Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur Moulinex Companion ...
600 €
Voir le deal

ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM

2 participants

Aller en bas

ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM Empty ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM

Message  Rico Jeu 25 Nov 2010 - 19:42

Mezanmiro politisyen opotinis , move aksyonè, politikayè ki rele Ceant pran yon chans ak yon alamagam makouto-lavalas pou pran bon pèp sitou bidonvil yo ak peyizanneri nan pyèj. Men se san konte kalite ak pedigri l ki pa ditou nan menm nivo blofè ki rele Francois Duvalier ou byen Aristide.

Ceant ak tout bann fanatik li yo, sitou ak yon emisè fouge dok Sterlin nèg Okap, Divalyeris nan tout mwèl ak zo li. E byen . Yo te pati an kwazad pou rekipere nostaljik Divalyeris yo ak bann jenn ilimine lavalas yo.

Men twouve mesaje sayo pa ateri, se pa ditou diskou manipilatè, blofè ni yon Aristide ou byen Francois pou galvanize sèktè frajil popilasyon bidonvil yo ak peyi pwofon. Kote mesaj sibliminal 2 gran teno politisyen popilis sayo abitye rasanble yo.

Wouuuuuyyyyy bon pèp rete lakay yo, tchwippppe Ceant. O pwen ke estratèj li yo mwen gen bon jan zanmi ak konesans kap pale de dèfèt total. Yo pa te dwe anbake nan eskonbrit konsa.

Jounen jodyè Dok Sterlin mare fache nan emisyon Jean Mona sou radyo Karayib. An gwo soulye, bon jan makout li lese emisyon lè yon patisipan fè konnen li pèdi sans li nan zafè alyans makout ak lavalas. Li kite panèl san eksplikasyon an plis.

Alos se konsa nenpot ti koken konprann li pral pran roulib sou 2 mechan politisyen ki te gen don manipile, adousi, foure bon pèp nan poch yo. Fwa sa koken pran nan gonm se pa tout politikayè ki gen menm nivo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM Empty Re: ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM

Message  Le gros roseau Jeu 25 Nov 2010 - 21:05

Rico

Chak moun wè bagay yo jan yo vle.Ou di Dok Sterlin se makout mwen pa konnen si w fè diferans ant yon moun ki te duvalierist ak yon makout.Jodya wap epole madan Manigat men eske w konnen ke Leslie Maniigat se yon ansyen duvalierist tou?mwen pa konnen si se Sterlin nan Rue 15 yo men mwen pa janm tande non moun sa yo nan oken malpwoprete non, papa yo se te yon rid travayè ,mwen te genyen yonn ki te kondisip mwen;se pa tout duvalyerist ki te makout.ki moun ki te duvalyerist yo dapre wou an 57?se klass moyenn lan ak yon pati nan peyisaneri.

Si Ceant ta adopte yon strateji poul rekonsilye lavasyen yo ak duvalyerist mwen pa wè ki mal ki genyen nan sa.seta yon gwo fos politik an ayiti ki pa tap pemet GNBIS yo ranverse gouvenman paske yo tap jwen ak zo grann yo.si strateji echwe se pa pase li pa bon. petet ayisyen dekouraje ak politik.Nou pral gade konbyen pousantaj patisipatyon ye nan selektyon saa.mwen pa kwè ap genyen 20% ayisyen ki ap patisipe nan selektyon saa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM Empty Re: ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM

Message  Rico Jeu 25 Nov 2010 - 21:33

Malice pale sa w konnen , se modi pwoblèm mwen avè w. Mwen byen suiv-ou kom kapwa ki dekonèkte ak reyalite rejyon sa. Wi dok Sterlin se yon ansyen Divalyeris, orijinè vil Okap. Kite okipe fonksyon diplomat sou lè Duvalye. Ke li menm reklame l kom Divalyeris, se pa kache.

Kanta Manigat se te Divalyeris se te dwa l tankou tout sitwayen ki chwazi sayo vle. Nan FANMY MWEN TOU TE GENYEN GWO ZOTOBRE DIVALYERIS AK ANSYENN FIYÈT LALO, SE PWOBLEM YO. An fas gran frè yo kite Dejwayis, kamoken e pitit li yo apre te komulus. Se anko chwa lib ak libè tout endivi.

Men se pou tout moun asire l, pa vinn pale sa w pa te konnen. Komanse mande bon jan detay ak presizyon.

Koulyè wou rantre san ti mouchwa pou vinn pale estrateji Ceant. Men tonas mwen byen di w estratèj li yo pa ditou kontan, yo komanse ap fè rounou rounou. Se te yon risk mal kalkile konvenk bon pèp nan almagam divalyeris ak lavalas. Sa pran abilte moun tankou Francois ki te konn trete pyan ak chik peyizan ki konnen koman pou li pale ak yo, anbake yo.

Sa pran moun tankou Arisitide ti nèg andeyo, kite vikè nan yon katye moun andeyo, ak tout sansiblite rejyon yo nan potay Sen Jozef ki te kap transmèt mesaj yo vle tande.

Ti eleman boujwa notè, moun pwentiye tankou Dok Sterlin se move radotè, mesaj yo pa ateri.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM Empty Re: ALYANS KONT NATI MAKOUT AK LAVALAS FLANKE CEANT NAN MODI PWOBLÈM

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum