Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
ETB Pokémon Fable Nébuleuse : où acheter le coffret dresseur ...
Voir le deal

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

5 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 7:35

Epi yo di ke yon pep analfabet pa ka chwasi moun ki pou dirije peyi ya.Mezanmi ki les ki bet ant boujwa e pep la?Fok yon moun sankoutya anpil pou se Michel martelly ou chwasi ki pou represante peyi w.se sak fè fok mwen toujou chante ti chante saa;

Kote moun yo ooooooo

mwen pa wè moun yo

kote moun kap pale moun mal o o oo

bann devan byen deyè mal oooooo

Sim ta jij epi yo mennen moun ki chwasi Mickey et moun ki te chwasi Aristide yo epi yo mandem ki moun ki pi bet mwen tap di moun ki mete Mickey sou moun yo se yo ki pi bet.Paske sou tout ang Aristide sanble pi bon moun pase Mickey.Alò pwoblem boujwa genyen ak chwa pep ak sa yo rele tipepisme lan la se pa yon kestyon de konpetans ,de moralite, se yon kestyon moun ki aspete mentni esklavaj modern lan se yo ke yo vle ki pou dirije peyi ya..paske se pa pou liberte ,egalite e fraternite ke yo te janm ap goumen se pou yo te ranplase esklavajis franseuu ke yo te mete tet yo ak esklav pou yo goumen.e se sa ki eksplike krim Pont Rouge.kou deta kont gouvenman pwogresis yo.

ki wol nou mnem ki konsyan de eta malsite pep saa ki ap monte yon kalvè pa do ak yon kwa ki twò lou pou li?E byen lè ya rive pou nou di boujwa gran manjè yo se swa gato separe ant tout pitit peyi ya ou byen janl pase li pase.fok nou pa kite tret divise nou pou yo mentni nou nan esklavaj.E lè nap chwasi si yap ban nou chans pou nou chwasi ankò se pa pou nou chwasi moun ki pa ka chef paske yo pè touye moun ki ap touye nou ak kolera, ak tiberkiloz, ak malarya, ak Sida.

A la gè kom a la gè si yo vle kontinye touye nou ak maladi ak misè nou pa dwe pè ba yo sa yo merite.fok nou fome yon feso solid ak yon kò ki ka goumen ak yo si yo vle se ak zam pou yop pran pouvwa.si yo pa rekonet dwa nou pou nou chwasi moun ki ap defann enterè majorite a.fok nou fè senkyem kolonn lan konprann menm jan yo ka fè san nou koule ,nou tou si yo pa respekte dwa nou san yo ka koule tou, ka genyen rel ka makorel tou.

Jodya nou wè nan ki sa divisyon mete nou.Nou wè ki jan yon juda trayi nou.Alò se nou ki konnen ki jan nap fè pou nou soti anba esklavaj modern lan.Fok nou jwen yon lot Dessalines ,yon gèrye san krent ki pou delivre nou.si se pa sa nou fek komanse bwè dlo kk ,manje biskwit labou.yo fek komanse rele nou gwo soulye .gwo zotey.lè na reklame dwa nou ya di se vyolans nap preche men vyolans genyen plisyè fòm,lè yon moun anpeche nou manje yon pla manje pa jou, anpeche nou jwen dlo pwop pou nou bwè,kay pou nou rete, lekol pou pitit nou ,lopital pou nou jwen swen lè nou malad se li ki vyolan e kriminel.e si nou mande pou gato a separe se pa komilis ni sosyalis nou ye se dwa imen nou ke nou ap defann.menm jan yo renmen manje e tou sa ki gou nan dyol yo bwè dlo pwop pale freanseuuu nou tou nou genyen dwa ke kreyatè ya ba nou ke nou dwe defann pa tout moyen ki nesesè.Si se zam nou pou nou pran ki pou fè nou jwen moso manje, en pe dlo pwop, edikatyon pou pitit nou, lopital pou paran nou e byen fok nou pa pè mouri pou sa ki rete deyè yo jwen yon ale mye.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 7:43

Se nomal pou nou gen yon moun tankou Sweet Miki kom prezidan, pwiske ou tap konseye moun pa al vote. Ou responsab tou pa selman boujwa yo.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 7:57

wi mwen te di pep la pou sabote selektyon an pou yo chita sou blok glass yo.men Myrlande pat ka konprann se yo po bannann yo te mete anba pyel lè Milet la te dil ke se li ki ap mennen .se sak fè yo di pale franseuuu pa lespri.mwen te konnen yo te pral koupe fil servolan l ra lanpa pi devan.si li pat ba selektyon an jaret jodya se pa mickey nou ta pran kom presidan.si tout ayisyen te konsyan te rete chita sou blok glass yo yo pa ta ka mete yon devergonde sou moun jodya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Maximo Ven 13 Mai 2011 - 7:59

Se pa boujwa ki vote pou Sweet Miki se pèp la, ki es nou te wè nan la ri kap manifeste e kap rele viv Martelly, viv Seet Miki, se byen pèp la ki fatige ak lavalaso-espwa-inite yo, pèp la fatige ak Rozo e latriye kap voye monte opresè'l yo tout la sent jounen e menm le swa yo pa domi pou voye Antekris la monte.Pèp la jifle nou, banou on kalot marasa lè li vote Sweet Miki, 1 Homme, 1 Vote, pa gen pale anpil nan sa e le pèp a chwazi.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 8:07

Ki lè 16% represante majorite ya?Yon tret eliminen pep la epi ou genyen kouraj pou di pep chwasi Sweet mickey?Nou peye yon bann zombi san konsyans pou yo vote pou nou ,nou achte yon selektyon ak tout selektyonè yo epi nou genyen kouraj jodya nap vinn pale de yon moun yon vot.mesye nou pa ka twompe tout pep la tou tan.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 8:19

Amerikin mete Sweet Miki kom prezidan paske li pli fasil a manye, kontreman ak Mirlande; et Jude tande selman Preval ki te bay amerikin anpil pwoblem paske li pat renmen ni tande ni swiv dikte yo dapre rapor madan Sanderson ansyen anbasadris la.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 8:27

se pou di ameriken ak senkyem kolonn lan ak met sweat shop yo ba nou Sweet mickey.Mwen parye ak w ou pap janm tande Sweet Mickey ak Gerard Rouzier mande pou yo ogmante salè minimum menm si ouvriye ayisyen ap mouri ak tiberkiloz paske yo pa ka manje menm yon pla manje pa jou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 8:31

Le gros roseau a écrit:se pou di ameriken ak senkyem kolonn lan ak met sweat shop yo ba nou Sweet mickey.Mwen parye ak w ou pap janm tande Sweet Mickey ak Gerard Rouzier mande pou yo ogmante salè minimum menm si ouvriye ayisyen ap mouri ak tiberkiloz paske yo pa ka manje menm yon pla manje pa jou.

Ki rapor sa gin ak sije-a? Preval pat regle sa? Parfois il faut avoir la tete bien lucide pour prendre les grandes decisions. Salaire minimum nan olye poul te arange les choses li ta pwal detwi sekter industriye e komesyal. Car si yo egzije yon moun pou peye saler egzagere sa pwal redwi marj de profi li, or nou konen ke tout moun ki antre nan biznis se pou yo fe yon pwofi e non lacharite. Propriyete sa yo tap olblije redwi nonb amploye yo pou yo ka konseve marj de pwofi yo.

Pafwa gin desizyon ki fet pou pran o detriman de la majorite pou sove yo oliey pou yo pedi anplwa.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 8:43

Car si yo egzije yon moun pou peye saler egzagere sa pwal redwi marj de profi li,"


4 dola pa jou se sa ke w rele yon salè ekzajere nan yon peyi kote yon chen janmbe koute 3 dola.E byen mwen ak w pap janm ka dakò nan anyen vre.Menm Boulos di ke patron yo ka peye 4 dola pa jou.Tou moun konnen ke Preval se yon tret ki te kontwole pa kilb boudon an .Mwen ta renmen fè w travay nan sweat shop yo pou 2 dola pa jou poum wè siw ta panse ke 4 dola pa jou se yon salè ekzajere.Lè w di ki rapò salè minimum lan genyean ak sijè ya dapre wou se pou bel fess Mickey ke yo metel presidan nan peyi ya.se pou perpetye esklavaj modern lan. pou gwo manje toujou ap separe gato antre yo menm si 99% ayisyen ap manje biskwit labou e bwè dlo kk.


Dernière édition par Le gros roseau le Ven 13 Mai 2011 - 8:46, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Maximo Ven 13 Mai 2011 - 8:44

Le gros roseau a écrit:Ki lè 16% represante majorite ya?Yon tret eliminen pep la epi ou genyen kouraj pou di pep chwasi Sweet mickey?Nou peye yon bann zombi san konsyans pou yo vote pou nou ,nou achte yon selektyon ak tout selektyonè yo epi nou genyen kouraj jodya nap vinn pale de yon moun yon vot.mesye nou pa ka twompe tout pep la tou tan.

Nan Eleksyon 2000 yo lè 2% moun te vote selman pou 2e manda Aristide la pat gen pwoblèm, se pèp la te vote Aristide nan on eleksyon malatchong a la Preval. Jodi ya yo kenbe Preval ak tout KEP san koutcha li ya la men dan le sak e yo fose yo vomi on rezilta nan sans pèp lan te vote ya an mass.


Dernière édition par Maximo le Ven 13 Mai 2011 - 9:09, édité 1 fois
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 8:46

An nou antann nou sou chif yo moncher.

Anploye te mande 4 $US; chin janbe koute 3 dola ayisyen , gin yo gwo diferans.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 8:50

ou pa ka konpare sak te pase an 2000 la ak sak pase la.Nou te konnen ke Aristide tap bat nou kan menm. men jodya se paske nou te konnen ke pati pe la tap bat nou ankö ki fè nou ezkli yo nan selektyon an .se pa menm bagay.nou chwasi yon devergonde se pou nou pran responsabilite nou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 8:54

kote chen janbe koute 3 dola ayisyen an?se pa sa moun ki sot nan peyi ya dim non se 3 dola meriken ke yon chen janbe koute.yo dim yon chanb kay se 150 dola pou peye sa jodya.ki jan pou yon ouvriye ka viv ak 2 dola pa jou dim non?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 9:01

Se pou ouvrye mande pou bese pri yo ou pa panse sa.

Konsenan eleksyon 2000, Aristide te gaye legalman se sak fe pat gin kontestasyon min kanta pou palmante yo amerikin te konteste yo paske te gin iregilarite ladan yo.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Rico Ven 13 Mai 2011 - 9:02

kami a écrit:Amerikin mete Sweet Miki kom prezidan paske li pli fasil a manye, kontreman ak Mirlande; et Jude tande selman Preval ki te bay amerikin anpil pwoblem paske li pat renmen ni tande ni swiv dikte yo dapre rapor madan Sanderson ansyen anbasadris la.


Preval ki te bay Ameriken anpil pwoblèm, nan volo eleksyon, nan tripote konsey elektoral, nan regle zafè l ak enterè pati li.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 9:08

Ki kote pri pral bese ya.se pa kote talè konsa pral genyen 15 milyion moun lan epi prodiktyon ap bese de jou an jou an?gen lè wap reve je klè kami.Pi ta pi tris.se yon kestyon offre et demande.nou deja eliminen klass moyenn lan, talè konsa se 99% de pov e 1% de gwo manjè ki pral genyen an ayiti epi se lè saa esklavajis yo pral pije pov yo net.Men fout fok yo fè atansyon wi pou sak te pase an frans an 1789 pa pase an ayiti ankò.genyen tet ki ka tonbe wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Maximo Ven 13 Mai 2011 - 9:11

Le gros roseau a écrit:Ki kote pri pral bese ya.se pa kote talè konsa pral genyen 15 milyion moun lan epi prodiktyon ap bese de jou an jou an?gen lè wap reve je klè kami.Pi ta pi tris.se yon kestyon offre et demande.nou deja eliminen klass moeynn lan, talè konsa se 99% de pov e 1% de gwo manjè ki pral genyen an ayiti epi se lè saa esklavajis yo pral pije pov yo net.Men fout fok yo fè atansyon wi pou sak te pase an frans an 1789 pa pase an ayiti ankò.genyen tet ki ka tonbe wi.

Fok nou di bagay yo byen, se pa nou elimine klass mwayenn lan, se Aristide ak valè li yo ki elimine, depafini klass mwayenn lan an Ayiti nan politik tèt an ba yo a.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 9:28

Pri yo ro an Ayiti se paske tout manje inpote. Supemaket nou se Republik Dominiken.

Peyizan pa kiltive. Kote peyizan yo?, tout Potoprins ki tounen yon Calcutta. e tout moun ap kouri ver la kapital pou vin cheche pin kotidyen yo. Peyizan suspann pwodwi e pouke pep suvenu ak bezwen yo, yo oblije inpote tout pwodwi manjab.

Se sak fe ke Republik dominiken vin konstitye grenye nou, se la nou achte tout sa nou ka bezwen. Alor se nomal pou pri monte e paka bese.

Se pou gouvenman kap vini demin an mize plis nan sekter agricol la pou li ka voye monte ekonomi peyi-a paske se sel sekter ki gin potensyel ekonomik, apre tourist la. Fernandez konprann sa byen se sak fe ke apart de pep li-a li ka nouri pep ayisyen an an minm tan tou. Min se domaj pagin gran planter ayisyen paske chak peyizan gin selman ti moso ter poul kiltive sal vle, alor se pou gouvenman an pran gwo moso ter gran planter yo (pwiske yo pa vle plante ankor) mete peyizan travay sou yo e plante sa ke gouvenman-an bayo pou yo plante pouka gin lod ak oganizasyon nan lagrikilti an. Sa-a se lide yon gran ekonomis te bay.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 9:40

se sa nap mande depi lontan pou refòm agrè fet nan peyi ya pou kontwole kwansans demografik la .kelke swa bonn volonte yon Presidan li pa ka yon Tonton Noel.bon dye te kondane nou "Tu mangeras à la sueur de ton front."se pa peyisan ki pa vle travay la tè men ou pa ka ap travay pou pa ka manje, Clinton rekonet ke li krase plantè di ri nan peyi ya.Mwen sot li yon kote ke Rouzier di fok yo leve tout tarif dwanye nan peyi ya sa se yon erè, se nan leve tarif sou diri Miami ki fè jodya pa genyen moun ki vle plante diri nan peyi ya ankò.Si peyisan ayisyen ka pase 12 zè de tan ap koupe kann an dominikani yon moun ki onet pa ka di se peyisan ki refize travat tè an ayiti.

Fok nou rekonet se priyorite nou ki a lanvè.Lè Gue di li pa genyen lajan nan ministè lagrikilti poul achte angrè ak semans pou peyisan se menm epok la nap depanse lajan nan kanaval nan fè vye elektyon .se priyorite nou yo pou nou mete nan lod.fok nou bouke fè makak imite sa lot moun fè lakay yo san nou pe teni kont de moyen e beswen nou

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  ainsi ne soit-il Ven 13 Mai 2011 - 11:14

Peyizan pa kiltive. Kote peyizan yo?, tout Potoprins ki tounen yon Calcutta. e tout moun ap kouri ver la kapital pou vin cheche pin kotidyen yo. Peyizan suspann pwodwi e pouke pep suvenu ak bezwen yo, yo oblije inpote tout pwodwi manjab.

Woy! LGR, w pran devan la sa m'te pwal di a. Pandan ke m'pwal mete repons mwen a, w te gen tan reflechi sou sa.

Mwen dakor ak on seri de obsèvasyon men se mo nou chwazi pou eksprime yo ki fè moun grimase. Sa se on problèm kilti an jeneral. Menm lè n'ap pale nou reflete anpil prejije. Olye m'ta di ke peyizan pa produi, poukisa nou pa pale de feblès agrikilti lakay ki aryere, ki pa planifye. Jis on agrikilti pou moun ka siviv.

Peyizan suspand produi, sa sa vle di? Donk, se fot moun k'ap viv lan kanpay ki pa menm gen tè pou yo kiltive.

E pouke pep suvenu ak bezwen yo, yo oblije inpote tout pwodwi manjab. Ki pèp sa a ki gen mwayen pou enpóte vivr alimantè ak lót produi komestibl.

Alor m'konprand byen ke n'ap deplore ekzod riral, men problèm la al pi lwen. Se pa paske yon moun fèt an dewó ke li otomatikman gen talan agrikiltè, ou ke li destine pou l'travay tè ou byen pou l'al leve betay.

Gen moun k'ap pale la a, nou pa bezwen al byen lwen, gran paran yo se moun an dewó yo ye. Eske yo rekonèt tèt yo kom manbr yon kolektivite Ayisyèn? Ou byen eske yo kwè ke yo espesyal pou ke se pa tè y'ap laboure.

Sepandan, m'toutafè dakor ke lan chèche la vi, tout moun debake lan PAP. Se pa pou an-yen ke tout tan m'ap ekri PAP, ma doulè.

Se yon pwoblèm ki remonte a lEta Ayisyen, a mantalite Ayisyèn. Se on problèm strikti. Lan peyizanri lakay, moun yo pa wè bagay konsa tankou yon antrepriz familyal par ekzanpl. Donk pa gen relèv. Lè nèg la fin eklere sa siyifi divós ak agrikilti. Majorite agronóm Ayisyen, yo pa itil anyen paske peyizan pa gen ankadreman nasyonal. Menm sistèm gran dom a pa vo anyen ankor paske propryetè teryen yo se on band parazit.

Se on problèm ki sot byen lwen. Lè Dessalines te anvizaje reform agrè, yo te asasine'l. Non?

Lan mantalite lakay, se pou on jou w vin gen restavèk ou byen bonn. Se on siy ke w monte lan kategori sosyal menm si se patat ak bè w'ap manje. Se menm jan a, m'se gran propryetè, piti mwen pwal vin doktè, avoka men m'ap toujou jwen' malere ki pa konn li pou travay tè a. Lè jou a rive ke m'kreve, tout bagay fini.

Bon jodi a, prezidan yo bay la te parèt kom kandida Repons Peyizan. Jiska prezan, nou pa tande anyen ki an rapó ak agrikilti lan sa l'ap di. Priyorite'l se rekreye group ame'l pou ka fè moun pè.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Invité Ven 13 Mai 2011 - 11:24



Allelouya - Halleluia) Hallelujah

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  kami Ven 13 Mai 2011 - 11:56

Martine,

Mesi pou konstatsyon sa yo ke ou fe sou denye post mwen an, mais espas tan mwen telman limite. mwem pa kwe kem te supoze apwofondi sou suje an; epi tou se pa yon tez map ekri ou prezante. Mwen pa we okenn prejuge mwen simpleman fe yon konstatasyon, male droit au but (sim te yon gason mwen pata yon bon lover, lol).
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  ainsi ne soit-il Ven 13 Mai 2011 - 12:46

It doesn't matter. Se jis yon kómantè m'fè. Lan pale mwen itou m'ka fè rekleksyon ki mande nuans, men se pa yon kondanasyon pou otan.

Mank de tan pa yon ekskiz lan diskisyon. E si m'entèvni, se paske mwen trouve yon enterè lan sa w ekri a.

Pa gny problèm.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Le gros roseau Ven 13 Mai 2011 - 15:52

Martine pwoblem agrikilti an ayiti li striktirel e li kiltirel.Lè wap gade fermye o Zeta Zuni se pa yon ti karo tè ou 2 karo ke moun lan ap eksplwate.Ferm yo pase de papa a pitit epi yo pa separe l ant tout eritye yo, moun yo konprann se pa separe an ti moso ki pou fè yo rich.Mwen tande yo di gran gran papam te genyen yon paket tè yon kote ki te pote non fanmi ya. men lè li mouri pitit li yo eritye yo chak yonn ,2 ou twa karo epi yo vann tè yo pou yo rantre Port-au-prince ou imigre o ZetaZuni.Yo pa pi mal pase sa non men tou si tè sa yo pat vann e byen pitit pitit li yo ki pi byen edike ta ka travay tè sa yo pi byen.

mwen genyen yon zanmim ki dim ke gran papal kite menm 100 karo tè Haut du cap men nanpren anyen ki pwodwi sou tè sa yo paske abitan ki sou tè yo pa ka pwodwi anyen.ni li ak tout sè ak frè li yo rete o Zeta Zuni sa pa enterese yo .ki donk leta te dwe fè yo peye yon taks sou tè sa yo e mete tè sa yo nan prodiktyon.o lye ke yap vann yo pa moso pou bati kay.Tè fertile an ayiti te dwe reserve pou agrikilti ,zafè ap bati kay tou patou fok sa sispann.jodya yo dim ke kwa des boukè ak port-au-prince fè yon sel vil.tankou preval di ya fok nou sispann bati kay sou toute tè fok nou bati vertikalman tou o lye tout moun vle bati yon ti kay fok nou bati apatman modern nan ti bilding de 4 a 5 etaj tou kote moun ka achte bel kondominium modern.

mwen di zafè agrikilti ya kiltirel.menm moun ki ap pwodwi manje pou sitaden yo manje se yo ki pi maltrete e meprise.Lè yon moun ki konnen peyi saa byen konstate nan ki eta peyisan ayisyen ap viv mon chè fok se yon kè d'airin ou genyen selman pou pa genyen pitye pou moun sa yo.Yo peye taks men yo pa jwen oken servis ,nanpren lekol, nanpren lopital pou si yo malad nanpren elketrisite ,nanpren dlo pwop popu yo bwè mwen pa beswen di w pou yo ta benyen a lez. menm yon anbilans lè yo malad pa genyen ki pou transpote yo nan yon sant de sante lè yo malad.Mwen konn ap leve gran maten sot Savanette poum rantre lascahobas a pye lè mwen pral Port-au_prince ou konn wè peyisan blije fè konbit pou yo pote yon malad sou tet yo pou yo mennen li yon kote ke li ka pran machinn pou li al wè yon doktè.e se nan tout peyi ya ki konsa. alò ki moun ki ta renmen travay tè nan kondityon saa epi menm manje travay tè ya pa pèmet yo manje byen. ou konn wè moun yo se an ranyon yo ye.pafwa malarya ,malnutrityon ap touye pitit yo menm mennen yo pa ka mennen yo ka doktè.Epi ayisyen ti boujwa vle fè m konprann ke anvan 86 ayiti se te yon eldorado.Mwen ak yo tap viv nan 2 peyi diferan.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  ainsi ne soit-il Ven 13 Mai 2011 - 22:35

LGR, nou dakor sou kestyon yo men m'ap di w ke se pa nesesèman boujwa k'ap di bagay ki pa fè w plezi yo. Gen sanzave yo met la pou seye fè divèsyon tankou enbesil k'ap di ti Joel. Sanble gen yon lót ki gen menm gou mizikal, ki pale tankou Rete Rèd Montreal la. Hum! (lol)

M'sot li yon forum k'ap di sa k'ta janm kwè ke se pitit Madan Max Adolphe de Mirebalais ki ta prezan lan zafè Sweet Mickey yo. W komante ke Duvalyeris yo solidè... An efè, mwen konn divalyeris bor isit k'ap jubile jodi a menm si sa pot malè pou pèp Ayisyen.

Anyen pa etone'm. E pi, sa fè kèlk jou m'ap di'n ke se duvalyerism ki retounen lan fyèl nou. Nou p'at pran'm oserye, nèspa?

Depi lontan, m'te mande pou ki sa Sweet Mickey pa deklare ke li se nouvo chef FRAPH in fwa pou tout. Mwen fè'n remake ke koze takse transfè lajan pou moun k'ap viv an Ayiti se yon lide ki sot lan kalbas Baby Doc men nou p'at ap suiv.

JCD te di ke se politik li konn fè. E byen, tankou papa'l, se asosye etranje ke li mande konsèy lè'l bezwen piye moun ak peyi a. Sweet Mickey, se kopi kabón nèg sa yo. Dayè, li pa janm kache di tout Ayisyen ke l'pa bay yo regle anyen pou li. Misye se yon tou-limen, li refize di ki ès ki finanse kanpay elektoral li alóske n'ap tande ke li gen bill lopital Miami ke li pa ka peye.

An depi de tout malpropte nèg la remèt, se li yo vle paske pèp Ayisyen se sa li merite...

Baron Vendredi, mèm aletranje pa blye ke se pa lan menm peyi w'ap viv ak yon seri de endividi ke w'ap kwaze... Se menm janr lan legliz, moun gen dwa ap leve main an lè, an jenifleksyon, elatrèy, se pa menm Bon Bye ke y'ap prye.

Yon sèl bagay, m'pat janm kwè ke m'ta yon telespektatè assidu k'ap suiv Oprah. (lol). Pas besoin de relatif ou de superlatif, she is just good. Se pa posibl, menm lè li fè erè, she just shines!

Remember in another life, I told ya that she'd have her president.

Pou tounen sou kestyon Ayiti. M'te remake program envestiti Swett Michey a. Menm si m'ta vle parèt tèt mwen (ki pa kale an pasan, lol), m'pa menm ka jwenn enformasyon kote palais national y'ap pale a sitiye.

Lan ki peyi n'ap janm tande cochonnerie konsa. On élit un président malgré tant de squelettes dans son placard, lui qui traitait ses spectateurs comme des singes. Et voilà qu'il se permet d'inviter à son envestiture un criminel notoire.

Je veux rester l'Haïtien que je connais en moi-même ou dans une certaine utopie mais j'ai besoin d'un nouveau passeport qui ne porte pas le sceau des colons et de leurs obligés...

J'ai beau essayer de rester positif mais tout ce qui se passe en Ayiti ne m'apporte que honte et tristesse.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan. Empty Re: Boujwa yo ba nou Sweet Mickey pou Presidan.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum