Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot ...
Voir le deal

ESKE PEYI DAYITI KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT

2 participants

Aller en bas

ESKE PEYI DAYITI  KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT Empty ESKE PEYI DAYITI KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT

Message  Rico Mer 21 Déc 2011 - 19:15

Mezanmi peyi dAyiti nan tenten olye pou nou vanse, se toujou bak nou fe. Apre rejim bout di makout, touyado, nou ateri nan pa konprann ak yon lavalas, kowonpi kraze zo. Pèp ayisyen ki sanble ap monte yon kalvè pa do eli answit yon prezidan 2 pik ki derape an bon demagog nan jwe komedi. Antouka sa nou espere nouvo rejim Martely pa retounen nan move abitid touyado makout ak lavalas, Men kom yo pa vle tande AKI 86 SE YON BON PINGA.

Kote m vle vini se sou zafè kap prepare pou retou 2 solitid lavalas ak makout. Yo pa vle lache yon may se komsidire se zafè yo selman, prezidans peyi DAYITI, APRE YO SE TOUJOU YO.

Pou komanse kote maKout rezistans farouch kont retou Jean Klod Duvalye simaye la twoublay. Malgre tout ti viktwa nan kowonpi sèten ti klan ki reklamen yo bon jan makout divalyeris. Selon sous nou pati Janklod Duvalye la pa te gen entansyon vini ak li kom pwochen kandida. Men jan opozan fann nan dengwann li, kalkil pati makout la se prezante JEAN-CLAUDE dUVALIER KOM KANDIDA POU PREZIDANS LAN, YON FASON POU BLANCHI LI. Planifikatè retou pou prezidans li konte anpil sou yon ansyen Duvalieris Prezidam Martelly ak anpil zotobre gouvenman l lan pou bakop li nan tripote lajistis.

Kote lavalas se klè Aristide pa kandida, e byen estratèj pati sa byen antandi Aristide an premye ki enpoze madanm li Mildred Aristide Trouiilot. Li ta senble gen rounourounou, san kongrè li deja deside madanm li pral kandida nan pwochwenn eleksyon yo.Pa gen vreman opozisyon nan pati Lavalas se kinan, zafè pèsonèl Aristide ki gen ladann, gwo sipotè a letranje menm an Ayiti, Lavalas pi byen prepare ke pati makout la ak baz li ki byen enplante, e tout lot ramifikasyon ki te lese bato, ki komanse ap voye signal tankou senatè Anacassis.

Kisa nou pa ta swete pwochenn elsksyon yo kap pran yon viraj makout-kont lavalas tankou peryod premye eleksyon yo kite gate avek aparisyon Roger Lafontant. Nan kouri pou makout pèp ayisyen tonbe anba yon lot ti despot lavalas ak Aristide. Kwidam sa te nan legliz SenJozef sou potay kom abe nan voye monte teyori liberasyon, ti pèp nan pran pièj yo pral eli l kom prezidan. Pwochenn elesyon deja sanble ak menm senaryo ki bannou bann prezidan komokyêl sayo.

Alos map mande fwa sa eske fos tankou ekip OPL, FIZYON, K PIM e lot tankou Madan Manigat, Charles-Henry Baker e latriye PA DWE MONTRE PI SERYE AK OGANIZASYON YO POU REPRANN POUVWA. NOU PA SWETE KONTINYE NI NAN EMNPWOVIZAYON, RADOTAJ YON MARTELLY. NI NON PLIS NAN JWÈT KOKEN AK LAVALAS AK MAKOUT , MANPILILATÈ KONSYANS TI PEP, MOVE BOULSHITÈ NAN POLITIK.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

ESKE PEYI DAYITI  KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT Empty Re: ESKE PEYI DAYITI KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT

Message  Marc H Jeu 22 Déc 2011 - 5:42

Konpè

Kisa wou vle de plis ? Aux USa genyen repibliken /democrate
lan Kanada genyen Liberal , conservateur et democrate

Poukisa Ayiti pa ka genyen tou 2 pati politik : Duvalierisme ak Lavalas tou . Si sa ta fett li tap bon pou peyi an . Nou genyen twop pati politik. Konsa 2 pati politik sa yo te ka vini striktire kom sa dwa . gauche vs droite

Moi je choisis mon camps lavalassement !
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

ESKE PEYI DAYITI  KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT Empty Re: ESKE PEYI DAYITI KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT

Message  Marc H Jeu 22 Déc 2011 - 12:44

Rico

Les fiyet lalo vous talonnent ...
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

ESKE PEYI DAYITI  KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT Empty Re: ESKE PEYI DAYITI KAP RETOUNEN NAN RIVALITE LAVALAS KONT MAKOUT

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum