete Guy Philippe anba kod??


revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Marc H Sam 30 Oct 2010 - 23:59

En tout cas , si Céant s'affiche avec ce méchant malade , il n'aura pas mon soutien.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Le gros roseau Dim 31 Oct 2010 - 1:08

bon depi ki lè Guy philippe te represante yon fos politik nan peyi ya jis pou yon kandida ta beswen andosman Guy Philippe.Nou toujou ap ba chen enpotans.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Joel Dim 31 Oct 2010 - 7:25

revelation a écrit:[/size]
Gen magouille kap fet ke nou pa konnen!

Si Guy Philippe te yon lougarou konsa, ki jan fe ke gouvenman Preval pral fini 5 an li an e li pa jamb panse mete Guy Philippe anba kod??


[/quote]

PREVAL genyen pou l reponn ;paske se pa tout tan GNBIS yo ap kontinye kontwole RADYO yo.
PREVAL pa mete PHILIPPE anba kòd;se pa yon mistè e ou pa menm bezwen rele sa magouy.
Li pa fè sa ,paske pandan 5 an li an ;se kòm si li te gen yon sèl ènmi ;se ARISTIDE.
Li pa fè sa ,se menm jan li nonmen DENIS ,youn lan ènmi achane ARISTIDE YO,kòm minis LA JISTIS.
Li pa fè sa ,tankou se yon sèl pati politik li pa t vle wè ,se FANMI LAVALAS.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  revelation Dim 31 Oct 2010 - 15:41

Joel di: PREVAL genyen pou l reponn ;paske se pa tout tan GNBIS yo ap kontinye kontwole RADYO yo.
PREVAL pa mete PHILIPPE anba kòd;se pa yon mistè e ou pa menm bezwen rele sa magouy.
Li pa fè sa ,paske pandan 5 an li an ;se kòm si li te gen yon sèl ènmi ;se ARISTIDE.
Li pa fè sa ,se menm jan li nonmen DENIS ,youn lan ènmi achane ARISTIDE YO,kòm minis LA JISTIS.
Li pa fè sa ,tankou se yon sèl pati politik li pa t vle wè ,se FANMI LAVALAS.
Nou dako ak w Joel!!
Preval konnen ke 2 bourik pakab wanni nan memm patiraj!!

Se sak fe ke li gen 3 chien de garde.
1 ) Media, ki tap lage tou jounnen nan deye'l e pap bali yon chans pou'l pale.
2 ) Denis nan minister jistis la pou intimide Aristide e bali pwoblem legal,
3 ) E Guy Philippe si chimer yo soti pou bay problem.

Jan Thunder di a pa gen yon kandida nan kous elektoral sa ki kap garanti retou e akomodasyon sekiriter prezidan Aristide nan peyi a.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Ven 5 Nov 2010 - 4:30


Dezyèm Kongrè Akayè a» dwe yon brase-lide pou Ayiti chanje; pou li tounen yon sosyete modèn, kote devlòpman chita sou solidarite tout moun, jenerozite ak bon konpreyansyon ak tout pèp.

Moman an rive pou nou di nan demokrasi nap mete kanpe a
«TOUT MOUN LADANN. TOUT MOUN LADANN: SA KI VINI DEPI LONTAN, SA KI FÈK VINI, AYISYEN KI GEN POU YO RETOUNEN; YO TOUT LADANN».

«Dezyèm Kongrè Akayè a» se yon «Kòt à Kòt» ki reyini sitwayen tout jenerasyon, nan tout sektè, nan tout kote pou yon devlòpman dirab.
Nan demokrasi sa a, fèt pou gen yon plas espesyal pou fanm, tout fanm;
pou jèn, tout jèn; pou peyizan, tout peyizan.
Kidonk, fòk gen plas pou tout moun;
kote tout moun ka jwenn fòmasyon, travay, ankadreman, pou yo mèt tèt yo, pou yo «VIV TANKOU MOUN».

Nou konnen zanmi, bon zanmi Ayiti yo, ap ede nou nan wout sa a.
Men, fòk nou pa bliye se nou menm ki chwazi wout la.
Sakrifis ki pou fèt yo, se nou ki pou fè yo.
A pati jounen jodi a, chak Ayisyen se yon pwofesè, se yon pwotektè pou lòt ayisyen. Chak ayisyen fèt pou li reskonsab yon lòt ayisyen.

Nan travay, nan sajès, nan lòd, nan respè youn pou lòt, nap rive.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Joel Ven 5 Nov 2010 - 7:51

revelation a écrit:Se sak fe ke li gen 3 chien de garde.
1 ) Media, ki tap lage tou jounnen nan deye'l e pap bali yon chans pou'l pale.
2 ) Denis nan minister jistis la pou intimide Aristide e bali pwoblem legal,
3 ) E Guy Philippe si chimer yo soti pou bay problem.

Jan Thunder di a pa gen yon kandida nan kous elektoral sa ki kap garanti retou e akomodasyon sekiriter prezidan Aristide nan peyi a.

Tout bagay ou di la yo se rans.
Pou wou mmenm ;tout jan bagay yo te ye ;se konsa y ap rete.
Ou toujou chita lan yon zafè boujwazi an e pouvwa ke l ta genyen!
Se pa vre ;boujwazi ann AYITI ,se pa lentèmedyè ETAZINI li gen pouvwa.Eske se tout tan ETAZINI ap apiye l;ou byen ap ka apiye l?
Kouman fè se de moun tankou LULA e kounye an DILMA ROUSSEF ,ki lan prezidans BREZIL?
San pale de ansyen geriya ekstrèm goch ki ap dirije peyi AMERIK SANTRAL ,URUGUAY elt..

PREVAL te gen dwa pa t kite ARISTIDE tounen e li te ka se dènye prezidan ki te kapab anpeche l tounen;kapab gen yon nouvo dinamik apre eleksyon NOVANM yo.
Map repete l ,ekstrèm dwat lan gen pouvwa ,ke yo genyen pa la gras de ETAZINI.Eske se tout tan enterè yo ap koyenside?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Le gros roseau Ven 5 Nov 2010 - 10:23

Mwen dakò ak sa Ceant di yo men eske se vre patisipatyon li nan selektyon a ap ampeche Preval bay ayisyen yon kout boul?Jodya se kout zam ki ap chante tout kote nan peyi ya pou kraponnen popilatyon an .se sak fè mwen mande eske li responsab pou politisyen ayisyen al fè san inosan koule ankò nan yon maskarad elektoral.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Ven 5 Nov 2010 - 13:12

Si pèp la soti al vote an mas epi ya p veye move kou, mwen kwè yo kapab pare yo.

Sonje yo te kanpe pou bare Lafontan lè li ta p eseye bay Aristid yon so kabrit anvan menm li te prete sèman.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Marc H Dim 7 Nov 2010 - 22:48

Pòtoprens, 6 novanm 2010



NòT POU LA PRÈS



Kandidat pou pòs prezidan sou Platfòm RENMEN AYITI-a Me. Jean Henry CÉANT koubel byen ba pou salye mounn nan : Sud, Grande –Anse, Nippes, l’Ouest, Nord-Ouest, ak tout kominn e seksyon kominal ki frape pa ouragan Toma-a. Lèn konsidere divès pwoblèm pèp Ayisyen an ap travèse sitou apre katastròf 12 janvye-a ak epidemi kolera ki kontinye ap ravaje popilasyon-an nan plato santral, latibonit ak divès lòt rejyon nan peyi-a, nou menm nan RENMEN AYITI nou santi se kèn kap dechire jounen jodiya ak ouragan Toma ki vinn mete abse sou klou kote plizyè milye frè ak sè nou lage de bra balanse. Nan mitan gwo kalamite deblozay tèt chaje sa, kandida pou prezidan Jean Henry CÉANT voye sinpatil bay tout mounn ki yon lòt fwa viktim de movèz jesyon dirijan ki sou pouvwa yo ki pa janm vle pran konsyans nan ki eta mizè pèp Ayisyen-an ap viv.


An atandan nou menm nan RENMEN AYITI nou voye sipò pa nou bay viktim yo, nou pwofite pou di pèp Ayisyen an pa dekouraje, men kontinye ouvè jel nan eleksyon ki pral vini yo pou chwazi mounn li kwè reyèlman ki ka pran desten peyi sa an men. Yon lòt fwa, kandida pou prezidan Jean Henry CÉANT di tout mounn ki sinistre pran kouraj, kenbe fèm pa lage, soulajman pa lwen rive. Viv AYITI ! Ke bondye beni nou tout !





Biwo kominikasyon RENMEN AYITI


Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Le gros roseau Dim 7 Nov 2010 - 23:04

sassaye

fok ou wè tou nan kalamite pep saa ye jodya li demobilise nan zafè politik.Eske Ceant genyen karism ase poul remobilize pep saa pou anpeche Preval bay yon kout boul ?mwen pa kwè antouka nap gade pou nou wè ki jan sal pral pase jou a pa lwen rive.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Doub-Sossis Dim 7 Nov 2010 - 23:17

Eske nou konen joumou kon donen kalbass

Change met, change metier mezanmi

Enfin pou haiti gen yon souf
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Sasaye Jeu 11 Nov 2010 - 11:58

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Ladann Empty Re: Tout Moun Ladann

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum