Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre ...
Voir le deal
339 €

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

4 participants

Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Rico Mer 26 Jan 2011 - 21:42

K Plim yon sitwayen tout moun ki enterese nan politik. dwe pote atansyon, swiv ak konprann. K plim se yon moun fyab, respektye. Sepandan nan kriz sosyete yon peyi kote politisyen pwente kom bouk emisè. K Plim pase sovuan nan fil politisyen yo di ki pa kanpe sou anyen. Poutan si w vreman pran tan swiv konpotman l, aksyon l, pratik li se yon politisyen plen respè nan angajman l. Yon politisyen ki refize pran l pou sali pa ye ditou.

Evenman jounen jodyè, retou Janklod Duvvalye ap mete nou sou kelke pis sou vrè nati politisyen sa. E byen sa nou aparann K plim kontreman politisyen ayisyen refize itilize lahenn, vanjans menm kont pi mechan poufandè l . K Plim diferan wi li vreman fè diferans . O pwen mwen raple yon gran frè ki pase a lenfinitif ki toujou di m rete konsekan, vètikal , koul nan lavi sosyal ak politik peyi dAyiti. Pwiske mwen pral rankonte anpl difikilte ki mande anpil rekil .

Anseyman gran fre sa mwen rekonèt yo nan K PLIM. Ki toujou mande m rete ouvè, kenbe dyalog, arive konvenk menm opozan m nan sa mwen kwè . Pa janm pran yon opozan pou lennemi . Se pi gro erè nan misyon pou fè pase prensip ki gide w.

SAKI RAPLE EPOK MILITÈ AVRIL KOTE TI SOLDA YO TE AN BANDISYON, YO TE FOUKE NAN AYEROPO, ANPRIZONEN YO FÈ LI KONTE 80 KOUT BATON NAN BOUNDA AN POZISYON DJAKE .K PLIM REYE KONSEKAN POU PRENSIP LI NAN REFIZE KONDANEN AVRIL. O PWEN LI AKSÈPTE 1 DOLA NAN MEN L KONM SENBOL REKONPANS POU SALI TE PASE. LI KRAZE KITE SA

SOUS DUVALIER YO FOUKE L RESEVWA KONT KALOT JIMO, K PLIM FÈ KONNEN LI PA POTE PLENT. POZISYON L LI DI AVAN L RANTRE NAN POLITIK LI KONNEN TOUT RISK SAYO KOTE SE DEVAN MOVE TOSYONÈ LI TE YE.

Atitid li lwen sa yo ta rele pasivite, non se pwouve tosyonè l yo, politisyen ki nan move chimen yo,. prensip lap defann yo, li pap deroje, ni tonbe nan vyolans ou genyen menm atitid sayo. Se sa wi jounen jodyè yo repwoche lavalas ak Inite.

K plim fè konnen li raple koman Manno Charlemagne te pale li an mal apre li te ranplase l na nan Meri Potoprens Selon K Plim lMeri a se te yon bwat depouvi, ki pa kanpe sou anyen Pou saki raple lè yo te flanke Aristide premye koudeta, K Plim te pase selman 8 mwa nan meri sou Aristide1. Li te si telman an difikilte pou twouve mwayen pou netwaye lari LÈ LI TE REYISI RETONNEN AK ARISTIDE.. Li te setoblije angaje tout yon seri ekipman pou fè travay sa. A lepok se yon konstriktè ki rele Herve Lerouge li anko dwe plizyè santenn dola pou travo sayo. Sou 18 MWA AN TOTAL NAN MERI pOTOPRENS LI TOUCHE SELMAN 8 MWA.

Pou mete veksasyon sou mepri Vil Potoprens plizyè odinatè ak materyèl enfomatik yon fondayon l te genyen, LI TE PRETE VIL LA.. Li te reyisi reprann yon sèl odinatè, lot disparèt. E byen dyol a lèlè fè konnen se li ki li vole odinatè vil la.

Mezanmi sou radyo Karayib se te tris tande istwa yon konbatan pou seten meprize yon lagoch. Men ki rete yon egzanp vivan, yon moun odesi mele. Yon sitwayen ki kapab enspire konfyans ak lamou. Yon endividi plen konpasyon ki refize itilize lahenn pou opozanl .
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  kakakok Jeu 27 Jan 2011 - 0:44

Menm lo kid refonn ak yon bon pati nangoch Ayisyenn nan Yo PAP JANM FINI DAKO AK THEZ SILA ! A KOTE DE GWO KAPASITE DYALEKTIK K PLIM NAN PLIZYE LOKOZYON LI TOUJOU MONTRE YON FAIR PLAY NAN JWET POLITIK LA ...

RICO JOUNEN JODYA MWEN REKONSTATE ECHEK NOU ! ECHEK LA GOCH AYISYENN ,,,,,ECHEK JENESS AYISYENN NAN ! E SI NOU KONTINYE AP FE KONPWOMI NAN GOUMEN POU POUVWA NAN 25 ANS ANKO NAP FINI BADE NAN KK NET ALE ...

LIDE DE GOCH DISPARET TOTALMAN ANDEDAN PEYI A ... MWEN KWE LI LO LI TAN POU NEG DE GOCH KITE NICHE BOUDA VAKABON POU JOB AK POUVWA ,,,,,,SA KI FE LEGLIZ BATIS , KATOLIK , AK ADVANTIS EKZISTE TOUTAN SA A NAN PEYIA A ?????
SE PASKE INIKMAN SE YO E YO SEL KI ANCHAJE FOMASYON LA JENESS ....

LI LO LITAN POU ENTELEKTYEL DE GOCH YO ANTRE DIREKTEMAN NAN FOMASYON JENESS LA ....NAN KREYASYON ENSTITISYON CLASIK DE LA MATERNELLE JIKA LINIVESITE KLSIK E PWOFESYONEL ....

SE YONN NAN PI GWO MWAYEN LAGOCH TE KA DISPOZE POU FINI AK VYE LIDE REYAKSYONE , RESTAVEK KAP SIKILE NAN PEYI A DEPI PLIZYE LANE ,,,
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Joel Jeu 27 Jan 2011 - 2:22

WI;

K PLIM se yon egzanp.TONNAS!
K PLIM se pi gwo ""waste"" lan politik ayisyen an.Se yon sèl moun ki te pi popilè ke K PLIM ;se te ARISTIDE.
K PLIM kòmanse pèdi popilarite ;se lan atitid li pandan premye koudeta a ;lè misye te sou pant pou li sakrifye ARISTIDE.
Se pa moun ki ap di m ;mwen sonje mwen te tande K PLIM di sou nouvèl yo ,se te petèt lan kòmansman 1993 ,sou radyo,ke ARISTIDE konnen l pa p tounen;misye te vle jwenn yon akomodasyon ak militè yo ;san ARISTIDE.

Lè ARISTIDE tounen an 1994 e siksesyon an ap pale;se K PLIM gouvènman ameriken an te vle.Li te menm voye yon misyon ann AYITI ak chèf deta majò entè arm lan ;jeneral SHALIKASHVILI pou fè ARISTIDE konn sa.
ARISTIDE te prefere PREVAL ;se nòmal ,paske K PLIM te deja lan konfyolo ak lènmi ARISTIDE yo.

K PLIM depi lè sa a ;rayi ARISTIDE a mò;ou mèt tande li lan konpwomi ak ansyen lènmi l yo ;li pa lan konpwomi ak ARISTIDE.
Se yon pèt;se yon waste paske K PLIM ta ka konstitye yon altènativ pou mas yo.Men si PREVAL fin fè sa l sot fè an;K PLIM ta ka fè pi mal ;si se posib

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Rico Jeu 27 Jan 2011 - 10:18

Pafwa map tande la goch echwe, men tonas ki la goch sa ki echwe. Depwi kilè la goch te gen yon pouvwa nan peyi dAyiti ou vreman an pozisyon fos.. Mwen toujou di poukisa plimitif, konesko, analis degrenngoch ap pale nan vid. Se non, tonas ki lè pou foure nan zo bwa tèt nou saki rele vreman la goch pa janm pran pouvwa ni an pozisyon fos. Malgre tantativ vrè moun de goch ki te vle rantre ak Gougues sou pouvwa.

Depi lè sa se fini vrè la goch an Ayiti te toujou gen makout, dwat reyaksyonè, militè nan dengwann yo. Mete ak sektè peyi etranji ki di zanmi dAyiti kap mete baryè nan dengwann yo, konbat goch sa ferosman.

Finalman yon lot sektè ki pran non la goch, ki vle fè pou pase la goch, tonas yo rele sa ANAKO POPILIS. KI FLANKE YO AK YON BOUJWAZI TRADISYONÈL, RAPAS, VORAS, TILOLIT pou souse san pèp Ayisyen. yo rele yo LAVALAS,INITE, PREVAL, ARISTIDE. Sispann pran mafya politik sayo pou la goch.

MEZANMI RESPEKTE NOSYON SYANS POLITIK, NAN PRAN KOKEN KONSA POU LA GOCH, NON YO PA JANM SA. Saki rele vrè goch pa echwe, non se pa saliye, yo pran nan eto yon sosyete kap bouje ant yon DWAT REYAKSYONÈ, KRIMINÈL, AK YON LOT EKSTRÈM GOCH ANAKO POPILIS. LA GOCH POKO JANM FÈ PRÈV KAPASITE YO NAN PEYI DAYITI. MENM JOUNEN JODYÈ NOU TONBE NAN YON LOT ANAKO POPILIS AK SWEET MIKI. ALOS SE FÈ ATANSYON, GEN YO MEN KAP TIRE FISÈL YO.Ayiti poko pre pou revolisyon sosysal goch nan kojonkti konsa.

Saki rele sosyete sivil se emanasyon 2 sektè EKSTRÈM DWAT AK EKSTÈM GOCH sayo ki bannou legliz katolik, ti pastè koken bann moun ki soti nan metye endepandan tankou avoka medsen, agronom, enjenyè e latriye. Pratik yo depwi 200 an se toujou , defann enterè klas yo. Se pi gwo lennemi la goich nan peyi dAyiti. Se vre Ayiti aktyèklman prepare pou yon goch pèse. Men anako popilis kreye konfizyon, pran daso sou tèt la goch.

Mouvman , vrè mouvman goch ak Jacques Roumain ,Stephen Alexis ki bannou ti relika moun de goch, miitan ak sansiblite de goch, pè ti seminè yon mouvan konsa pa janm rive enpoze yo. Rezon soyete Ayisyenn lan toujou dominen PA YON EKSTRÈM DWAT , MAKOUT, BOUJWA PATRIPOCH, MILITÈ BYEN APWIYE AK LETRANJE.

Mwen redi anko yon mouvman ANAKO POPILIS vinn keye konfizyon fè kont lobey yo. Pou menm moun tankou Kakakok ap pale de la goch echwe ak koken sayo. Men ki goch sa ki echwe.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Joel Jeu 27 Jan 2011 - 11:47

Wi RICO;

Mwen wè ou pa joure ou pa fè tankou zòt ;se pa diskisyon yo vle fè;se moun ki ap diskite an yo vle joure.

M ap poze w yon kesyon RICO .Poukisa moun ke mwen panse ke w asosye ak goch lan ;de moun tankou GERARD PIERRE CHARLES pa egzanp ,te asosye yo ak dwat bout di an pou yo konbat ARISTIDE.
Eksplike m poukisa ,paske mwen te wè manifestasyon bagay sa a lan ALMAY ak ESPAY ;kote sosyalis ap goumen ap kominis .Lan MADRID an 1937 ,divès faksyon gòch lan te lan tire youn sou lòt ak kout fizi;rezilta a,yo tout te afebli e rezilta a se te diktati HITLER ak FRANCO.

Yon lòt kesyon;lan ki kan ou mete MANIGAT yo ;mwen wè se kandida w.

Gen danje pou nou pran MATELI vre wi;men se konsekans enkonsekans nèg;nèg ki pa gen okenn disiplin ;ki konprann ke dwa pou yo patisipe lan gouvènman;se yon dwa diven

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  jafrikayiti Jeu 27 Jan 2011 - 12:19

Mesye nou komik wi ak kesyon goch ak dwat nou yo. Nan peyi d Ayiti, Sara Palin ta ka prezidan pati kominis si li vle.

Pito nou fè sèvo nou mache pou nou adapte reyalite n ap viv la ak istwa reyèl peyi a tande. Nou ta ka pale m de tandans dessalinyen vs tandans Christophyen osnon Louverturyen.... e menm la a bagay la pa fasil, paske pati politik yo pa estab ase pou sa.


Antouka, koze gòch ak dwat pa fè okenn sans sou teren lakay... Nou nan yon peyi kote salè minimòm $2 pa jou, epi mèt faktori k ap manifeste gen reprezantan sendika ki kòtkòtakòt ak li nan GNB kont sèl prezidan ki te janm ogmante salè minimòm nan peyi sa a.

Men Préval, ki swadizan soti nan yon mouvman gochis, itilize pouvwa veto li, pou anpeche aplikasyon lwa sou salè minimòm ki t ap mete li $5 pa jou...

Raketè nou yo dwat-e-gòch, lanvè-landwat, miwo-miba. Jesse Helms ap bobo ak Gérard Pierre-Charles...epi n ap pale de lagoch?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Rico Jeu 27 Jan 2011 - 15:52

Ki zafè joure sa Joel, si mwen nan lese frape se moun malapri ki rantre nan pos mwen ekri pou vinn radote, fè frekansite, voye pwent. Sou forom lan gen yon enègimenn ki fo nan pratik konsa. Dayè mwen ignore, si gen lot mwen di move jilbrèt se anko vye atak bazetaj ki pa gen rapo ak sakap ecnanje. Mwen pran plezi patisipe lè mwen gen bagay pou di non vinn voye monte, jwe pwovokasyon, atake moun mwen pa renmen ou pa dako ak li.

Bon Joel annou rantre nan sijè kap pale. Zafè goch ayisyen se pa ditou sa w konprann. Se fini goch enpirasyon marxis, kap konbat ejemoni kapitalis, ou byen meriken. Yon moun nan manti nan wè bagay yo konsa, Wap kritike Gerad Pierre Chalres ki te gen kontak ak dwat merikenn. Kote poblèm lan, okontrè gioch ayisyenn manke fè travay konsa. Yo te dwe plis ouvè sou tout meriken pwogresis e menm politisyen ro nivo tankou palmantè pou kenbe relasyon entènasyonal yo.

Genyen yon setenn goch pwogresis OZETAZINI nan Inivèsite yo, Fondasyon yo poukwa pa goch peyi dAyiti pa kenbe bon relasyon ak yo. Eske menm mouvman goch nan amerik latinn lan pa gen kontak sayo. Alos poukisa Ayiti pa dwe pran viraj sa. Eske se yon goch tankou KIBA ou VENEZYELA ki selman bon. Non Ayiti pa gen mwayen, ni richès Venezyela, ni istwa ak lit resan yon tankou Kiba, bliye sa. Jwe rondomon, rete nan kanpe lwen. SE POLITIK IZOLASYONIS KI PA BAY ANYEN..

Non Ayiti dwe foje limaj yon sosyalis tankou Brezil kap batay pou emansipasyon, ak pogrè moun demini l yo. Non zafè goch purrr e durrrrrr anti-kapitals se pa vrè oryantasyon yon goch serye.. Se sa map di nou bann ANAKO POPILIS ki rele ARISTIDE, PREVAL ALEXIS, BELLERIVE e latriye ki mete nou nan tenten. Depwi ki lè moun sayo te de goch tonas, yon bann apranti an politik sikonstans mete sou moun. Alos ki plan ekomik ak sosyal yo te kap mete pou soulaje grangou, e latriye.


Jaf mwen konprann desèpsyon w, poutan wou te gen pon kontak ak gwo kanon lavlaas. JAF WOU SE YON LAVLASYEN DYASPORA KI EDE YO ANPIL, KI SIPOTE YO, FÈ KONNEN YO. Men mwen pa janm konprann POUKISA WOU REFIZE KRITIKE bann koken sayo.Se komsidire anyen pa janm rive se toujou zot. Jaf mwen fè yon ti bout chimen ak koken, mwen desi, choke rezon mwen denonse fofèti yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Joel Ven 28 Jan 2011 - 7:33

jafrikayiti a écrit:Mesye nou komik wi ak kesyon goch ak dwat nou yo. Nan peyi d Ayiti, Sara Palin ta ka prezidan pati kominis si li vle.

Pito nou fè sèvo nou mache pou nou adapte reyalite n ap viv la ak istwa reyèl peyi a tande. Nou ta ka pale m de tandans dessalinyen vs tandans Christophyen osnon Louverturyen.... e menm la a bagay la pa fasil, paske pati politik yo pa estab ase pou sa.


Antouka, koze gòch ak dwat pa fè okenn sans sou teren lakay... Nou nan yon peyi kote salè minimòm $2 pa jou, epi mèt faktori k ap manifeste gen reprezantan sendika ki kòtkòtakòt ak li nan GNB kont sèl prezidan ki te janm ogmante salè minimòm nan peyi sa a.

Men Préval, ki swadizan soti nan yon mouvman gochis, itilize pouvwa veto li, pou anpeche aplikasyon lwa sou salè minimòm ki t ap mete li $5 pa jou...

Raketè nou yo dwat-e-gòch, lanvè-landwat, miwo-miba. Jesse Helms ap bobo ak Gérard Pierre-Charles...epi n ap pale de lagoch?

JAF

Lè m ap pale de gòch lan ;se pa lan sans peyi Ewòp yo;ann EWÒP li pa menm gen menm sans ak ETAZINI .

Ann AYITI ;si w kwè lan prensip YON MOUN ,YON VOT;e ke tout moun gen dwa patisipe;ou se yon gochis;paske prensip sa a klas dominant yo pa kwè ladan l .

Oumenm RICO si w kwè ke gen yon eskiz pou yon "patriyòt"" ayisyen ta chite ak JESSE HELMS sè ke w pa t konnen JESSE HELMS.
HELMS se te yon rasis ;menm ameriken parèy li te konn rele l "BELZEEBUB"" rwa dè demon ou byen ""THE PRINCE OF DARKNESS""

Gen anpil moun ,ke w ka rele GOCH lan ETAZINI yo ,te vin senpatize ak ARISTIDE ,otomatikman ke JESSE HELMS te ap achane kont li

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,  Empty Re: K PLIM YON SITWAYEN O DESI LA MELE, YON POLITISYEN KOUL, REFLECHI,

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum