Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le ...
Voir le deal

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

3 participants

Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  revelation Dim 14 Nov 2010 - 14:33

HAITI/ELECTIONS: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans
Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Flyer02

Nou te we ki jan pep Ayisyen an 1986 the voye gouvenman Diktate/Makout/FADH yo ale nou di ke il y a rien à faire dorénavant, ce sera par le people, pour le peuple et avec le peuple que le pouvoir pourrait s’acquérir dans un pays comme Haiti.

Se konsa mouvman popile Lavalas la ak 2ziem generasyon li an LESPWA ap vale terren avek yon dominans rapid e yo memm predi ke eleksyon 2011 lan ap vinn asire yon kontinuite. Yon veritab « shock and awe ».

Sosiete dominant ak internasyonal yo te konprand ke yo te pral asire system Duvalierism la sou yon lot form le yo te mize sou Intelektyel konpetan e kalifye kankou, Bazin, Derouseray, Gourgue, Manigat etc..yo tout pedi hontezman devan yon dominans popiler kip a fe peson konfyans anko.

Fos popiler sa ap pran yon vanjans extraodiner sou klass dominant lan ki pandan 200 zan te kenbe yo sou yon system sosyal e ekonomik d’apartheid kipa gen anyen pou we ak koule pô, men ak apatenans sosyal e kapasite ekonomik yon klass defavorize. Nwariste autokrat aristokrat yo pi mal ke boujwa milat la.

Fos popile sa montre ke si nou tout pakab genyen ansamb memm jan granpapa zanset nou yo te fe, nou tout ap oblije pedi ansamb.

Gen anpil intelektyel e biznissman ki defini mouvman popilist sa kom yon mouvman destriktif, kwaze brize, yon mayhem demagogik, politik voye monte, bel zide revolisyoner men san experiyans e yon naivete repetitif.

Pa exanp, Toussaint L’Ouverture premye gwanleader peyi a, magouy fet e yo mare'l anba kod voye ale, 300 zan pa passe memm experiyans lan rive yon lot leader nan memm peyi a ak memm akter predater yo pou memm rezon yo.

Eske eleksyon 28 Novamb 2011 lan ap pote yon chanjman pou peyi a ! Ou byen ap asire yon kontinuite politik ki di « pito nou led nou la!
Sasaye di :Lan youn lan pòs mwen yo, mwen te sigjere ke se depi kounyea ke patriyot dwe komanse prepare yo pou 2016.
Nou dako!
Si yon kandida deklare ke li déjà genyen avan memm ke moun al vote e avan memm ke rezilta bay fok se depi konye la pou kandida serye ki vle yon chanjman dirab poze kandida’l pou 2016, preparasyon dwe fet konnyen la!!

Nou memm pa bo isit la, nou pa nan bizniss apuiye ni sipote okenn kandida pou zot pa vinn di se nou! Aktivite sa yo koute trop lajan ak tribilasyon, e si kandida ke nou apuiye yo pa passe, sa ap paret led. Nou pa nan bizniss sa yo anko!

Nap prefere tand pou nou we ki yes "pep" la ap chwazi e si pep la fe yon move chwa, mande Bondye padon, nap oblije pote yo assistans pou yo fe yon "regime change".
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Re: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  Joel Dim 14 Nov 2010 - 18:45

revelation a écrit:[size=18]HAITI/ELECTIONS:

Nap prefere tand pou nou we ki yes "pep" la ap chwazi e si pep la fe yon move chwa, mande Bondye padon, nap oblije pote yo assistans pou yo fe yon "regime change".

REVELATION;
Mwen pa konprann?
Kilès ki ap detèmine ,ke se yon bon chwa ou byen yon move chwa.Se pou sa genyen eleksyon.
Yon bonchwa pou wou ,kapab yon move chwa pou mwen;e vise vèsa.
Si eleksyon yo fèt pliz ou mwen byen ;ke se chwa pa w lan ou byen chwa pa m lan ki fèt ;si yo diferan ;se pou nou respekte l.

Gen nèg ki kont demokrasi ;men li se yon aprantisaj;pèp lan lan sajès li ,li aprann;l ap chwazi jistan li ap fè bon chwa a ;men kite l chwazi

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Re: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  revelation Dim 14 Nov 2010 - 21:51

Joel di:Mwen pa konprann?
Kilès ki ap detèmine ,ke se yon bon chwa ou byen yon move chwa.Se pou sa genyen eleksyon.
Yon bonchwa pou wou ,kapab yon move chwa pou mwen;e vise vèsa.
Si eleksyon yo fèt pliz ou mwen byen ;ke se chwa pa w lan ou byen chwa pa m lan ki fèt ;si yo diferan ;se pou nou respekte l.

Gen nèg ki kont demokrasi ;men li se yon aprantisaj;pèp lan lan sajès li ,li aprann;l ap chwazi jistan li ap fè bon chwa a ;men kite l chwazi
Nan moman difisil ke nou ap travese la Joel, nou pakab kite pep la fe yon move chwa!

Fok nou brize serk visye saa kap fe nou vire an ron kankou toupi. ou byen kankou chien kap mode pis nan point ke'l.

Eske w vle kontinuite dan la mediokrite ou byen yon chanjman pou yon Ayiti miyo??
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Re: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  Joel Dim 14 Nov 2010 - 22:42

Se pou sa nou pa p janm dakò.
Ki sa ki konpetans;ki sa ki medyokrite an.

Se tankou mwen t ap gade yon spesyal sou administrasyon LYNDON JOHNSON lan.
LAN ANE 1965 ,lè misye kòmanse pase sa yo rele ""landmark legislation "" sou dwa sivik yo ;gen yon gwoup gouvènè ,senatè ak depite lan pwòp pati DEMOKRAT lan ki apwoche misye e di l ""slow down"" paske misye vle twòp chanjman twò vit ,ki favorize nwa yo,e misye ap fè yo pèdi eleksyon.
Gen yon asistan JOHNSON ki te prezan ;misye di ke JOHNSON di mesye yo ""Se yon sèl bagay mwen tande n ap di ;se nigè,nigè,kenbe nigè yo lan plas yo;m ap aji jistan m ap reye mo nigè an lan vokabilè nou""

Mwen pa vle tande mo medyokrite an ;se pèp lan ki pou deside ki moun ki kapab,ki moun ki medyòk;se pa wou,se pa mwen ;se pa zòt""
Pou mwen depi majorite pèp lan ;lib e libè ,chwazi yon moun;se limenm ki pi kapab pou mwen,

Sa ki enpòtan,fòk se chwa l ,lib e libè

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Re: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  Doub-Sossis Dim 14 Nov 2010 - 23:35

Jowèl tchéké ak Jafrik, mussieu démantiw fèw konen sé pa pèp ki chawzi se gran éléktè Richard Morse ak konpayèl liyo Washington ak Latino w yo ki fè yon BèBè Prézidan.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Re: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  Joel Lun 15 Nov 2010 - 7:40

SOSIS;
Si mwen ta rete lan lojik ou an;omwens MORSE se chwazi li te chwazi prezidan ;li pa t fè tankou kavalye polka w STANLEY LUCAS pou l te kraze brize e jete youn.
Se ameriken ,LUCAS ye tou ;poukisa se MORSE ou ta vle blame.Omwens se ann AYITI misye rete;mwen ta kwè ke li konnen reyalite peyi an ,plis ke LUCAS.

Kanta pou latino -ameriken ;mwen bezwen enfliyans yo menm;prese,prese.
Yo pase anba maladi ;se poutèt sa yo konn remèd.Yo konnen sa yo rele koudeta ;yo konnen kisa ki vle di lè yon ti gwoup fanmi monopolize richès peyi yo e refize chanjman fèt.
Lan GUATEMALA se 7 fanmi.Se yon gè sivil ,grenn kraze ki dire 40 an ,ki pèmèt ke jounen jodi an yo ka chwazi prezidan yo vle.

Se menm bagay ,lan gwo peyi tankou BREZIL.BREZIL aprann e yo gen mwayen tou ;kididonk yo gen dwa montre e pèmèt nou kontre kòn ak moun ki konprann peyi an se pou yo ;e an menm tan ,pwoteje nou de peyi tankou LA FRANS ak ETAZINI.

Nou bezwen pwoteksyon peyi tankou BREZIL ,ak LAJANTIN

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans Empty Re: Popilarite ak Magouy Pran Preferans Sou Kalifikasyon ak Konpetans

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum