Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

4 participants

Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Joel Jeu 5 Mai 2011 - 4:47

Atik sa a ke NEW YORK TIMES ,pou profile FRANKETIENNE se asirans li pou yon PRI NOBEL.

Se pa jwèt non.NYT ke jounal tankou LE MONDE ak GUARDIAN di se jounal ki pi enpòtan sou planèt lan ;se yon OCHAN li fè pou FRANKETIENNE.
Mwen pa konn si yo deklare NOBEL LITERATI 2011 yo;men 2012 se k ap ane misye ap resevwa NOBEL lan.

ETIENNE gen kontradiksyon lakay li ,men se vre ke misye lan yon lis tou kout lan ekriven ayisyen ki pi enpòtan lan istwa literati ayisyen an:

http://www.nytimes.com/2011/04/30/world/americas/30haiti.html?ref=americas&pagewanted=all

A PROLIFIC FATHER OF HAITIAN LETTERS BUSIER THAN EVER
[i]

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Le gros roseau Jeu 5 Mai 2011 - 8:34

Mwen pa ka di si Franketienne merite pri nobel ou si li pa merite li paske mwen pa li liv li ekri.Mwen tande pale de pelen tet.Mwen ta renmen li liv li ki rele dezafi ya.men sa ki fè mwen renmen li se paske li se yon nan premye moun ki rekonet valè lang kreyol la kom moyen de kominikatyon ak pep la epi li sa pa moun ki wont de orijin li.Li pa yon ti rouj ki paske li se pitit blan ki konpran li pa kamanrad lot moun li pa pè di li se neg tankou yon lot "cymballe resonnante" ki nan kanada.

men Franketienne genyen yon aspè spirityel nan li ki fè m kwè nan sa li di ya konsernan tranbleman de tè ki krase Port-au-prince la.Mwen pap pale men gen lè genyen moun ki genyen don de wè sak pral pase.Lè li di li ap mouri a 84 ans mwen pap di li manti li pa ka konnen sa non.La vi se pa yon bagay senp non.Gen de bagay sim di yo koulyè ya ya dim se dyolè map fè men genyen yon gwo evenman ki pase new york mwen te wè sa nan rev wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Joel Jeu 5 Mai 2011 - 8:58

Mwen te gen yon ti frè m ki te lekòl ka FRANKETIENNE sou BELÈ an ,lan ri MONSEYÈ GIYOU ,ri ki pase devan KATEDRAL lan.
Mwen te konn al lakay misye ak ti frè m lan.
Mwen sonje manman l ki te yon fanm a po klè,pa milatrès non men ouka klèman wè tras Ewopeyen an lakay li.

Kididonk ,FRANKETIENNE se yon nèg ki omwens 80% Ewopeyen,si w ta bali TÈS HENRY LOUIS GATES yo .
Lè yon nèg tankou FRANKETIENNE ap revandike eritaj AFRIKEN an, se yon gwo sèvis l ap rann rès popilasyon an ki preske tout gen eritaj afriken.
Si FRANKETIENNE te lan yon peyi PANYÒL,yo t ap klase l kòm blan.

Pou PRI NOBEL lan ,yo ba w li non sèlman pou kalite travay ou ,men tou pou enpak li gen yen.
Pa janm gen yon pyès teyat ki te gen yon enpak plis ke PÈLEN TÈT.

Yon bagay tou ,pwoteksyon FRANKETIENNE se pa t paske li te rekoni a letranje sèlman non ;BÒPÈ FRANKETIENNE se te GWO JO VOLCY ,youn lan makout ki pi lou sou BÈLÈ an .




5


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Le gros roseau Jeu 5 Mai 2011 - 9:19

Mwen te konn pase devan lekol Franketienne la tou lè Service transmisyon te nan Rue saint martin ,men sim pa twonpem Rue saa rele Rue Dr Aubry ki fini nan rue Saint martin.Mwen pa konnen si manmanl se milatress paske misye se moun latibonit men li di papal se yon blan ki ansent yon ti moun de 16 lane ki tap travay ak li.men eske franketienne responsab de jan li fet.li paka pote repsonsabilite de sa papal fè.se pousa mwen toujou ap di ke yon moun pa chwasi kote e nan ki kondityon li fet alos li pa ka pran kredi pou nan ki fanmi li soti.se sal fè li menm ki genyen dwa ba li valè ou ki pou kondane li.Dim ou se pitit Misye Goldenberg pa vle di anyen se palem de sa w fè wou menm.

Sam pi renmen nan Franketienne se lè li rakonte sa ki te pasel lè manmanl te mennenl al enskri Seminè, se yon bagay ki rive anpil ti ayisyen.se pousa map lite pou se kreyol ki lang danseyman an ayiti depi jaden danfan jis rive nan bakaloreya.piga frankofou yo vinn kouri ak mwen non mwen pa di pou ayisyen pa aprann lot lang non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Joel Jeu 5 Mai 2011 - 9:50

ROZO;

Mwen pa sonje non ri an trè byen ,men mwen konnen se ri ki pase devan KATEDRAL lan ;rI monseyè GIYOU se k ap ri ki te pase devan lekòl yo te rele TEYAT lan ,ki te vin fini devan KATEDRAL lan.Si m sonje tou ;yo te rele TEYAT ,LEKÒL MONSEYÈ GIYOU.

Kanta manman misye ,mwen sonje l trè byen ;yo tout se lan kay JO VOLCY an yo te rete.Se te klas RETORIK li te genyen sèlman lan epòk lan.
Tankou m di ,mwen sonje manman misye trè byen ;mwen pa di li se te milatrès;men li te yon fanm klè ,byen ke li se yon peyizàn LATIBONIT.
Konsèp milat lan ,se yon konsèp flou ann AYITI.Se pa t AKAWO ki te di ""nèg rich se milat;milat pòv se nwè""
Mwen te vle fè remake ,konbye ""gene pool"" li ,se EWOPEYEN.Papa l te deja kontribye 50% lan ""gene pool"" lan.

Mwen te refere a HENRY LOUIS GATES.Misye gen ton tès ADN li konn fè ,li ka di w konbyen pousantaj ""gene pool"" lan ki EWOPEYEN,konbyen ki AFRIKEN ,konbyen ki ENDYEN,elt.GATES gen dwa menm di w ki kote ann AFRIK ou byen ann EWÒP bizawèl ou sòti.
Se lan sans sa a mwen t ap pale

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Le gros roseau Jeu 5 Mai 2011 - 10:05

En parlant de Prix Nobel eske janm genyen yon ekriven karayibeyen ki pran pri nobel literati ya?Eske Fanon pat merite pri saa?Si yon nonm ap konpare zev fanon ak zev literè yon fanm tankou Tony Morrison ke mwen apresye tou men ki les ki pi enpotan?Se sak fè mwen pa kwè Franketienne ap janm jwen pri saa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Joel Jeu 5 Mai 2011 - 17:03

Mwen kwè gen ekriven karayibeyen ki pran PRI NOBEL .Mwen kwè V.S. NAIPAUL se youn ;gen yon lòt ke non l echape m kounye an

Palan de kesyon de koulè an ;mwen wè nèg ki rete OZETAZINI yo pa diskite ESPESYAL ke HENRY LOUIS GATES fè parèt sou PBS chak madi.
Tankou tout bagay de GATES ,se yon bagay kalite.
Misye montre kòman tout peyi lan AMERIK lan wè kesyon RAS lan.MISYE pa anbeli anyen ,byen ke tankou yo konn di ;li pa ""neutre"".
MADI pase ,se te sou BREZIL:

http://www.pbs.org/wnet/black-in-latin-america/featured/black-in-latin-america-full-episode-brazil-a-racial-paradise/224

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Le gros roseau Jeu 5 Mai 2011 - 21:31

The Bresil that Professor Gates shows in this documentary is completely different of the one that was described to me before.This is the reason is so important to educate the people.Professor Gates said :the only way for Brazil to really achieve racial democracy is by implementing affirmative action at the universities.I agree.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Sasaye Ven 6 Mai 2011 - 9:27



En parlant de Prix Nobel eske janm genyen yon ekriven karayibeyen ki pran pri nobel literati ya?


Mwen kwè gen ekriven karayibeyen ki pran PRI NOBEL .Mwen kwè V.S. NAIPAUL se youn ;gen yon lòt ke non l echape m kounye an


Gen 2 ki soti Sentlisi


St. Lucia's Two Nobel Laureates


Sir W. Arthur Lewis won the Nobel Prize in Economics in 1979. Born in St. Lucia in 1915, Lewis graduated with distinction from the London School of Economics and went on to earn a PhD in industrial economics. His life interest—and his influence—was in economic development and the transformation and expansion of university education in the Caribbean. Lewis died in 1991 and was buried on the grounds of Sir Arthur Lewis Community College in St. Lucia.

Sir Derek Walcott was born in Castries in 1930. Omeros—an epic poem about his journey around the Caribbean, the American West, and London—contributed to his winning the Nobel Prize for Literature in 1992. Walcott is also a writer, playwright, and painter of watercolors. Today, in addition to spending time at his home in St. Lucia, he teaches poetry and drama at Boston University and lectures and gives readings throughout the world.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Joel Ven 6 Mai 2011 - 9:51

Le gros roseau a écrit:The Bresil that Professor Gates shows in this documentary is completely different of the one that was described to me before.This is the reason is so important to educate the people.Professor Gates said :the only way for Brazil to really achieve racial democracy is by implementing affirmative action at the universities.I agree.
[b]

Se sa k fè mwen renmen ""SKIP"" GATES.Si gen yon sipèsta lan milye akademik OZETAZINI se misye.Misye se chèmann DEPATMAN
""AFRICANA STUDIES"" lan HARVARD .Se youn lan pwofesè ki mye peye lan tout ETAZINI an.""He is that important"" tankou yo di.

Si w sonje ,se te yon ensidan a karaktè nasyonal ,lè yon polisye te rantre lakay li e bouskile l.

Gade jan misye pale?
Yon moun ki pase 3 ,4 an lekòl konprann sa l ap di yo.
Misye pa kache pasyalite l a touit bagay AFRIKEN ,men tou li eseye bay bagay yo jan yo ye.
Ou te wè premye enstalasyon an ,ki sou AYITI ak DOMINIKANI?

GATES ,tankou w wè l lan di l ke BREZILYEN ""BLAN"" yo fè yon tou ""paspas "";yo ba desandan AFRIKEN yo KILTI an epi yo kembe pouvwa ekonomik.
Semèn pwochèn se ap sou prezans AFRIKEN lan MEKSIK.GATES di gen yon fòt prezans AFRIKEN lan VERA CRUZ.Mwen paka tann ,paske mwen pa t konnen si gen desandan AFRIKEN lan MEKSIK.MWEN te konprann ke AFRIKEN disparèt lan popilasyon an ,tankou sa fèt ann AJANTIN. ]

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  ainsi ne soit-il Ven 6 Mai 2011 - 20:34

J..., depi ane pase m'ap tande diskisyon sou posibilite sa a. E misye te menm repond a kestyon sila lan entèviyou li te bay lan Radio Canada.

http://www.radio-canada.ca/audio-video/pop.shtml#urlMedia=http://www.radio-canada.ca/Medianet/2010/CBF/ChristianeCharette201009221008_1.asx

Misye alert anpil. Distans fè ke m'pa an kontak ak oeuvre misye men li se yon fós la nati tout bon.

Voici deux commentaires que vous avez peut-être lus dans le site de Radio Canada en rapport avec l'interview.

Envoyé par vnazaire

22 septembre 2010 à 20 h 27 HAE

Au risque de commettre un crime de lese-majeste
et d etre condamne au pilori

Franketienne represente ce que les Francais nous ont laisse :

des magiciens du Verbe .

J aurais plutot prefere l heritage britannique

comme a La Barbade ou aux Bahamas
qui ne courtise ni le Nobel ni ...

mais plutot courtise l Ordre social, la poursuite d un niveau de vie
economique et social confortable.

Au lieu de la Spirale


Envoyé par j.dion

22 septembre 2010 à 11 h 14 HAE

Bonjour
Quel beau cadeau l'entrevue avec Frank Étienne. Il est ce que j'appelle un »BODY and Mind person» un être intégré. En tant qu'acupuncteure, c'est la première fois que j'entends une personne parler de la Spirale en des termes de quelqu'un qui la vit vraiment.
Je comprens son cheminement, c'est aussi le mien quand on laisse le carthésien et qu'on s'incarne par divers processus dans le monde de l'énergie.
Elle est unique, universelle et porte différents noms; Dieu, Allah, Grand Esprit etc etc.
J'ai fait une session SATORI 5 jours silence à répondre à la question : Dis-moi qui tu es et nous arrivons à sentir cette unicité que nous pouvons avoir avec l'Univers.
Mille mercis pour Frank Étienne ça sort de l'ordinaire ainsi que Chantal...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Le gros roseau Ven 6 Mai 2011 - 22:01

Sassaye

je vous remercie pour ces informations.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE Empty Re: ESKE ATIK SA A ASIRE PRI NOBEL POU FRANKETIENNE

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum