Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

FORÒM ESPESYAL-GRAN NÈG AK GRAN NÈGÈS KI KANPE POU LIBÈTE

2 participants

Aller en bas

FORÒM ESPESYAL-GRAN NÈG AK GRAN NÈGÈS KI KANPE POU LIBÈTE  Empty FORÒM ESPESYAL-GRAN NÈG AK GRAN NÈGÈS KI KANPE POU LIBÈTE

Message  Joel Mar 3 Mai 2011 - 18:56

Gen yon tandans pami sèten ayisyen pou lè y ap maltrete ayisyen parèy yo ,yo rele pou yo di yo pa p pran priyè lanmen swa BLACK KOKIS ou byen KARIKÒM elt..
Tankou ,se noumenm sèlman ki te libere tèt nou,tankou lòt yo pa t konn kanpe tou zam a la men pou yo reklame LIBÈTE yo.

N ap kòmanse sou KIBA paske se yomenm ki pi pre.
Menm jan ak nou ,depi AFRIKEN yo te debake KIBA,yo t ap reklame LIBÈTE yo.
Gen anpil ,se ann AFRIK yo te fèt.
Annou kòmanse ak CARLOTA

CARLOTA

Si gen moun ki t ap swiv misyon solidarite KIBEN yo ann AFRIK lan ane 1980s yo.Yo te monte yon operasyon ki te rele ""OPERASYON CARLOTA"",pou ede mesyedam ANC ak SWAPO yo.Yo te pyese twoup APARTHEID yo.

Lè KIBEN yo te debake ann AFRIK ,yo te rele ""CARLOTA NOU TOUNEN""
Kilès ki te CARLOTA a?
CARLOTA se te yon esklav KIBEN ,yon YOROUBA-LUKUMI ki te fèt lan rejyon BENIN an.
Depi CARLOTA rive lan KIBA l ap fè rendong.
CARLOTA se te esklav lan plantasyon-izin sik yo te rele TRIUMVIRATO lan pwovens MATANZAS.
Lan ane 1843 ,esklav yo t ap souke kò yo lan MATANZAS,CARLOTA te lan eleman l.
CARLOTA kòmanse òganize,li rankontre anba chal ak 2 lòt lidè lan lòt izin sik ,l ap òganize.

Lan mwa JIYÈ ak OUT 1843,tanbou LAFRIK yo ap gronde.Tanbou ap roule pou voye konsiy.
Panyòl yo ,mèt izin sik yo ,konprann ke se dans VODOU ki t ap fèt men se pa t sa ;sitou 2 lòt alatèt mouvman an se YOROUBA-LUKUMI yo te ye tou.
Se te EVARISTO ak yon fanm ,yo rele FEMMINA,lan plantasyon yo rele ARCANA.
Lan dat 5 NOVANM 1843 CARLOTA pran manchèt li ,li di esklav lan plantasyon TRIUMVIRATO yo ""debreye"".
ESKLAV yo kanpe ,yo kòmanse mache ,yo mete dife kote pou yo mete l;CARLOTA pase pran EVARISTO ak FEMMINA ;2 tan 3 mouvman tout pwovens MATANZAS lan ,an rebelyon.
Plantasyon yo rele SABANILLA,GUANABANA,SANTA SAN MIGUEL,CONCEPCION.
Rebelyon an dire preske 6 mwa ,jiskaske twoup PANYÒL te pran CARLOTA ak lyetnan l yo EVARISTO ak FEMMINA lan yon pèlen.

Yo touye EVARISTO ak FEMMINA si le chan ;CARLOTA menm ,yo parade l e pou bay yon egzanp PANYÒL yo mare l ak 4 chwal e yo dechikete l.
Lanmò CARLOTA ,se te lanmò BOUKMANN,paske gen esklav ki te mawon ki te kontinye atak geriya sou twoup panyòl yo ,bagay ki pral kilmine lan sa yo rele premye gè pou liberasyon an ,an 1868;ki pral pwodwi ANTONIO MACEO ki ap vini JENERAL AN CHÈF LAME REVOLISYONÈ MAMBI an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FORÒM ESPESYAL-GRAN NÈG AK GRAN NÈGÈS KI KANPE POU LIBÈTE  Empty Re: FORÒM ESPESYAL-GRAN NÈG AK GRAN NÈGÈS KI KANPE POU LIBÈTE

Message  Le gros roseau Mar 3 Mai 2011 - 22:26

li bon pou nou konnen non gran neg ak gran fanm sayo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum